ala ti madanm pale papa oóo
*ROSEMOND JEAN MANDA*
Dirijan Fwon nasyonal oganizasyon rezistans pou yon ayiti stab ak demokratik la kalifye ilegal manda damne komisè gouvènman potoprens la Jean Edler Guillaume mete kont li. Militan politik la dil pap pran nan entimidasyon pouvwa kriminèl sa anonse li pral some komisè gouvènman potoprens la mèt Elder Guillaume pou reponn yon seri zak li komèt nan peyi a.
sitiyasyon mou yo grav anpil wi
Iswick Teophin gaye wonn lan nan pakè pòtoprens
JONEL JOSEPH
Pòt-Pawòl Òganizasyon Sosyo-Politik fòs Kanapevè Reveye a Jonel Joseph kritike konpòtman premye minis Ariel Henry ki pa gen volonte pou rezoud pwoblèm ensekirite a ki lakòz abitan nan divès zòn kite kay yo pou al refijye yo sou plas piblik.
Dirijan politik la ki regret move kondisyon popilasyon ayisyèn lan ap viv, kwè strateji pou debarase PM Ariel Henry sou pouvwa a dwe chanje pandanl mande pèp la monte barikad yo piwo pou anpeche enstitisyon leta yo fonksyone.
EVELT FANFAN ASASINA 5 AJAN BSAP
Asasina ajan BSAP yo moutre nan ki nivo Ariel Henry kriminel kom kretyen advantis aloske legliz adventiste pa di anyen nan dosye sa, li moutre tou kijan pep la solidè à kò BSAP la ak epokrizi ki gen nan klas politik ki fe silans nan dosye sa dapre dirijan revey nasyonal pou souverènte dayiti a met Evelt Fanfan. Om de lwa a salye lideship Jantel Joseph ki pa deside antre nan lojik antre nan afwontman ak lapolis jan anpil moun swete à.
JEAN RONALD JOSEPH
Direktè jeneral Fwon Nasyonal edikasyon an, Jean Ronald Joseph, prezante mèkredi 31 janvye 2024 la, bilan travay FNE reyalize nan sektè edikatif la soti nan lane 2019 pou rive 2024.
FNE envesti nan pwogram edikasyon gratis la a wote plis pase 3 milya 147 milyon goud. Nan sa ki konsène enfrastrikti eskolè FNE depanse plis pase 2 milya 775 milyon goud pou mobilye eskolè, FNE dekese 525 milyon 715 mil goud pou kantin eskolè dapre Jean Ronald Joseph ki tap bay detay nan mikwo laprès
CALME HENRY MICHEL
Calme Henry Michel, youn nan responsab Brigad sendikal anti koripsyon an mande popilasyon ayisyèn nan pote kole nan 3 jou grèv yo pou fòse gouvènman Ariel HENRY pran responsablitel nan dosye ensekirite jeneralize kap wonje sosyete a.Sendikalis la kritike pouvwa Ariel Henry ki fèmen je yo sou sitiyasyon peyi a kap deteryore chak jou li mande popilasyon kontinye fè solidarite pou goumen kont rejim kriminèl sila a
pè Gardy maisonoeuvre bat bwavo la kontantman pou arestasyon Cholzer chansy a
GARDY MAISONNEUVRE DENONSYASYON
Dirijan sant Karl levek la Gardy Maisonoeuvre denonse kalamite popilasyon an ap fe fas depi kek tan aloske gouvenman pa fe anyen pou amelyore soufrans pep la. Defanse dwa moun nan ki denonse konplisite kominote entenasyonal la nan sitiyasyon ayiti ap fe fas la mande popilasyon an pou kontinye leve kanpe kont rejim anplas la ki fayi ak misyonl.
