Ouanaminthe Info Plus

Ouanaminthe Info Plus Informer, éduquer, distraire sont les fonctions premières de Ouanaminthe Info Plus.
(1)

19/11/2023
19/11/2023

Konbit REbwazman Edikasyon Sante Nasyonal [ KRESAN] remèt Pòt parol komite a yon plak onè pou onore li pou travay lap fè yo . Jodi samedi 18 Novanm 2023 a nan yon kout entèvansyon nan okasyon jounen Rebwazman an Wideline Pierre fè konnen plak la pap itil li anyen toutotan kanal la pa fini ,si dlo a pa rive koule nan plènn nan pou peyizan yo jwenn pou awoze tè yo .

19/11/2023

Reprezantan Òganizasyon Fanm yo nan latibonit Mme Isemene Elismar te pote soutyen yo bay KRESAN nan konbit Rebwazman sou KANAL la 18 Novanm 2023 a pandanl mande popilasyon an pou voye Je sou pye bwa yo pou anpeche bèt kraze yo.

Isemene Elismar te pale konsa

19/11/2023

Eunid production LLC se yon konpayi Lwil kremas k'ap voye prodiksyon Nasyonal la monte nan peyi USA debake sou KANAL la jodi Samdi 18 Novanm nan pou pote sipò li pandanl te tou profite patisipe nan kanpay rebwazman KRESAN t'ap oganize sou KANAL la Nan okazyon Batay vètyè a.

Ann viv kijan Anbyans la te ye

19/11/2023

Yon group BSAP ki soti Okap debake sou kanal la nan aswè 18 Novanb 2023 a pou rann vizit ak konfrè gad parey yo
Ouanaminthe Info Plus

18/11/2023

Foul anbyans jounen 18 novanm 2023 a, kanal la kontinye reyini pitit peyi a ansanm.

Prezidan komite kanal Wanament lan Pastè Moïse JOSEPH di nenpòt moun ki yon gen bato siman vini avèl nan pò Fòlibète a, ...
18/11/2023

Prezidan komite kanal Wanament lan Pastè Moïse JOSEPH di nenpòt moun ki yon gen bato siman vini avèl nan pò Fòlibète a, y'ap debake l epi yap tou louvri pò a yon fwa.

WANAMENT/NODÈS/ANVIWÒNMAN****************************************Konbit Rebwazman Edikasyon Sante Nasyonal (KRESAN) nan ...
18/11/2023

WANAMENT/NODÈS/ANVIWÒNMAN
****************************************
Konbit Rebwazman Edikasyon Sante Nasyonal (KRESAN) nan tèt kole ak patnèl yo òganize yon konferans deba nan jounen vandredi 17 Novanm 2023 nan sant Kiltirèl Reine Marie Louise la an prezans plizyè Elèv lekòl, Òganizasyon de Baz ak Manb nan Sosyete Sivil la pou esplike yo enpotans Anviwònman an genyen.Nan yon panèl ki te gen plizyè pèsonalite pami yo Me Maismy Mary Fleurant,ing Wideline PIERRE,Lovelie Stanley Numa,Me Jesula BLANC poun site sa yo sèlman.

Aktivite sa fèt a la vèy 18 novanm 2023 kote KRESAN lanse yon kanpay rebwazman pou plante pye bwa nan kwen rivyè masak ak akote KANAL la nan okazyon batay vètyè a yon fason pou yo rebwaze rivyè a.

Pye bwa se lavi olye w koupe,plante pito se konsa Me Fleurant te komanse entèvansyon li nan konferans la pandanl fè konnen se bwa yo ki fè lapli tonbe e se yo ki fè nou respire yon bon lè nan anviwonman an.Me Maismy Mande popilasyon an pou sispann koupe pye bwa yo malgre li rekonet febles ki gen bò kote leta a.

Wideline PIERRE ki se pòt pawòl KANAL la felisite Òganisyon KRESAN ki pran inisyativ pou rebwaze Basen vèsan yo,pandanl ankouraje popilasyon an pou pran swen bwa sa yo ki pwal itil yo nan kominote a.

N'ap fè Remake Vis kòdonatris KRESAN an Me Jesula Blanc envite tout moun demen Samdi 18 Novanm nan,nan gwo kanpay Rebwazman sa k'ap fèt sou KANAL la,pou yal plante Pye bwa yo.

