TEAM5 HAÏTI

TEAM5 HAÏTI Nap kore pwodi lokal e nap fè sa ki depan de nou pou'n ka montre nasyon etranje yo kisa nou vo,

12/08/2024

èske se bon lajan vre?😀

24/05/2020

Timeline Photos

12/05/2020
PimpNewstv

PimpNewstv

Remò by x dispo kounya sou Youtube || 👇👇👇

15/12/2019
22/09/2019
Belle Image Haïti

Belle Image Haïti

Mwen konnen si sete Rihana nou tap fè video sa rive kote nou pat panse, Annou pa inyore sa nou gen lakay nou.!

Ann ankouraje talan sa yo,se yo menm ki avni peyi an, ann pataje sa ki pozitif yo,pa sèlman chita pataje video manifestasyon, ann pataje video sa pou nou fè plis ke Milyon moun wèl🇭🇹👏🏽

Pataje video an like paj lan please❤️

30/06/2019

Nou mache sou yo🇭🇹⚽️💕🇭🇹⚽️💕🇭🇹

18/05/2019

Belle Image Haïti

12/02/2019

🥺😥😥

Kanmarad mwen yo, di pwofesè matematik la pou mwen: "M fè devwa li te bay la, Men m' pap ka pote l' lekòl la lendi pou li paske m'ap absan pou tout ane a, epetèt pou tout an".

Se yon dwòl vwayaj, M' pat menm prepare m' pou sa
M' te jis ap chache konsève souf yon fanmi menm si laj mwen te piti, m' pat gen le chwa, Men isiba chache lavi se detwi lavi.

Si sa pap deranje w', Di manman m' pou mwen al dòmi aswè a, Di l m' pap antre.
Di l' se vi m' m' vann nan plas ti bak komès li a, M' pèdi benefis la nan wout, PNH pran l'.

M te toujou di ti Zanmi m' yo: "Jwe avè m' tankou se te yon dènye fwa."
"Souri avè m' tankou se te yon dènye fwa." " Nou pa lwen wè chagren m' neye nan tristès mwen."
"Kidonk, fè tout sa nap fè avè m' pou jis yon dènye fwa; Paske lè w' soti isit ou gen plis chans pou w' tou pa antre, se la grand mòd." Deyò a tou ap tann souf ou, lè w' di bonjou lavi, se lanmò ki reponn ou.

Male, prezans mwen pat vo anyen.
Ki koulè fiti m' t'ap ka genyen pandan prezan m' toujou nwa?
M regrèt selman, m' potko menm jèn nou fè m' vyeyi.
Dlo kò m' benyen kò m'

Sa k' pi mal la m' pat menm manje lajan chango men e mwen nou fè peye l'.
Inosan pase pou koupab.

Nou ka trouve m' te fou lè m' ta l' ramase komès ti madanm nan pandan bal tap chante: "Tiye poul la depi nan ze".
(Mizik doulè ak mati, si w' ta wè kijan malere ap gouye nan dans sa anba lavil la)
M pat gen le chwa, fanmi m' te vle konn ki gou sèl genyen nan jou sila, paske depi jedi 7 fevriye nou te bliye ki gou manje genyen; Grangou anmè kou fyèl nan trip nou!

Si aksyon sa fè m' fou, Nou tout fout fou tou. Paske chak jou n'ap chache lavi pandan yap detwi lavi nou grenn pa grenn, Nou bouche nen nou nou bwè dlo santi a.
Nou fè silans malgré y'ap peze kou nou.
Ki moun tèt dwat kap alèz, kap fè silans nan yon vi kote se kochon kap manje moun? Hmmm!
Chak jou son risk pou nou respire oubyen yon chans.
Vi nou ensèten
Byennèt pa ladann, pito nou lèd nou nou la!
Ensekirite fè kenken
Bal mawon, Bal ble, Bal wouj, Bal nwa fè nou tou nwa.
Nou wè nou pa wè
Tande m': "Pa gen bal mawon vre non , se pito yon mawon ki tire yon bal ok" !!!
Nou wè atò nan kisa m' te pran.

Anplis,
Lè w'al lopital jeneral, se nan simityè antre.
Pa gen lekol, pa gen inivèsite pandan nap tann kanaval.
Adye!!!
Nou tout fout fou!

