02/09/2022
Poukisa pèp chilyen an mande chanjman konstitisyon?
Aprè tout gwo manifestasyon ki fèt, Chili sou wout poul’ gen yon nouvo konstitisyon. 4 Septanm 2022 pral gen eleksyon pou vote dakò oubyen pa dakò ak nouvo tèks sila a.
Si nou pa defini kisa yon konstitisyon ye, sa’n pral di la yo pap gen okenn sans.
Yon konstitisyon se yon tèks ki di men kijan yon peyi fonksyone. Se li menm ki di men kilè pouw’ fè agoch ak kilè pouw’ fè adwat nan sosyete a. Se ladan ou jwenn tout dwa fondamantal ak devwa leta ak sitwayen yo. Pèsonn moun pa sou tèt li. Konstitisyon an afektew’ nan tout sa w’ap fè andan peyi a.
Ebyen, Poun’ kapab konprann pi byen poukisa pèp la mande change konstitisyon an, li enpòtan poun’ fè yon ti kout pye nan orijin li ki se 11 septanm 1980, dat ke yo te apwouvel’ la. Nan epòk sa, Chili te anba yon regim diktati, e diktatè ki t’ap dirige peyi a lè sa a se general Augusto Jose Ramon Pinochet Ugarte (Pinochet). Yo fè konnen ke tèks sa te ekri nan yon klima vyolans, laperèz ak terè. Li te ekri an favè sektè ki te pi konsèvatè nan sosyete a, yon fason pou yo te ka rete sou pouvwa a, menm aprè peryòd diktati a. E youn nan rezon ki esplike a klè sa nou sot di a, sèke pandan Chili t’ap soti nan diktati pou antre nan demokrasi, Augusto Pinochet, ki se diktatè a, pat abandone politik, malgre li te pèdi pouvwa a nan ane 1990, li te rete nan tèt lame a pou rive jis nan lane 1998. Non sèlman sa, li te konsakre senatè a vi, e li te jwi pozisyon sa a pou rive jouk nan lane 2001. Donk, sa montre ke pandan tranzisyon an pati demokrat yo te oblige negosye e aksepte menm konstitisyon 1980 an.
Alò, prèske 28 lane aprè, èks prezidan Michelle Bachelet, pandan dènye manda li a, 2014-2018, ta pral pwopoze yon chanjman sistèm elektoral pou yon sitèm ki ta ka reprezante tout fòs politik yo andan peyi a. Refòm sa ta pral gen ladan envyolabilite dwa moun, dwa a edikasyon, dwa a lasante epi pou ni gason ni fanm ta touche menm kantite lajan pou menm travay ke y’ap fè. Men aprè ke prezidan Piñera te fin pran pouvwa nan dènye manda li a, li di dosye refòm konstitisyonèl Michelle Bachelet ap pale a pap’ pase. Ebyen, se te yon move siyal. Pa la swit nou ta pral viv moman kote dènye gout dlo ki ta pral chavire bokit la ki se 30 peso ki te vin monte sou kòb transpò piblik la, ta pral bay nesans a kriz sosyal 18 oktòb 2019 la. E 18 oktòb sa ta pral akouche 25 oktòb 2019, ki se pi gwo manifestasyon ki te fèt nan Chili. Se lè sa a pèp chilyen an pral vin manifeste tout dezakò yo fas ak yon seri de enjistis ke konstitisyon 1980 an t’ap pwone, tankou modèl ekonomik newoliberal la, inegalite sosyal ak ekonomik (tankou kreyòl la di, yon group moun ap byen pase epi pèp la menm ap benyen chen), yo denonse tou abi pouvwa ak koripsyon, mankman dwa sosyal epi yo te pwofite denonse kèk lòt bagay ankò tankou chomaj la k’ap vale teren. Kounya, ki objektif gwo soulèvman sa a? Nou pral esplikew’ nan paragraf pi ba.
