Favo Contact information, map and directions, contact form, opening hours, services, ratings, photos, videos and announcements from Favo, Media/News Company, 30 N Gould Street Ste R, Sheridan, WY.

04/17/2023

Pigwo Deba Spirityel. Tar Vodouvi VS Junior Sanon Pasteur. Eske Tar gen rezon ou Eske Se Pasteur Sanon ki gen rezon???
Komante, Abone pataje. Lot yo ap vini

Sosyete\ Relijyon.

Il y a un an jour pour jour la RD Congo remportait la Coupe d’Afrique des Champions scolaires U16 contre le Sénégal.🇨🇩💪🏿...
02/21/2023

Il y a un an jour pour jour la RD Congo remportait la Coupe d’Afrique des Champions scolaires U16 contre le Sénégal.🇨🇩💪🏿👶

Forte pensée aux petits sénégalais qui avaient joué contre leurs parents. Bravo aux « pépites » congolaises.🇨🇩😂🇸🇳👏🏿

Dossier Pwogram BidenTribinal Texas la anonse 7 Avril 2023 kap vinn la ke tribunal la ap tranche sou demand ke 20 eta re...
02/21/2023

Dossier Pwogram Biden

Tribinal Texas la anonse 7 Avril 2023 kap vinn la ke tribunal la ap tranche sou demand ke 20 eta republiken yo fè ak tribunal la pou yo kanpe pwogram Biden lan

Tribunal la di yap kanpe pwogram nan tanporèman nan dat 7 Avril 2023 a

Nb.. Gouvènman federal la te fòmule yon demand ki te mande pou tribunal la transfere pwosè a bay yon lot juridksyon nan yon lot eta
Akoz eta texas la ak juge kap trete dosye a trop republiken

Demain si Dieu veut ki se ap mardi 21 fevrier a
Se ap jou pou nou konnen eske tribunal la ap transfere dosye a

Ret branche...
Nap diw sak pase demen eske demokrat yo ap rive chanje tribunal la

Follow paj la

Sacré Ederson , il montre à Saka où tirer et il plonge d'un autre côté 😄
02/16/2023

Sacré Ederson , il montre à Saka où tirer et il plonge d'un autre côté 😄

🚨 Omar Da Franseca : Messi a déjà tout remporté il ne lui reste que d'avoir une fille dans sa famille c'est le seul défi...
02/16/2023

🚨 Omar Da Franseca :
Messi a déjà tout remporté il ne lui reste que d'avoir une fille dans sa famille c'est le seul défit qui reste💪😂

Follow paj la

Antoine Griezmann a 3 enfants et tous sont nés à la même date ▪️8 avril 2016▪️8 avril 2019▪️8 avril 2021COÏNCIDENCE
02/15/2023

Antoine Griezmann a 3 enfants et tous sont nés à la même date

▪️8 avril 2016
▪️8 avril 2019
▪️8 avril 2021

COÏNCIDENCE

02/12/2023

Lè DHS di 23% ayisyen ki aplike sou system nan pou fanmi yo

Sa vle di sou 100 chak grenn ayisyen kap viv isit se 23 ladan yo ki fil pou yon fanmi

E nan 23% wap jwenn yon sel moun fil pou 3 fanmi

Lèw fè 23- 100= 77
Eske 77 pousan ayisyen kap viv isit eske yo pa legal

Exemple eske yo pa
Citizen
Rezidan
TPS

Eske se foulay yo te konn ap fè
Oswa yo pa gen volonte pou ede yon fanmi

🤔 Question: Un Haïtien vivant à l'étranger peut-il être approuvé dans ce programme et voyager depuis le pays où il résid...
02/11/2023

🤔 Question: Un Haïtien vivant à l'étranger peut-il être approuvé dans ce programme et voyager depuis le pays où il réside actuellement ?

☝️ Réponse: Oui, un Haïtien qui réside dans un pays tiers peut demander le programme de libération conditionnelle. L'individu serait cependant considéré comme inéligible au programme s'il était un résident permanent du pays ou s'il avait la double nationalité de tout autre pays ou s'il détenait le statut de réfugié dans n'importe quel pays.

