ExaPress

ExaPress Informations de contact, plan et itinéraire, formulaire de contact, heures d'ouverture, services, évaluations, photos, vidéos et annonces de ExaPress, Société de médias/d’actualités, Delmas.

19/09/2024

DCPJ arete yon polisye ki nan konivans ak bandi,la près pa gn aksè ak enfòmasyon sa.
Selon yon sous pwoch enstitisyon polisyè yo,premye minis la entèdi ak direksyon santral polis jidisyè a prezante prezime a.
Nap fè remake,polisye sa te fè pati kòtèj PM Conille.

05/09/2024
05/09/2024

Kèk gran pwen kap domine aktwalite a pandan semèn sa.
1)Operasyon fòs lòd yo toujou ap kontinye nan bèlè,solino,delma24,plizyè bandi ta deja fè vwèl pou peyi San chapo.

2)Yè mèkredi ki te 04 septanb 2024 la,PM nan ak minis afè etranje a,te nan debakeman yon lo materyèl pou fòs lame dayiti.

3)Se jodi jedi 05 septanb lan,sekretè jeneral nasyon zini an ap gn pou'l vizite peyi a,yon vizit ki ta deja bay gwo panik,kè sote nan konsèy prezidansyèl la,swit ak 3 konseye nom yo ta site nan zak kòripsyon.

4)EDE,ki se pati politik Ansyen minis Claude Joseph ap dirije a,di li prè pou ranplase reprezantan yo a,Smith Angustin nan konsèy la,aprè nom li ta fin site nan zak kòripsyon BNC a.

5)Selon kèk medya ameriken,Etazini ap etidye posibilite pou ta transfòsme fòs miltinasyonal la,an misyon de pè,kòz yo pap gn mwayen pou ekipe fòs miltinasyonal la.

20/08/2024

Ayiti pran nan konplo entènasyonal.

Nòt direksyon radyo Rega fè soti aprè arestasyon Banatte Daniel,pou'l fè konnen jounalis la gen 2 mwa depi li pa anime e...
17/08/2024

Nòt direksyon radyo Rega fè soti aprè arestasyon Banatte Daniel,pou'l fè konnen jounalis la gen 2 mwa depi li pa anime emisyon regard aktyalite ke li te konn fè chak 6 aprè midi.
Banatte jwenn arestasyon'l pandan yon operasyon DCPJ nan anvayi otèl yèswa 15 dawout la.

Sa se deklarasyon kòmandan an chèf fòs kenyan.Malgre tout kritik fòs miltinasyonal ap jwenn bò kote majorite popilasyon ...
17/08/2024

Sa se deklarasyon kòmandan an chèf fòs kenyan.
Malgre tout kritik fòs miltinasyonal ap jwenn bò kote majorite popilasyon an,kap mande ki itilite yo nan peyi a,se atò resposab twoup la ap bay promès.

Nan yon kominike minis jistis la,Carlos Hercule mete deyò,fè konnen lapolis jwenn lòd pou trake tout bandi kap touye pop...
10/08/2024

Nan yon kominike minis jistis la,Carlos Hercule mete deyò,fè konnen lapolis jwenn lòd pou trake tout bandi kap touye popilasyon an,
Komisè gouvènman gen poul pouswiv tout asasen,tout konplis ki vle trouble la pè piblik.

1ère Oktòb se dat gouvènman kenbe pou rewouvèti lekòl nan peyi a.Minis edikasyon an fè deklarasyon sa maten madi 6 dawou...
06/08/2024

1ère Oktòb se dat gouvènman kenbe pou rewouvèti lekòl nan peyi a.
Minis edikasyon an fè deklarasyon sa maten madi 6 dawout 2024 la,nan yon vizit li te fè nan kolèj kanado akonpanye PM Garry Conille,pandan dewoulman 2èm jounen egzamen final pou elèv NS4 yo.

Pandan gang 400 mawozo ap kraze komi'n gantye,jiskaprezan gran sid la bloke onivo gresye.ebyen mesye Kenya yo,ki vini na...
05/08/2024

Pandan gang 400 mawozo ap kraze komi'n gantye,jiskaprezan gran sid la bloke onivo gresye.ebyen mesye Kenya yo,ki vini nan misyon pou Vin ede la polis goumen kont gang yo,deja di tout bagay ok nan peyi a.
Nap raple gen anviron 600 polisye kenyen ki deja antre nan gad misyon sa.

