Ti koze 509

Ti koze 509 Enfòmasyon,kilti,sante,fòmasyon,spò,politik nasyonal ak entènasyonal.

02/03/2023

10k stp avant 12heures

Ti koze 509:Lapolis mete avi rechèch dèyè Joseph Obed ki gen pou non jwèt li kiki aprè yo te rive jwenn kadav Evelyne Si...
03/11/2020

Ti koze 509:Lapolis mete avi rechèch dèyè Joseph Obed ki gen pou non jwèt li kiki aprè yo te rive jwenn kadav Evelyne Sincère sou fatra aprè zak malonèt sa ki pa sispann mete lapèrèz nan mitan popilasyon an aprè plizyè ka ki repete san limyè pa janm fèt sou jan de krim sa yo nan peyi D'ayiti.

Ti koze 509: J.Biden 413  D.Trump251
03/11/2020

Ti koze 509: J.Biden 413 D.Trump251

Ti koze 509:Twit
03/11/2020

Ti koze 509:Twit

Ti koze509:Twit
02/11/2020

Ti koze509:Twit

Ti koze 509: Twit
27/10/2020

Ti koze 509: Twit

Premye minis Jouth mande pou DCPJ ak popilasyon pou mete plis vijilans paske ansanm pou yo kaba ensekirite nan peyi a. P...
27/10/2020

Premye minis Jouth mande pou DCPJ ak popilasyon pou mete plis vijilans paske ansanm pou yo kaba ensekirite nan peyi a. Premye minis la di se "grovan epi ti lapli" lè chèf gang Tilapli ap frape lestomak li, ou byen fè gwo gòj e li pa nan reponn moun konsa. PM Jouth ale pi lwen pou li mande jounalis yo pa poze li kesyon sou sa chèf gang lan ap di li twouve se yon wont pou li ta reponn li. N'ap raple'w nan mwa ki sot pase yo li te di li konn pale ak yo nan telefòn presizeman Tilapli.

27/10/2020

Guy Phillipe pa kache tout verite nan konplo ke yo te fè pou mete li nan prizon.

Plizyè jè gason ak zam lou kou pwa 50 rive vide bal nan lokal Mache TI TONY an nan zòn Santo. Jodi lendi 26 oktòb 2020, ...
27/10/2020

Plizyè jè gason ak zam lou kou pwa 50 rive vide bal nan lokal Mache TI TONY an nan zòn Santo. Jodi lendi 26 oktòb 2020, Gen anviwon 5 moun pou piti ki blese.

Abelson Gros Negre pòt pawòl SPNH la kise yon ansyen polisye ki te revoke nan PNH la mande pou gwo chèf ki nan tèt l'Eta...
26/10/2020

Abelson Gros Negre pòt pawòl SPNH la kise yon ansyen polisye ki te revoke nan PNH la mande pou gwo chèf ki nan tèt l'Eta ki abitye pale ak gang ame yo nan peyi pou libere jèn polisye yo Kidnape a.

Komisè gouvènman nan vil okay ansanm ak plizyè polisye rive arete yon jèn gason 18 lane e  yon timoun 16 lane ki te komè...
26/10/2020

Komisè gouvènman nan vil okay ansanm ak plizyè polisye rive arete yon jèn gason 18 lane e yon timoun 16 lane ki te komèt yon zak malonèt sou yon lòt ti moun 14 lane nan jou ki sot pase yo. Zak malonèt sa te fèt aprè yon brakaj pou yo te kapab pran yon telefòn enteliajan(smartphone) ki te nan men fiyèt 14 lane a. Ta sable li te refize bay li,sa ta pral lakòz lanmò fiyèt sa.

Ti koze 509:    otorize masisi ak madivin marye, li di yo gen dwa pou yo gen yon inyon sivil paske yo se pitit Bondye. S...
26/10/2020

Ti koze 509: otorize masisi ak madivin marye, li di yo gen dwa pou yo gen yon inyon sivil paske yo se pitit Bondye. Se nan yon dokimantè li te fè ebyen fè wè tout bagay sa yo ki lye ak reyalite omoseksyèl ap viv jounen jodia. Fim sa ap gen pou sòti mèkredi pwochen. ap tou pwofite raple'n. Fim sa diferan parapò ak sa kèlke manm katolik vle fè kwè ke se nan yon lòt kontèks ke "Pape" la ap pale kidonk dokimantè sa san filtè,se pou mèkredi pwochen l'ap sòti.