Credit: Ambassade Americaine

Siw gen fanmi Nan istanbul Peyi la tikiRele yo pouw konnSi yo okeYon tranbleman tè7.8 pase plizye kay krazeAk mounMouriP...
02/06/2023

Siw gen fanmi Nan istanbul
Peyi la tiki
Rele yo pouw konn
Si yo oke
Yon tranbleman tè
7.8 pase plizye kay kraze
Ak moun
Mouri
Patajel pou tout moun jwenn li

02/02/2023

Jodia mwen pral fè diferans pou nou ant 3 bagay sa yo

Sètifika polis
Kazye jidisyè
Sètifika bòn vi e mès

Yon sètifika polis : se yon dokuman Direksyon sentral polis jidisyè ba ou (DCPJ)

Nan sètifika sa la polis ap di klèman si sitwayen an pran prizon deja
Ou pa besoin te kondane depiw te nan prizon menm pou yon nwit nan sètifika sa yap revele ke ou te pran prizon nan tèl ane e men poukisa yo te aretew

Kelke swa moun nan kit li te pran prizon ou pa
Dcpj ap bal yon sètifika polis depil fè demand lan

Siw pat janm pran prizon yap di sa tou nan Setifika polis la.

Kazye jidisyè : yon kazye jidisyè se yon dokuman tribunal premye instans dwe ba ou
Nan kazye jidisyè a yo te kapab aretew menw pat janm kondane pou sa yo te aretew la nan kazye jidisyè a tribunal la ap revele ou pat koupab de sa yo te repwochew la

Konsa tou siw pat janm pran prizon kazye jidisyè a ap revele sa

Siw te kondane tou kazye jidisyè a ap di ou te kondane nan tèl ane e men pukisa ou te kondane.

Sètifka bòn vi e mès : se yon dokuman tribunal de paix bay sitwayen ki ap viv nan komin kote tribunal la ye a

Ex. Siw ap viv Kafou tribunal de paix ki nan komin kafou ap baw yon sètifika bòn vi emès
Si tout fwa ou se yon sitwayen ki pa nan move zafè nan komin nan

Konsa tou siw se yon move je tribunal de paix a ap revele kondwit ou nan komin nan

Nb...kiyes kipab bay 3 dokuman sa yo

DCPJ se sèl instans nan peyi dayiti ki elijib poul ba ou sètifika polis la

Tribunal premye instans yo se sèl yo menm ki elijib pou bay nenpot moun kazye jidisyè

Sètifika bòn vi e mès se sèl tribunal de paix nan komin wap viv la ki elijib poul ba ou li

Patrick Tet Kale
Media Tet Kale TV
Allo Patrick Potem Sekou

Urgent!!!: Si w peye yon moun pou l fè aplikasyon an pou ou:1- Rasire w ke w gen sponsò. Si l di l ap fè l pou ou san sp...
02/02/2023

Urgent!!!: Si w peye yon moun pou l fè aplikasyon an pou ou:

1- Rasire w ke w gen sponsò. Si l di l ap fè l pou ou san sponsò, se deja yon "Red Flag".
2- Ou menm ki se benefisyè an, egzije ke email l ap mete pou benefisyè an se email pa w ke ou menm ou gen kontwòl sou li.
3- Lè yo konfime w, se ou menm benefisyè an kap resevwa email lan. Wap resevwa 2 email, rasire w ke email ki voye email lan fini pa "dhs.gov". Si li fini pa "dhs.gov", ou mèt fèmen 2 je w li lejitim, nan ka kontrè, ou pran nan fo mamit.

N.B. Si w gen dout sou yon dokiman de vwayaj ke yo ba ou, pa menm pase bò èpòt lan avèl san w pa fè verifye l pou ou. Si yo pran w ak yon fo dokiman ou kouri risk pou w pa janm ka antre Etazini ankò. Lagè avèti pa touye kokobe.

Pou tout sèvis Taks, pou Ranpli fòm I-134A, pou ranje kredi w, Xplwa Services LLC se nimewo 1. Kontakte nou jodi a menm sou (656) 204-3262.

01/19/2023

Dossier welcome Corps
Se yon yon nouvo pwogram administration Joe Biden lan ap lanse Jodi jeudi 19 janvier a

Kisa nouvo pwogram sa ye...?
Se yon pwogram ke Prezidan Biden lanse nan lide poul pemèt 125 mil refijye antre isit ozetazini pandan ane 2023 a

Kijan Moun sa yo pral kapab antre USA...?

Se nan kad menm pwogram fok ou gen sponsor etazini ki pou edew la seule différence ki genyen ant pwogram sa ak pwogram déclaration parole Biden lan

Yon ameriken kapab sponsorizew
Lèm Di ameriken an yon blanc zye vèt oswa yon ameriken black ki pa gen okenn rapò ak ayiti
Si ameriken sa vle sponsorizew pouw antre isit
Lap kapab edew

Nb... Depi se sou pwogram welcome corps la ou antre etazini wap gen yon rezidans pèmanan ou pap gen pouw kite America apre 2 ans menm jan ak lot moun kap antre nan pwogram declaration parole Biden te lanse 5 janvier pase a.

