DOLCE Formation,information,motivation ,distraction etc...

03/09/2025

03/02/2025
02/25/2025
R.i.p Frankétienne ou akonpli misyonw mèsi pou tout saw kite pou nou li ak tout sa ekritiw chanje✍🏿 Vole wo ekriven🪽
02/21/2025

R.i.p Frankétienne ou akonpli misyonw mèsi pou tout saw kite pou nou li ak tout sa ekritiw chanje✍🏿

Vole wo ekriven🪽

.                    Kiyès ki nan sistèm nan???Ex Prezidan Jovenel moïse mouri paske li t’ap goumen kont sistèm nan selo...
02/17/2025

. Kiyès ki nan sistèm nan???

Ex Prezidan Jovenel moïse mouri paske li t’ap goumen kont sistèm nan selon sa li te konn di🤷🏾‍♂️

Chèf gang Babecue fòme viv ansanm ki reyini tout kriminèl yo pou goumen kont sistèm nan🤷🏾‍♂️

Boujwa yo di yo tap pi rich si sistèm nan te bon🤷🏾‍♂️

Majorite dyaspora yo di yo pap retounen ayiti toutan peyi a pa chanje fòk sistèm nan elimine🤷🏾‍♂️

Politichen kèk moun bay non politisyen di peyi sa pap janm fè yon pa si nou pa kraze sistèm nan 🤷🏾‍♂️

Peyi blan yo sa yo rele peyi zanmi ayiti yo di se ayisyen kap kraze ayiti fok politichen yo chanje sistèm nan✍🏿

Jounalis yo, nèg ak mikro yo ak kèk moun ki popilè sou rezo a yo di bandi yo pa mèt tèt yo se pwodwi sistèm nan yo ye 🤷🏾‍♂️

Popilasyon sivil la kontinye ap mouri ,yo kontinye ap kite zòn kote yo rete ,yo kontinye ap viktim kidnapin,yo kontinye paka manje ,vyolans nan 4 kwen peyi a🤷🏾‍♂️

Moun relijye yo di yap priye pou bondye chavire, kraze sistèm nan e libere ayiti🤷🏾‍♂️

Ougan yo rejte akizasyon ki di se yo ki bay bandi pwen ,yo di seremoni dwe fèt nan tout peyi a pou lwa yo detwi tout sistèm nan kap fè ayiti mal🤷🏾‍♂️

An nou eseye mande kèk moun ki aktif nan analiz katastròf ayiti a si yo chwazi reponn petèt nou ka gen yon ide

Ti koze ak Lynn kiyès ki nan sistèm nan?
Fernando ESTIMÉ kiyès ki nan sistèm nan?
Dr. Rod Joseph 3 Kout Kanno Pou Verite kiyès ki nan sistèm nan?
Bilolo Kongo kiyès ki nan sistèm nan?

Siw paka reponn tag yon lot moun mandel kiyès ki nan sistèm nan🤷🏾‍♂️

DOLCE

.                                 𝗦𝗼𝘃𝗲 𝗧𝗮𝗹𝗮𝗻’𝘄Gen yon gran diferans ant saw anvi fè e yon bagay ou  ka fè natirèlman san...
02/15/2025

. 𝗦𝗼𝘃𝗲 𝗧𝗮𝗹𝗮𝗻’𝘄

Gen yon gran diferans ant saw anvi fè e yon bagay ou ka fè natirèlman sanw pa apwann anyen de li ,fokis plis sou saw ka fè pap anpechew apwann saw anvi fè ,sèvo a chaje kapasite pou resevwa, pou rezon sa ou pa dwe janm nye saw ka fè ,gen bagay menmsiw apwann ou pap janm ka byen fè ,nou tout paka komedyen,ekriven,chantè,dansè,
Mannken ,nou tout paka viral nan menm domèn se pandan nou tout ka enstagramè,tiktokè,fesboukè ,nou tout ka ap fè vlogs wap jis kreye kontni sou saw ka fè ,ou se yon fanatik chak fwa wap enjoy sa moun ou renmen fè ,ou se kreyatè kontni chak fwa wap fè vlogs nan domèn ou metrize ,moun wap di kap fè tenten sou rezo a se sa enspirasyonl bay pa fokis sou li pou bliye tèt ou ,moun wap di ou pi renmen sou rezon lap fè bagay pou fè tèt li plezi oubyen pou mete lajan nan pòch li ,wi li merite lanmou ak respè pou efò li ,menmsi li te idòl ou pa fokis sou li nan yon nivo pou bliye tèt ou .
𝗦𝗼𝘃𝗲 𝗧𝗮𝗹𝗮𝗻’𝘄

Si se penyen ou konn penyen oubyen cheve ou konn koupe vann tèt ou kòm moun kap fè bèl kwafi🤷🏾‍♂️

Si se manje ou konn fè vann tèt ou kòm moun kap apwann lòt moun fè manje jis ou jwenn mwayen pou gen pròp restoranw 🤷🏾‍♂️

