Centre à la UNE

Centre à la UNE Centre à la UNE se yon miltimedya ki fonde 9 jiyè 2020. Media

Li angaje pou l reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo.Misyon l se fòme, enfòme, analize, sansibilize sou diferan domèn, ekonomik, politik ak sosyal 🇭🇹🌎.

Mibalè leve trè kalm maten mèkredi 22 janvye 2025 la. Wout nasyonal la pa Barikade, men sikilasyon an ap fonksyone o ral...
22/01/2025

Mibalè leve trè kalm maten mèkredi 22 janvye 2025 la. Wout nasyonal la pa Barikade, men sikilasyon an ap fonksyone o ralanti. Majorite pòt lekòl yo, enstitisyon piblik kou prive rete fèmen. N ap fè remake, fòs lòd yo arete yèswa yon endividi ame ki rele zòn Sikseven ki t ap tante bloke wout. N ap raple sant vil Mibalè te konnen yon jounen boulvèse ayè madi 21 janvye a.

Centre à la UNE

22/01/2025
Depatman Sant/Tansyon nan vil Mibalè: Nan yon nòt FÒS VIV PLATO SANTRAL ak MOCEC pibliye, yo di  /   ki se gwoup otodefa...
21/01/2025

Depatman Sant/Tansyon nan vil Mibalè: Nan yon nòt FÒS VIV PLATO SANTRAL ak MOCEC pibliye, yo di / ki se gwoup otodefans ki di y ap lite pou sekirite vil Mibalè plis anplwaye meri a, mache tire ak gwo zam nan vil la, fèmen lekòl, lage mache piblik, fèmen meri, tribinal, bloke divès wout maten madi 21 janvye 2025 la, sa ki paralize aktivite yo nan vil la. Tansyon sa a pwodui akoz manm Bakòp Feray la di yo p ap dakò KPT a chanje Majistra nan tèt meri Mibalè a.

Centre à la UNE

EDITORYAL: YON GOUVÈNMAN PÈLEN NAN KLIYANTELIS POLITIK AYITIDepi plizyè deseni, politik Ayisyen an sanble kwense nan yon...
21/01/2025

EDITORYAL:

YON GOUVÈNMAN PÈLEN NAN KLIYANTELIS POLITIK AYITI

Depi plizyè deseni, politik Ayisyen an sanble kwense nan yon sèk visye ki chita sou endividyalis, klantelis, ak patizanri. Dènye nonmen delegasyon depatmantal yo, ki baze sou kalkil politik pito pase konpetans, montre jan sistèm gouvènans peyi a kontinye mete enterè pati ak elit yo devan bezwen reyèl pèp Ayisyen an. Kwonik sa a analize konsekans pratik sa yo epi pwopoze kèk chemen pou sòti nan pèlen sa a.

Yon Gouvènans Kase pa Endividyalis

Sistèm politik Ayiti a karakterize pa yon jesyon ki chita sou pwoteksyon enterè pèsonèl ak gwoup. Chak pati politik, chak alyans, chak gwoup enterè ap chèche kenbe pouvwa politik yo san pran an konsiderasyon byenèt kolektif la. Nonmen delegasyon depatmantal yo se yon bon egzanp sou sa : chak kan politik ap chèche mete reprezantan pa yo, pa pou sèvi enterè depatman an oswa peyi a, men pou ranfòse pouvwa patizan yo. Rezilta : yo mete sou bò kote pos enpòtan yo pèsonèl ki souvan pa gen konpetans oswa eksperyans pou jere yo.

Konsekans Kliyantelis la

Pratik politik sa a pote anpil konsekans grav :

1. Enstitisyon piblik yo ap febli : Mank konpetans nan mitan delegasyon yo paralize administrasyon piblik la epi li fè jesyon sèvis piblik yo vin pi difisil.

2. Pèp la pèdi konfyans : Sitwayen yo, ki deja ap fè fas ak kriz sou kriz, pèdi lafwa nan yon sistèm ki pa reponn ak bezwen yo.

3. Inegalite sosyal ogmante : Desizyon ki baze sou enterè patizan yo favorize yon ti gwoup elit, pandan li mete sou kote mas pèp la ki bezwen chanjman reyèl.

Èske opozisyon an koupab tou?

Opozisyon an, ki ta dwe sèvi kòm yon kontrepouvwa, souvan patisipe nan menm jwèt politik sa a. Yo chèche ranplase lidè k ap jere sistèm nan, olye yo chèche chanje sistèm nan. Absans vizyon kolektif opozisyon an fè li difisil pou kreye yon altènativ politik serye ak dirab.

