Haïti Express Media.inc

Haïti Express Media.inc News;
politique,culture,sociales

08/14/2024
07/31/2024
🟡 NÒT POU DENONSE MOVE ZAK KI KOMÈT NAN FRESINO.                                        _Senmak, 15 mas 2024._          ...
03/17/2024

🟡 NÒT POU DENONSE MOVE ZAK KI KOMÈT NAN FRESINO.

_Senmak, 15 mas 2024._

Asosiyasyon Notab Fresino wete chapo’l e li mete’l byen ba, pou salye tout moun, alawonnbadè, nan non zansèt nou yo ki te bay vi yo pou nou te kapab yon nasyon lib.

Nou menm, Notab nan Fresino, nou sezi wè kòman otorite nan vil Senmak banalize lavi moun nan kominn lan, sitou nan Fresino, lè yo lage vil la tankou yon savann, kote nenpòt moun ka rantre nenpòt lè pou fè nenpòt deblozay.

Nou gen kè kase, apre ke nèg ak gwo zam fann fwa, ki pa fè pati okenn inite nan lapolis, te chwazi envayi Fresino nan sware jou ki te madi 5 mas 2024 la epi vide katouch pasi pala, pandan plis ke 70 minit. Selon deklarasyon 2 nan anvayisè yo, aksyon sa rive apre ke yon moun nan zòn lan te rale yon kouto sou yo.

Briganday sa lakòz 4 moun Fresino blese ak bal, anpil moun mawon zònn lan e popilasyon an, timoun, jènmoun kou granmoun, ap viv sou tansyon, sitou ke, tanzantan, nouvèl ke mesye sa yo ap tounen vin boule kay moun Fresino, ap sikile.

Nou menm, Notab nan Fresino, nou sezi pi plis toujou, lè nou vin aprann ke ni komisè polis la, ni komisè gouvènman an, ni majistra a, ni vis delege a, ni dwayen an, pa’t okouran de operasyon malouk sa ke kèk move je ap chèche jistifye devan dèyè, nan vle fè kwè ke se gwoup gang ke yo te vin demantle nan Fresino. Se vrèman tris ! Se vrèman grav.

10 jou apre sware latwoublay sa, moun ki se chèf nan vil Senmak yo poko janm di yon mo sou sa ki pase a. Se kòmsi li nòmal.

Tout moun nan Fresino konnen byen ki kote lòbèy sa soti. Se 2 machin ki frape ansanm nan yon fineray ki mennen nan pale anpil koz yon siyal ki kraze. Pale anpil sa sòti Tè blanch pou li rive Mòn fò, nan kay lanmò a. Moun ki te la, tankou mèt mò a, rakonte ke youn nan moun ki te annafè yo kraze yon moto. Lè sa a, mèt moto a vire al chèche ekip li. Epi, sa’w tande a, pèp Fresino wè lanfè nan je klè. Lotè zak malonèt sa yo asime yo, lè yo chwazi mande popilasyon an eskiz apre debakman an chango yo a.

Jiskaprezan, sitwayen nan Senmak gen anpil kesyon y’ap poze tèt yo sou sa ki pase a. Kesyon sa yo poko janm gen repons.

Nou menm, Notab nan Fresino, nou denonse move zak sila a ki sanble tèt koupe ak tout kalite move zak k’ap komèt, dèyè do lalwa, nan peyi a. Douvan Lemond, nou mande lapolis ak lajistis pou pran responsablite yo, pliske se yo ke lalwa rekonèt ki la pou mete lòd nan dezòd, se yo ki gen misyon arete moun, se yo ki la pou regle konfli ant moun ak moun, se yo ki reprezante leta nan jiridiksyon an.

Nou pa fouti pa rekonèt ke gen dezòd ki konn fèt nan Fresino, lè gen mouvman politik, jan sa ye nan tout Senmak, nan tout Latibonit, nan tout peyi a. Men tou, se nou k’ap viv Fresino, nou demanti tout pawòl blòf ki vle fè konprann ke Fresino se yon zòn wouj, yon zòn bandi, yon zòn gang. Tout moun Latibonit konnen ki kote ki zòn wouj, ki zòn bandi, ki zòn gang. Kidonk, chat konnen, rat konnen.

Nou vle pou tout moun klè sou sa : Menmsi Fresino ta gen gang ladann, Fresino pa t’ap koupab pou sa. Se t’ap wòl lapolis ak lajistis pou idantifye gang yo, arete yo, jije yo e kondane yo. Se sèl moun fou ki pou ta pran tout moun mete nan menm sak. Pifò notab nan Fresino se moun Fresino, ki Fresino depi plis ke 20, 30, 40, 50 e 60 lane. Yo pa janm nan eskonbrit ak Leta, yo pa janm nan eskonbrit ak pèsòn.

Pandan ke n’ap mande otorite yo pou fè travay yo tout kote, Notab nan Fresino alète lopinyon piblik nasyonal ak entènasyonal la, ke gen anpil mannèv ak mannigèt k’ap fèt pou sal imaj Fresino. Si se politik k’ap fèt, ke politik fèt. Men, si se sekirite k’ap bay, Notab Fresino pre pou kolabore ak tout otorite ki ta vle sa.