Si se zam ou renmen kenbe antre nan lapolis ou militè wap viral nan domèn sekirite🤷🏾‍♂️

Si se blòk ou konn poze ,si se chapant ou ye vann tèt ou pou viral nan domèn konstriksyon🤷🏾‍♂️

Siw kwè nan achte revann ,siw kwè nan kreye pou vann ,siw renmen biznis menmsiw kòmanse piti vann tèt ou kòm antreprenè🤷🏾‍♂️

Si se mekanisyew ye vann tèt ou nan ranje machin🤷🏾‍♂️

Premye moun ki gen pou reponn kesyon kisaw itil tèt ou se ou✍🏿

DOLCE

“                             2024 An Plen TanMenmjan avèm pou anpil moun ane 2024 la se yon ane apwantisaj ,dènye jou a...
01/01/2025

“ 2024 An Plen Tan

Menmjan avèm pou anpil moun ane 2024 la se yon ane apwantisaj ,dènye jou a rezime sa nou te viv chak jou nan jou avan yo ,gen moun ki di fòk yo enjoy pou yo voye problèm ale ( yo bwè,yo sou,yo fimen ,yo fè lanmou ,yo flannen ,yo gaspiye lajan ,yo santi yap byen mennen) gen lòt ki di sim ka wè dènye jou nan ane a se gras bondye yo pase sware a nan vèy denwi ap bay bondye glwa,gen lòt ki pa chwazi fè anyen ki konsidere jou a menmjan ak tout lòt jou ki pase yo,gen sa ki gen mwayen ki pa chwazi fete ,gen lòt ki anvi fete men yo pa gen mwayen ,gen nan yo kap viv jou a lopital ou nan prizon ,gen bagay nou viv nan ane a ki pa gen rapò ak ane a ,yo gen rapò ak konpòtmanw ,ak moun wap frekante ,ak fason ou jere tèt ou .

Rezime pam pou ane 2024 la pa gen bon gou
✅mwen envesti mwen fè defisi
✅novanb 2024 mwen fè aksidan machin mwen kraze
✅zanmi mwen te fè konfyans mwen dekouvri ki pa renmenm vwe
✅plizyè projè mwen te vle reyalize echwe.

Mwen te santim gen tout rezon poum wè 2024 kòm yon vye ane ,yon gran frèm dim non se pa grav se yon ane apwantisaj ,sa ki pi enpòtan se jwenn sante pou kontinye goumen.

Mwen apwann de tèt mwen
mwen apwann de lòt moun
Sa vin fèm konpwann yon moun ki bon moun paka moun tout moun lèzòm trò san prensip e yon moun ki gen prensip ap difisil jwenn moun dil bon moun.

Se an 2024 m konpwann Enjoy pa rezoud problèm ,bwè ,fimen tande mizik ,ale nan club ,fè sèks ,yo diminye stresss men yo pa rezoud problèm siw gen yon problèm olye ou jete tèt ou nan distraksyon pou voye Stress ale chèche rezoud problèm nan pito✍🏿

Se an 2024 mwen konpwann gen moun ki detwi tèt yo ak pròp konpòtman yo ,oubyen mòd refleksyon yo men sa pa anpeche yo toujou jwenn yon moun pou yo bay pote chaj la (se entèl ki fè maji ,se entèl ki bare’m ,se entèl ki pa’t ede’m)

Si an 2024 ou santiw te yon viktim de move lavi bon konba 2025,si an 2024 ou te santiw fè progrè mwen swetew yon 2025 ak siksè kontinye goumen💬

DOLCE

.                          Menaj Ou Pa Diw SaMenaj ou pa diw si chak fwa ou imilyel se mwen ki la pou li ,ou anpechel ge...
12/29/2024

. Menaj Ou Pa Diw Sa

Menaj ou pa diw si chak fwa ou imilyel se mwen ki la pou li ,ou anpechel gen zanmi poutan ou pajanm gentan pou li ,li pa diw si lèw pa pale avèl se mwen ki konsole’l li pa diw sil toujou ap mandem konsèy ,se mwen ki seche dlo nan zye’l lèw fèl kriye .

Li pa diw sim konsidere’l tankou se moun mwen ,m protejel plis ke ou paske wap mal fè travay ou ,li pa diw se avèm li ekri plis se mwen ki pi bon zanmil ,li pa diw konbyen fwa se mesaj mwen ki fèl dòmi ,se pawòl mwen ki jwe wòl ou ,li pa diw se mwen ki fèl poko abandonew tèlman li santil pa konfòtab ,li renmenw men ou fèl tròp mal ,li paka diw konbyen vid ou kreye ,ou pa kwè nan dyalòg ou renmen fache ,ou se yon moun ki ògèye saw di se yo ki pou pase .

