TMM Radio Télé Multi-Média une Radio télévision en ligne qui a pour mission de promouvoir les potentialité de la gonâve. À travers le sport, la culture.
(1)

"Menm si NYAJ kouvri SYÈL la, SOLÈY la toujou dèyè a ap KLERE. Pa janm pèdi LESPWA paske chak JOUNEN pote yon nouvo CHAN...
02/23/2025

"Menm si NYAJ kouvri SYÈL la, SOLÈY la toujou dèyè a ap KLERE. Pa janm pèdi LESPWA paske chak JOUNEN pote yon nouvo CHANS pou REYALIZE RÈV ou. LAVI se pa yon CHEMEN FASIL, men se chak PA ou fè ki MENNEN w pi pre SIKSÈ. SAKRIFIS jodi a se REKÒT demen. Kenbe FÒ, kenbe LAFWA, VIKTWA pa pou moun ki BAY LEGEN, men pou moun ki KONTINYE AVANSE. LIMYÈ ou ka fè FÈNWA DISPARÈT. PA JANM SISPANN KLERE!"

02/23/2025

Vin adore ansanm

Championnat Inter-scolaire 2025Résultat Match 6CMNE(A) 🟦🟦 1:1 ⬛⬛ IFEJGPARC TONY WOLF
02/23/2025

Championnat Inter-scolaire 2025

Résultat Match 6

CMNE(A) 🟦🟦 1:1 ⬛⬛ IFEJG

PARC TONY WOLF

Chanpyona Entèskolè 2025 Match 6 CMNE vs IFEJGMatch ki te mete fas Institution Foyers des Enfants de Jésus de la Gonâve ...
02/23/2025

Chanpyona Entèskolè 2025

Match 6

CMNE vs IFEJG

Match ki te mete fas Institution Foyers des Enfants de Jésus de la Gonâve (IFEJG) kont Collège Mixte Noël Elmira (CMNE) nan 6yèm jounen Chanpyona Entèskolè 2025 lan te bay anpil emosyon.

IFEJG te louvri eskò a byen bonè gras ak Marcsonder Hilaire nan 6yèm minit. CMNE pa t kite bagay yo fasil, paske nan 44yèm minit, Youmy Joseph mete boul nan fil la pou egalize. CMNE te jwenn yon penalite men Jean Rode Jean, gadyen IFEJG a, te sove ekip li a ak yon bèl parade. IFEJG te jwen yon penalite tou, men Wood Destinvil, gadyen CMNE a, te repouse l tou.

Cevenson Francillon te soti kòm meyè jwè match la gras ak pèfòmans li sou teren an. Pou yon premye patisipasyon, IFEJG te montre kapasite l epi bay yon bèl prestasyon.

Jounen sa a te gen yon lòt aspè espesyal, paske se te anivèsè Peterson Marcelin, alyas "Fòmòl", kapitèn CAG (Commission des Arbitres de la Gonâve). LAA te pwofite onore l ak yon plak. Manose Noël t ap fete tou, sa te ajoute plis lajwa nan okazyon an.

Ann gade kouman tout sa te pase!

02/22/2025

Nyflog,Anse-à-Galets La Gonave

LAVI a konn DIFIISIL, men chak jou se yon NOUVO CHANS pou AVANSE. Ou gen KAPASITE pou w REYALIZE RÈV ou, men sa mande DE...
02/22/2025

LAVI a konn DIFIISIL, men chak jou se yon NOUVO CHANS pou AVANSE. Ou gen KAPASITE pou w REYALIZE RÈV ou, men sa mande DETÈMINASYON, PASYANS ak KOURAJ. Pa kite LAPERYÈZ ni DOUT fè w sispann KWÈ NAN TÈT OU. Pa konpare tèt ou ak lòt, paske chak moun gen PWÒP CHEMEN pa yo. Si w TONBE, LEVE; si w FATIGE, REPOZE, men PA JANM LAGE! Se pa VITÈS ou ki konte, men DIREKSYON w ap pran an. KENBE FÒ, PASKE OU KA FÈ SA!

