Tripotay Lakay

Tripotay Lakay Nou pa fabrike TRIPOTAY, nou bay Tripotay.

11/12/2023
Sa se definisyon “Detèminasyon” malgre nèg ak zam anvayi plizyè zòn nan komin kafou, kout bal ap chante tribò a babò, sa...
10/12/2023

Sa se definisyon “Detèminasyon” malgre nèg ak zam anvayi plizyè zòn nan komin kafou, kout bal ap chante tribò a babò, sa pat anpeche 30 jèn arive gradye nan “ New System Academy” jodi dimanch 10 desanm 2023 a, nan plizyè opsyon tankou anglè ak enfòmatik. Nan sans Valery Jean Paul kise responsab nimewo 1 enstitisyon sila a,ansanm ak kèk paran san konte gradye yo fè konnen malgre sitiyasyon pat fasil akòz ensekirite ak lavichè yo rive mete fen ak etid sila a.

Subscribe for more! Inscrivez Vous à La Chaîne pour recevoir les meilleurs Clips en exclusivité.Tripotay Lakay is one of the largest Haitian, News Broadcasti...

10/12/2023

Pierre Dieubensley, se jèn TlM0UN sa ki reyèlman fò lekòl, trouvel nan yon sitiyasyon jodya apre yon moto te fwape l, pyel te arive ka se. Okoz doktè yo te mal met bòt la nan pye a, li vin K0CHl jan wap gade la. BèImèl oblije pwan chimen laprès pou mande yon kout men pou wè kijan yo ka jwenn yon solisyon ak pye a akoz elèv lekòl li ap fawouchel anpil.

10/12/2023

Bòn nouvèl! Apre moun Wanament te kouri dèyè ekip topograf Ariel Henry yo, jodya yon gwoup Topograf prive, debake ak materyèl sofistike pou vin fè etid kanal la jan wap gade la.

10/12/2023

Tabernacle Haitian Baptist Church
919 North Pine Hills Road Orlando 32808
Sunday Morning Special Service

10/12/2023

Mezanmi Komisè Muscadin fenk tranble larepiblik ak gwosè deklarasyon sa, kèk jou apre Pierre Esperance te anonse li pwal fè rapò kont komisè a.

09/12/2023

Bon nou mele nan peyi sa. Nèg pa emegde PM lan di Ariel Henry pap fè yon pa kita, yon pa nago. Ariel ap toujou rete paske nou wè se li kap travay, lap goumen ak nèg ak zam yo nan peyi a.

09/12/2023

Ansyen avoka pèp mèt Andre Michel finalman pwan lari, klere kou lò sot nan rankont chita pale ak delegasyon Karikòm ak divès aktè politik tankou Claude Joseph, Sorel Jacinthe, Emmanuel Menard pou site sa yo sèlman, yon fason pou wete peyi a nan kriz lap travèse depi yon bon bout tan.

09/12/2023

Gwo motivasyon pou fini Kanal wanament lan. Yon kamyon gabyon fenk debake pou kanal la, daprè pastè Moise, gabyon sa yo ap sifi pou fini travay kanal la.

09/12/2023

Flash! BSAP yo voye yon piga bay minis anviwònman ki ap fè plan pou retire yo sou kanal la menm jan li te retire anba mòn kabrit ki fè bandi pran zòn nan jounen jodya. Yo di yo pap pwan lòd nan men minis sa.

09/12/2023

Youn nan blende PNH yo andomaj nan pandan lapolis ap eseye dech0uke nèg ak zam mariani yo.

08/12/2023

#509
#509
#509
#509
#509
#509
#509
#509

Guy Phillipe pral nan eleksyon,kilè ak ki pouvwa/Nap fete imakile ak yon pil Dirijan plen tach

VERITE LAKAY - VENDREDI 08 DECEMBRE 2023
Présentation : Phillipe JOSEPH ET Erné DAREUS
Mise en ligne et Réalisation:
Billy Calixte et Boase GUILLAUME
VERITE LAKAY - sou 89.9
chak jou soti lendi pou rive Vandredi depil fè
5hpm pou rive 7h PM. Radio Tragique Fm FM nou vinn fe bagay
yo,yon lot jan
Whats'app #509 34709251....Pa bliye tande Radio sou
internet
la (https://liveonlineradio.net/radio-tra

08/12/2023

Frankly Augustin alyas Bleng, se jèn gason sa wap gade la ki se youn nan gwo sòlda Izo Vilaj Dedye yo, komisè gouvènman Aken an mete anba kòd, ki te vin kache ak plizyè lòt nan komin lan. Franckly te konn met antèn oubyen met kontwòl sou komisè Muscadin daprè komisè aken an.

