Tean Renaissance Citoyenne Solidaire

Tean Renaissance Citoyenne Solidaire Tean RCS : Libérez vos énergies Positives pour pouvoir construire la nouvelle Haïti !

08/02/2025

Pandan tout lòt nasyon ap travay jou ak nwit pou devlopman peyi yo, nou menm aysyen se antere nap antere de jou an jou.
Nou menm aysyen, èske kochon manje santiman n nan po bannann?

04/02/2025

Nou pa gen oken repwòch pou n fè ak fòs ki vin ede n derasine gang yo si otorite ki pa pou sekirize peyi ya pa gen yon plan sekirite oudi mwens yon plan batay.Si n serye na sispann rele yo vakansye.Kot plan sekirite Youri Latortue te bay la?

29/01/2025

Lè w pran plezi kritike jounalis ak enfliyansè kap denonse òganizasyon gang/teworis yo, otomatikman w vin alye gang/teworis yo. Map siplye tout sitwayèn ak siywayen mete fòs nou an komen paske pise gaye pa fè kim.

27/01/2025

Nap ekzòte Prezidan konsèy Prezidansyèl la Leslie Voltaire siyen enstore relasyon diplomatik avèk :
Larisi, Lachin anvan li remèt pouvwa bay.
Li pale twòp pase alatak prese prese.

18/01/2025

Tout sitwayèn, sitwayen ann mete fòs nou an komen pou mande lete pou yo dekrete
gang,alye gang ak tout pati politik ki siye nòt a gwoup viv ansanm dwe sou lis òganizasyon teworis. Si n pa fèsa nap pèdi Hayti anvanlontan

17/01/2025

Èske n te konnen si otorite yo dekrè yo ta mete gang ak moun kap vann yo zam , qminisyon yo teworis se tap meyè solisyon pou n derasine gang nan peyi ya. Lè 11 fanmi kap vann dezagreman ak yo pli politisyen wè non yo ap fè tou mond lan …

13/01/2025

Kounyea na konprann rezon ki fè fanm ak gason politisyen al plen yen nan pye KARIKÒM pou kraze KPT ya.
- Mete yo anba kòd malandren sa yo fè twòp krim nan peyi ya

13/01/2025

Mwen siplye Azael Aldajuste a tout lòt sitwayèn, sitwayen pou nou mete presyon sou otorite aysyèn yo pou pran yo arete pou disoud tout pati ak regwoup politik ki asosye yo a gwoup kriminèl yo. Leta dwe mete kriminèl yo sou lis teworis

08/01/2025

Jodi 8 janvye 2025 lan te dwe yon jou pou tout afwodesandan tap medite
Sete yon 8 janvye 1454 sistèm krisyanis te deside mete n nan lesklavaj soupretèsk nou pa moun,nou pa gen nanm plas nou se nan jaden.

21/12/2024

Manman nou se Hayti , fanm ki te souflete Napoléon.

21/12/2024

Mwen sonje Peyi m Hayti, nostalalji inonde m. Hayti manman w se wozo menm lè pliye ratè w pap kase!

21/12/2024

Mwen toujou di m pa negosye Hayti.

16/12/2024

Nou sispèk ekip kap mande pou konsèy la kraze ya se paske yo konstate farin nan pa vin nan menm sak pou gang yo. Yo kouri al mande KARIKÒM revoke moun ki la yo.
Pèp la bezwen al nan mache pou vann rekòt yo san pè ni krent.

11/12/2024

Pitit nou pa ka al lekòl , nou pa al vann sa rekòlte nan jaden nou yo , nou paka dòmi trankil nan vye joupa nou rete fè, nou paka al rann mò nou yo vizit nan simityè. Nou mande pou pèp la pote plent kont 11 fanmiy ki koz Hayti tounen lanfè

10/12/2024

Èske Hayti pa gen sitwayèn ak sitwayen ankò? Si tout fwa gen yen ki ekziste toujou rejwenn Initiatives de Renaissance Citoyenne Initiatives De Renaissance Ctoyenne atravè yon konplo pozitif pou n sove nasyon an.

10/12/2024

Tout sitwayèn ak Sitwayen ap klike sou lyen sa pou abone a
chèn YouTube sa -v9j

08/12/2024

1967 j'aime, 43 commentaires. « »

07/12/2024

Hayti gen 10 depatman si nou jwenn omwen 1.000.000 Sitwayèn ak sitwayen nan chak depatman yo nap ka bati yon pwojè dvlopman Hayti.

Adresse

Boulogne-Billancourt
92100

Téléphone

+33605704950

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Tean Renaissance Citoyenne Solidaire publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L'entreprise

Envoyer un message à Tean Renaissance Citoyenne Solidaire:

Vidéos

Partager