02/21/2025

Célébration de la victoire de la mort sur la vie de Lucia THILUS née le 20 Octobre & décédée le 8 Février 2025 à l'âge de 80 ans.

Église Baptiste de Fond Plaisir | Fond Plaisir | Petite-Anse | Anse-à-Galets

La VIE n’est pas D’ATTENDRE que L’ORAGE PASSE, mais D’APPRENDRE À DANSER SOUS LA PLUIE, car le BONHEUR ne VIENT pas de c...
02/21/2025

La VIE n’est pas D’ATTENDRE que L’ORAGE PASSE, mais D’APPRENDRE À DANSER SOUS LA PLUIE, car le BONHEUR ne VIENT pas de ce qui nous ENTOURE, mais de nos PROPRES ACTIONS. Il FAUT VIVRE comme si nous DEVIONS MOURIR DEMAIN et APPRENDRE comme si NOUS DEVIONS VIVRE TOUJOURS. Ce n’est pas la DIFFICULTÉ des CHOSES qui nous EMPÊCHE D’OSER, mais notre MANQUE D’AUDACE qui les REND DIFFICILES. Chaque INSTANT est une OPPORTUNITÉ, car HIER est PASSÉ et DEMAIN n’est JAMAIS GARANTI. Alors, OSE, AVANCE et FAIS DE TA VIE un CHEF-D’ŒUVRE.

02/21/2025

Veille de Prière de Lucia THILUS née le 20 Octobre & décédée le 8 Février 2025 à l'âge de 80 ans.

| Fond Laurore/ Nan Plume | Petite-Anse | Anse-à-Galets

Le Complexe Scolaire Sainte Bernadette (CSSB) de La Gonâve célèbre cette année son 61ᵉ anniversaire. Depuis sa fondation...
02/21/2025

Le Complexe Scolaire Sainte Bernadette (CSSB) de La Gonâve célèbre cette année son 61ᵉ anniversaire. Depuis sa fondation, cette institution éducative s'est consacrée à la formation des enfants, de la maternelle jusqu'à la philosophie. Au fil des décennies, le CSSB a joué un rôle essentiel dans le développement éducatif de l'île, en offrant un enseignement de qualité et en contribuant à l'épanouissement de la jeunesse gonâvienne. Cet anniversaire marque une étape importante, témoignant de l'engagement continu de l'école envers l'excellence académique et le service à la communauté.

Ce nom, Sainte Bernadette, rappelle l’histoire inspirante de Bernadette Soubirous, une humble jeune fille française à qui la Vierge Marie serait apparue en 1858 à Lourdes. Son humilité, sa foi et sa persévérance sont des valeurs que le CSSB s’efforce de transmettre à ses élèves. À travers l’éducation, cette école cherche à cultiver ces mêmes principes, encourageant chaque enfant à croire en son potentiel et à poursuivre son chemin avec détermination.

Une figure incontournable de cette institution est le directeur, Élie Pierre Antoine, qui dirige l’établissement avec dévouement depuis 55 ans. Son engagement exceptionnel a permis au CSSB de maintenir une éducation de qualité et d'adapter l’école aux évolutions du temps. Grâce à son leadership, de nombreuses générations ont bénéficié d’un cadre propice à l’apprentissage et à la réussite. Son travail acharné et son amour pour l’éducation font de lui un véritable pilier de la communauté scolaire gonâvienne.

Pour marquer cet événement, une série d'activités a été organisée, rassemblant élèves, enseignants, parents et amis de l’école. La fête a débuté par une messe d'action de grâce, au cours de laquelle l'on a rendu hommage aux fondateurs et aux éducateurs qui ont contribué au rayonnement de l’établissement depuis sa création. Les anciens élèves ont joué un rôle spécial dans cette célébration. Certains, devenus professionnels dans divers domaines, sont revenus partager leurs expériences et exprimer leur gratitude envers l’école qui leur a donné une solide formation. Parmi eux, on retrouve Berel Gabriel, Frantzy Toussaint, Toussaint Bruno, Castor Vladimir Simon, Lorida François, Wisly Desrosier, et tant d'autres qui, chacun à leur manière, contribuent aujourd’hui au développement de la société. À travers des témoignages émouvants, ils ont encouragé la nouvelle génération à persévérer dans leurs études et à honorer l'héritage du CSSB. Une table ronde a également été organisée, permettant un échange intergénérationnel entre anciens et nouveaux élèves sur les valeurs de discipline, d’excellence et d’engagement prônées par l’institution.

