Radio Télé Kalalou International

Radio Télé Kalalou International La source fiable de l'information
Sa nou di, se sa ! Rendre accessible l'information
(1)

09/04/2024

Madi 03 Septanm 2024- Tout detay sou sa ki pase nan sikisal Tigwav la- Bagay la kòmanse Pike nan kò bandi yo

Emisyon sou Radio Télé Kalalou International
Radio Télé Kalalou- Prezantasyon: Charles Fequiere François ak Michelot DESROSIERS.
•⁠ ⁠ , yon ajan sekirite sekestre yon kliyan epi menm tante touye li avèk kout manchèt Lendi 02 Septanm 2024 la. Lapolis ak lajistis te an branl nan Tigwav Jounen Madi 3 septanm lan.
•⁠ ⁠Panik nan mitan Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an. Sekretè deta Ameriken a ap nan peyi a, Jedi 4 septanm 2024 la. Lap rankontre Premye minis Garry CONILLE ak CPT a.
•⁠ ⁠Deja, anpil mobilizasyon pou ranplase 3 manm CPT yo ki gen non yo site fò nan koripsyon BNC a.
•⁠ ⁠PNH la, Fòs Lame Ayiti ak Misyon Miltinasyonal Soutyen Sekirite a anonse yo reyisi operasyon Bèlè a. Yap kontinye t**e kòn avèk bandi yo nan ba Dèlma ak divès lòt zòn.

Radio Télé Kalalou International konte sou sipò ou anpil pou li rive pi lwen. Tanpri, si ou potko fè sa, abòne avèk nou sou kou sou . Ankouraje pwòch ou yo fè sa tou.

Mèsi anpil!

09/03/2024

Fòk fèt rapid nan peyi pou fini avèk gouvènman tranzisyon an ki fè nasyon an plis mal. Deklarasyon mèt Noël Wilxo, direktè Egzekitif Lig Defansè Dwa Moun yo ki kwè fòk ta gen yon referandòm ki fèt prese prese pou fini avèk koze Premye Minis lan. Pou li, sa se yon sous konfli nan mitan pouvwa egzekitif la.

Mèt Noël Wilxo te pale avèk Michelot DESROSIERS.

09/03/2024

, Madi 03 Septanm 2024//
Jean Eddy, yon ajan Sekirite nan Sikisal Tigwav la nan mawon paske li ta fè sekestrasyon, Vòl, tentativ asasina avèk komansman Egzekisyon sou Ricardo Pierre, yon neve Jean Joseph DESGRANGES, Gwètòde plenipotansyè KNVA.

Bagay yo konplike wi la!

🎥 Michelot Desrosiers Michelot

09/03/2024

, Lendi 02 Septanm 2024- Prezantasyon Charles Fequiere FRANÇOIS ak Michelot DESRISIERS.

Tigwav, 02 Septanm 2024: Anviwon 400 moun nan chak seksyon kominal yo ta dwe benefisye yon sibvansyon 120 us

Plis pase 400 moun ki pi vilnerab nan chak seksyon nan komin Tigwav pral resevwa sou kont Moncash yo, yon sibvansyon 120 dola ameriken pandan 3 fwa nan men Pwogram Alimantè Mondyal Pam/ Modele.

Selon enfòmasyon ki vin jwenn sal redaksyon Radio Télé kalalou international, se kazèk yo ak lameri kap gen posibilite pou fè chwa moun ki pral benefisye sibvansyon saa.

Daprè kritè bayè de fon an egzije ,se fanm ansent ,fanm ki gen timoun nan tete ,granmoun ak moun ki andikape kap genyen chans pou jwenn lajan saa.

Nap raple, menm òganizasyon entènasyonal sa, a atravè Action Aid / APV te deja egzekite menm pwogram sibvansyon sa sou komin nan, sou administrasyon Jovenel Moïse la ki pat twò byen pase paske seten animatè sou tèren ta pran kòb nan men moun pou te fè yo benefisye sibvansyon an.

Michelot Desrosiers.

09/03/2024

Mèt Wilxo Noël, kòdonatè Ligues des Défenseurs des Droits Humains an rann otorite ayisyèn yo, ansyen kou nouvo, responsab tout sa kap pase nan peyi a.