Aksidan-sou wout laMoun kap frekante  wout nasyonal   #6 la nan zòn mòn kas pridan paske gen yon baskil ki chavire  nan ...
17/11/2023

Aksidan-sou wout la

Moun kap frekante wout nasyonal #6 la nan zòn mòn kas pridan paske gen yon baskil ki chavire nan wout la, sa lakoz sikilasyon an ap fèt anralanti.
OIP poko ka konfime si gen viktim nan kad asidan an.

Kredi foto : Augustin Jean Rony

17/11/2023

Gen espwa pou agrikilti nan peyi a
Dekouvri yon lòt gwo izin transfòmasyon nan Ferye.

G&G Antrepriz kanpe an mòd KPK
Telefòn yo se : +509 4739-7974
Email.: [email protected]

16/11/2023

YON PREMYE EVALYASYON NAN PLÈN BA MARIBAWOU.

Vizit yon delegasyon nan plèn ba Maribawou.

Yon delegasyon ki te konpoze de : Pòt pawòl komite gesyon kanal la, Madam Wideline Pierre, Josaphat Guillaume, Eliphet Jean Gilles ak kèk lòt manm komite a, ak yonn pami manm dyaspora ki te sou plas, vizite yon pati nan plèn nan jounen Jedi 16 Novanm 2023 a.

Vizit la se nan optik pou verifye kantite jaden ki pèdi akoz pa gen dlo, epi gade ki kantite tè lib kiltivab ki genyen, konsa tou gade kantite tè kote kanal la dwe pase, pwofite yon fwa solisite sipò ak kolaborasyon tout moun pou kanal la reyisi.

16/11/2023

Komite kanal la ap fè yon vizit nan plèn Maribawou Jodi Jedi 16 Novanm 2023 a.
OIP sou plas, nap vini ak plis detay.

16/11/2023

JISTIS-FÒLIBÈTE

Nan yon odyans koreksyonèl espesyal jounen Mèkredi 15 Novam 2023 a kite dewoule nan tribinal premye Enstans Fòlibète a plizyè detni jwenn liberasyon yo.

Nan lide pou jiridiksyon lanse uon siyal pou di fòk prizon dezangòje, sitou gen anpil dosye ki an soufrans epi prizon yo boure ak moun.

Mèt Evens fils ki li menm se Batonye lòd Avoka nan bawo Fòlibète a, ki se manm CSPJ, montre aklè konbyen li enpòtan pou moun ki merite lage yo libere e moun ki merite kondane yo kondane...

16/11/2023

JISTIS-FÒLIBÈTE

Jan tout peyi a anbranl pou mete sou pye odyans koreksyonèl espesyal la, konsa tou jounen Mèkredi 15 Novam 2023 a tribinal premye Enstans Fòlibète a 21 detni jwenn liberasyon yo, nan yon odyans klè ki chita sou baz lalwa.

Sou bò pa chèf pakè a Mèt Eno Zèphirin yo fè yon travay san fòs kote e nan transparans, moun ki merite kondane kondane konsa tou sa ki merite libere libere...

16/11/2023

Anpil preparasyon ap fèt pou batay rebwazman an fèt 18 Novanm 2023 a nan kanal la.
Vis Kòdonatris KRESAN an Jesula BLANC te vizite peyizan yo nan Ferye e li te pale avèk yo.

Yon Ayisyen yon pye bwa.
KPK/ KPR

16/11/2023

WANAMENT-KONTREBANN

2 moun jwenn arèstasyon, 2 moto sezi anpil machandiz sezi, se bilan operasyon divès otorite nan komin Wanament mennen Jodi mèkredi 15 Novanm2023 a .

Jounen Mèkredi 15 Novanm nan lameri de Wanament akonpanye lapolis ladwann ak vis delege awondisman Wanament la, pou n site sa yo sèlman, mennen yon operasyon ki te gen pou misyon sezi tout pwodwi ki soti nan repiblik dominikèn.

Nan kad operasyon sa gen 2 moun ki jwenn arèstasyon, 2 moto sezi ak plizyè machandiz sezi.

Np raplew moun ki jwenn arèstasyon yo pral gen pou peye 50 000 goud ou 500 000 goud selon jan sa te prevwa a, epi yap gen pou yo pran 15 jou prizon toujou selon sa kite ekri nan nòt ki te rann piblik nan dat 13 Novam 2023 a.

