02/16/2025
𝐀𝐳𝐢𝐥, 𝐬𝐞 𝐩𝐞𝐭è𝐭 𝐬è𝐥 𝐩𝐰𝐨𝐠𝐫𝐚𝐦 𝐓𝐫𝐮𝐦𝐩 𝐩 𝐚𝐩 𝐤𝐚 𝐤𝐚𝐧𝐩𝐞, 𝐤𝐢𝐦𝐨𝐮𝐧 𝐤𝐢 𝐤𝐚 𝐚𝐩𝐥𝐢𝐤𝐞 𝐩𝐨𝐮 𝐀𝐳𝐢𝐥? Otè: Alce Henry
Azil se yon pwoteksyon ki akòde ak yon sitwayen etranje ki satisfè definisyon lwa entènasyonal la sou Refijye. Si ou soti nan yon peyi kote ou te sibi pèsekisyon, oswa ou gen yon laperèz byen fonde pou yo pèsekite w si ou retounen, ou ka chèche pwoteksyon Refijye nan men Etazini (si ou lòt bò dlo), oswa Azil (si ou deja nan tè a).
“Grounds for Asylum or Refugee”, se rezon ki fè yo ba w Azil oswa Estati Refijye a. Men, li dwe lye ak yon pèsekisyon ki fèt sou baz: Ras, Relijyon, Nasyonalite, manm nan yon gwoup sosyal patikilye, oswa opinyon politik. Azil se yon estati "diskresyonè", sa vle di Jij la ka refize w menm si ou satisfè definisyon refijye a. Men gen yon fòm pwoteksyon “backstop” yo rekonèt kòm “withholding of removal" ki ka disponib pou pwoteje yon moun konsa kont depòtasyon.
Pèsekisyon an gen pou wè ak soufrans, mal, oswa yon menas grav ki poze sou lavi w oswa libète w. Menas sa dwe nasyonal, sinon, sa p ap sifi si w ta ka evite pwoblèm nan lè w deplase ale nan yon lòt zòn nan peyi a. Difikilte ekonomik, mizè, Elt. pa yon rezon pou yo ba w azil.
Pèsekisyon an pa oblije soti nan leta peyi a, tankou gouvenman ak Lapolis. Lwa refijye yo rekonèt tou pèsekisyon ki lye ak gwoup gouvènman an pa ka kontwole, tankou bandi oswa gang. Sepandan, li dwe gen yon baz politik oswa sosyal. Yon rezo kriminèl ki vin dèyè w pou yon rezon pèsonèl, sa pa pèsekisyon. Jij la pa bezwen konnen si lougawou te manje pitit ou. M pa di sa pa pèsekisyon, men selon definisyon sou lwa refijye yo, li pa valab.
Si ou pa t pèsekite nan tan pase, ou ka toujou kalifye pou azil politik si ou gen prèv jistifikatif de yon potansyèl pèsekisyon nan lavni nan peyi w oswa nan dènye peyi w ou t ap viv la. Pa egzanp, si w te sekretè yon gwoup, epi w ap resevwa menas lanmò, oswa si yo rive touye trezorye oswa prezidan gwoup la, sa se yon krent rezonab pou pèsekisyon. Men w ap bezwen akonpanye l ak prèv solid.
𝐄 𝐬𝐢 𝐤𝐨𝐧𝐝𝐢𝐬𝐲𝐨𝐧 𝐲𝐨 𝐯𝐢𝐧 𝐩𝐢 𝐛𝐨𝐧 𝐧𝐚𝐧 𝐩𝐞𝐲𝐢 𝐰? Si ou te sibi pèsekisyon nan tan lontan, ou ka fè fas ak pèsekisyon nan lavni tou. Men, gouvènman ameriken an ka toujou mande w retounen paske peyi w pa yon danje pou ou ankò. Si sa rive, ou ka toujou re-aplike pou azil Ozetazini. Gras ak pwogram ki rele “Humanitarian Asylum (azil imanitè)”, w ap toujou ka jwenn azil si ou ka demontre yon posibilite rezonab pou w soufri lòt domaj grav si w tounen. Pa egzanp, si tout bagay ou te posede yo te detwi, oswa ou ta fè fas ak gwo chòk emosyonèl lè w retounen, menm si ou pa t fè fas ak pèsekisyon, ou ka kalifye pou azil imanitè.
Ou dwe konnen, Azil pa konsène sèlman Etazini. Sa gen pou wè ak dwa moun. Se nan deklarasyon inivèsèl dwa moun (Atik 14) li ekri: 𝐃𝐞𝐯𝐚𝐧 𝐩è𝐬𝐞𝐤𝐢𝐬𝐲𝐨𝐧, 𝐭𝐨𝐮𝐭 𝐦𝐨𝐮𝐧 𝐠𝐞𝐧 𝐝𝐰𝐚 𝐜𝐡è𝐜𝐡𝐞 𝐚𝐳𝐢𝐥 𝐧𝐚𝐧 𝐥ò𝐭 𝐩𝐞𝐲𝐢. Se vre Azil, se pa yon pwogram Prezidan an ka elimine tankou TPS, DACA, elt. Sepandan, li ka gen gwo enfliyans sou fason li administre. Nan premye manda li a, Donald Trump te pran anpil desizyon ki afekte moun k ap chèche azil yo. Avan menm ou panse aplike, li enpòtan pou w konnen kijan sa ka afekte w.
Alce Henry!