DOLCE

.                                   ApwantisajTout sa ki pa detwiw apwann ou ,se yon fòmil lavi ki pèmèt moun grandi man...
12/29/2024

. Apwantisaj

Tout sa ki pa detwiw apwann ou ,se yon fòmil lavi ki pèmèt moun grandi mantalman pou vin admèt echèk pa defèt ,se rezistans ki mete valè sou egzistans ,poukiw te lite gen rapò ak misyonw gen pou reyalize ,nonw pwal site de jenerasyon an jenerasyon pou di men sa ou te mouri kite pandanw te egziste ,prezans ou nan absans ou pwal fèw refè sifas .

Kiyès ou ye ?
Ki kotew soti?
Kisaw konn fè?

Lè wap defini oubyen dekri tèt ou pa rezime mizèw ,siw pa wè enterè ki ka soulajew nan milye wap pibliye istwaw la,oubyen siw pa gen yon group wap apwann afronte lavi.

Kotew soti a pap defini moun ou ye a men siw mennen tèt ou dwat wap reprezante kotew soti a ,ou gen obligasyon pou kontinye ak tout rèv pozitif ou yo.

Pa janm di pèsòn moun ou pa konn fè anyen paske menmsi ou pa apwann anyen lanati ap baw yon kapasite anplis nan yon domèn ke yon pakèt lòt moun ,menmsi sa wap di a paka itil ou nan moman wap dil la ,dil pou mete aksan sou moun ou ye a siw fyè de tèt ou avan moun fyè de ou fyète ap swiv ou,tout sa ki paka itil ou pa dwe zanmiw .

Kisaw dwe fè?

Respekte moun
Fè sa kap bon pou ou sanw pa deranje lòt moun ,si siksèw oubyen byen pasew baw ènmi moun sa yo se anbisyon yo kap sèvi yo maladi ,ou pap janm fin konnen pa neglije apwann de lòt
moun ,modifye ,transfòme,chanje.

Si an 2024 ou santiw pat reprezante anyen ,bon konba 2025💬✍🏿

DOLCE

“                                  Pouse Rasin“Ou ka pèdi tout sa w posede nan yon jou ,se sa ki fè ou dwe ede lòt moun ...
12/23/2024

“ Pouse Rasin

“Ou ka pèdi tout sa w posede nan yon jou ,se sa ki fè ou dwe ede lòt moun lè se ou ki nan plas pou ede pou si yon jou ou tonbe pou repouse gras rasin ou te genyen ou pa bezwen di lèzòm engra tout moun paka menm ,ou pa bezwen ap chèche glwa pou toujou an premye ,ou pa bezwen pè pou moun pa depasew ,pa bare moun m konseyew pouse Rasin”

.                    IsTwa Sa Poko RakonteYo di se mwen ki fèw mal ,yo di se mwen ki pa’t sou bagay serye ,yo di se mwen...
12/16/2024

. IsTwa Sa Poko Rakonte

Yo di se mwen ki fèw mal ,yo di se mwen ki pa’t sou bagay serye ,yo di se mwen ki vwayaje ki bliyew ,yo dim engra mwen pa rekonesan anvè moun ki fèm byen ,yo di se jwi sèlman m te vin jwi konnya bagay yo bon pou mwen m chanje💬

Vrè istwa potko rakonte ,yo pa konnen konbyen fwa ou banm imilyasyon m pa t merite ,yo pa konnen si relasyon an kraze lontan se fòse nou tap fòse ,yo pa konnen konbyen fwa ou tronpe ,yo pa konnen siw te bay zanmi plis valè pasem ,yo pa konnen konbyen fwa ou dim betiz ki blese nanm mwen,yo pa konnen konbyen fwa ou fèm soufri pou prezans ou pandan ou anfas mwen😌

Non!! Non!! Istwa sa poko rakonte✍🏿

Next…

DOLCE

“ Se ou menm ki fèm konpwann lanmou pa gen rapò ak promès kap fèt yo ,lanmou pa gen rapò ak envitasyon yo ,lanmou pa gen...
12/16/2024

“ Se ou menm ki fèm konpwann lanmou pa gen rapò ak promès kap fèt yo ,lanmou pa gen rapò ak envitasyon yo ,lanmou pa gen rapò ak kado kap bay yo lanmou se jis yon koneksyon kè ak kè ,lespwi ak lespwi ,sansiblite ak sansiblite,lanmou pa rekonèt trayizon ,m ka rayi saw fèm men m pap janm rayi’w”

Klike sou lyen sa pou abòne avèm sou nouvo app sa si tout fwa ou vle viv tèt mwen yo an videyo pa bliye abòne avèm👉🏿https://clapper.vip/DOLCE07 https://clapper.vip/DOLCE07

Address

Seaford, DE
19973

Alerts

Be the first to know and let us send you an email when DOLCE posts news and promotions. Your email address will not be used for any other purpose, and you can unsubscribe at any time.

Contact The Business

Send a message to DOLCE:

Videos

Share