12/08/2024
YON KOUT JE SOU ORIJIN GALÈT CHANBON AK FÈT PATWONAL SEKSYON KOMINAL SA .
Fanmi Chambon ki tap viv a Nantes nan Peyi Lafrans, Metwopòl , antre nan Kolini Sendomeng kòm Kolon plantè epi achte bitasyon sa nan lane 1752, yo envesti nan kafetri ak sikreri.
Chambon de la Croze Marc- Antoine Émeric Saint- Jean te gen 3 pitit fi : Marie Gabrielle Chambon, ki te marye avèk Gasnier de Lépine Jean- Baptiste Saumur, Propryetè bitasyon LEPINE , Croizat Chambon epi Marie Suzanne Catherine Chambon.
Chak epòk Nwèl , depi fen mwa Desanm jouk mwa Janvye, yo prepare galèt gato bonbon siwo ( Galèt Rwa) pou bay mounn. Aktivite sa fèt chak ane pou salye pasaj 3 Rwa maj ki tap pase nan moman Jezi tap fèt, Gaspard, Melchior ak Balthazar.
Nan Koloni an , yo te toujou repwoche aspè relijye pwodwi sa ki pat janm fabrike pou vann tout tan.
Jodi a, Galèt bonbon siwo komèsyalize. Malgré bitasyon an chanje Mèt, li pa janm chanje non.
Aprè lendepandans, non pwodwi sa GALÈT avèk non pwodiktè yo CHAMBON vin non yon andwa ki gen plizyè bitasyon andedan Gantye, epi Gantye vin yon Katye andedan Kwadèboukè epi yon Katye andedan Thomazeau lèl vin Komin.
Nan ane 1912, aprè Prezidan Cincinnatus. Leconte fin mouri kraze nan Palè nasyonal, Asanble a chwazi Jeneral Tancrède Auguste pou ranplase Prezidan Leconte.
16 Dawout 1912 , 7 jou aprè enstalasyonl, sòti yon dekrè prezidansyèl pou relve Katye Gantye nan ran Komin epi andwa Galèt Chanbon vin 1è Seksyon nan Komin sa. Aprè 8 mwa Prezidan Tancrède Auguste pase sou pouvwa, li mouri. Michel Oreste, 1e sivil ki monte sou pouvwa depi aprè lendepandans Peyi sa, sòti yon lòt dekrè pou konfime dekrè defen Prezidan Tancrède ki fè Gantye vin Komin.
Seksyon kominal Galèt Chanbon gen limit li sou Nò a yon chemen piblik ki separel ak Balan (2è Seksyon); li gen limit li sou Sid a Belle-fontaine epi Mare-roseau (4è Seksyon); li gen limit li sou Lès a Vil Gantye ; li gen limit li sou lwest a 4è Seksyon kominal Petit-Bois (Komin Kwadèboukè). Seksyon kominal Galèt Chanbon gen yon sipèfisi ki mezire 27.17 km2 ak yon popilasyon
ki preske gen 15,000 mounn kap viv ladanl.
Chak ane, Seksyon kominal Galèt Chanbon fete plizyè Sen popilasyon an konsidere kòm patwon. 8 Desanm, Popilasyon an fete Immaculée de conception nan yon legliz ki chita sou bitasyon Marie Suzanne Catherine Chambon, 24 Desanm Popilasyon an fete Enfant Jésus de Prague nan yon legliz ki chita sou bitasyon Guillaume Pierre François de Lamardelle, chak 15 Août, popilasyon an fete Notre -Dame de l'Assomption nan yon legliz ki chita sou bitasyon Lamothe Aigron. Chak Jedi Sen, popilasyon an fete Vierge de Grâce nan yon legliz ki chita sou bitasyon Jacquet Lagarde.
Jean Bertho, ROSALVA.