Mèsi Prof. Auguste pou diferans sa ant popilasyon ak pèp!!!
Lèw popilasyon se nòmal pou wal devan Digicel ki se yon konpayi prive al manifeste epi sèvis ki pa bon an ou te ka jus pa utilzel pouw frape konpayia!
Lèw se popilasyon se nòmal pou yap kidnape yon moun nou tout kouri epi lè yo fin ale avèl nou bouche laria pou lagel!
Lèw se popilasyon se nòmal 95% nan nou tout ide nou se pati kite peyia, ranjel pa enpòtan, epi kote walea se pitit tèa ki te goumen poul janl yea!
Lèw popilasyon se nòmal pou yon swadizan premye minis, ak yon swadizan dg polis, minis jistis, minis enteryè ap asiste yon lari konsa epi nou menm sa pa di nou anyen!
Lèw popilasyon se nòmal wap tann ameriken vin kraze baz 400mawozo pran pitit li, ameriken ap fè leta Ayisyen negosye a vagabon parèy nou yo, peye yo, epi remèt li pitit li apre met yon so sou Ayiti di pyès ameriken pa pile k*k peyi sa anko!
Lèw popilasyon, se nòmal pouw goumen kòm militan, boule kawotchyou, kraze, brize pou yon dirijan epi lèl jwenn zo a li jwil poukòl, apre yon lane ou tounen militanl ankò!
Lèw popilasyon se nòmal pastè fèw fè jèn 7/7 kou ensekiritea trò wo li pran avyon li ale epil kitew atèa enfin!!!!!!!!!!!
Li mèt apre 50 lane mswete Ayisyen vin yon pèp!
Pa tèlman gen kòmante pou ajoute non apre tout sa Marco Scoop fm di la a, se bagay tout moun konnen men nou jus toujou mete yo sou kote epi ap goumen e defann bann abolotchyo sa yo!
Malerezman nou tout pa gen bon konprann e yo tout zonbifye nou!
Rete konekte ak Media CNS Haiti
Yon kout rezume sou kèk nan aktivite prezidan repiblik la te antreprann pandan semèn sa, soti lendi 16 rive madi 17 desanm 2019.
Ann tande yon bout nan deklarasyon Ekselans Prezidan Jovenel Moïse aprèl fin pran kokenn chenn desizyon pou retire moun nan sid nan fènwa!