01/07/2026
Nouvèl tou cho | Daprè sa medya ameriken yo rapòte, ajan federal yo, nan kad yon gwo operasyon, ap mache nan tout kwen pou chache migran ki nan move zafè. « Si ou se yon etranje ilegal kriminèl, oubyen ou angaje w nan fè fwod, ou mèt atann ICE ap vizite w », se sa DHS ekri sou kont Twitter(X) ofisyèl yo. CBS News fè konnen, administrasyon Trump lan fè plis pase 2,000 ajan sa yo vini nan Minneapolis pou 30 jou. Yon operasyon ki kòmanse anba je sekretè DHS la Kristi Noem, ki li menm tou prezan sou teren an bò kote ofisye yo. Lamezon Blanch mete fokis sou Minneapolis ki twouve li nan Eta Minnesota,🇺🇸aprè te gen pawòl ki ta fè kwè gen anpil fwod kap fèt nan zòn sa a, sitou nan domèn sèvis sosyal yo. Nan kad operasyon sa a, administrasyon Trump lan sible espesifikman kominote Somalyèn nan,🇸🇴ki trè prezan nan Eta sa a | The Hill, CNN