Nouvelles sûres

Nouvelles sûres Nouvelles sûres

24/01/2025

Mezanmi, menm timoun pa epanye: Ajan ICE yo fè premye atanta yo sou yon lekòl elemantè nan Chicago. Maten a vè 11h, plizyè ajan Imigrasyon ta ale pou antre nan yon lekol elemantè e direktè lekòl la refize ba yo aksè antre paske yo pat gen yon manda. Nap raplew Prezidan Trump deja siyen yon dekrè pou bay ajan ICE yo otorizasyon antre lekol, lopital,legliz, tribinal pou al arete moun, men daprè ekspè yo, yo toujou ta bezwen yon manda avan yo antre nan yon lye sa a yo

24/01/2025

Sitiyasyon an deplorab: Tranchman vant. Nan Newark nan yon Seafood, ICE arete 3 moun yo te mande Idantifikasyon, ke moun yo pat ka bay selon Laprès lokal ki site mèt Seafood la. Tanpri mache ak id nou

24/01/2025

Hey guys, tout moun ki te vini nan Biden ou byen par Mexico, prese prese fè demand azil paske bagay la rèd, administration Trump la bay lod pou depote moun sa a yo menm si otorizasyon pou yo rete nan peyi a poko ekspire. Pataje mesaj la

24/01/2025

Depite Andy Ogles depoze yon Rezolisyon pou kongrè a otorize Donald Trump vin Prezidan yon 3èm fwa selon sa Fox News rapòte. Repibliken Ogles se yon gwo alye Trump. Ou pap kreke nan gòj nou non T

21/01/2025

Bravo pou otorite nan 24 eta sa a yo ki deside trennen Trump nan tribinal pou anpeche l’ krache sou konstitisyon etazini kote li vle elimine 14em amandman kontitisyon an avèk yon senp kout plim lè l’ vle retire dwa nasyonalite pou pitit imigran san papye yo

21/01/2025

Dyèl politik nan etazini, 24 eta ki kontrole par demonkrat gentan pote plent nan tribinal kont Trump pou anpeche l’ retire dwa nasyonalite pou pitit imigran san papye legal nan etazini.

21/01/2025

Flash, administrasyon Trump la depi jodi a revoke 4 eleman kle nan tèt sistèm tribinal imigrasyon an, pami yo direktè jeneral

17/01/2025

📌Se maten vandredi 17 janvye 2025 lan, Lakou Siprèm pran desizyon sa a. Nan desizyon an, jij yo kanpe dèyè lwa kongrè a te vote ki te egzije, pou rezon sekirite nasyonal, pou yo entèdi TikTok sou teritwa ameriken an, oubyen pou pwopriyetè aplikasyon an vann li bay yon ameriken. Avèk desizyon sa Lakou a pran an, entèdiksyon an ka kòmanse aplike apati dimanch 19 janvye kap vini la. Bò kote pal, Prezidan eli a sanble pral chavire bagay yo. « Se mwen menm finalman ki pral pran desizyon sou sa. Rete gade pou wè sam pral fè », se sa Donald Trump deklare | CNN, CBS News

Mw pa fanatik, men m’ap sipote tout sa ki an favè peyi m.
17/01/2025

Mw pa fanatik, men m’ap sipote tout sa ki an favè peyi m.

14/01/2025

Flash, selon journaliste Johnny Ferdinad, dcpj jwenn Prophane Victor t’ap negosye zam ak minisyon avèk bandi yo nan moman kriz sa a ayiti ap andire a daprè konvèzasyon resan yo jwenn sou tlf li: li se yonn nan pi gro founisè k’ap founi bandi yo zam ak minisyon nan peyi a. Yon jou kòm jodi a fok ayiti vini ak pèn de mò, sitou pou politisyen ki nan koripsyon ak lajan peyi a e tou sila a yo k’ap founi bandi zam pou terorize pèp la.

13/01/2025
12/01/2025

Tande m’ se mw k’ap pale, jiska prezan prezidan Ayiti a pa ka deklare kiyès li rekonèt kòm prezidan peyi Venezyela, si l’ di se Maduro patron l’ ka revoke l😀

29/09/2024

Fè mesaj la rive lwen.
Pou nou jwenn kòb nou

27/05/2024

Attention ⚠️ Se yon erè grav CP a tafè si yo ta pemèt anbasad Ameriken an ayiti a entèfere nan chwa premye minis k’ap fèt la. Sèlman mesye m’ ap reple nou ayiti se pou ayisyen l’ ye!

Merci Leon Charles!
31/01/2024

Merci Leon Charles!

Dirección

Recoleta

Teléfono

+12172086915

Página web

Notificaciones

Sé el primero en enterarse y déjanos enviarle un correo electrónico cuando Nouvelles sûres publique noticias y promociones. Su dirección de correo electrónico no se utilizará para ningún otro fin, y puede darse de baja en cualquier momento.

Videos

Compartir