Jij enstriktè Wilince Derival tande jounen jedi 14 Septanm 2023 nan Biro li ansyen depite komin Gwo Mòn lan Fritz Chéry kòm temwen nan kad dosye lanmò atis Roosevelto Placide alyas Bley Jah ki te mouri asasinen nan lannwit 18 pou louvri 19 Dawout 2023 apre li te fini resevwa plizyè bal kote li te ale rann dènye souf li sou kabann lopital.
Ansyen depite komin Gwo Mòn la Fritz Chéry deklare li reponn jij enstriktè a tout kesyon li poze li fè konnen lap toujou rete disponib pou la jistis. Ansyen depite a tè gen avek li Mtre Guy Jacob Latortue ki te akonpaye li nan biro jij enstriktè a.
Tribinal premyè enstans jiridiksyon Gonaives derape jounen lendi 10 Jiyè 2023 ak Asiz kriminel san asistans jiri jan sa te anonse a
Tribinal kriminel la tande ka Evens Robert Mulâtre ki akize pou eskokri ak isaj fo papye. Se Dwayen Tribinal premyè enstans jiridiksyon Gonaives la jij Ysaac Prophète ki te prezide odyans la ak Komisè Gouvènman Pakè a Mtre Guiverna Guillaume ki te reprezante ministè piblik. Aprè plis 4 trè tan odyans jij Ysaac Prophète mande pou ministè piblik ak avoka kap defann akize a pou depoze tout pyès yo, kote li anonse li pral travay sou dosye avan li bay desizyon final la.
Nap souliye ministè piblik mande pou akize a kondane pou 6 zan prizon pandan avoka defans yo mande aplikasyon lwa Lespinasse. Akize Evens Robert Mulâtre deja pase 3 zan 4 mwa nan prizon.
Batonye lòd Avoka yo nan Gonaives Mtre Jacksene Jacques aplodi asiz sa a
Gade sa yon demon fè yon pastè
li di paste a anpil betiz wawww ann swiv
FADEJEG ki se Federasyon Asosiyasyon pou Devlopman ak Jesyon Gonaives ki jwen sipò Notè Registre Damus distribye jounen samdi 8 Jiyè 2023 plizyè kaymyon dlo nan kèk katye popilè nan vil Gonaives.
Distribisyon dlo sa fèt nan Gatro 1, Gatro 7 ak nan Bretagne 1. Popilasyon an akeyi jès sa FADEJEG fè a ki jwen sipò Notè Ramus. Reseponsab FADEJEG yo deklare yap kontinye distribye dlo nan plizyè lòt katye nan jou kap vini yo.
Radiotv News509
Mtre Guy Jacob Latortue ki se yon avoka nan Baro jiridiksyon Gonaives delkare sa kap pase nan aparèy jistis la nan Gonaives grav anpil kote li denonse jistis la ki paralize nan jiridiksyon an.
Mtre Guy Jacob Latortue denonse kou dapel ki gen 3 jiridiksyon sou kont li ki pa fonksyone depi evenman politik septanm 2022 yo. Mtre Guy Jacob Latortue fè konnen li poko vle pale sou sa ki pase nan prizon sivil Gonaives men li pwofite kritike lekol dwa ak syans ekonomik Gonaives la EDSEG
Prezidan Sosyete sivi òganize a nan vil Gonaives Jean Henriquez Auguste reyaji jounen Mèkredi 5 jiyè 2023 sou dosye polisye kap kite jiridiksyon Gonaives la paske yo jwen transfè.
Prezidan Sosyete Sivil òganize a Jean Henriquez Auguste deklare transfè sa yo fèt nan yon moman kote gen yon ensekirite kap ogmante nan jiridiksyon Gonaives la, kote li di Direktè Depatmantal polis la nan Latibonit moman mal chwazi
men pawol neg yo tap bay chak jou pou yo tronpe vijilans pèp la
Akoz yon ti kras lapli ki tap tonbe sou vil Gonayiv
men ki eta plizyè katye nan vil lan leve espesyalman ba ri égalité, sitwayen yo pa konn ki sen pou yo rele.