JISTIS-FÒLIBÈTENan kad lit detansyon prevantiv pwolonje a, tribinal premyè enstans Fòlibète a tanmen ak odyans koreksyon...
15/11/2023

JISTIS-FÒLIBÈTE

Nan kad lit detansyon prevantiv pwolonje a, tribinal premyè enstans Fòlibète a tanmen ak odyans koreksyonèl la jounen Mèkredi 15 Novanm 2023 a.

Nan odyans espesyal la plizyè moun ap jije, Dwayen Brutus Wilfrid pran syèj anba je ministè piblik ak konsèy defans la.

15/11/2023

Nan moman sa la menm, operasyon sezi kontrebann nan tout lari Wanament ap dewoule

15/11/2023

Apre konferans pou laprès nan dat lendi 13 Novanm 2023 a kote Mèri Wanament entèdi tout kalite prodwi k'ap sòti repiblik dominikèn pou pile sòl Ayiti a.

Ebyenm Jodi mèkredi a nan yon operasyon lamèri ak plizyè lòt enstans konsène mennen deja gen moun ki jwenn arèstasyon nan zòn labeyi ki tap fè kontrebann nap vini ak plis nan yon ti tan

15/11/2023

TAN POU KANAL LA KANPE PITO FWONTYÈ A FÈMEN JISKA LAMÒ PAWÒL YON KILTIVATÈ.

Ouanamintjlhe Info Plus Vizite jaden kiltivatè yo nan premyè seksyon kominal Womaribawou sou abitasyon Wobino.
Kazèk Jean Baptiste Thélusmond ak kèk kiltivatè ki tap travay founi nou enfòmasyon jodi Madi 14 Novanm 2023 a

Yo pwofite mande leta Ayisyen pou l asime responsabilite l fas a agrikilti peyi a, pandan yo pale de yon ansanm pwoblèm yap fè fas ki lakoz yo pa ka pwodwi, pami yo, prè, bank agrikòl, manke dlo...

Yon lòt kote yo pwofite retire chapo yo byen ba devan Agwo Aksyon Almand ki deja pwomèt yo plan pwa nwa, pou rezon sa yo deja ap prepare jaden yo.

14/11/2023

Nan okazyon anivèsè Fernando ESTIMÉ ki pase ayè Lendi 13 novanm nan ,Jodi madi 14 novanm 2023 a sitwayen Estime chwazi bay sibvansyon ak 11 ouvrye kap travay sou Kanal Wanament la poul di yo Mèsi pou sèvis yo bay peyi a. li profite di yo panse ak yo nan okazyon anivèsè li.

KPK 🇭🇹🇭🇹🇭🇹
Pami yo Boss Milouz ,boss koko,yon ajan Bsap , Atis Blak Mayous elatrye.

OunamintheInfoPlus

DIREKSYON DEPATMANTAL LEVASYON NÒDÈS LA ENVITE KANDIDA KI PAT REYISI YO POU PASE ENSKRI POU EGZAMEN REKALE DESANM 2023 A...
14/11/2023

DIREKSYON DEPATMANTAL LEVASYON NÒDÈS LA ENVITE KANDIDA KI PAT REYISI YO POU PASE ENSKRI POU EGZAMEN REKALE DESANM 2023 A.
****************************************

Direktè depatmantal Edikasyon Nòdès la Joseph Edgar Dumay ( Mèt Djo) envite tout kandida ki pat reyisi nan dènye egzamen S4 yo ( Filo) ki vle patisipe nan egzamen Bakaloreya rekale yo, pou pase enskri nan nenpot biwo BDS nan depatman an, soti 6 Novamm pou rive 24 Novanm 2023 a.

OUANAMINTHE INFO PLUS 13-11-2023,
Direktè Edikasyon Nòdès la presize pou l di se sèlman kandida ki te echwe nan dènye egzamen Leta yo , ki gen dwa patisipe nan eprèv ofisyèl sa yo. Kandida sa yo ap konpoze sèlman nan matyè yo pat fè mwayèn ladan, pandan l fè kwè direksyon depatmantal lap dirije a deja pran tout dispozisyon ki nesesè pou pwosesis enskripsyon an byen dewoule nan Nòdès.

Pou yon kandida pasipe nan egzamen yo daprè Joseph Edgar Dumay fok li gen :
- Fich patisipasyon nan dènye egzamen yo oubyen yon atestasyon relve ministè a bay li;
- De (2) foto idantite ;
- Frè patisipasyon an de mil (2000) goud pou chak kandida.