Imaj sa,se ti mesye 400 mawozo,ki anvayi dwa'n gantye a jodi dimanch 4 out la,yo pran epi boule yon blennde PNH.Yon lòt ...
05/08/2024

Imaj sa,se ti mesye 400 mawozo,ki anvayi dwa'n gantye a jodi dimanch 4 out la,yo pran epi boule yon blennde PNH.
Yon lòt bò reponsab la polis yo fè konnen,fòs lòd yo toujou gen kontròl komi'n gantye,Cha gang 400 mawozo boule a,te anpann depi kèk jou,li pat nan operasyon la polis ap mennen nan komi'n nan.E yo di operasyon an ap kontinye sou gantye.
Kounya eske wo kòmandman PNH la ap bay manti,oubyen kote gang 400 mawozo jwenn ak blennde sa?

30/07/2024

Jodi lendi 20 jiyè 2024 la,premye minis Garry conille tal rann yon vizit nan lopital jeneral,yon vizit ki te debouche sou anpil kout bal,se te gwo van panik nan kapital la jodia,koz bandi ak zam tal tante bloke PM nan anndan lopital la,yon plan ki pat reyisi.
Nap raple lopital jeneral,se pi gwo lopital peyi a,ke nèg ak zam te pran pou kachkach yo,pou tire ak fòs lòd yo.
Yon espas ke DG PNH la te di la polis pran kontròl li.

Aprè anviron 24è de tan,skandal ki enplike 3 manb konsèy prezidansyèl yo,Prezidan konsèy la,M.Edgar poko janm di anyen a...
27/07/2024

Aprè anviron 24è de tan,skandal ki enplike 3 manb konsèy prezidansyèl yo,
Prezidan konsèy la,M.Edgar poko janm di anyen atrevè skandal kòripsyon sa.

Sa se lèt prezidan konsèy BNC a,ekri ak PM Conille poul mande ranfòse sekirite li,vi ak menas lap sibi,aprè 3 manb konsè...
26/07/2024

Sa se lèt prezidan konsèy BNC a,ekri ak PM Conille poul mande ranfòse sekirite li,vi ak menas lap sibi,aprè 3 manb konsèy prezidansyèl la ta mandel 100 milyon goud pou'l ka rete nan tèt Konsèy la.
M.Raoul Pascal Pierre Louis menm rive site nom manb konsèy prezidansyèl sa yo,nan lèt la.

Emmanuel Vertilaire
26/07/2024

Emmanuel Vertilaire

Yon peyi nan eta sa,yon konsèy prezidansyèl pran tèt peyi ya,san konsantman pèp la.Aprè pil kontestasyon, yo rive enstal...
25/07/2024

Yon peyi nan eta sa,yon konsèy prezidansyèl pran tèt peyi ya,san konsantman pèp la.
Aprè pil kontestasyon, yo rive enstale nan tèt peyi a,olye pou yo travay retire peyi a,anba gang,kòripsyon.men se yo menm kap ranfòse kòripsyon,nan goumen pou pòs.

Smith Augustin,Louis Gérald Gilles,Emmanuel vertilaire,se nom 3 manb konsèy prezidansyèl ki enpliske nan zak kòripsyon,kote yo egzije prezidan BNC a dekese 100 milyon goud an favè yo,pou'l ka rete nan tèt konsèy BNC a.
Yon dosye ke ULCC deja pran an chaj,kòz plizyè plent ki ta deja depoze kont manb konsèy prezidansyèl sa yo.

24/07/2024

Daprè avoka imigrasyon an,ekip Trump lan prevwa pou yo kanpe TPS la ak tout program Biden nan.
Ki donk si ansyen prezidan Donald Trump ta rive prezidan,anviron 800 mil Ayisyen pral depòte,selon Frandley D.Julien.

24/07/2024

Bonswa fa'n nou yo!
Nou eskize'n kote piblik nou an,aprè anviron yon mwa nou pat pataje okenn enfòmasyon.
Nou la,nap kontinye enfòme,fòme nou.
Nou mèt kontinye fè ExaPress konfyans.

Anfen,ministè la jistis resi jwenn bann ak pakèt denonsyasyon yo konn fè kont komisè Gouvènman okay la Ronald Richemond.
27/06/2024

Anfen,ministè la jistis resi jwenn bann ak pakèt denonsyasyon yo konn fè kont komisè Gouvènman okay la Ronald Richemond.

Adresse

Delmas

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque ExaPress publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Vidéos

Partager


Autres Société de médias/d’actualités à Delmas

Voir Toutes