Pwoteje tèt nou pandan sezon siklonik / Mèt kò veye kò !!! Se yon mesaj #MAG
Fanmi Lavalas, egzije yon plans ijans pou frape fenomèn ensekirite a
Nan kad yon konferans pou laprès jedi 20 jen 2024 la, kòdinasyon depatmantal latibonit Politik Fanmi Lavalas , mande konsèy prezidansyèl tranzisyon an (CPT, anfransè) , premye minis Garry Conille ak direktè Jeneral PNH la etabli yon plan pou rezoud kriz ensekirite ki ap taye banda nan peyi a depi plizyè lane a.
Pòt Pawol Fanmi lavalas nan latibonit, François David Darius, kwè dwe gen yon tèt kole ki fèt ant otorite politik yo ak polis nasyonal pou rive demantle tout gang ame yo ki deside anpeche popilasyon an mennen aktivite lib tout kote andedan peyi.
François David Darius, ankouraje epi felisite tèt ansanm li di fèt ant diferan pati politik yo nan peyi ki fasilite mete sou pye nouvo gouvènman an ki pral travay pou redrese leta pou mete'l sou sèvis pèp ayisyen an.
Dwe gen yon ankèt ki mennen sou direksyon depatmantal edikasyon an nan latibonit
Nan yon konferans pou laprès jedi 20 Jen 2024 la, reprezantan platfòm sendika anseyan yo nan latibonit, denonse direktè depatmantal edikasyon an, profesè Fritzner Orelien, yo di ki ta resevwa lajan pou siyen lèt nominasyon ak pwomosyon pou divès enspektè.
Prezidan platfòm sendika anseyan latibonit yo, Pwofesè Kesnel Ledix, ki kwè direksyon depatmantal edikasyon an ap fè fas ak gwo pwoblèm koripsyon mande nouvo minis edikasyon nasyonal ak fòmasyon Pwofesyonèl la MENFP HAITI Officiel , Antoine Augustin, dilijante yon ankèt prese prese pou dekouvri kantite malvèsasyon ki fèt pandan pwofesè Fritzner Orelien nan tèt edikasyon an nan Latibonit.
Pwofèsè sadrack Charles, yonn nan manm Platfòm Sendika Anseyan Latibonit yo, yon lòt kote mande nouvo minis edikasyon an Antoine Augustin, fè yon koudèy sou zafè plizyè anseyan ki kite peyi e ki toujou ap resevwa chèk .
Sendikalis la, lanse yon apèl ak responsab nan biwo santral edikasyon an pou pran desizyon peye epi nome pwofesè ki prezan nan sal klas yo.
Gonayiv/ Latibonit- Gen gwo dlo nan Bayonè pou fè jaden
Dlo ki pa genyen nan 3èm seksyon Bayonè Komin Gonayiv, lakòz abitan yo nan gwo difikilte pou travay tè yo, yon seksyon daprè plantè yo Ministè Agrikilti Resous Natirèl ak Devlopman Riral (MARDR) abandone .
Marius Dumarsais, yon manm Asanble Seksyon Kominal la (ASEC,anfransè) , ki t’ap dekri sitiyasyon difisil abitan yo nan Bayonè pou rive fè yon rekòlt, li fè konnen pou peyizan yo jwenn dlo pou wouze jaden yo se toujou nan peryòd lapli ap tonbe, sa ki konn lakòz danre yo toujou pèdi.
Me. Marius, ajoute pou’l di Bayonè pwosede plizyè ekta tè kiltive nan divès lokalite ki abandone san okenn enfrastrikti agrikòl.
Manm ASEC la, mande direksyon depatmantal Agrikilti a nan latibonit, lanse kèk pwojè foraj ak enstalasyon ponp a sistèm solè nan zòn kiltivab yo pou fasilite peyizan plantè yo rekòlte manje pou okipe fanmi yo ak pou voye vann nan mache .
Azèk Marius Dumarsais, yon lòt kote bay kèk detay sou eta avansman pwojè yon sou komisarya plizyè sitwayen met ansanm pou konstwi ki pral pèmèt prezans lapolis andedan seksyon kominal la .