Tigwav, 02 Septanm 2024: Anviwon 400 moun nan chak seksyon kominal yo ta dwe benefisye yon sibvansyon 120 usPlis pase 40...
09/03/2024

Tigwav, 02 Septanm 2024: Anviwon 400 moun nan chak seksyon kominal yo ta dwe benefisye yon sibvansyon 120 us

Plis pase 400 moun ki pi vilnerab nan chak seksyon nan komin Tigwav pral resevwa sou kont mon cash yo, yon sibvansyon 120 dola ameriken pandan 3fwa nan men Pwogram Alimantè Mondyal Pam/ Modele.

Selon enfòmasyon ki vin jwenn sal redaksyon Radio Télé kalalou international,se kazèk yo ak lameri kap gen posibilite pou fè chwa moun ki pral benefisye sibvansyon saa.

Daprè kritè bayè de fon an egzije ,se fanm ansent ,fanm ki gen timoun nan tete ,granmoun ak moun ki andikape kap genyen chans pou jwenn lajan saa.

Nap raple menm òganizasyon entènasyonal sila a atravè Akchon Aid / APV te deja egzekite pwogram sibvansyon sou komin nan, sou administrasyon Jovenel Moïse la ki pat twò byen pase paske seten animatè sou tèren ta pran kòb nan men moun pou te fè yo benefisye sibvansyon an.

Michelot Desrosiers.

09/01/2024

Avni peyi a.

08/30/2024

Radio Radio Télé Kalalou International / Anie Alerte ak Djy Perry kap pran plezi yo lakay Jacque Sauveur Jean nan Ti Kanal..

08/30/2024

Pou reyalize Festi-kanal vandredi 30 dawou 2024 la pou make 1 lane depi peyizan nan plèn maribarou nan wanament pran desizyon pou kontinye fouye kanal la. Plizye atis deja prezan pou patisipe nan aktivite festi-kanal la.

Koute yo pou konprann prezans yo nan festival la ak objektif festival la

08/30/2024

Regroupman direktè lekòl prive yo nan peyi dayiti ( REDEPAH) rankontre ak laprès jounen jedi 29 dawout 2024 la nan lide pou kontinye mande otorite yo nan Pouvwa santral la peye yo lajan plis pase 9 lane travay yo nan Kad program sigo a atravè dola senkant lan.Kòdonatè nasyonal regroupman nasyonal direktè lekòl prive yo profesè Angelais Charles ki tap réponn kesyon laprès nan okazyon an menase bloke ouvèti lekòl la pou mwa oktòb kap vini laa si tout fwa yo pa jwenn lajan travay yo.Ann swiv koman sa te ye ak deklarasyon profesè Angelais Charles nan mikro jean Robert Vallière depi vil gonayiv.

08/30/2024

Foròm Ekonomik Sektè Prive a nan Gonayiv mande otorite otorite pran responsabilite, konbat fenomèn ensekirite a pou aktivite yo reprann nan peyi a.Nan yon konferans Près , Jedi 29 Out 2024 la, Mèt Remus Regis, prezidan Fowòm Sektè Prive a nan Gonayiv di li gen gwo kè kase devan fenomèn ensekirite a ki pa sispann boulvèse bil popilasyon an.Mèt Remus Regis ki di fenomèn ensekirite lakòz anpil antreprenè yo nan vil Gonayiv oblije fèmen pòt antrepriz yo. Li mande PM Garry Conille voye je gade sitiyasyon difisil antreprenè yo ap konnen jounen jodia. Li kwè se yon nesesite pou otorite nan gouvènman an voye materyèl , ajan polisye espesyalize yo ak ajan polisye Kenya yo vin ranfòse polisye yo nan latibonit,yon fason pou rive kwape gang ame yo nan depatman an.Rémus Regis prezidan forum ekonomik sektè prive yo nan vil Gonayiv te nan mikro Jean Robert Vallière depi vil Gonayiv.

08/30/2024

En Direct / Input / Jeudi 29 Aout 2024.