Kisa pou fè pou chanje sitiyasyon an?

Li enpòtan pou kase ak pratik politik kliyantelis sa a. Men kèk pwopozisyon pou fè sa :

1. Etabli meritokrasi : Nonmen moun nan pozisyon piblik yo dwe fèt sou baz konpetans, pa sou baz afilyasyon politik. Kreye yon komite endepandan pou fè seleksyon an ta ka yon solisyon.

2. Depolitize enstitisyon piblik yo : Pozisyon teknik ak administratif yo dwe pwoteje kont enfliyans politik pou garanti efikasite ak netralite yo.

3. Sansibilize popilasyon an : Yon sosyete sivil ki enfòme e aktif kapab fè presyon sou otorite yo pou mande kont epi denonse abi.

4. Ankouraje yon nouvo jenerasyon lidè : Nou dwe bay vwa ak jenès la, entèlektyèl yo, ak lòt aktè sosyete sivil ki defann yon gouvènans etik ak enklizif.

Yon responsabilite kolektif

Chanje pratik politik Ayiti a pa sèlman responsabilite dirijan yo. Li mande yon efò kolektif ki enplike pati politik yo, sosyete sivil la, medya yo, ak chak sitwayen. Li pa yon kesyon de chèche koupab, men pito bati ansanm yon sistèm ki kapab reponn ak rèv ak espwa pèp Ayisyen an.

Demokrasi Ayiti a ap sèlman fè pwogrè lè li libere tèt li anba chenn kliyantelis ak patizanri. Se sèlman ak yon gouvènans transparan, konpetan, ak enklizif ke nou ka espere yon demen miyò pou Ayiti.

Jean Launy Avril Centre à la UNE

21/01/2025

Jounen lendi 20 janvye 2025 , anseyan nan komin Sèkalasous yo pat rete endiferan, yo te leve kanpe manifeste menm jan ak plizyè lot komin nan depatman Sant la. Melanje ak popilasyon epi elèv lekòl leta yo te pran lari a pou fè pase revandikasyon yo , sa ki ta pral mennen yo mande lekol prive fèmen pòt jiska lendi 27 Janvye kap vini la .
An nou tande responsab sendika yo Wally Louis, Marc Faille Emmanuel et lòt anseyan e nan mikro Librun Win-Girls pou Centre à la Une.

Librun Win-Girls
Sèkalasous, Centre à la UNE

AYITI: Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an nome DELEGE pou dis (10) Depatman yo lendi 20 janvye 2025 la: Andy METELUS pou ...
21/01/2025

AYITI: Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an nome DELEGE pou dis (10) Depatman yo lendi 20 janvye 2025 la: Andy METELUS pou Lwès, Liscold CHARLES pou Sid, Pierre Michel LAFONTANT pou Sidès, Morel Esperance BERNARD pou Nip, Paulémont MICHEL pou Grandans, Marc Merius PRÉSUMÉ pou Nò, Dionel GERMAIN pou Nòdès, Excéus ROCK pou Nòdwès, Frédéric OCCÉAN pou Sant ak Ivens NERELUS pou Latibonit.

21/01/2025

Ayiti Edikasyon : Menm jan ak rès peyi a, lekòl piblik yo kontinye pa fonksyone nan komin Savanèt lendi 20 janvye 2025 la. Pwofesè yo foule beton an pou mande leta Nominasyon, Kat Debi, Ajisteman salè...

Repòtaj FRAGILE Florince

  a nome 10 delege pou dis (10) depatman yo Lendi 20 janvye 2025: Andy METELUS,   ; Liscold CHARLES,  ; Pierre Michel LA...
21/01/2025

a nome 10 delege pou dis (10) depatman yo Lendi 20 janvye 2025: Andy METELUS, ; Liscold CHARLES, ; Pierre Michel LAFONTANT, ; Morel Esperance BERNARD, ; Paulémont MICHEL, ; Marc Merius PRÉSUMÉ, ; Dionel GERMAIN, ; Excéus ROCK, ; Frédéric OCCÉAN, ; Ivens NERELUS,

Centre à la UNE

Adresse

3 Square Lucien Rose
Rennes
35300

Téléphone

+33652704199

Site Web

http://www.centrealaune.com/, http://www.centrealaune.com/

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Centre à la UNE publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L'entreprise

Envoyer un message à Centre à la UNE:

Vidéos

Partager