Pi gwo objektif gwo leve kanpe 18 oktòb 2019 la, ki li menm te dire plizyè jou, se te reklame yon akò pou lapè sosyal epi yon NOUVO KONSTITISYON (Acuerdo por la Paz Social y la Nueva Constitucion). Konsa tou , yo te mande divès lòt kalite bagay, tankou refòm nan sistèm pansyon an ak nan lasante, edikasyon gratis, demisyon Piñera ak tout premye minis lan, demisyon chèf polis la, rekonèt nan konstitisyon an ke pèp endijèn nan (Mapuche ak kèk lòt ankò) egziste, koupe fache ak koripsyon epi diminye sou gwo lajan yon seri de fonksyonè leta t’ap touche. A pati de pwen sa yo, nou gentan wè nan ki kontèks konstitisyon 1980 an te pran nesans, kounya l’ap fasil kou dlo kokoye pou nou konprann kisa tèks sa gen ladan. Ann desann…
Daprè Claudia Heiss , ki se yon syantifik nan syans politik, ekspè nan konstitisyon, ‘’ tout sa ke manifestan yo rele ‘’abi a’’ se paske nou manke pwoteksyon sosyal. Sa ke lòt konstitisyon yo konsidere kòm dwa ekonomik ak dwa sosyal, nan konstitisyon sa a, yo rele yo libète, men yo pa dwa. Pa egzanp, konstitisyon 1980 an bay moun dwa pou yo anseye, men yo pa bay dwa pou yo al lekòl. ’’
Chèf karyè syans politik Inivèsite Chili a soulinye ke ‘’konstitisyon ki la a bay moun libète men li pa bay moun dwa,’’ sa vle di , pa egzanp, kòm bouch ou fann ou lib pouw’ manje, men leta pa kreye mwayen pouw’ jwenn manje a. Ekspè a vanse poul’ fè konnen ‘’Daprè baz demokrasi a, nou tout egal e nou gen menm dwa kòm sitwayen, men ak konstitisyon ki gen kounye a se moun ki gen kòb la ki gen dwa fè sal’ vle. Sim gen libète epi an menm tan mwen pa gen anyen nan menm, libète sa pa itil mwen anyen. Kisa sa ap sèvim’ sim’ gen dwa poum’ di sam’ panse, poum’ chwazi relijyon m’ vle pandan ke m’ pa gen anyen poum’ mange? Gen yon minimòm dwa pou yon moun genyen poul’ ka egzèse libète sivil ak libète politik li.’’ Li ale pi lwen poul’ di, ‘’’yon moun ki gen dèt rive jis bò koul’ ki ap panse tout jounen ak kòman poul’ pran swen tèt li ak fanmil’ avèk ti bouda monnen ki pa ka itil li anyen,pa gen okenn kapasite poul’ poze okenn aksyon politik. Konstitisyon ki la a pa gen okenn lejitimite politik, paske se yon diktatè ki te ekril’. Konstitisyon sa a pa garanti dwa pou moun al lekòl, pou moun jwenn bon jan laswenyay, li sèlman bay privilèj ak moun k’ap founi sèvis sa yo epi ak sila a yo ki gen lajan pou peye yo. Li bay sektè prive a dwa poul’ vann nou, men li pa bay mas pèp la dwa pou achte. Andan konstitisyon sa a , gen yon ansanb de lwa ki rele lwa òganik konstitisyonèl, li pa posib pou change yo, paske fòk ou jwenn akò yon gwo majorite andan palman an pouw’ ta rive change yo, menm lèw ta gen api pi fò nan pèp la avèw’.’’
Manman pwoblèm nan se estrikti fiskal la.
‘’Mwatye nan kòb ke leta ap antre se nan IVA, yon taks nou peye sou tout sa n’ap achte. Gen moun ki panse ke yo pa peye taks, pandansetan chak fwa ou achte yon pen, yon bwat lèt, se ou ki peye taks la, se kòb ou a ki peye mwatye nan depans ke Leta ap fè, sa se yon enjistis ki san parèy. Lè yo di y’ap ogmante taks la, se travayè yo ki peye konsekans lan, se pa moun ki gen antrepriz yo, tandike se yo menm ki ta sipoze peyel’.’’ Se yon fason poul’ di depi anlè mèt antrepriz yo kalkile taks la, yo enklil nan pri pwodwi a, yon fason pou se konsomatè final la ki peyel’. Donk se pou tout rezon sa yo, pèp chilyen an mande yon nouvo konstitisyon, pou koupe fache san pou san ak diktati a. Kounya, ki demach Gouvènman an ak aktè politik yo ap swiv pou abouti ak objektif sa? N’ap esplikew’ pi ba.
25 octòb 2020 , yo te òganize yon vòt popilè (plebiscito) , yo mande pèp la èske yo vle oubyen èske yo pa vle yon nouvo konstitisyon. Ebyen, 78% moun te di wi yo vle yon lòt. Answit , yo te fè yon eleksyon le 15 ak 16 me 2021 kote pèp la t’al chwazi kiyès yo vle ki pou ekri konstitisyon an, sa ki ta pral bay nesans ak yon asanble konstitiyant ki gen ladan 155 manb, 77 fi ak 78 gason, avèk yon delè 12 mwa maksimòm pou ekri tèks la. Yo remèt li bay prezidan Gabrriel Boric le 4 jiyè 2022. Li genyen andany˟ yon total 388 atik. Answit, 4 septanm 2022, se dat ki etabli kote nasyon an pral gen pou vote DAKÒ oubyen PA DAKÒ ( APRUEBO U RECHAZO) ak nouvo konstitisyon sa, selon sa ke yo wè ladan. Nap souliye ke vòt la obligatwa pou tout moun ki ranpli kritè pou vote yo, e leta ap aplike sanksyon kont tout moun ki pa vote. E pou yon etrange kapab vote fòk li majè,gen plus ke 5 lane nan peyi a, e fòk li pat komèt okenn Krim afliktif. Si ‘’apruebo a’’ genyen, Chili ap vin gen yon nouvo konstitisyon. Sizanka ‘’rechazo a’’ genyen , konstitisyon 1980 ap rete la pi rèd.
YON GWO KOUT KLÒCH POU CHILI!
MILDOR FEQUIERE