Alpha Mega Info

Alpha Mega Info Alpha Mega Info est un média d'actualités 24/24

22/01/2025

Konferans pou laprès Kolektif Sosyete Sivil Kwadèboukè jodi madi 21 janvye 2025 la

20/01/2025
Nan Bas Delmas, pandan yon  operasyon la polis ayè  jedi 21 novanm 2024 la, plizyè bandi manb aktif nan kowalisyon krimi...
22/11/2024

Nan Bas Delmas, pandan yon operasyon la polis ayè jedi 21 novanm 2024 la, plizyè bandi manb aktif nan kowalisyon kriminèl "Viv Ansanm" nan pèdi lavi yo, pami yo "Ti Chinay" ak "Ti Dyab", nan echanj kout zam ak fòs lòd yo, pandan operasyon sila, Jimmy Cherisier alyas Babekyou te sou plas li te oblije mete van nan vwèl li epi kite youn nan zam Kalashnikov li yo atè selon sa responsab polis la fè konnen.

https://www.facebook.com/share/p/1XsygHDadS/

17/11/2024

Lancement offiel de la Coordination Départementale du SUD-EST du parti ÉLAN DÉMOCRATIQUE POUR LA MAJORITÉ (EDEM), ce Samedi 16 Novembre 2024 au local MACANDA à JACMEL. Cette structure politique visant le bien être collectif, basé sur 5 axes prioritaires la réforme de l'État, la Décentralisation, la Protection sociale, la Technologie, la Science & l'Industrialisation du pays.

22/10/2024

ÈSKEW SANTIW FYÈ NAN TÈT Police Nationale d'Haiti - PNH DG ? Kisa wap tann pou aji ?

16/10/2024

Ayiti-Sosyal : Lansman Atelye pou amelyore asistans sosyal an Ayiti, yon etap enpòtan pou Caisse d'Assistance Sociale / CAS

Anba tèm : « Renforcer l’assistance sociale en Haïti : défis, opportunités et perspectives d’avenir », Caisse D'Assistance Sociale (C.A.S) te fè lansman ofisyèl yon atelye kap dire de (2) jou, ki kòmanse ayè lendi 14 oktòb 2024 la, nan Hotel KARIBE nan Pétion-Ville, atelye sa ki dedye avèk anplwaye (C.A.S) yo nan objektif pou yo ka gen konpetans ki nesesè pou byen satisfè bezwen moun ki pi vilnerab yo nan Peyi a.

Atelye sa te òganize pa yon ansanb ekspè nasyonal ak entènasyonal, non sèlman ranfòse kapasite entèn anplwaye C.A.S yo, men evènman sa ki konstitye yon opòtinite valab pou fè echanj lide ak devlope estrateji ki vize amelyore efikasite entèvansyon sosyal yo an Ayiti men tou pou sansibilize patnè sektè sosyal la pou mobilize resous yo ankò pi plis pou fè fas ak problèm sa.

Direktè Jeneral "Caisse d’Assistance Sociale" (CAS), M. Elionor Devallon, te profite okazyon an pou mete aksan sou enpòtans inisyativ sa genyen nan asistans sosyal esansyèl pou sipòte moun ki pi defavorize yo e kontinye pou di tou nesesite ki genyen pou aprann de sistèm asistans sosyal lòt peyi yo, pou yo ka adapte ak pratik reyalite sosyal la nan peyi dAyiti.

Pou fini, Direktris Jeneral Ministè Afè Sosyal ak Travay la, Marie Hérolle Michel, te ensiste pou di : chak aksyon yo antreprann dwe yon levye pou korije enjistis istorik ki te afekte yon gwo pati nan popilasyon ayisyèn nan.

Willio Louis / Wi-News 86

06/10/2024

« Association de Jeunes Promoteurs de la Conscience Nationale » (AJPCN) òganize ak plis pase 60 moun yon aktivite espesyal nan okazyon premye anivèsè li jou vandredi 04 oktòb…

Ayiti-Sosyal : "AJPCN" selebre premye anivèsèl"Association de Jeunes Promoteurs de la Conscience Nationale" (AJPCN)  òga...
05/10/2024

Ayiti-Sosyal : "AJPCN" selebre premye anivèsèl

"Association de Jeunes Promoteurs de la Conscience Nationale" (AJPCN) òganize ak plis pase 60 moun yon aktivite espesyal nan okazyon premye anivèsè li jou vandredi 04 oktòb 2024 la, presizeman nan oditoryòm "Collège Jean Price Mars" ki chita nan nimewo 4, Ruelle "Chrétien" "Impasse Francique", "Lalue", nan "Port-au Prince".

