Fidele info show

Fidele info show Bon voyage commercial

10/01/2024

Jezi di yon mo Pou ti pèp sa.
Sa nap gade a la SE verite.yon ayisyen dominiken AP bat Pou kob 100g taxi li pat vle peye konplè

09/01/2024

Ti youri sèmante Ariel pap fè yon pakita yon pa nago.nap sispann bay Chen valè fè yo panse yo se moun.gen twop grangou Nan peyi.1000g sifi Pou achte yo

Especial voyage Nicaragua2500 dollars.Nap fèw jwenn otorizasyon an Pou sèlman 300 dollarsSiw Nicaragua ou bezwen gid pou...
20/10/2023

Especial voyage Nicaragua
2500 dollars.
Nap fèw jwenn otorizasyon an
Pou sèlman 300 dollars
Siw Nicaragua ou bezwen gid pou meksik kontakte nou...

20/08/2021
09/03/2021
Mesaj ala nasyon                 fidèl erbens              Ayiti pou AyisyenNan non papa nasyon an mwen vle fè yon ti pa...
06/02/2021

Mesaj ala nasyon
fidèl erbens
Ayiti pou Ayisyen

Nan non papa nasyon an mwen vle fè yon ti pale ak pèp mwen an ak ti nèg nwa parèy mwen yo,
Dim kijan ou santi ou pou nou se menm nasyon nou pale menm lang pou nou youn paka konprann lòt?
Otorite mwen yo nou vwayaje nou wè lòt peyi yo, eske nou wè nou ko nan wout pou nou fè peyi? poukisa nou pa reflechi ansanm pou nou di mwen vle Ayiti vini pi bèl pase kay vwazen nou yo? poukisa se dil nap fè pou nou vann ti rès richès blan je vèt te kite sou sòl la?
Poukisa domiken ap mache vòlè teritwa nasyonal nou an voye sou payo nou fè silans nou pa kreye yon estrateji pou pou konbat yo? poukisa nou pa janm konsyan de eta nou ?
Pouki nou pavle travay pou remoute valè nou antanke pèp nwa?
Poukisa jiska prezan nou sèlman ret ap pale de 18 novanb 1804 .wi dat sa yo dwe make nou men poukisa nou pa travay pou nou gn yon lòt dat ki make nou plis toujou?
Polisye yo eske nou se yon lòt pèp ?
Eske se pa pitit Desaline nouye tou?
Eske nou konn wè yon milat al nan polis?
Zam yo ba nou pou peje e sèvi pèp la
Pouki ou itilize li pou maltrete et detwi pèp la?
Poukisa nou kite otorite yo politize PNH la? eske nou santi yo trete nou byen jan yo ta dwe trete nou ?
Ayiti se pa nou ann met ansanm pou chanje sak pa bon yo

Sete zanmi ou fidèl Mesaj ala nasyon : Fidele Erbens

30/12/2020

Enjoy

14/10/2020

Remèd lota

Jodi a remed lakay vle pale nou de LOTA ki se yon maladi po ke anpil nan nou konnen, yon maladi pwobableman anpil nan nou genyen déjà.

Lota c yon maladi ki leve sou po nou. Nan lang franse yo rele li Pityriasis Verticolor, se nan zòn zantiy yo yo rele li lota, an afrik yo rele li loto. C yon maladi ki koze pa yon chanpiyon (levure) ki rele Malassezia ki viv sou po moun depi nan laj bebe. Chanpiyon sa a renmen devlope kote ki gen grès sou po nou, se sa ki fè li fasil poul devlope nan sebòm po a sekrete epi c nan rasin pwal nou chanpiyon an plis viv.
Maladi Lota pa kontajye. Ka kote moun k bay moun li ra anpil. Se yon maladi ki devlope lèl jwenn faktè ki favorize li.
Kèk faktè ki k favorize’l yo se:

• Po gra
Paske chanpiyon an renmen grès ki nan sebòm nan. Nan sans sila a, lota ap fi fasil devlope sou po moun ki gen laj 18 a 40 lane, paske c nan laj sa yo po moun sekrete plis sebòm.
• Laswè

Tout sa ki lakòz moun swe oubyen tout rad sentetik oubyen plastik ki kenbe swè epi kifè anpil tan sou moun lan kapab fovorize Lota sou po.

• Jenetik
Pafwa yo konn remake gen moun menm fanmi ki pap viv menm kote ki genyen Lota.

KOMAN POU EVITE GEN LOTA
• Evite reyini faktè ak kondisyon ki ka favorize devlopman chanpiyon an tankou:
- Evite Itilize pwodwi kosmetik ki gen anpil lwil;
- Lite kont grès sou po'w si'w gen po gra;
- Evite mete rad ki fèt ak twal sentetik epi two ki two fèmen, siw konnen'w pral pase anpil tan ak rad la sou ou epi'w pral swe ladan tou;
- Mete rad koton sitou lè nou konnen nou pral transpire anpil;
- Seche kò nou byen chak fwa nou fin benyen avan nou mete rad sou nou ;

• TRETMAN
- wap bezwen vinèg avek bitabonat melanje yo pase sou yo chak lew fin benyen

Chak swa pase poud kafe sou yo
Epi 2 u 3 semaine yo tout mprale
Mgarantiw u pap jnm gn bgy sa yo anko😒

Adresse

Telephone
Saint-Marc
1997

Téléphone

+18097054969

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Fidele info show publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L'entreprise

Envoyer un message à Fidele info show:

Vidéos

Partager

Type