25/10/2020

Ti koze 509: Jounen dimanch 25 oktòb 2020 an otorite nan peyi D'ayiti yo ak otorite nan repiblik dominikèn rive jwenn yon antant anfavè tou de peyi yo, nan zafè relasyon komèsyal ke yo genyen sitou nan mache ki nan zòn fontalye antre de peyi yo. Antant sa li chita sou yon komisyon ki fòme antre de peyi vwazen yo. Otorite dominiken ya aksèpte ak egzijans ke dirijan ayisyen yo fè nan plizyè pwen tankou:
1)Yon echanj san fòs kote k'ap pèmèt pwodwi ayisyen yo vann nan repiblik doninikèn.
2) abi ke sitwayen ayisyen te konn sibi anba men ootorit dominiken yo. Ak anpil lòt ke nou pa site. Sa pa anpeche yo kontinye chita nan piwo nivo,pou diskite sou relasyon de peyi yo.
Pou'n konkli anta sa pral lakòz demen lendi se rewouvèti mache Dajabon ak wanament . Se yon bòn solisyon pou de peyi yo ki t'ap soufri. # #

Ti koze 509: Yèreswa nan patwouy ke lapolis ak minis enteryè a t'ap fè yo rive mare plizyè jèn gason k'ap sikile ak zam....
25/10/2020

Ti koze 509: Yèreswa nan patwouy ke lapolis ak minis enteryè a t'ap fè yo rive mare plizyè jèn gason k'ap sikile ak zam. Pami yo youn te gen nan menl yon zam gè de gran kalib nan komin Petyonvil.

Ti koze 509: twit
24/10/2020

Ti koze 509: twit

24/10/2020

Ti koze 509: Dosye ONA 👂 Morvan john colem jounalis BBJ INTERNATIONAL (Bat bravo pou lajenès) Ebyen jèn jounalis sa pa mete dlo nan bouch li pou pale ak politisyen ak gwo fonksyonè l'Eta Ki prete gwo lajan nan l'0NA ke anpil moun ta kalifye kòm vòl. Prè sa yo ap gen pou peye aprè 30 lane e menm plis toujou. Moun ki fè prete lajan sa yo se:
Ansyen senatè Youri Latortue
Senatè Garcia Delva
Dg SMCRS Magalie Habitant
Ansyen pwòch pouvwa Reginald Boulos
Ansyen senatè Carl Murat Cantave
Justin Latortue
San konte sa nou pa site. N'ap raple'w plizyè nan moun sa yo gentan prezante devan lajistis ayisyèn ak plizyè lòt dosye ankou devan ULCC.

Ti koze 509: Yon jèn rapè ayisyen ke tout moun konnen sou non FANTOM se ansyen rapè "BARIKAD CREW" imigrasyon cancel(ani...
24/10/2020

Ti koze 509: Yon jèn rapè ayisyen ke tout moun konnen sou non FANTOM se ansyen rapè "BARIKAD CREW" imigrasyon cancel(anile) visa rapè sa.

Ti koze 509: Nouvo pri pwodwi petolye nan peyi D'ayiti 26 oktòb se pri sa gaz la ap gen pou vann nan tout ponp sou tèrit...
23/10/2020

Ti koze 509: Nouvo pri pwodwi petolye nan peyi D'ayiti 26 oktòb se pri sa gaz la ap gen pou vann nan tout ponp sou tèritwa peyi a.
1- Gazolin 95= 201 goud
2- Gazòyl = 169 goud
3-Kewozèn = 163 goud
#

23/10/2020

Ti koze 509: Chanm depite yo nan repiblik domminikèn mande pou responsab kòminikasyon yo jwenn yon pèmisyon rapid pou elimine ond radyo ayisyen nan zòn fwontalye yo. N'ap pwofite raple'w yo trete mizik ayisyen yo de "yon pakèt mizik dwòl" radyo ayisyen yo ki prè fwontyè a monte sou bann FM dominiken an. # # # # # #

Ti koze 509: Vatican sòti nan silans li. "Pape François" pa mete dlo nan bouch li ak gwo deklarasyon sa. "Masisi ak madi...
23/10/2020

Ti koze 509: Vatican sòti nan silans li. "Pape François" pa mete dlo nan bouch li ak gwo deklarasyon sa. "Masisi ak madivin yo se kreyati Bondye,pèsonn pa gen dwa meprize ou diskrimine yo pou preferans oubyen chwa seksyèl yo". Kidonk "Pape François" apiye pou masisi ak madivin yo jwi de dwa ke yo genyen etanke imen e sitwayen. Li menm ale pilwen pou li di yo gendwa ak yon fwaye menm jan ak tout moun. Pawòl sa ta lakòz gen a pil moun ki pa sispann fè gwo deba sou koze sa. # ,KÒMANTE,RENMEN AK SWIV NOU # # facebook,instagram,twitter elatriye.

Adresse

Saint-Marc

Téléphone

+18099246142

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Ti koze 509 publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L'entreprise

Envoyer un message à Ti koze 509:

Vidéos

Partager


Autres Société de médias/d’actualités à Saint-Marc

Voir Toutes

Tu pourrais aussi aimer