Si lanmò yon adolesan pa touche kè yon *pre-zi-dan* pou l' deside, pou jan l' tap di li renmen m' anvan li fè nòs la, Si sa pa di l' anyen anverite lanmò nou tout pap vle di anyen pou zòt.
Nou tout ap bannann!
Swa nou reveye n' oubyen nou kontinye dòmi.

M pa konn konbyen pitit ki gen pou kite manman yo tankou m'.
Kounya Se tou pa m'.
Si sa pap deranje w', kouri al di manman m' pou mwen, Se depi lè m' tap viv isit la m' te gentan mouri vivan; lanmou l' te jis ap goumen ak lanmò m'.

Kidonk, di l' fin fè katòz kout rèl
Plen katòz bokit ak dlo je l'
Fè katòz kout roule nan sann
Katòz benyen nan san m'
Katòz kout regrè
Katòz plenn nan kè
Katòz kout koto nan kè
Katòz kout soupi
Katòz kout ponya nan do
Katòz kòb lekòl
Katòz lane mizè w'
Katòz baton vyeyès ou
Katòz kout anmwey
Katòz min nan fwon, Menmsi memwa w' pap ka efase m', Eseye kite zonbi m' tande bri kè w'.
Kite m' di w' sa k' nan kè m' kòm regrè: "Kiyès ki pral dèyè komès la pou ou Kounya?"

*Vens le penseur*

01/12/2018

Premye Desanm Jounen Mondyal lit Kont Sida

Ann fè plis prekosyon pou nou pagen plis
moun ki enfekte ak jèm sa☝🏿

08/10/2018
Belle Image Haïti

😭🇭🇹🇭🇹😭

Annou reviv mizik saa, pandan nap di chak fanmi ki te afekte nan 12 janvier 2010 avèk Moun ki afekte nan 06 Octobre 2018 yo pran kouraj paske nou paka anpeche sa fèt😭

Moun:Potoprens pòdepè Gwomòn Kabarè nou mèt pran kouraj menm lè sa pa fasil😭😭

Chak fwa ou pataje video sa konnen se bon kouraj ou swete viktim yo😭😭🇭🇹😭😭

28/09/2018
Les Vieux Rats CLUB

Yon nouvèl ki choke tout moun Ennery😥😥😥

Vidéo d'Adieu ./ # Job Decilma # #
Troupe les Vieux Rats et son enntoura

24/09/2018
Belle Image Haïti

Sa vrèman yon bèl jès🇨🇱🇭🇹✅

Wow 😲 mwen vrèman etone wè yon Chilien 🇨🇱kap chante nan lang kreyòl la konsa,
annou pataje video an pou’n montre li kòman nou kontan resevwa li!

🇧🇷

🇨🇱
🇨🇱🤝🇭🇹🤝🇧🇷

Nou vrèman kontan Akeyi ou nan kilti nou an,bèl jès sa fè nou plezi anpil✅

12/09/2018

Ressentez la joie et la vision intérieure!
Quelque soit questions que vous vous posez,faites confiance à Dieu et l’Univers☝️!

🥂Joyeux anniversaire mon frère ami🍾
Simms Merissaint Dorvilus

09/09/2018
Belle Image Haïti

Belle Image Haïti

Pran san nou pou’n gade bèl video sa pou‘n ka aprann plis de , nou soti trè lwen avan nou rive la, malgre nou te pase anpil mizè men pase nou pa lèd pase sa.!

Pa ezite pataje video an, pou’n ka ede sak pat konnen peyi nou! Patajel siw kwè

Like page lan pouw ka konnen lè nou fè lòt piblikasyon..

02/09/2018
Belle Image Haïti

🇭🇹😍🇭🇹😍🇭🇹🇭🇹😍🇭🇹🇭🇹 viv Ayiti,bèl istwa

Pran san nou pou’n gade bèl video sa pou‘n ka aprann plis de , nou soti trè lwen avan nou rive la, malgre nou te pase anpil mizè men pase nou pa lèd pase sa.!

Pa ezite pataje video an, pou’n ka ede sak pat konnen peyi nou! Patajel siw kwè

Like page lan pouw ka konnen lè nou fè lòt piblikasyon..

24/08/2018
Intérêt collectif

😳😳😳

Tout Jenès la mobilize pou yo jwenn rapò sou lajan

Èske nou panse nap jwenn yon solisyon ak demand sa nap fè an..?