Administration Joe Biden lan vle rekrute 10 mil ameriken pou kapab fasilite rantre 5 mil refijye nan premye ane pwogram sa

Jodia lansman pwogram nan ap fet
E nap kapab konnen sou ki kritè 10 mil ameriken sa yo pral rekrute Moun kap gen pou antre yo isit kom refijye nan pwogram welcome corps la

Ret branche nap vinn ak plus infomasyon pou ou de pwogram welcome corps sa

Patrick Tet Kale
Media Tet Kale TV

Paj grand pwisans lan⭐⭐⭐⭐⭐⭐⭐⭐

Bon nouvelAnbasad peyi etazini an ayitiFè public la okouran sèvis pou renouvleman viza ameriken rekomanse fonksyone depi...
01/19/2023

Bon nouvel
Anbasad peyi etazini an ayiti
Fè public la okouran sèvis pou renouvleman viza ameriken rekomanse fonksyone depi mwa janvier 2023 a

Anbasad la di ke yo komanse aksèpte nouvèl demand visa yo
Lis dat randevou yo disponible sou website la
Pou moun pran randevou men yo limite

Nb... Anbasad la prevwa ogmante kantite viza yo konn bay pa mwa

01/15/2023
01/15/2023

Men Kijan'w ka enskri pou'w aplike pou pwogram VIZA imanite Joe Biden lan pou kont ou gratis

01/14/2023

Dossier kijan pouw ranpli Forms
Sou kont USCIS la

1..kreye yon Kont USCIS sou website
USCIS.GOV CHNV

Ni moun kap sponsorizew la
Ni moun kap benefisyè a dwe gen yon kont sou site uscis la.

2...moun kap sponsorize migran an dwe ranpli forms i134A
Se sou sit uscis la moun nan dwe ranpli forms nan

Fok moun kap ranpli forms nan gen yon kont
Eletronik ke li kapab lye ak kont uscis la

Exemple. Tijozè[email protected]
Fok kont sa lye ak kont wap kreye sou website uscis la

Se atravè kont sa imigrasyon ap kominike avew tout pandan dure pwosès la

3... Apre li finn kreye kont la sou uscis la
Li pral nan Menu kont lan sou paj web la

* lap chwazi opsyon ki di ranpli yon fomilè

4... Lèl finn chwazil Menu an ap ouvri
Wap chwazi

* i134A online Request to be a supporter and declaration of financial support

Lew finn seleksyone pati sa
Wap jwenn yon mesaj ki diw

- yo aksepte aplikasyon sa selman pou moun kap patwone benefisyè a ki se yon migran de 4 peyi sa yo

Ayiti
Kuba
Nikaragwa
Venezyeula

Lap diw pouw ranpli forms sa fok patwon an ap viv isit ozetazini poul ranpli formilè pou chak individi li vle supòte
Li kapab sipòte menm yon minè ki poko gen 18ans.

Nb... Pou pwogram visa umanitè a pa gen yon laj fiks ou kapab aplike pou tout kategori laj moun.

5.... Pi ba a wap wè yon kote ki make
start forms

Wap peze kote ki make start forms nan
Epi wap antre nan pati ki di bay aksè pouw ranpli forms nan

Wap antre infomasyon yo mandew yo

6...wap seleksyone pati ki gen pouw mete infomasyon de ou ki se patwon an kap ranpli forms nan pouw sponsorize yon migran

7... Fomilè i134 A li gen anpil kesyon ki gen plizyè aspè depandaman moun ki ap sponsorizew la dwe mete sou statu li
Ak statu ekonomik li

A..premye pati kesyon ki gen nan fomilè i134A
Li baze sou pwogram migratwa

8... Pi ba nan fomilè a i134A
Gen yon pati yo mete disponib pou patwon an
Bay prèv de situasyon ekonomik li

9... Nan fomilè a patwon an dwe ranpli
Espas ki bay kote poul mete
nonl.....
Sinyati li....
Dat nesans li....
Numewo kont uscis la....
Nimewo sekirite sosyal li....
Nasyonalite patwon an...
Eta sivil li.....
Dat ou ta renmen pou moun wap aplike pou li a antre etazini.....
Ak dat ou ta renmen pou moun wap antre etazini an kite USA....

