Plizyè Pwofesè nan sid peyi a leve kanpe pou mande leta a travè ministè edikasyon nasyonal yon meyè kondisyon travay. Yo Mande pou leta ba yo kat debi, ajiste salè yo, nome pwofesè ki gen 10 zan ap anseye nan sistèm nan.
Plizyè Pwofesè nan sid peyi a leve kanpe pou mande leta a travè ministè edikasyon nasyonal yon meyè kondisyon travay. Yo Mande pou leta ba yo kat debi, ajiste salè yo, nome pwofesè ki gen 10 zan ap anseye nan sistèm nan...se sa yo ak divès lòt revandikasyon yo fè a leta ayisyen. Yo ale pi lwen pou fè konnen depi yo pa jwenn sa yap mande yo, yap kanpe travay e elèv yo pap jwenn kou e yo fè konnen pwochèn etap la se nan lekòl prive yo prale pou anpeche yo fonksyone.
Dimanch 5 janvye 2025 ozanviwon 5h50 pm nan Vil Okay, chèf Pakè miragwàn nan, Jean Ernest Muscadin vide atè Evalson Vital alyas Rasta, Evalson se nimewo 2 nan baz gang Ti Je nan Kafou Fèy. El pwofite moman pou voye gwo mesaj bay Nenel Cassy.
Dimanch 5 janvye 2025 ozanviwon 5h50 pm nan Vil Okay, chèf Pakè miragwàn nan, Jean Ernest Muscadin vide atè Evalson Vital alyas Rasta, Evalson se nimewo 2 nan baz gang Ti Je nan Kafou Fèy. CG Muscadin pwofite moman pou voye gwo mesaj bay Nenel Cassy.
Òganizasyon PRODEVA Distribiye Anviwon 14 Mil Pye Kafe Nan Komin Bomon Nan Lokalite Kasanèt, Peyizan Yo Bay Bravo Pou Inisyativ Sa.
Òganizasyon PRODEVA Distribiye Anviwon 14 Mil Pye Kafe Nan Komin Bomon Nan Lokalite Kasanèt, Peyizan Yo Bat Bravo Pou Inisyativ Sa.
Direktè Depatmantal Sid Lapolis la, Daniel Compère Te Prezan Nan 10è Edisyon Okay Sou Bekàn ki òganize ayè jedi 2 janvye a nan Vil Okay. Li te pwofite mikwo laprès pou mande popilasyon an kontinye kolabore ak Lapolis.
Direktè Depatmantal Sid Lapolis la, Daniel Compère Te Prezan Nan 10è Edisyon Okay Sou Bekàn ki òganize ayè jedi 2 janvye a nan Vil Okay. Li te pwofite mikwo laprès pou mande popilasyon an kontinye kolabore ak Lapolis pandan yap sipòte pwogram "Je Wè Bouch Pale".
Okay Sou Bekàn / Dizyèm Edisyon #StaffVèkèlè
Okay Sou Bekàn / Dizyèm Edisyon #StaffVèkèlè
Mezanmi lè sa bon di l bon! Beaucejour Jhon Moise (Villa Jhon) Pa sispann epate moun nan Vil Okay. Jan wap gade la, li menm ak ekip debake nan kwa kat chemen byen bonè jodia pou dekore espas la. Sa merite gwo bravo👏🏾👏🏾
Mezanmi lè sa bon di l bon! Beaucejour Jhon Moise (Villa Jhon) Pa sispann epate moun nan Vil Okay. Jan wap gade la, li menm ak ekip li debake nan kwa kat chemen byen bonè jodia pou dekore espas la pou fèt fen ane a. Sa merite gwo bravo👏🏾👏🏾
Komisè Elioth Pierre Paul mare kou krab Jean Mario Auguste jodia nan Mache Kans Okay pandan l al brake moun. Ann Tande…
Komisè Elioth Pierre Paul mare kou krab Jean Mario Auguste jodia nan Mache Kans Okay pandan l al brake moun. Ann Tande…
Roustan Jaboin toujou ap frape wi nan Vil la, Li difisil pou yon moun Okay pa konn jazz sa. 2 mesye sa yo jwe twoubadou yo trè byen.
Roustan Jaboin toujou ap frape wi nan Vil la, Li difisil pou yon moun Okay pa konn jazz sa. 2 mesye sa yo jwe twoubadou yo trè byen.
Mezanmi cheval sa manke foure pye l nan tyaka jodia nan "Okay Sou Cheval"
Mezanmi cheval sa manke foure pye l nan tyaka jodia nan "Okay Sou Cheval"
Okay Sou Cheval / Twazyèm edisyon #StaffAJF
Okay Sou Cheval / Twazyèm edisyon #StaffAJF
Ajan BSAP nan Okay mete anba kòd Elicel Gobert jodia nan Okay, nan lokalite Ka Lako. Ajan Bsap yo arete l paske yo jwenn li ak yon ti kivèt marijuana nan men
Ajan BSAP nan Okay mete anba kòd Elicel Gobert jodia nan Okay, nan lokalite Ka Lako. Ajan Bsap yo arete l paske yo jwenn li ak yon ti kivèt marijuana nan menl.
Komisè Gouvènman jiridiksyon Okay la, Me Elioth Pierre Paul ak ekip li foule beton an jodi Madi 24 desanm 2024 la nan Vil Okay. Nan okazyon an li tcheke kèk moun kap sikile nan Vil la e pwofite mande popilasyon an pou kolabore ak li.
Komisè Gouvènman jiridiksyon Okay la, Me Elioth Pierre Paul ak ekip li foule beton an jodi Madi 24 desanm 2024 la nan Vil Okay. Nan okazyon an li tcheke kèk moun kap sikile nan Vil la e pwofite mande popilasyon an pou kolabore ak li nan lide pou gen yon Vil pezib.