28/01/2025
🚨🇨🇴🇺🇲Le président Colombien, Gustavo Petro a envoyé 2 avions de l'armée de l'air colombienne pour récupérer les 200 migrants colombiens expulsés des États-Unis, ils ont arrivés ce mardi à Bogota.
💬Petro : Nos compatriotes viennent des Etats-Unis libres, dignes, sans être menottés, nous structurons un plan de crédit productif, associatif et bon marché pour le migrant.
Le migrant n’est pas un criminel, c’est une personne humaine libre.
GUSTAVO PETRO PIBLIYE FOTO KI MONTRE KONPATRIYÒT KOLONBYEN L YO KAP DESANN AVYON LI TE VOYE CHACHE YO ETAZINI SAN MINÒT NI CHENN NAN PYE YO.
Prezidan Kolonbi an pat janm di li pap aksepte resevwa kolonbyen Etazini ap depòte yo. Piblikasyon li te fè sou X la te toujou klè.
Chèf leta a te di li pap dakò se nan avyon lame amerikèn pou yo depòte yo voye bay Kolonbi. Nonplis, li pap aksepte yo vini ni minote ni ak achenn nan pye.
Se pou rezon sa a, Petro te entèdi 2 avyon lame amerikèn ateri sou teritwa l dimanch pase a.
Trump te fache epi fè gwo menas sanksyon mete 25% taks sou tout machandiz kolonbyen kap rantre Etazini.
An reyaksyon, prezidan Kolonbi an te pase ministè komès lakay li lòd pou mete 25% taks tou sou tout machandiz ameriken kap rantre Kolonbi.
Mezon Blanch te kriye viktwa dimanch swa. Yo te di yo pap pran sanksyon kont Kolonbi ankò paske Petro ta aksepte koube l anba tout ekzijans prezidan Trump yo, espesyalman pou se nan avyon militè ameriken yo al debake migran kolonbyen ki depòte yo.
Reyalite a, aprè migran yo fin ateri Kolonbi maten an nan avyon fòs lame lakay yo, montre yon lòt bagay nèt kontrèman ak sa majorite medya nan mond la tap plede repete.
Nan yon dènye piblikasyon li fè sou kont X li aprè aterisaj konpatriyòt li yo, Gustavo Petro di "Yon migran pa yon kriminèl. Se yon kretyen vivan ki vle travay, pwogrese epi viv lavi l".