Mezanmi pa okipe pèsònn kap fè popagann, fè nou kwè ke pis elektronik ki sou kat idantifikasyon nasyonal la ka fè yo kontwole n pou yo ka kidnape nou, ou byen vote pou nou nan eleksyon.
Kanpay sal sa a kap fèt sou rezo yo se paske yo pran nou pou idyo. Moun ki dèyè popagann sa a pa gen oken respè pou Pèp ayisyen.
Mezanmi pa kite moun yo pran nou pou bèt. Nou se yon Pèp entelijan.
Pagen bagay konsa, menm jan gen yon pis elektronik sou tout kat kredi bankè, sou nouvo paspò yo, se konsa tou kat idantifikasyon nasyonal yo gen yon pis elektronik ki gen yon bann enfòmasyon kap itilize l nan tout enstitisyon peyi a Se mechanste a kap kontinye nan kan machann peyi a .
Men verite sou deklarasyon Prezidan Jovenel Moïse pandan pasaj li nan depatman Nòdès peyi a nan wikenn ki sot pase a.
Kidonk fè ti montaj chanje pawòl Prezidan an sa yo pap pase.
Dominiken gen ajans pal
Etazini gen plizyè ajans
Lafrans gen pal
Canada gen pal
Epiw pa dako pou Ayiti gen ANI.
Eskew serye
Mezanmi, kat la mare
Premye wòl Konstisyon 87 la genyen
se te mete baz pou peyi a mache byen nan demokrasi.
Nan respè dwa moun, nan respè yonn pou lòt, yon peyi kote leta ak sitwayen yo angaje nan jefò devlopman dapre règ jwèt la.
Depi lè sa n ap reve yon lòt Ayiti. Men ki sa rekòt la bay?
Nou anbreye sou bak.
Lè nou tap pale de jesyon dlo sifas yo, anpil moun te panse se te yon slogan kanpay. Verite a eklate anba je tout moun, baraj sou rivyè maryon an ap vanse,li kòmanse bay rezilta,nan mete yon bout nan inondasyon ki abitye al demantibile moun Malfeti, kwakou, Fò Libète elatriye.