12/25/2023
Ayiti-Tigwav:troisieme section trouchouchou.Tikonkou alonè pou Ane 2023.
plizyè deseni pase, panda sistèm pwodiksyon nasyonal ap pran Kou, pandan yon lòt bò peyizan abandone kiltive latè, se la a Yon gwoup Jenn gason ak tout jèvrin yo nan 3èm seksyon nan tigwav deside mete tèt ansanm épi montre nan tèt ansanm latè ka pwodwi toujou.
Tankou Jan zansèt nou yo te konn fè l,Jenn gason sa yo deside mete men epi fòme TIKONKOU. Yon gwoup Konbit peyizan ki deside kenbe Zam lavni ki se sèpèt. Kote pi gwo Gali l yo se Yon wou, Yon manchèt, Yon pikwa, Yon sèpèt pou fòse latè rann tout kalite fwi ki kapab sèvi nan asyèt peyizan an.
24 desann 2023 fè gwoup Sila a ezakteman Yon lane ap bay Yon sèvis irepwochab. Yon sèvis San mèsi. Group Jenn gason Konsekan Sila yo chwazi retounen nan ansyen kouti m nan, déjà reyalize anpil travay nan koze fè jaden pou premye ane yo a.
Pandan pwodwi enpòte yo ap monte bwa, yo menm yo deside fè latè rann fyèl Li nan bay Mayi,Pwa, Manyòk ak lòt toujou. Sa ki pa sispann blayi epi flote drapo fyète nou ak nouvo experyans sa yo.
"potem konkou m'ap pote w konkou pou'n kaba lavi chè" se slogan yo. Nan okazyon premye anivèsè bann kòve TIKONKOU a jou 24 Decembre 2023 a,manje ki soti nan peyi etranje pa konsome nan fèt la.
kèk notab Kite patisipe nan aktivite a,fè konnen sa ta dwe sèvi ekzanp pou tout jenn gason ka'p kenbe Zam ilegal pou Yon rezon ou byen Yon lò.
Ann tounen lakakay pou'n vinn travay olye'n chita ap tann biden ki fè tèt anpil nan nou pati avan' n pati.
Tikonkou pou lavi
Demo,Le gros journaliste 🖊️🖊️ petit goâve news