Fok ou presizye byen ki kantite mwayen wap mete disponible pou mou wap aplike pou li a lel antre USA pandan 12 mwa wap kapab supòtel....

Nan fomilè a gen yon pati pouw esplike ki kantite kay ou mete disponible pou moun kap antre a ki kantite kob li evalye.....

Nb... Ou pa ka mete kantite kob yon machine evalye pouw di se byen ou genyen ki evalye a kantite lajan pouw fèw elijib pou benefisyè a

Ou pa ka mete byen ki se pwopriyete moun wap aplike pou li a kom byen ki few elijib pouw aplike pou li

10.....prèv finansye patwon an

Uscis presize moun ki vle sponsorize yon moun fok li gen ase resous poul kapab fè sa si non li pal elijib kom patwon

* fok moun ki patwon an kapab pwouve
Apwi finansyè li genyen poul supòte benefisyè a poul peye tout frè yo pandan ti tan tanporè benefisyè a ap fè etazini nan kad pwogram sa

Si patwon an pa ka pwouve ke li gen ase resous poul responsable benefisyè a yap
Refizè demand li a
Sa vle di yap bay moun li a refi

11....patwon an dwe telechaje tout sa li genyen kom prèv poul voye ale sou website la bay uscis pou yo analyse yo

Exemple.

- Kanè bank ou
- Kat bank ou
- Papye ki pwouve konbyen kob ou gen labank
- konbyen ane ou genyen nan bank lan
- kat anplwaye ou genyen kotew ap travay la
- lèt travay ou a ki di depi kilè wap travay
-prèv konbyen kob ou touche
- prèv si djob ou a pwovizwa ou pèmanan
- deklrasyon taks ak enpo ou peye
- prè statu ou genyen ozetazini tankou siw gen
Paspò ameriken
- setifika natiralizasyon ou
- kat rezidans ou
- TPS ou
-papye azil ki apwouve

Wap telechaje yo voye ale
Konsa sa tou ou kapab mande pouw pran yon randevou pou intèvyou pouw kapab vini ak tout dokuman sa yo

Nb... Pwogram lan gratis ou pap peye yon goud pou aplikasyon an

Si apre ou finn voye tout prev ak dokuman ou yo ale
USCIS diw kalifye pouw se yon patwon
Uscis ap kontakte benefisye ou a via yon email pou li dil ke men ki enskriksyon poul swiv pou res etap yo..

* benefisyè a gen poul bay info biyografik li
* lap resevwa yon infomasyon kijan poul ranpli
Infomasyon biyografik li
Ak kijan poul ranpli infomasyon sou CBP one
Aprel CBP finn konfime benefisye a lap voye yon mesaj konfimasyon sou otorizasyon vwayaj li ozetazini

Nb.. Chak benefisye dwe mete sou kont li enfomasyon sou vòl li
Ligne avion lap voyage a
Dat lap vwayaje a

Men sa mwen vle tout abonem yo konnen

Otorizasyon pouw vwayaje a pa yon garanti ke lap antre ozetazini selman CPB ki kapab konfime lew rive eske lap baw aksè pouw antre etazini menm siw gen otorizasyon an menw daprè sa USCIS ekri sou website la

* lè benefisyè a ateri nan yon ayopò etazini se ajan Imigrasyon CBP a ki pral egzamine li poul detèmine si li ap otorizel

Benefisyè a dwe bay prèv konsantman li pou yo fè yon verifikasyon adisyonèl epi egzamen anpwent biyometrik li

Se aprè tout inspeksyon sa yo ajan imigrasyon CBP a ap determine si lap kitew antre etazini
Si tout fwa tout afè moun nan ok li respekte sa ministè sante public etazini di sou kesyon eta sante yon moun kap antre isit apre tout egzamen yo finn fè ajan CBP a kapab baw otorizasyon final pou 2ans pouw ret etazini

Mwen te di nou post la ap long
Mwen pran tanm poum esplike nou epi pale nou de pwogram lan

Patajel pou yon lot moun kapab wel poul la gen plus infomasyon
Follow page lan (Like pagen lan) pou plis

Patrick Tet Kale
Media Tet Kale TV

01/13/2023

Ou te di se selman fanm blanche ki belle. Wap toujou di sa?

Address

30 N Gould Street Ste R
Sheridan, WY
82801

Website

Alerts

Be the first to know and let us send you an email when Favo posts news and promotions. Your email address will not be used for any other purpose, and you can unsubscribe at any time.

Videos

Share

Nearby media companies


Other Media/News Companies in Sheridan

Show All