Les festivités se sont poursuivies avec des activités culturelles et sportives. Les élèves actuels ont présenté des spectacles de danse, de théâtre et de musique, mettant en avant leur talent et leur créativité. Un match de football amical entre anciens et nouveaux élèves a créé une ambiance de convivialité et de fraternité, renforçant les liens entre les différentes promotions.

En ce 61ᵉ anniversaire, nous souhaitons au Complexe Scolaire Sainte Bernadette de continuer à grandir et à inspirer de nombreuses générations d’élèves. Que cette institution garde son engagement envers l’excellence, l’éducation et les valeurs humaines qui ont forgé son identité depuis plus de six décennies. Nous adressons nos félicitations aux élèves, aux enseignants, aux parents et aux anciens élèves qui font vivre l’esprit du CSSB. Un hommage particulier est rendu au directeur Élie Pierre Antoine pour son travail exceptionnel et son dévouement inébranlable. Que cette célébration soit le symbole d’une école toujours plus forte, unie et prête à relever les défis de l’avenir. Longue vie au CSSB, et que son rayonnement continue d’éclairer La Gonâve et au-delà !

✍️ Castor Vladimir Simon, Journaliste Multimédia, PDG de TMM.

Championnat Inter Scolaire 2025 Match 5 COEDO 🔴2:1🟡 CMJGParc Tony Wolf
02/21/2025

Championnat Inter Scolaire 2025

Match 5

COEDO 🔴2:1🟡 CMJG

Parc Tony Wolf

Championnat Inter Scolaire 2025 Match 5 COEDO 🔴2:1🟡 CMJGParc Tony Wolf
02/21/2025

Championnat Inter Scolaire 2025

Match 5

COEDO 🔴2:1🟡 CMJG

Parc Tony Wolf

"TAN se LAJAN, ou pa dwe GASPIYE l nan BAGAY ki PA VO ANYEN. ENVESTI l nan RÈV ou, BATI AVNI ou, KREYE yon ERITAJ k ap V...
02/20/2025

"TAN se LAJAN, ou pa dwe GASPIYE l nan BAGAY ki PA VO ANYEN. ENVESTI l nan RÈV ou, BATI AVNI ou, KREYE yon ERITAJ k ap VIV APRE ou. Chak SEGONN ou PÈDI se yon Pòt Ki Fèmen, chak MOMAN w BYEN ITILIZE se yon VIKTWA. Pa KOURI DÈYÈ sa KI INITIL, pa RETE ak MOUN k ap BARE LIMYÈ w. LAVI w TWÒ PRESYE pou ou GASPIYE l nan sa ki PA DIRE. Se ou ki MÈT SABLIYE a, pa kite GRENN TAN yo DIRIJE w."

Lagonav : Yon Zile Abandone – Pa Gen Wout, Pa Gen Dlo, Pa Gen Kouran… Ki Solisyon Leta Gen Pou Nou?Lagonav, zile ki nan ...
02/20/2025

Lagonav : Yon Zile Abandone – Pa Gen Wout, Pa Gen Dlo, Pa Gen Kouran… Ki Solisyon Leta Gen Pou Nou?

Lagonav, zile ki nan mitan lanmè Karayib la, sanble se yon kote tout moun bliye. Pandan lòt zòn ap vanse, nou menm Gonavyen, nou ap goumen chak jou pou nou viv nan kondisyon ki vin pi difisil chak jou. Nou ap viv sou yon tè nou pa menm posede ofisyèlman, nou ap mache sou wout ki plen pousyè ak wòch, nou pa ka jwenn dlo pwòp, epi depi prezidan Jovenel Moïse asasinen, pa gen kouran sou zile a ankò. Epi nou menm nou se Ayisyen tou! Poukisa nou trete tankou nou pa egziste?