Pawol sou Tanbou 20 Juin 2024
Pou tout komante ak enfomasyon jounen Swiv Pawol Sou Tanbou / 3h_5h PM , Soti lendi pou rive Vandredi
Pawol sou Tanbou reprise
Pou tout komante ak enfomasyon jounen Swiv Pawol Sou Tanbou / 3h_5h PM , Soti lendi pou rive Vandredi
Gonayiv/- MODELA mande nouvo Gouvènman an aji vit sou pwoblèm ensekirite ak grangou a
kòdonatè Mouvman Defans Latibonit (MODELA), Jean Rony Sincere Lima , ki t'ap repon'n kesyon jounalis week-end pase a, mande pou Konsèy Prezidansyèl tranzisyon an (CPT,anfransè) ak gouvènman Garry Conille an aji prese prese pou rezoud problèm ensekirite ak grangou ki genyen tout kote nan peyi a, toutfwa gen volonte lakay yo pou amelyore soufrans popilasyon an.
Nimewo en (1) MODELA, Jean Rony Lima, lanse yon mesaj bay aktè divès pati politik andedan peyi a pou kite nouvo gouvènman an travay nan pran bonjan desizyon pou soulaje soufrans pèp la.
Responsab òganizasyon dwa moun nan, Me. LIMA, anonse yo bay Garry Conille 90 jou poul voye yon siyal klè ki moutre gouvènman ap travay pou rezoud kriz ensekirite ak pwoblèm manje pèp ayisyen an ap rankontre dènye jou sa yo, li pwomèt pou'l denonse tout gouvènman an si toutfwa anyen pa fèt.
Ensekirite ak grangou a se 2 pi gwo pwoblèm nouvo premye minis la, Dr. Garry Conille ak rès Gouvènman dwe batay pou amelyore, si yo gen volonte pou pèp ayisyen an rale yon souf, se reyaksyon plizyè sitwayen nan site endepandans la (Gonayiv) Radio Kiss FM Haïti te poze kesyon jedi 12 jen 2024 la, yon jou aprè enstalasyon chèf Gouvènman.
Meri Gonayiv, MTPTC ak Delegasyon latibonit gen obligasyon netwaye kanal ak drenaj site endepandans la
Nan yon konferans pou laprès Lendi 10 jen 2024 la, responsab mouvman politik "PLATFÒM KOLONN KI BAT" di yo gen gwo kè kase fas ak sezon siklonik la ki rive sou peyi a, komin Gonayiv (Latibonit), lè yo konnen pa gen okenn netwayaj kifèt nan kanal ak dren yo.
Kòdonatè PLATFÒM KOLONN KI BAT, Emmanes Charles , deklare preokipe devan gwo menas ki pandye sou site endepandans la nan moman siklonik.
Me. Charles, mande responsab yo nan meri Gonayiv, MTPTC ak Delegasyon latibonit mete yo ansanm epi pran responsablite yo pou netwaye kanal ak dren yo ki chaje fatra ak labou.
Nimewo en (1) PLATFÒM KOLONN KI BAT la, Emmanès Charles, fè konnen estrikti lap dirije a pare pou pote kole ak tout aktivite ki vize netwaye kanal ak dren yo pou anpeche Gonayiv konnen yon lòt inondasyon,tankou, li site "Hanna ak Ike " nan ane 2004 ak 2008.
Responsab PLATFÒM KOLONN KI BAT yo, lanse yon mesaj bay sektè " sosyal, politik ak ekonomik " nan komin Gonayiv kote li mande yo pou chita ansanm epi mete yo dakò sou yon plan devlopman ak yon pak gouvènans sou yon peryòd 20 lane, se pi bon fason Gonayiv kapab pran wout devlopman dirab ak modènite tout moun swete a, daprè manm mouvman politik kolon'n ki bat la.
Edikatè ak enspektè latibonit yo benefisye twa (3) jounen fòmasyon
Nan sousi pou ogmante kapasite aktè yo nan sistèm edikatif la, direksyon depatmantal Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl MENFP HAITI Officiel nan latibonit, reyalize nan vil Gonayiv twa (3) jounen fòmasyon sou edikasyon nan sitiyasyon ijans pou anviwon 50 pwofesè lekòl piblik ak enspektè nan depatman.