08/29/2024
08/29/2024

««La Mémoire de Petit-Goâve», yon liv ansyen majistra la, Delor DESGRANGES pral sòti. Li fè anons lan Nan moman li tap pataje istwa kimono nan avèk manm «Rassemblement des Jeunes Penseurs pour le Développement» (OJPD) yo, Madi 27 Out 2024 la.Tigwav se youn nan pi gwo vil ki egziste nan Peyi a, anpil gwo evènman pase ladan l sou plan politik ak dezas natirèl, soti 16è rive nan 21e syèk la selon Majistra imòtèl Délor Desgranges ki fè konnen komin Tigwav se te yon grenye pou le mond sou tan lakoloni pandan yon bon bout tan.Majistra Délor Desgranges fè rapèl istorik sa yo nan moman li tap entèveni kòm konferansye nan yon konferans deba , Rasanbleman Jèn Pansè pou le Devloman (RJPD) tap òganize, Madi 27 Out 2024 la . Li konseye jèn yo pou bati pwòp istwa yo kap nan enterè yo tout, yon fason pou peyi a kapab pran chimen pwogrè an Devlopman.Mèt Ary Saint- Jean ak Mèt Piterson Pierre, fè kwè seri travay memwa sa yo ap itil pèp la anpil paske lè yon pèp nye kilti li,se yon pèp ki fini. Antretan Prezidan RJPD a Micaël Mérilien, bat bravo lakontantman pou bèl pawòl sayo li estime kap ede jenn yo anpil pou fè Devlopman nan peyi a.Michelot DESROSIERS Pou Radio Télé Kalalou International Li fè anons lan Nan moman li tap pataje istwa komin nan avèk manm «Rassemblement des Jeunes Penseurs pour le Développement» (OJPD) yo, Madi 27 Out 2024 la.Tigwav se youn nan pi gwo vil ki egziste nan Peyi a, anpil gwo evènman pase ladan l sou plan politik ak dezas natirèl, soti 16è rive nan 21e syèk la selon Majistra imòtèl Délor Desgranges ki fè konnen komin Tigwav se te yon grenye pou le mond sou tan lakoloni pandan yon bon bout tan.Majistra Délor Desgranges fè rapèl istorik sa yo nan moman li tap entèveni kòm konferansye nan yon konferans deba , Rasanbleman Jèn Pansè pou le Devloman (RJPD) tap òganize, Madi 27 Out 2024 la . Li konseye jèn yo pou bati pwòp istwa yo kap nan enterè yo tout, yon fason pou peyi a kapab pran chimen pwogrè an Devlopman.Mèt Ary Saint- Jean ak Mèt Piterson Pierre, fè kwè seri travay memwa sa yo ap itil pèp la anpil paske lè yon pèp nye kilti li,se yon pèp ki fini. Antretan Prezidan RJPD a Micaël Mérilien, bat bravo lakontantman pou bèl pawòl sayo li estime kap ede jenn yo anpil pou fè Devlopman nan peyi a.Michelot DESROSIERS Pou Radio Télé Kalalou International

08/29/2024

Moun Gonayiv manifeste kont ensekirite yon nouvèl fwa nan rantre komisarya vil la Mèkredi 28 dawout 2024 la.Yo kontinye ap mande otorite yo nan direksyon depatmantal PNH latibonit la mete pye yo atè pou al goumen kont gang ame yo ki bloke wout nasyonal nimewo 1 an ki anpeche popilasyon an mennen aktivite travay yo. Sitwayen yo pilwen, kritike wo kòmandman PNH la nan latibonit, yo di ki pa manifeste okenn volonte pou kraze gang ame yo. Yo rete kwè, se yon plan kap manniganse pou detwi popilasyon an nan depatman an.Pou kontinye avèk seri mobilizasyon yo, randevou kase pou semèn lendi kap vini la. Pwotestatè yo fè konnen, mouvman pral chanje faz nan depatman latibonit lan.Ann swiv koman sa te ye. Mèt Jobed Jeannite youn nan inisyatè mouvman an, te nan mikro Jean Robert Vallière depi vil Gonayiv.

08/28/2024

Mèt Valambrun JASMIN mande otorite yo sispann woule fanmi a nan farin. Degaje yo, swa yo pèmèt 4 timoun mèt Sorel JASMIN yo al nan fineray papa yo Kiba, oubyen rapatriye Kadav mèt la pou fanmi an òganize fineray li. Kadav mèt la deja gen 2 mwa ak anviwon 26 jou nan mòg. Mèt Sorel JASMIN, te pran yon bal nan moman li tap fè pòtoprens. Se leta ki te voye li pran swen Kiba.Michelot DESROSIERS

08/27/2024

Boudo, yon gran abitasyon ki nan 12èm seksyon Dèfoug, Tigwav; gen yon istwa. Thomas SAINT-JACQUES ak ansyen majistra Delor DESGRANGES ap eksplike. Mèt Yvener DESROSIERS, Kòdonatè la, pitit zòn sa ak fanmi li ki te gen Mèt Gérald CADET akonpanye li, kwè tout pitit Boudo dwe kontinye aji ansanm pou fè Devlopman nan zòn nan.Deklarasyon sa yo fèt nan aktivite tradisyonèl ak toujou òganize Dimanch 25 Out 2024 la, pou klotire pwogram yo nan fen vakans ete yo nan Boudo.