N’ap kwape tout fòm stigmatizasyon kont Fresino.

Tout lekòl klasik ap fonksyone nan Fresino, tout sant pwofesyonèl ap fonksyone nan Fresino, tout legliz ap fonksyone nan Fresino, tout biznis ap fonksyone nan Fresino. Fanm pa vyole nan Fresino, timoun pa viktim nan Fresino, kay pa kase nan Fresino, moto ak machin pa vòlè nan Fresino, kidnaping pa fèt nan Fresino, moun pa mouri anba men kriminèl nan Fresino.

Nou pwofite lanse yon pinga bay tout malveyan k’ap planifye vye zak sal pou lage apre sou do Fresino. Nou pa bezwen zak zago loray nan Fresino. Nou bezwen bon jan kolaborasyon Leta pou prezève e devlope Fresino.

Fresino pa’t janm zòn gang, Fresino pa zòn gang, Fresino pa’p janm zòn gang.

Asosiyasyon Notab Fresino Anti – Stigmatizasyon, pandan l’ap remèsye tout moun pou konpreyansyon yo, renouvle angajman li pou kontinye travay pou byen ak pwogrè Fresino.

,
Président de l’Association des Médias En-ligne de l’Artibonite,
Fondateur du Logos Bibliothêkê,
Rédacteur au journal Le Nouvelliste,
Prezidan ANFAS.

,
Président du Syndicat des Propriétaires et Chauffeurs de Véhicules du Bas Artibonite, Vis-Prezidan ANFAS.

,
Journaliste et Étudiant en Sciences juridiques,
Sekretè jeneral ANFAS.

,
Juriste et Éducateur,
Sekretè adjwen ANFAS.

,
Juriste et Éducateur.
Directeur de l’Institution Mixte Gérard Pierre-Charles,
Responsab Relasyon piblik ANFAS.

,
Commerçante,
Trezoryè ANFAS.

,
Cultivatrice et Informaticienne, Trezoryè adjwen ANFAS.

,
Juriste et Théologien.
Évêque de la Mission de la Grande Commission Chapelle Evangélique du Christ,
Konseye ANFAS.

,
Prèt Vodou,
Konseye ANFAS.

,
Professeur à l'université,
Révérend Père responsable de la Paroisse Sainte Trinité,
Konseye ANFAS.

_N.B : Nòt sila adopte nan Asanble jeneral Notab Fresino yo, jou ki te vandredi 15 mas 2024 la. Asanble a deside pibliye’l toupatou e adrese’l ak Lameri, ak komisarya a, ak Pakè, ak Tribinal premye enstans, ak asosiyasyon sosyete sivil la yo, ak òganizasyon dwa moun yo, ak Laprès lokal, nasyonal e entènasyonal._

Pour Authentification :
Louis Chadrac (3725 5025)
Fénélus Fedner (3710 6918)
Joseph Marijoe (4742 8841).

: _Unité, Prospérité et Dignité._

03/13/2024

🔴HEMI.NEWS
FLASH FLASH INFO.

Madi 12 Mas 2024 la anviron 1h nan apre midi lapolis nan senmak mennen yon operasyon nan zòn RI CHAVAN, kote yo arive mete lapat sou 6 jèn gason, NELSON METELUS Se non chèf baz sa,selon sèvis envestigasyon komisarya SENMAK la mesye sa yo spesyalize yo nan fimen bòz ak vann bòz. Lapolis sezi plizyè materyèl lakay. NELSON METELUS Menot-pik-manchet-gwo penskoupant plizye telefòn ak tablet-kouto-plizye pake bòz ak yon ti aparèy pou blende bòz la.
Sevis envestigasyon an fè kwè yo te espere ak plis materyèl toujou,lapolis ap kontinye envestige.

Haïti Express Media.inc

03/01/2024

Nan kad operasyon lapolis nan senmak te mennen ayè MÈKREDI 28 FEVRIYE 2024 la nan gran fon 4èm seksyon wosenmak.

7 moun arete pami yo 6 jen gason ak yon fanm 50 lane (1)yon bandi tonbe.
la polis nan senmak nan tèt kole ak komisè gouvènman mèt _Venson François_ nan objektif pou deloje gwoup gang ke _Agony Altenor_ alyas salami ap dirije nan komin nan zòn wo Senmak.

Sneihder ensikoni se non bra dwat chèf Gang salami, ki tonbe nan afrontman ak fòs lòd yo.

Haïti Express Media.inc
Crédit vidéo : Richard Magasin.

02/17/2024

Fineray ""Kendersly Israël"" Yon jenn gason 18 lane kite tonbe anba bal polisye nan sou komisarya fresino a Jou kite 7 fevriye 2024 la nan mouvman pwotestasyon kont pouvwa Ariel Henry a.

Address

6400 Rue Dagenais
Montreal, QC
H1G5Z4

Alerts

Be the first to know and let us send you an email when Haïti Express Media.inc posts news and promotions. Your email address will not be used for any other purpose, and you can unsubscribe at any time.

Contact The Business

Send a message to Haïti Express Media.inc:

Videos

Share

Nearby media companies