Direktè depatmantal edikasyon an nan Latibonit, Pwof. Fritzner Orelien, ki t'ap repon'n kesyon jounalis nan okazyon kloti a samedi 8 juin 2024 la, fè konnen fòmasyon sila gen pou objektif akonpanye pwofesè ak enspektè latibonit yo, sa ki pral pèmèt kad yo konprann byen ki konpòtman yo dwe adopte pou anseye elèv ki kite komin lakay yo sou presyon sivil ak zam yo.
Yon seri fòmasyon kite dwe reyalize nan mwa fevriye pase a daprè pwofesè Fritzner Orelien, kite repòte akoz kriz politik yo nan peyi a.
Aktivite yo kite demare jedi 6 jen an e ki jwenn bourad lajan Fon Nasyonzini pou Timoun (UNICEF).
16 lane depi FASI ap fòme profesyonèl nan zafè sante
Jounen vandredi 17 Novan'm nan yon mès aksyon degras chante nan katedral souvni Gonayiv la,mete ak plizyè lòt aktivite òganize pou komemore 16 lane egzistans Fakilte Siyans Enfimyè (FASI) nan Inivèsite Piblik Latibonit Gonayiv la (UPAG, anfransè).
Aktivite yo kite dewoule anprezans plizyè kad inivèsite a, tankou; Rektè Mane Jacques Dodat Jean, kòdonatris FASI a Madam Estinvil Heberlinda , Madam Duvernat Lousemie epi Jean David DELZINCE .
Nan diskou sikonstans la, Direktris Laboratwa Similasyon an , Madam Duvernat Lousemie, deklare objektif prensipal komemorasyon 16 lane egzistans Fakilte Siyans Enfimyè a (FASI), se yon fason pou resposab UPAG yo renouvle angajman yo genyen pou kontinye travay pou bonjan fonksyònman inivèsite a epi grave nan memwa piblik la enpòtans fondasyon fakilte a .
Madam Duvernat Lousemie, fè konnen pilwen, aprè 16 lane depi FASI ap fòme profesyonèl enfimye nan depatman latibonit , responsab yo nan tèt inivèsite a enimere plis pase 700 ansyen etidyan ki deja sou mache travay la nan peyi d'Ayiti tankou aletranje.
Pawol sou Tanbou
Depil fe 3h_5h nap envitew swiv PAWOL SOU TANBOU,pou tout aktyalite jounen an.
Mekredi 15 Novanm
Endividi yo pa rive idantifye touye ak bal Idekel Thomas, byen bonè maten lendi 13 novanm 2023 nan riyèl jilse nan katye Twousab (Gonayiv).
Daprè jij de pè tribinal seksyon sid la, Daniel Pierre, kite prezan pou konsta legal yo deklare, li ta jwen'n yon po katouch prè viktim nan.
Jij Daniel Pierre, promèt pou'l fè tout sa lalwa mande pou'l fè nan kad dosye sila..
Delege vil katye Trou-Sab la, Pastè Aniel CHARLES Kite la sou plas pandan moman konsta viktim nan, fè konnen Ideckèl Thomas se yon santinel ki toujou leve fidèl nan legliz li pou ale fè priyè chak maten.
Pastè Anel Charles, kise tou pwòch defen an, rakonte aksyon an rive pandan Ideckèl Thomas te pran direksyon pou ale chèche yon sèvant ki fè pati selil priyè li te fè pati a e se konsa malfwa moun pa rive idantifye ta bal yon katouch.
Nan Kad virewon ''Institut de gestion de gouvernance et des études politiques (Gep)"" ap reyalize andedan peyi a, responsab yo rive reyalize 2 jounen brase lide avèk plizyè santèn sitwayen nan vil Gonayiv , sòti vandredi 10 novanm pou rive samdi 11 novanm 2023 a.
Daprè ansyen depite komin Marigot a, Deus Deronneth, kise yon'n nan inisyatè mouvman sila fè konnen vil Gonayiv se 8èm vil ki akeyi yo nan Kad sepozyòm yo toujou reyalize pou sitwayen yo atravè peyi a ki pral fasilite sitwayen yo enplike aktivman nan devlopman politik ak ekonomik peyi dayiti.
