16/02/2021
Personnalité emblématique de la SEMAINE.
Martine PHEBE,se yon potorik FANM anpil moun konnen sou non Thòya (Thòy’Art).
-Kiyès ki Thòya?
Yo rele m Martine PHEBE,mwen rele tèt Mwen Thòya ,fanmim soti nan sid peyi mwen etidye dwa mwen pa milite.
Mwen lanse Thòy'Art ak sipò Yenny Ferdinand e Thòy’Art se yon espas kote n ap gen pou n wè koze lakilti ak listwa.
E sou yon lanne apre Thòy'Art pwal lanse mouvman ARL kise Mouvman « Agrikilti Rebwazman Lelvay » e se mouvman sa a ki tounen bwa ame Thòy'Art.
-Poukisa ou rele tèt ou Thòya?
Mwen chwazi pote non sa non sèlman pou m onore potorik fanm sa ki se Tant Tòya fanm ki te montre Papa Nasyon an, gason Desalin batay. Men tou poum fè konnen listwa nou gen FANM ki rele FANM ladann.
-Eske nou ka di Thòya se yon vodouyizan? Oubyen yon Tchovi ki leve nan lakou?
Mwen pa vodouyizan,mwen se VODOU,ki di VODOU Di Lanati. ni tou mwen pa yon Tchovi ki leve nan Lakou, men mwen ap aprann de kilti m de listwa m. yon fason pou m pa yon Ayisyen sou papye.Men Yon Ayisyen nan tout bannann l.
-Èskew lib antanke Vodou? E kòman sosyete an wèw ?
-Antanke VODOU mwen lib,mwen natirèl.
Paske m Viv an akò ak Lanati.
Anvan m tè koumanse,m te gentan konnen nan ki sosyete ke m ye.Nan ki nivo legliz, lekòl meten.M Fè ke vanse epim kite yo pale
-Thòya kòman fanmiw yo wèw ak Vodou ke anbwawe an?
-Si yon fanmi chwazi pa pale ak mwen akoz janm ye sa pa dwe ebranle m.
Anpil moun konn pè moun ki jan de moun sa yo,E sa konn rive pafwa menm fanmi yo detache yo de yo e konn pote anpil kritik,Kijanw simonte obstak sa yo?
-Anvan m te koumans mte gentan konnen Nan ki sosyete ke m ye e nan ki Nivo legliz, lekòl mete sosyete nou an.
Mwen konn remake sou rezo yo ou travay ak anpil timoun,Aprann yo konnen peyi yo aprann yo konnen kèk bagay ki makonnen ak kilti nou,Kijan paran timoun sa yo konprann sa?
-Pafwa genyen anpil paran ki pran l byen e lè sa a timoun yo toujou ak nou.
Men genyen ki konn pran sa mal tou sa konn koz timoun yo pa ak nou.
Men pi gwo pwoblèm mwen rakontre nan travay sila a se lekòl ak legliz ki gentan gangrenen sèvo nou,ki rann travay lan vin yon jan difisil.
Rédaction : Amazan Rose Neemie
Révision: Richardson Battelemy
Publication: Faïly Anderson Trazil
© Oeil Partout 2021