Annou goumen pou sa nou kwè , paske li pi fasil pou nou jwenn yon manman pitit vyèj olye pou nou ta jwenn yon bon rapò sou lajan ..!

👍🏿

10/08/2018

👏🏽👏🏽

Jounen jodi vandredi 10 dawou 2018 la,se ak rezilta sa Ayiti leve👏🏽👏🏽

Lèsa bon anndil bon si vrèman li kenbe pwomès lan👏🏽👏🏽nou pa San konsyans.!

04/08/2018

Nouvèl lan lage ,Wanito lage video sa poul fè nou konnen li reyaktive,
Gade video an pouw konprann koz Wanito te fè silans sa..!
Ann swete Wanito bon retour🎧

Pataje video an san rete✌️
Like page lan please🙏

02/08/2018

Mayo®️ yo disponib depi kèk jou,se sèl ou menm ki poko genyen, nou Messenger

29/07/2018

Se Ayiti ki pa rekonèt talan

se yon Emisyon televize 2 Jèn Ayisyen fè nan Brezil, pagen yon moun ki Brezil ki ka di emisyon sa pa rive sou li..!

Sa se yon gran pwofi pou Ayiti e se yon respect pou tout Ayisyen kap viv Brazil e pou tout Ayisyen nan mond lan.!
Klike sou Link sa pouw ka gen yon pibon ide 👇🏾👇🏾👇🏾
https://youtu.be/UpfJpPXTMN8

Pa bliye pataje post lan pou yon lòt ka wèl tou.!

18/07/2018

Nou pran anba gouvènman saa😌

Yon peyi malere paka fonksyone,tout bagay monte tèt nèg,pagen ase lekòl leta , pagen inivèsite ,men gen blakawout,gen koripsyon.!

Aprè mobilizasyon pèp lan te fè 8 jiyè an,Prezidan repiblik la remake li te pase raz paske pat gen fòs lapolis sou tèren an, aprè sa li te fè yon òf ak la
li pwomèt lap lwe kay bali.!

E li pwomèt chak Senatè yon kay.

Pandan li fè tankou li pa janm pase nan Plaine du Nord poul wè eta lekòl Nasyonal saa.!

Si nou vle na konprann sakap fèt lan, lap jere fòs lan pou yo ka manke tchwe ti malere yo lè yo pran lari,e lap jere pou pa pale sakap pase anndan..!

Jovenel se pou boujwa yo li vin travay, li vini ak yon koze karavàn pou twouble lespri pèp la, sa vle nap toujou rete nan menm eta kritik sa nap viv la.

Mwen vle konnen poukisal pran pèp lan?

16/07/2018

Coupe du monde 🌍 2018

Moun ki konprann imaj lan di yes. 90/100 ap echwe wi😀

08/07/2018
Johnson Napoleon

Johnson Napoleon

M live

Mwen anteré papa m 'yè (75 zan) Malerezman li pa t' wè yon pi bon ke li te pase lavi l ap rèvé a.

Mwen kwè tankou papa m mwen (45 an) pa kwè map wè yon pi bon tou

I buried my father yesterday (75 years old) and sadly he didn’t see a better that he spent his life dreaming about.

I believe just like my father i (45 year old) will not see a better

07/07/2018

Finalman nèg yo vle peri nou😭😭😭😭

Ki kote nèg yo vle rive ak pèp la menm,nèg sa yo pa konn doulè pèp,paske depi yo fin élu yo gen Tep pou yo ka foul machin yo,
Men mesye ann manyen pran konsyans ann fè ti pèp lan rale yon souf,pèp la pran twòp anba nou,kit se PHTK kit se LAVALAS ,se toujou menm sousèt yo,tanpri mesye dirijan yo pran yon ti konsyans antre nan pitye pou pèp la,paske nou pa kapab ankòò😵😵😵

Ede nou pataje mesaj lan ,pou nou ka touche konsyans san konsyans yo!
Like paj lan please

05/07/2018

TEAM5 HAÏTI

Adresse

Avenue Des Dattes
Ville Des Gonaives

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque TEAM5 HAÏTI publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Vidéos

Partager

Entreprises De Médias á proximité


Autres Société de médias/d’actualités à Ville des Gonaives

Voir Toutes