Asosyasyon sa a gen pou objektif fòme sitwayen ayisyen pou yo reveye konsyans nasyonal nan tout depatman peyi a ak aletranje ak slogan li kise : " jeune conscient agit autrement pour Haïti " jèn yo kwè ke Ayiti ka chanje nan mete tèt ansanm, pou yo pa kitel jan ke li ye jodi a, poun goumen poul retounen sa li teye nan tan pase yo.

Nap raplew : se yon seri aktivite ki te kòmanse depi 23 septanm nan menm jou anivèsè a ki pral fini 12 oktòb 2024 la.

Pou plis enfòmasyon rele (+509)3631-7815
[email protected]

08/08/2024

Ayiti-Politik: "Force Sud-Est" e alye pozisyonel fas avèk eskandal ki genyen nan Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an nan yon konferans pou laprès jodi jedi 8 dawout 2024 la

14/07/2024

Lansman Ofisyèl Kòdinasyon Depatmantal Sant Pati Politik « Élan Démocratique pour la Majorité » (EDEM) samdi 13 jiyè 2024, nan Oditoryòm Eben-Ezer Market,Refòm leta, desantralizasyon, rechèch ak devlopman, pwoteksyon sosyal ak endistriyalizasyon.

 -Koripsyon : Yon group anplwaye  nan   denonse epi mande   DG      Yon group anplwaye  nan   denonse zak Koripsyon kap ...
28/06/2024

-Koripsyon : Yon group anplwaye nan denonse epi mande DG

Yon group anplwaye nan denonse zak Koripsyon kap fèt nan bwat la, move jesyon sou tout fòm , yo mande prese prese revokasyon direktè Jeneral la kise , ki sot selebre 100 ane egzistans DGI, kote Fiskalite a pa ka ofri yon bon kalite sèvis, Kontribyab yo ap plenyen nan tout peyi a.

Group anplwaye sa yo te kontinye pou di : pandan 5 dènye ane sa yo, se rakèt kap fèt sou tout fòm nan DGI, rakèt sa yo fèt avèk konplisite direktè Jeneral la ak tout ekip li.

Yon fè konnen : Pwomosyon yo bay sou baz santimantal ak amikal fòk genyen yon fen ki mete ak lidè medyòk sa yo, pou moun ki genyen konpetans, ak Eksperyans, ki genyen vizyon pou chanje sa vin pran tèt DGI.

Group anplwaye sa yo di : Yon DG pap vin divize anplwaye yo, okontrè li te sipoze rann enstitisyon an efikas (maksimize revni yo) epi garanti jistis ant kontribiyab yo epi kreye yon annamoni ak anplwaye DGI a.

Pou fini, Group anplwaye yo egzije se yon anplaye ki genyen pou pi piti 15 a 25 lane eksperyans anndan DGI, epi yo mande avek Konsèy Prezidansyèl la ak PM Garry Conille pou yo nome prese prese yon nouvo Direktè nan DGI.

04/06/2024

Ayiti-Politik : "Konbit PM Garry Conille an Aksyon" mande pou PM nan pa okipe rat dokale politik sa yo kap laloz pou antre anba vant li, nan yon konferans pou laprès jodi madi 4 jwen 2024 la.

21/05/2024

Diskou Majistra Nice Simon, nan okazyon fèt Drapo a 18 me 2024 nan Villa D'acceuil

"Nou Soti anba drapo a kèk tan, nou Gaye, wi, li lè litan poun rekòmanse rasanble anba drapo a"

21/05/2024

Ayiti-Politik : Konferans pou la laprès Kandida pou pòs Premye Minis mesye Jean Hervé Beauport madi 21 me 2024

26/04/2024

Ayiti-Politik : Blòk Avoka Angaje, Pati Politik MUDHAH ak Alye anonse yo pral pouswiv manb Konsèy Prezidansyèl yo lajistis epi gro mobilizasyon nan jou yo 26 avril 2024 [Videyo]👇🏼

Adresse

Rue Lavange, Delmas 19
Delmas
509

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Alpha Mega Info publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Vidéos

Partager

Type