Profesè dwa entènasyonal piblik la, Hébert Pelicier, kite prezan sou panèl la, salye kouraj reprezantan IGEP yo lidi ki pran agajman pou òganize yon inityativ parey, k'ap gen pou ogmante kapasite sitwayen yo sou zafè dwa ak devwa yo genyen pou enplike yo nan Kad devlopman peyi yo.
Me. Nober Joseph , yon'n pami plizyè jèn kite patisipe vandredi 10 ak samdi 11 novanm 2023, pandan de (2) jounen sepozyòm, '' Institut de gestion de gouvernance et des études politiques (IGEP) te òganize nan site endepandans la, felisite direktwa òganizasyon an pou gwo inisyativ sila.
Reprezantan '' kolektif animatè radyo difizyon yo (CARD, anfransè), Me. Joseph, swete jèn fi ak gason enplike yo nan devlopman politik ak ekonomik peyi a.
Popilasyon Lestè mande DDA a demantle bandi Jwanis yo
Plizyè jènn nan komin Lestè te plante pikèt yo jodi vandredi 10 Novanm 2023 a devan komisarya polis Gonayiv la nan lide pou egzije Direktè Depatmantal la pran tout dispozisyon pou demantle Gang kap opere nan Lakwa Peris/Jwanis la.
Bandi ak zam sa yo ki kontinye tiye, vyole, kidnape moun nan popilasyon sivil la, menase redwi vil Lestè an sann semèn kap antre la.
Yon sitiyasyon ki pouse anpil abitan Lestè kite lakay yo pou al pran refij nan lòt komin.
"Lestè pakapab ankò, Lestè pa laboratwa bandi. Popilasyon Lestè pa zwazo nan bwa, pou malfra vinn chase lè lide yo di yo", deklarasyon manifestan yo.
Pandan mouvman nan, manifestan yo mande DDA pou mobilize UDMO ak BI a nan lide pou kwape bandi sa yo kap opere san pè ni krent nan rejyon an.
Manifestan yo mande tou komisè gouvènman jiridiksyon an, Guillaume Guiverna ak Komisè Prensipal awondisman an, Philipe Juste, pou pran responsablite yo nan dosye sa a.
Selon abitan Lestè yo, malfra Jwanis reprezante yon malè pandye pou tout depatman an. Konsa, Direktè Depatmantal polis la dwe pran mezi nesesè pou deloje yo.
Nan entèviyou yo te bay emisyon #PawòlsouTanbou, plizyè abitan Lestè te mande DDA pou remèt demisyon l si li pa anmezi delivre machandiz la.
Menm apèl la te lanse tou bay komisè awondisman an, Philipe Juste ak komisè jiridiksyon an, Guiverna Guillaume.
Agence Artibonitienne de Presse /AAP
Plizyè machan'n k'ap van'n rad , tenis devan simetyè ak palè jistis Gonayiv la, rive plante pikèt yo nan lakou mèri Gonayiv la jounen mèkredi 8 novanm nan yon fason pou denonse otorite minisipal yo ki pran desizyon pou deplase yo nan zòn kote y'ap mennen aktivite sila.
Marchann sa yo kite move kon Kong voye anpil pawol pike kont premye sitwayen site endepandans la, mande ak responsab yo nan tèt Meri pou bayo jiska janvye pou yo kite espas la.
Diirektè teknik planifikasyon ak jesyon teritwa mèri Gonayiv la, ING Frantz Bernier, ki t'ap reponn kesyon laprès aprè entèvansyon marchann yo fè jounen mèkredi 8 novan'm 2023, fè konnen desizyon sa pran yon fason pou fasilite yon bonjan sikilasyon nan zòn palè jistis Gonayiv la .
Ing Frantz Bernier,, anonse Meri Gonayiv deja pran dispozisyon pou reyamenaje plizyè espas andedan mache Topa deja komanse pou kapab pèmet machan'n yo jwen'n kote pou yo etale machandiz yo nan bon kondisyon.
Diirektè teknik planifikasyon ak jesyon teritwa mèri Gonayiv la, ING Frantz Bernier, mande ak machan'n konséne yo pase nan direktyon Fiskalite meri a pou kèk fòmalite, pandan''l enfome gen plizyè machan'n ki gentan anrejistre nan posesis la.