08/12/2023

Jodya fè 5 jou depi L0PlTAL Jeneral Aux Cayes la pa fonksyone akoz gouvènman Ariel Henry a refize peye kèk anplwaye. Anplwaye yo oblie fè grèv.

08/12/2023

Apre vwazen D0MlNlKEN yo te bloke siman pou n pat ka fini kanal la, jodya yon pakèt siman debake sòti nan lòt kote pou kontinye travay la. Nan moman an lan se beton kap koule an

07/12/2023

#509
#509
#509
#509
#509
#509
#509
#509
#509
Bare yo: 29 mwa âpre anpil nan kriminèl yo toujou nan lari/ bon pye Claude ki sovel.

VERITE LAKAY - Jeudi 07 DECEMBRE 2023
Présentation : Phillipe JOSEPH ET Erné DAREUS
Mise en ligne et Réalisation:
Billy Calixte et Boase GUILLAUME
VERITE LAKAY - sou 89.9
chak jou soti lendi pou rive Vandredi depil fè
5hpm pou rive 7h PM. Radio Tragique Fm FM nou vinn fe bagay
yo,yon lot jan
Whats'app #509 34709251....Pa bliye tande Radio sou
internet
la (https://liveonlineradio.net/radio-tra

07/12/2023

Nouvèl sa pwal fè Abinader Krlye nèt - Dlo kòmanse koule nan kanal la jan wap gade la. Enjenyè yo lage dlo pou teste kanal la an

07/12/2023

29 mwa depi yo a$aslnen Prezidan Jovenel, ansyen premye minis Claude Joseph sot reponn kesyon jij Walter Wesser, e denonse devan laprès oligak yo ap eseye manipile lajistis pou fè tout pwòch Jovenel yo parèt kòm kwa se yo ki ta T0uyeI. Li deklare: Kou sa pap pase.

07/12/2023

Flash! Gwo diskisyon pete ant militan channmas yo pou Guy Philippe.

07/12/2023

Dosye Prezidan Jovenel MOISE: Ansyen premye minis Claude Joseph prezante nan kabinè denstriksyon maten jedi 7 desanm 2023 a poul vin reponn kesyon sou dosye a.

07/12/2023

Boukante Lapawòl ak Guerrier Henri, Jean Ismael Valestin e Juno Jean Baptiste LIVE

06/12/2023

Ou paka pa santiw fyè, epi motive apre w fin gade TlM0UN 10 lane sa kap travay nan 2èm kanal la pandan lap ba nou kouraj. Li toujou kwè nan peyil, e fè konnen yon jou se nou ki gen pou kouri dèyè Vwazen an D0MlNlKEN yo, paske sa gen poul chanje.

06/12/2023

Se gras ak baraj Marion Prezidan Jovenel te fè a, ki fè jodya moun Malfeti nan fòlibète ka jwenn dlo sa pou wouze jaden diri sa wap gade la, malgre yo pa jwenn akonpayman leta pou ta ka pwodwi plis diri.

06/12/2023

#509
#509
#509
#509
#509
#509
#509
#509

Veyè yo: Ariel/SDP ak Madan Manigat deside ouvri frontye e pran kanal la/ RD Congo mete kenya deyò
VERITE LAKAY - Mercredi 06 DECEMBRE 2023
Présentation : Phillipe JOSEPH ET Erné DAREUS
Mise en ligne et Réalisation:
Billy Calixte et Boase GUILLAUME
VERITE LAKAY - sou 89.9
chak jou soti lendi pou rive Vandredi depil fè
5hpm pou rive 7h PM. Radio Tragique Fm FM nou vinn fe bagay
yo,yon lot jan
Whats'app #509 34709251....Pa bliye tande Radio sou
internet
la (https://liveonlineradio.net/radio-tra

06/12/2023

François Olsen Bradley, se jèn gason 24 lane sa ki fè pati nèg Kanaran yo ki ap opere nan kwadèboukè. Lapolis metel anba kòd, ap fèl depale. Misye se youn nan Toutè pou Jeff Kanaran. Chita bò lari ap pwan enfòmasyon sou moun kap pase.

06/12/2023

Sa se yon trè bèl jès ki merite bravo ak ankourajman. Yon gwoup jounalis medya anliy debake Fort Libertè nan zòn Malfeti pou pote sipò ak bay kout men yo nan 2èm kanal irigasyon moun zòn lan ap fouye yon fason pou nou sispann pwan lMlLYASY0N pou manje kay vwazen an.