Direktè Dumay ankouraje tout kandida yo pou prepare yo davantaj, pou egzamen an kap komanse 18 pou rive 21 Desanm 2023 a.

13/11/2023

OTORITE YO NAN WANAMENT ENTÈDI PRODWI REPIBLIK DOMINIKÈN YO ANTRE AYITI.
********************************************

Nan yon konferans ak laprès lendi 13 Novanm 2023 a Mèri Wanament rann piblik yon nòt ki entèdi tout kalite prodwi k'ap sòti repiblik dominikèn pou pile sòl Ayiti a.
Yonn aprè lòt LUMA DEMETRIUS ak REMY OCCEAN te pale konsa.

12/11/2023

Gwo plezi sou kanal la
Bon van ap soufle.

Kanal pa konn kanpe se kouche l kouche, se slogan ki kontinye makònen chèn solidarite sou kanal la jodi Dimanch 12 Novanm 2023.

Yon sitwayen pwofite pote kleren tranpe pou remanbre pwisans mesye yo

Viv anbyans la ak OIP

MONBIN CROCHU/NÒDÈS/KORIPSYON*****************************************LAPOLIS MARE KON KRAB,KONTAB ARY JOSEPH AK PITIT L...
12/11/2023

MONBIN CROCHU/NÒDÈS/KORIPSYON
*****************************************
LAPOLIS MARE KON KRAB,KONTAB ARY JOSEPH AK PITIT LI CARL JOSEPH POU ENPLIKASYON PREZIME YO NAN MOVE ZAK
""""""""""""""""""""""""""""""""""""""""""""""""""""""""""“""""""
La Polis nan Monbin Crochu mete lapat sou Kontab Mèri Monbin an Ary Joseph nan jounen Vandredi 10 Novanm 2023 a.Kontab la ki pase anviwon 15 lane ap travay nan Mèri a te gen Manda dèyèl Pandan Plizyè Mwa l fè nan Mawon akoz li detounen lajan nan Mèri a nan fè 0 tounen 9 Selon Juj de paix komin nan Jean Mary Gelin.

Pandan Lapolis mete Kontab la yon kote pou Machin pa frapel,Carl Joseph ki se pitit Gason li ki vin mete presyon pou lage Papa l te nan demele ak lajistis.SDPJ Okap ki t'ap chèche Carl ak balèn yo pat janm jwenn li voye yon manda touswit bay lapolis monbin pou mete l menm kote ak Papa l,se konsa lapolis fouke jèn gason sa ki ta patisipe nan lanmò yon polisye nan dezyèm vil peyi a.

N'ap fè Remake kout filè sa fèt se Gras a konsèy Minisipal la ak biwo Vis Delegasyon Arondisman valyè a ki pa chita menm kote ak koripsyon.

men fòk nou di kominote a bat bwavo la kontantman pou kout filè sa san bliye anplwaye meri a paske depi lè kontab la te mete kostim mawon sou li a yo pat janm ka touche.

Pou koulyeya Papa ak tout Pitit Gason li nan komisarya Monben an y'ap tann pou Lajistis voye chèche yo aprè juj la te fin tande yo.

11/11/2023

Funérailles de Coach Gary Joseph

11/11/2023

Nan emisyon koze Mande ti chèz sou radio canarie 98.3FM
Ansyen sénateur wanick Pierre fè konnen Wideline pierre pa pòt paròl komite kap Jere konstriksyon kanal la Jan anpil moun e menm madam la ta fè kwè sa m’en se plizyè moun kifè pati de yon sou komisyon kominikasyon ki pou pote paròl komite egzekitif travay la, pat Janm gen yon chwa antre yo pou te chwazi yon moun kòm pòt paròl .

10/11/2023

Coupe sénateur Wanique Pierre 2ème édition vendredi 10 octobre 2023
Derak VS FC T Zanmi

10/11/2023

12h22 mnt
Tè a souke byen fò nan komin Wanament Depatman Nòdes sa ki lakoz elev lekòl yo pete kouri kite sal de klas yo.

10/11/2023

Lapolis/BSAP mete men sou plizyè Moto 3 wou maten Vandredi 10 Novanm 2023 a ki te chaje ak machandiz Ayisyen achte nan Repiblik Dominikèn, nan kad kontrebann kap fèt sou fwontyè a.