08/27/2024

Gade mouvman timoun yo!Si ou pat la, wap regrèt !Men plezi medam yo nan aktivite tradisyonèl ak òganize Dimanch 25 Out 2024 la, pou klotire aktivite yo pou gran vakans ete a nan Boudo, 12èm seksyon Dèfoug, .

08/26/2024

Etidyan inivesti piblik Henry Christoph Trou du nord a bloke kotej PM Garry Conille pou fe pase revandikasyon yo vandredi 23 dawout la nan moman PM nan tap sot vizit kanal wanament la ak pak endistriel Karakol la

08/26/2024

Tout ti aksyon konte nan pwosesis Devlopman an. Sa fèt , 3èm Seksyon . Fè sa nan zòn paw la, wap wè rezilta.

08/25/2024
08/24/2024

Inivèsite UNISMA Tigwav,seremoni gradiyasyon 4e pwomosyon sòtant batize"COSMOS"Vandredi 23 Out 2024 la . Michelot Desrosiers pou Radio Télé kalalou international.

08/24/2024

Inivèsite UNISMA Tigwav gradye anviwon 80 etidyan nan diferan domèn tankou syans edikasyon , syans jiridik ,syans kontap ak agronomi ,vandredi 23 Out 2024 la.Yon seremoni ki te dewoule anprezans reprezantan ministè edikasyon nasyonal la doktè Jean Judson Joseph ,rektè Mario Jeune ak divès lòt pèsonalite enpòtant.Ann swiv jan sa te .

08/24/2024

resi sispann bwote timoun al nan otèl ak nan pisinNan Latibonit, Enstiti Byenèt Sosyal Rechèch (IBESR) chita pale avèk responsab otèl, pisin ak klèb yo Vandredi 23 dawout 2024 la. Mèt Elou JEAN raple yo gwo sanksyon ap tann yo si yo ap respekte sa lalwa di. Responsab IBESR la, nan Latibonit, Mèt Elou JEAN te pale avèk Jean Robert Vallière depi vil Gonayiv.

08/23/2024

«Zewo Restavèk», se slogan Komite Pwoteksyon Timoun nan 8èm Seksyon Ravin Mòn Pon Bwaye, nan lokalite Fonlanbi ki lanse yon pwojè sansiblizasyon kont Jedi 22 out 2024 la. Seremoni lansman pwojè sa kap dire 4 lane pou pi piti, dewoule sou tèm: «Ann valorize tout moun pou yon kominotè zewo restavèk». Vis kòdonatè Komite a, Dieuvy FRANÇOIS ak Mèt Elou JEAN, direktè Depatmantal Latibonit Enstiti Byennèt Sosyal ak Rechèch eksplike kòman pwojè sa kapab itil kominote a.Yo te pale avèk Jean Robert Vallière depi gwomòn pou Radio Télé Kalalou International

08/23/2024

Tout pitit , Moun , sila yo ki renmen Tigwav dwe pote kole pou sant Kiltirèl sa fin konstwi. Kerlie HENRY, , Fondatè- Kòdonatè Jeneral Espoir des Femmes Haïtiennes mande nou tout vin mete men. Sa ap ede kominote a vanse. Se Komite Nan Tibab, Monneri, 3èm Seksyon Twouchouchou, Tigwav kap reyalize travay sa avèk sipò ou menm!EntènasyonalZelle: +1 561 314 9658Ayiti: 38379288Lando CADET, Prezidan Eddy SAINT LOUIS, Vis-Prezidan Men anpil, chay pa Lou!!!

08/23/2024

Input sur Kalalou International

08/22/2024

Mèkredi 21 out 2024 //Message à l'occidentMoun Leyogàn mete tout Kaka chat deyò. Men lis peyi ipokrit kap fini avèk peyi a.

Address

482 NW 165th Street Apt A201 Miami
Miami Gardens, FL
33169

Alerts

Be the first to know and let us send you an email when Radio Télé Kalalou International posts news and promotions. Your email address will not be used for any other purpose, and you can unsubscribe at any time.

Contact The Business

Send a message to Radio Télé Kalalou International:

Videos

Share


Other Media/News Companies in Miami Gardens

Show All

You may also like