06/12/2023

Se koze sou koze nan peyi a - Z0NBl Okap ka, Stephanie Louis Garçon pat reponn envitasyon Tribinal Okap la jodya.
Nan kad dosye zonblfikasyn Stephanie Louis Garçon ki ta dwe parèt devan pakè okap Jodi mèkredi 6 desanm nan ke 3 fanmi reklame, prezime zonbi a pat mete pye. Ansyen senatè Jean Renel Senatus ki ap mennen ankèt konsènan zonbifikasyn nan peyi a te prezan e reyaji sou dosye a. Antouka

06/12/2023

Irène Clergé ki pwoklame tèt li kòm prezidan pwovizwa kap dirije peyi a nan moman an la, pa reponn envitasyon jij Walter Wesser Voltaire jodya nan kad ankèt sou dosye Prezidan Jovenel MOISE la. Daprè avoka a, prezidan pwovizwa a gen ti pwoblèm sante kifè li pat prezan jodya.

06/12/2023

Se ak anpil emosyon, kè kotan moun tout moun pestèl resevwa Guy Phlippe tankou yon Prezidan Lakay li apre 6 zan.

Apre 6 lane Guy Phlippe pase nan prizon nan peyi Etazini, men kòman moun Pestel resevwa l lakay li.
06/12/2023

Apre 6 lane Guy Phlippe pase nan prizon nan peyi Etazini, men kòman moun Pestel resevwa l lakay li.

Subscribe for more! Inscrivez Vous à La Chaîne pour recevoir les meilleurs Clips en exclusivité.Tripotay Lakay is one of the largest Haitian, News Broadcasti...

06/12/2023

Flash! Men kòman tout moun Pestel resevwa Guy Phlippe lakay li maten an apre 6 zan.

06/12/2023

Bòn nouvèl! Bat bravo pou Komisè Muscadin ki fenk mete dòmi nan je Ronaldo René, youn nan nèg ak zam Mariani yo.Endividi sa te patisipe nan sak te rive mesye SWAT Team vilaj de dye yo.

06/12/2023

Guy Philippe adresel ak nasyon an sou plas Jeremie, li fè konnen: Li retounen pirèd nan "BOUDA YO" - "Nan batay mwen ran...
05/12/2023

Guy Philippe adresel ak nasyon an sou plas Jeremie, li fè konnen: Li retounen pirèd nan "BOUDA YO" - "Nan batay mwen rantre a, mwen konnen li gen 2 jan poul fini: oubyen vakabon, malfektè ki pa renmen peyi a pase sou zantray mwen, oubyen nou kanpe nou pase sou yo."

Subscribe for more! Inscrivez Vous à La Chaîne pour recevoir les meilleurs Clips en exclusivité.Tripotay Lakay is one of the largest Haitian, News Broadcasti...

05/12/2023

Flash! Guy Philippe ap Adresel ak Nasyon an. Li deklare: li retounen pirèd nan B0UDA yo! Yon foul moun debake sou Plas Jeremie jan wap gade la, yap rele VlV Guy, Grenadye Alaso! 🇭🇹🇭🇹

05/12/2023

#509
#509
#509
#509
#509
#509
#509

Van Vire:Gwo panik nan kan pouvwa âprè deklarasyon Badio/Opozan Guy Philippe yo Panike/Sa kap Pase Kanal la
VERITE LAKAY - Mardi 05 DECEMBRE 2023
Présentation : Phillipe JOSEPH ET Erné DAREUS
Mise en ligne et Réalisation:
Billy Calixte et Boase GUILLAUME
VERITE LAKAY - sou 89.9
chak jou soti lendi pou rive Vandredi depil fè
5hpm pou rive 7h PM. Radio Tragique Fm FM nou vinn fe bagay
yo,yon lot jan
Whats'app #509 34709251....Pa bliye tande Radio sou
internet
la (https://liveonlineradio.net/radio-tra

05/12/2023

Gen koze pou w tande - Venerab Jean Sam Occelin debake Wanament pou l vin plante pye bwa bò kanal la. Lap esplike kòman espri li di ki sou li a twouble nèg ak zam Kananran yo ki te kanpe machin, mete nèg yo nan konfizyon antre yo.

Adresse

Port-au-Prince
<<NOT-APPLICABLE>>

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Tripotay Lakay publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Vidéos

Partager

Type

TRIPOTAY LAKAY

Nou pa fabrike TRIPOTAY, Nou bay TRIPOTAY.

Entreprises De Médias á proximité


Autres Média à Port-au-Prince

Voir Toutes