20/11/2024
* Idylle *
les erreurs du passé
Écrit par : Maxime Bianca
Pseudo : Bianoue
Tel : 50947356651
email: [email protected]
Page facebook :https://www.facebook.com/Ma-passion-104814549041221/
Groupe whatsapp : Ma passion
Instagram : Bianca Maxime
* Écrire est un art *
" J'écris l'amour , j'écris pour me frayer mon chemin secret "
💖💖💖💖💖💖💖💖💖💖💖💖💖💖💖
Épisode 2
" L'amour est plus beau quand il est impossible, l'amour le plus absolu n'est jamais réciproque. Mais le coup de foudre existe, il a lieu tous les jours, à chaque arrêt d'autobus, entre des personnes qui n'osent pas se parler. Les êtres qui s'aiment le plus sont ceux qui ne s'aimeront jamais. "
Dylan chita 2 do l'ap tann ...
X : bonsoir ,je suis désolée de vous avoir fait attendre .
Dylan vire , li gade moun nan .
X : vous ?
Dylan : vous ici ? C'est vous mademoiselle ...
X : Théodore Rosalie .
Fiona : vous vous connaissez ?
Rose : non !
Dylan : oui
Fiona gade yo , Dylan gade Rose , Rose ap gadel.
Dylan : exkizem uii , nou ka chita .
Fiona kouri chita , Rose rale chèz la li chita .
Dylan : mwen espéré ke nou byen ?
Fiona : uii gras a Dye .
Rose retire yon anvlòp nan valiz li : nou pap telman perdu tan pou pral sou sijè a directement paske déjà maten mwen rate yon pakèt rendevou akoz de yon maladroit .
Li gade Dylan .
Dylan : maladroit a pat exkizel ?
Rose : granma toujou di olye ou blesse yon moun aprè pou exkizew , eseye pa blessel menm .
Dylan : yo baw yon bon éducation mademoiselle ( yo bliye Fiona k'ap swiv yo ) men yo bliye diw fòk ou aprann padone sitou lè moun nan exkizel avèk senserite .
Rose : sa se vre , moun nan pat fèl ak senserite se lajan li tap banm poul achtem .
Dylan : ebyen exkizel .
Fiona : se pou Rose te dim se pa nan yon reyinyon m'ap vini men ...
Rose : OK mwen konprann Fiona , nou ka kòmanse svp ?
Dylan peze yon bouton : kisa n'ap bwè ?
Rose : dlo selman
Fiona : Du champagne .
Rose : men carte mwen uii , m'ap peye .
Dylan pa okipel : bref Mwen ta renmen fè yon partenariat ak A&T , n'ap fusionner 2 entreprise yo , nou vann Tissu...
Yo kontinye pale , pataje ide .
Bertrand nan salon lakay li , téléphone li sone ...
Bertrand : alo !
- Monsieur Carl La svp ?
Bertrand : mwen se papal , li fè yon deplase , n'ap kite nouvèl pou li ?
- Mercredi 10 heures li gen yon interview poul vin passe , nou pa ta renmenl en re**rd svp .
Bertrand kontan : dakò madame , m'ap fè mesaj la passe .
- dakò Mesye .
Dame nan rakroche
Bertrand gade anlè : merci papa , la chance nous sourit enfin .
Jessica vin ap parèt : kisaw gen la ?
Bertrand : yo rele Carl pou travay la , yo poko pranl non men se pou l'ale passe interview .
Jessica souri : pitit nou an fò e pwisan mwen sûre ke y'ap pranl .
Bò 3 è ...
Dylan devan restoran an ak medam yo .
Fiona : banm numéro w n'ap toujours rete an kominakasyon , kounya nou kolèg .
Dylan lonje kat li ba li , Rose monte machin nan .Fiona passe pa lòt bò poul rentre .
Dylan : orevwa Rose
Rose : pou ou se mademoiselle Rosalia Théodore .
Dylan souri , Fiona monte Rose demare .
Fiona : ou serye ? Yon moun k'ap sove nou , nan yon fayit Jeneral se konsaw pale avèl ?
Rose : et ? Se pa yon sèvis n'ap rann li tou ?
Fiona : OK fiy a papa si mwen pala , nou pa siyen kontra sa .
Rose : ebyen bat pouw toujou la , mwen p'ap ka depozew lakay la non wap pran taxi ?
Fiona : ou tap rim , wap depozem lakay la aprè sa wa ale nan krèy la .
Rose pa reponn a provokasyonl li konn sa Fiona vle fè .
