Variation Infos Plus

Variation Infos Plus we love every passion and interest on Earth because it is a reference to your.

Ethnic Tie-dye Flared Sleeve Causal Maxi Dress
05/10/2023

Ethnic Tie-dye Flared Sleeve Causal Maxi Dress

Nan kad ankèt kap mennen pou jwenn koupab asasen ansyen chèf repiblik la Jovenel Moïse la, jij   konvoke  ansyen prezida...
02/10/2023

Nan kad ankèt kap mennen pou jwenn koupab asasen ansyen chèf repiblik la Jovenel Moïse la, jij konvoke ansyen prezidan repiblik la ki se chantè gwoup Sweet Micky a madi kap 3 Oktòb la nan kabinè li nan kad travay li sou dosye enkèt asasina ansyen lokatè palè nasyonal la Jovenel Moïse.

Prezidan Jovenel Moïse te jwenn lanmò li nan lannwit 6 pou louvri 7 jiyè 2021 nan rezidans prive li an konplisite kèk nèg nan peyi a.

 ,  ,  ,  ,  ,  ,  ,  ,  ,   ak   se 12 peyi  sa yo ki pote yo volontè pou akonpanye peyi   nan kad fòs miltinasyonal ka...
27/09/2023

, , , , , , , , , ak se 12 peyi sa yo ki pote yo volontè pou akonpanye peyi nan kad fòs miltinasyonal kap gen pou vin ede la konbat nèg ak zam yo kap feraye lib e libè anba je otorite yo nan 4 kwen peyi a.

24/09/2023

Yon nouvo inite ki pote non Inite Tenporè Anti Gang " " prezante Samdi 23 Septanm 2023 a nan lokal direksyon jeneral la. Daprè responsab yo nan lapolis la fè konnen nouvo inite sa regwoupe plizyè polisye ki soti nan diferan inite espesyalize nan, inite sa gen kon misyon demantle tout fwaye gang kap boujonnen sout teritwa nasyonal la kap twouble lapè piblik.

23/09/2023

Peyi Dayiti menm jan ak peyi St-Doming gen dwa pou l eksplwate resous li. Se diskou Premye minis defakto a Dr. Ariel Henry fè yè sou tribin ONU nan 78em asanble jeneral ONU an. Chèf primati repiblik la ale pilwen poul di fòk dlo rivyè Masak la byen separe, pandan li di chak peyi dwe eksplwate kantite yo dwe eksplwate. Pèp Ayisyen an chwazi chimen dyalòg ak negosyasyon nan respè akò ki te siyen nan lane 1929 ak 2921 an.

Pou selebre 340èm anivèsè egzistans pawas NOTRE DAME DU ROSAIRE nan komin   jou kap 7 Oktòb 2023 kap vini la,  Meri   na...
22/09/2023

Pou selebre 340èm anivèsè egzistans pawas NOTRE DAME DU ROSAIRE nan komin jou kap 7 Oktòb 2023 kap vini la, Meri nan tè kole ak demare yon kanpay netwayaj nan komin sila.

Majistra prensipal komin nan, fè konnen gras ak sipò yo deja mete plizyè materyèl woulan disponib pou fè asenisman epi reyabilite divès twonson wout nan komin sila nan objektif pou pèmèt kokenn chenn evenman sa rive reyisi.

Nan yon odyo vòyz ka sikile sou rezo yo ko te tout mou ka tande plizyè chèf gang kap opere nan kapital la kou vil pwoven...
22/09/2023

Nan yon odyo vòyz ka sikile sou rezo yo ko te tout mou ka tande plizyè chèf gang kap opere nan kapital la kou vil pwovens yo tankou (Fontamara), (Cx-des-Bouquets), (Martissan), (Ba Delma), (Belekou), (Savien) pou site sa yo sèlman mete tèt yo ansam lanse yon kwalisyon ki pote non "VIV ANSANM". Nan odyo sa chèf gang sa yo bay popilasyon an kapab sikile lib e libè san kè sote epi dyaspora kapav antre nan peyia vin envesti. Lapolis kapab patwouye nan katye popilè yo maten midi kou lannwit si ta vle kwè pawòl chèf gang yo.

  ki se nouvo antrenè seleksyon Ayisyenn feminin nan fè premye viktwa li nan premye jounen lig dènasyon  feminin. Gras a...
22/09/2023

ki se nouvo antrenè seleksyon Ayisyenn feminin nan fè premye viktwa li nan premye jounen lig dènasyon feminin. Gras ak yon gòl nan 70' sou yo pas de , Ayiti bat Kostarika 1-0. Grenadyè yo ap gen pou jwe prochen match yo ak ekip St-Kitts and Nevis la jou ka 25 Oktòb 2023 kap vini la

Federasyon Ayisyen Foutbòl la prezante yè mèkredi 20 septanm 2023 a   kòm nouvo seleksyonè seleksyon Ayisyènn feminin na...
21/09/2023

Federasyon Ayisyen Foutbòl la prezante yè mèkredi 20 septanm 2023 a kòm nouvo seleksyonè seleksyon Ayisyènn feminin nan. Mr. Frédéric gen pou misyon kalifye grenadyè yo nan lig dèchanpyon CONCACAF feminin nan epi kondwi yo nan 2024 la.

Seleksyonè ap gen pou fè debi li ak seleksyon Ayisyenn feminin nan jodi jedi sa kont ekip Kostarika nan premye joune lig dèchanpyon CONCACAF la nan estad Félix Sanchez, (RD).

