Jerry Étienne (Ti Soré) Le natif du Cap- Haïtien a pris sa responsabilité devant l'orchestre Septantrionale en Absence de T-Carlo.
Il nous a offert une prestation incroyable dans la première Section communale de Fort-Liberté (Dumas).
Le chanteur s'est amusé avec le hit du dernier album (Yon Ti kout Je) "Anbandon".
#Abòne
#like
#pataje
Jeempsly Saint-clus & Kenel Antoine ont mis le Feu avec le Grand Orchestre Septentrional dans la première Section de Fort-Liberté Dumas.
Yon konpa gwo ponyèt 💪
#Abòne
#pataje
#like
Jeempsly Saint-clus (Jempoly) le chanteur de la boule de Feu national et enternational Septantrional seme de la panique à l'occasion de la fête patronale la Sainte Bernadette de Dumas ce Vendredi 16 Février 2024 Grâce à ses prouesses vocales et ses prestations hors de l'ordinaire.
Grand Orchestre Septentrional
Kesmy Doréus. Maestro Arthur The pianist
Odanio Sainté
Jocelyn Alcé
#Abòne
#Like
#Pataje
Célébration du 35 ème anniversaire de la Chorale Cœurs-Unis de la Cathédrale de Fort-Liberté ce Dimanche 11 Février 2024.
Nan kad gwo manifetasyon ki te òganize nan vil Fòlibète jounen madi 6 fevriye 2024 la pou et egzije Aryèl bay talon l blanch sou pouvwa a 7 fevriye sa, prezidan Baz revandikasyon an, Lysly Israël, deklare se Antèman Aryèl yo chante nan jounen gwo mobilizasyon sa…
Sekretè departmental EDE nan Nòdès la, Mèt Mathieu Junior KERCIVIL, te manifeste mekontantman li nan mikro nou kont pouvwa Aryèl Anri a epi pwofite kalifye gouvènman l lan kòm yon gouvènman enkonpètan ak ensousyan k ap pratike yon politik fatra, ensekirite ak lamizè..
Symposium sur La gouvernance se tèm gwo aktivite sa kap òganize pa IGGEP nan Clac Fòlibète a jounen Samdi 25 Novanm 2023 a.
Déus Deronneth
Déus Deronneth li menm ki se direktè Enstitisyon ki rele IGGEP la, te pran laparòl pou te Entwodui kokennchenn aktivite sa.
Nan nevyèm edisyon SENPOZYÒM SOU GOUVÈVANS sila kap fèt nan CLAC Fòlibète a, Ansyen depite a te plede pou dieujan lokal yo jwenn yon pi bon trètman nan men Leta.
N ap raple w aktivite sila se yon pwojè Institut de Gestion de Gouvernance des Études Politiques (IGGEP) ap reyalize sou tout Peyi a.
Ansyen Depite a deklare kesyon Gouvèvans la se yon pledwaye kap fèt pou montre gen yon alternative pou Devlopman Peyi. Sa ki chita sou pwosesis Dasantralizasyon an api k ap pèmèt kolektivite tèritoryal yo, Seksyon kominal yo, ak komin yo (ki se premye eleman pou n planifye devlopman peyi a) ak dirijan lokal yo jwenn bon trètman nan bò kote Leta.
Ansyen Depite a kontinye pou l di se Enjistis Leta a ki lakoz Otorite lokal yo pa benefisye menm Opòtinite ak Otorite Depatmantal epi Nasyonal yo pwiske yo gen menm dwa sa. Nou genyen nan sistèm nou yon foli depi nou anwo fòk nou peze sak anba, ti pye bwa pa grandi anba gwo pye bwa daprè sa li di nan mikwo laprès. Li avanse pou l di tout Majistra, Delege de vil, azèk ak Kazèz gen dwa ak yon paspòs Ofisyèl Asirans Sante pou m site sa yo.
Ansyen Depite kontinye di, se Enjistis sa yo ki lakoz Kolektivite yo pa ka grandi, mete sou abandon anpil moun ki al lekòl nan kolektivite yo. Pwiske yo konstate Kolektivite yo pa gen anyen ladan, sa lakoz anpil nan Dirijan Lokal yo pa ka fè planifikasyon tèritoryal la, yo pa ka elabore politik piblik yo, Yo pa ka elabore Bidjè a, ak al chèche kòb nan fiskalite lokal la.
Li souliye pledwaye sa pou pèmèt Eli lokal yo jwenn sa yo merite jwenn kòm trètman.
#pataje
#LikeFollowShare
#abòne
Andy Blaise Sekretè komite k ap Òganize SENPOZYÒM SOU GOUVÈVANS la nan Vil Fòlibète pandan 2 jounen, montre li trè satisfè pou reyalizasyon premye jounen aktivite sila nan lokal CLAC La.
Li Bat bravo la kontantman pou metòd entèvenan yo itilize pou pou fè patisipan konprann tematik yo nan premye jounen an.
Li kontinye pou l di se yon satisfaksyon pou Elèv yo, Inivèsitè yo epi Jèn gason ak fanm ki rive suiv gran aktivite sa k ap reyalize nan tout peyi a.
Fòm aktivite sila yo pwouve aklè Inivèsite yo dwe pran plas yo nan batay pou n kapab genyen yon lòt sosyete ak yon lòt GOUVÈVANS.
Daprè Sosyològ la, mèt Andy Blaise, SENPOZYÒM SOU GOUVÈVANS la se yon aktivite lnivèsitè ki enskri nan yon demach konpreyansyon ak konesans. Gras ak konsèp sa yo li site a nap kapab rive genyen yon lòt modèl GOUVÈVANS, yon lòt modèl Peyi kote gason ak fanm ap kapab enplike nan travay pou devlopman peyi Dayiti. Konsa, n ap rive kanpe gwo vag ki genyen kote jèn yo ap pati kite peyi a paske yo pa kapab satisfè bezwen yo pwiske pa gen byen ak sèvis disponib pou yo.
Gras ak travay sa anpil moun ap kòmanse konprann se plis nesesè pou peyi a genyen yon bòn Gouvèvans, daprè Mèt Andy Blaise ki kontinye pou l di san yon Bòn GOUVÈVANS nou pa kapab gen yon bon Peyi.
IGGEP envite tout moun vin patisipe nan tout aktivite kap reyalize nan nan 4 kwen peyi a.
#Pataje
Like
Abòne