Wout ki Pa Egziste : Yon Blokis ki Toufe Devlopman

Depi plizyè dizèn lane, Lagonav ap soufri akoz mank wout. Ti wout ki egziste yo se tè ki gen twou toupatou, epi lè lapli tonbe, yo vin plen labou. Lè se sezon sechrès, pousyè ap anvayi tout kote, epi sa lakòz anpil moun malad.

Youn nan ti tantativ ki te fèt pou amelyore sitiyasyon an, se te wout ki mennen nan Pwentarakèt anba gouvènman Michel Martelly, men li pa janm fini e jodi a li fin kraze. Rive nan Ansagalè, pi gwo komin sou zile a, se yon vye tèt chaje. Kamyon machandiz pa ka pase, moto yo ap kraze, epi transpò piblik la pa egziste. Si yon moun malad grav, li ka pran plizyè èdtan pou li rive lopital, epi pafwa, li twò ta.

Dlo Pwòp: Yon Richès Nou Pa Ka Jwenn

Te gen yon epòk kote moun Lagonav te ka jwenn dlo pi fasil gras ak sous natirèl yo. Men, ak chanjman klima ak debwazman, sous sa yo fini.

Jodi a, Gonavyen yo oblije mache plizyè kilomèt anba gwo solèy pou jwenn ti dlo nan sitèn, epi dlo sa yo souvan pa pwòp. Gen kèk òganizasyon ki enstale ponp ak fowaj, men sa pa ase pou tout popilasyon an. Leta Ayisyen pa janm reponn. Nou dwe tann maladi pete pou yo reponn?

Pa Gen Kouran Depi Jovenel Moïse Mouri: Yon Zile Ki Nan Fènwa

Nou pa wè kouran sou zile a depi anvan prezidan Jovenel Moïse te mouri an jiyè 2021. Kote limyè? Kote avni timoun nou yo?

Lekòl ap mache ak lanp solèy oswa balèn, sa ki fè aprantisaj timoun yo pi difisil. Biznis yo pa ka konsève pwodui yo. Ti antreprenè ki ta vle itilize machin elektrik oblije abandone rèv yo. Lavi ekonomik la bloke, epi ak li, tout espwa pou demen.

Fèmye San Tè: Nou Travay, Men Nou Pa Posede Anyen

Majorite moun ki abite Lagonav se agrikiltè, men ironi a, yo pa mèt tè yo ap travay la. Depi epòk kolonyal la, tè a rete nan men gwo fanmi oswa enstitisyon, pandan sa ki travay la ap viv nan mizè.

Fèmye Gonavyen yo bezwen tit tè yo pou yo ka envesti nan jaden yo epi bay pitit yo yon avni. San papye, yo pa ka mande prè agrikòl, ni pwoteje tè yo kont moun ki vle pran li nan men yo. Poukisa Leta toujou refize mete lòd nan sitiyasyon sa a?

Kisa Leta Ap Fè?

Nou, moun Lagonav, nou pa mande favè. Nou mande jistis ak bon jan kondisyon lavi:

Wout ki ka fonksyone pou nou ka sikile san pwoblèm.

Dlo potab pou nou bwè epi evite maladi.

Kouran pou retounen pou lekòl, biznis ak fanmi ka fonksyone nòmalman.

Tit tè pou agrikiltè yo ka gen sekirite sou sa yo ap travay.

Gouvènman Ayisyen pa ka kontinye inyore nou. Nou se sitwayen menm jan ak tout lòt Ayisyen epi nou merite respè ak devlopman. Se tan pou otorite yo pran responsablite yo epi mete yon plan devlopman reyèl pou Lagonav.

Nou ap tann repons nou. Nou mande aksyon!

Address

Orlando
Orlando, FL
WE678564

Alerts

Be the first to know and let us send you an email when TMM posts news and promotions. Your email address will not be used for any other purpose, and you can unsubscribe at any time.

Contact The Business

Send a message to TMM:

Videos

Share

Category