Selon kèk temwen sa se jis yon ti echantiyon nan kantite machandiz kat antre ilegal sou tèritwa nasyonal la chak jou, lannwit kou lajounen.

Pandan nou swete fwontyè a fèmen pou ni rich ni pòv, pou evite yon bò balans peze plis ke lòt.

09/11/2023

KPK/Kanal pap kanpe
Travay OIP ap fè a pa sispann apresye

Enplikasyon Redak an chèf Ouanaminthe Info Plus la Jeffly Guerrier ak DG a Luckson Joazard (Kenny)
KPK/KPR nou la prèd.

09/11/2023

Direktè depatmantal Bsap nòdès la Samson Camiel reyaji aprè li fin viktim anba men kèk manb nan popilasyon an ki bò kanal la pandanl demanti enfòmasyon ki ta fè kwè li dezame Bsap yo.

Samson Camiel te devan kamera ouanaminthe Info Plus

08/11/2023

Polifront yo kontinye frekante espas kanal la jounen Mèkredi 8 Novanm 2023 a.

Se toujou nan lide pou pote soutyen nan espas la, Ajan lòd yo deplwaye pou vizite liy baraj la.

Yo pwofite reponn a envitasyon kolonèl lame Dominikèn nan espas net la, kote kolonèl la montre li dezole pou ensidan yè Madi 7 la kote yo te mete lame yo an branl kont Ayisyen epi pwente zam sou moun ki te nan espas kanal irigasyon an a koz diskisyon pou limit.

Direktè Depatmantal BSAP Nòdès la Samson CAMIEL blese ak kout wòch anba men yon gwoup moun kite an kòlè kont li pandanl ...
08/11/2023

Direktè Depatmantal BSAP Nòdès la Samson CAMIEL blese ak kout wòch anba men yon gwoup moun kite an kòlè kont li pandanl tal vizite kanal la nan lannwit madi 7 novanm 2023 kòm kwa li ta retire gwo zam lagè yo nan ajan BSAP yo depi kèk jou, daprè yo sa ki lakoz Ajan yo pat goumen avèk lame Dominikèn kite pile espas net la, pou manm popilasyon-an sòlda Dominiken yo pat gen dwa pile espas la yo di kise tè papa Desalin.

Nan yon entèvyou li bay Radio Canarie fm aprè ensidan-an fè kwè se manipilasyon,se moun ki anvi pòs li okipe-a e pami konplotè yo genyen ajan BSAP ladan yo ki fè manti sou li pou metel anfas popilasyon-an sou baz li te retire gwo zam nan men yo, yon enfòmasyon li demanti,li sèlman konfime li achte yon M4 pou kò BSAP la Direksyon Depatmantal la poko mete zam sa an posesyon okenn ajan,pandanl felisite e remèsye Lapolis Nasyonal Dayiti ak Bondye ki sove lavil anba men gwoup moun kite an kòlè yo.

Direktè Depatmantal BSAP Nòdès la Samson CAMIEL deklare malgre yap fè difamasyon sou li li pap lage popilasyon-an fòk kanal la fini sa ki daprè li pral reprezante fyète nou kòm pèp.

Kredi GUIOMÈTRE WIDLIN, JOUNALIS

08/11/2023

Tout krabinay sou jounen Madi 7 Novanm 2023 a.

- Solda Dominiken yo pwente zam sou popilasyon ayisyèn nan, ajan,BSAP kanpe anfas yo.

- Kèk sitwayen Ayisyen bouke kawotchou nan espas la, aprè kesyon pwente zam sou yo a, yo fè yon kanal pou anpeche machin sòlda RD yo sikile nan espas net la.

Plizyè inite nan PNH la ranfòse liy nan.
- Yon gwo avanse fèt nan tèt kanal la.

Se tout enfòmasyon OIP pote pou ou.

07/11/2023

KPK pi rèd.

Malgre gwo menas Rd sou pwòp tèritwa nou an, bòs yo kenbe djanm pou kontinye travay nan tèt kanal la.
Anpil travay fèt.

Viv avèk OIP travay kap fèt jodi 7 Novanm 2023 a.

Adresse

Ouanaminthe

Téléphone

+50942464689

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Ouanaminthe Info Plus publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L'entreprise

Envoyer un message à Ouanaminthe Info Plus:

Vidéos

Partager