Aprè plizyè mwa peyi Canada te fè yon ti silans sou sanksyon yo tap bay ak plizyè politisyen, chèf gang ak kèk moun ki f...
21/09/2023

Aprè plizyè mwa peyi Canada te fè yon ti silans sou sanksyon yo tap bay ak plizyè politisyen, chèf gang ak kèk moun ki fè pati sektè prive peyi dayiti jodi jedi 21 Septanm 2023 sa a, gouvènman Kanadyen an relouvri kaye sanksyon an kote yo ajoute 3 lòt non ki fè pati elit ekonomi Ayisyènn nan. Moun sa yo se , ak . Gouvènman Kanadyen an fè konnen moun sa yo sanksyone akoz yo antre nan finnanse chèf gang pou kraz peyi a ak koripsyon.

Nan yon kominike ki pote dat Mèkredi 20 Septanm 2023 a Gouvènman Ayisyen an ansanm ak gouvènman peyi Kenya nan tèt kole ...
21/09/2023

Nan yon kominike ki pote dat Mèkredi 20 Septanm 2023 a Gouvènman Ayisyen an ansanm ak gouvènman peyi Kenya nan tèt kole deside etabli relasyon diplomatik a pati dat kominike a siyen an, 2 peyi yo ap genyen pou vove anbasadè yo lakayo yon manyè pou reprezante yo.

Nap raple nou nan kriz ensekite peyi Dayiti atravèse l la dènye jou sa yo kote bandi ak tout kalite zam ap dechèpiye, vyole, tiye epi mete dife nan kay malere ak malerèz yo, peyi Kenya deside ofri èd fòs militè li ak peyi Dayiti pou ede yo konbat gang kap opere an tout enpinite. Otorite Kenyan yo deja voye ekspè yo vin etidye teren an kote yap tann repons asanble sekirite ONU pou yi deplwaye sou teritwa..

Prezidan Repiblik Dominikènn nan   di li apiye deklarasyon omològ li a   fè jodi a nan 78e asanble jeneral l'ONU sou dos...
20/09/2023

Prezidan Repiblik Dominikènn nan di li apiye deklarasyon omològ li a fè jodi a nan 78e asanble jeneral l'ONU sou dosye Ayiti ki mande sekretè jeneral nasyon zini an pou otorize yon deplwaman fòs militè entènasyonal sou sòl peyi Dayiti kap gen kòm misyon ede la konbat gang yo kap twouble lapè piblik nan 4 kwen peyi Dayiti. Daprè sa li di son kont "X" li.

Chèf Repiblik Dominiken an kap patisipe nan 78e asanble jenetal ONU ap gen pou di diskou li demen mèkredi 20 septanm 2023 a 3h.

“Pèp Ayisyen an paka tan lontan”, se pawòl prezidan   fè sou tribin asanble jeneral Nasyon Zini "ONU" nan ouvèti deba yo...
20/09/2023

“Pèp Ayisyen an paka tan lontan”, se pawòl prezidan fè sou tribin asanble jeneral Nasyon Zini "ONU" nan ouvèti deba yo nan 78e sesyon asanble jeneral . #1 mezon blanch lan mande konsèy sekirite ONU an pou otorizeyon deplwaman yon fòs entènasyonal an Ayiti. Fòs sa, pral ede PNH la konbat gang yo kap twouble lapè piblik nan 4 kwen peyi a.

CONCAC chazi 2 abit Ayisyènn pou dirije match foutbòl kap opoze Republique Dominicaine ak Barbade pou lig Nasyon Feminin...
19/09/2023

CONCAC chazi 2 abit Ayisyènn pou dirije match foutbòl kap opoze Republique Dominicaine ak Barbade pou lig Nasyon Feminin kap fè 26 septanm 2026 kap vini la.

Pou make 265èm anivèsè nesans anperè Jean Jacques Dessalinnes jou kap 20 Septanm 2023, biwo premye minis la fè konnen na...
18/09/2023

Pou make 265èm anivèsè nesans anperè Jean Jacques Dessalinnes jou kap 20 Septanm 2023, biwo premye minis la fè konnen nan yon nòt pou laprès pibliye jou kite 15 Septanm 2023 lekòl, enstitisyon piblik ak prive pap chome.

Jean Jacques Dessalinnes fèt nan dat 20 Septanm 1758 sou abitasyon Vye Kay, nan Grande Rivière du Nord li te mouri asasinen nan dat 17 oktòb 1806 e lie premye anperè ayisyen.

  (Zafem),   (Klas),  ,   (Kaï),   (Disque Jockey,  ,  ,  ,   (T-Vice),  ,  ,  , se non atis Ayisyen sa yo ki pran inisy...
17/09/2023

(Zafem), (Klas), , (Kaï), (Disque Jockey, , , , (T-Vice), , , , se non atis Ayisyen sa yo ki pran inisyativ pou pote sipò yo nan konstriksyon kanal nan rivyè masak la pou pèmèt kiltivatè yo jwenn dlo pou roze jaden yo yon fason pou popilasyon Ayisyènn nan jwenn manje pou manje ak fanmi yo epi retire vant yo sou kont Rep. Dominikènn. Pilwen Atis sa yo voye yon mesaj bay popilasyon an pou di yo veye anwo kou anba kont tout politisyen do kale kap vin pran woulib sou dosye sila.

16/09/2023

Adresse

Mirebalais

Téléphone

+8617065214372

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Variation Infos Plus publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L'entreprise

Envoyer un message à Variation Infos Plus:

Vidéos

Partager

Type