Dylan te dirijel kay mennaj li Diana pou l'ale chèchel .
⬇⬇⬇
Béatrice : kòman sa te passe ?
Fiona : trè byen gras avèm , Dylan se yon trè bo jenòm , epil pat pran tan poul te tonbe sou Charme mwen , li menm pwopozem pou mwen pran nimewol .
Isabella : ebyen li tap bon ui, ou tap fè yon bagay pou tout viw .
Fiona : yon jou n'ap gen pou respektem , lè sa n'ap sezi wè ti pwoteje nou an Rose se lik pa mérite tout bagay sa yo.
Fiona ale nan chanm li .
Rose te dirijel kay yon zanmil Alexia ki gentan marye e gen pitit .
Alexia : ki mirak ? Dat mwen pa wèw la , mwen te kòmanse poze tèt mwen kesyon si maryaj la pa elwanye nou .
Rose : non mwen pa vrèman gentan akoz de nouvo post mwen an , men kounya mwen panse nou stable . dim kòmanw ye madanm ?
Alexia : byen uii pitit apa Alex ki anpechem dòmi leswa .
Rose : se Konsa uii lèw gen timoun .
Alexia : kote Roméo ?
Rose : li te en voyage demen li ta sipoze ayiti men mwen pa vle wè anyen , ki gen rapò ak misye .
Alexia ri : Rose nan 4 ans uii mwen tande pawòl sa plis ke 50 fwa .
Rose bese tèt li : Sa se dènye a , men mwen renmenl ou pa konn kijan , a chak fwa li tronpem , fèm yon bagay epil vin mandem padon , mwen pa gen lòt solisyon ke padonel , li atache avèm , li nan pom , nan kèm , nan tèt mwen .
Alexia : se kèw uii wap brize , pafwa fòw mete saw santi an de kote uii , pou ou kitel Roméo twö a femme , ou ka bal yon leson .
Rose : uii men kounya mwen sûre se dènye fwa .
⬇⬇⬇
Diana ap jwe nan bouton Chemiz Dylan .
Diana: bébé jodia manmanw mal pale avèm poutèt ou konnenm te fatigué epim leve a 10 è .
Dylan : Diana pa trop egzajere , manmi ka baw yon konsèy akoz de mwen men li p'ap pale mal avèw.
Diana : humm ebyen mwen pa renmen sa Chéri , fòl konprann ke mwen se yon Atis .
Dylan : konprann kel se manman e li ta renmen pou mwen gen yon fanm ki ka asirel ke mwen manje , menm sim pa gen problème ak sa , men mwen renmenw n'ap pran sèvant . ( Dylan leve ) ou prale lakay la ou byen , paskem fatigué .
Diana : mwen pa prale , mwen gen vidéo pou mwen fè , si mwen ale lakay ou , manmanw ap gadem mal .
Dylan ri : ah se paske li pa konprann fonksyonmen jenès kounya uii bébé , bay . (Li anbrase Diana ) je t'aime mon Coeur .
Diana : je t'aime osi
Yo fè yon dènye ti bisous , épi Dylan ale ...
Carl fèk sòti nan garage la épi papal bal nouvèl la .
Éloïse : anfen youn nan nou pral pile gwo kote , Konsa ma passe detanzantan kote wap travay la , épi m'ap renkontre yon nèg ki gen lajan tout nan tou danl .
Carl : Éloïse ou wèm poko rale zòrèy pou idiotie sa yo wap repete a , m'ap baw yon sel baton.
Éloïse : mwen gen 18 ans Carl mwen majeur mwen gendwa prépare avni mwen , paskem pa renmen Jan de vi mizerab sa yo n'ap viv la .
Jessica : se pa nou ki ta renmen viv la ou konprann sa , tout efò nou fè pou ou , ou passe tanw ap matirize nou .
Éloïse : mwen pa matirize personne , mwen juste reve gran , mwen p'ap rete nan fanmi misérable sa mwen .
Carl nerve li rale Éloïse , li tou retire sentiwonl .
Éloïse ap fè rèd : laguem Carl
Carl pasel 2,3 kout sentiwon : mwen p'ap mandew pou ou respektem ,men ou dwe respekte manmanm ak papam .
Éloïse kouri ale kriye nan chanm li , se yon tifi ki wè pi lwen ke prent Nenl ...
Nan demen
Kay fanmi Théodore tout moun chita sou tab ap pran petit déjeuner .
Lè yon moun rentre .
Fiona ri : bonjour Roméo .
Roméo : bonjour
Rosalie gadel ...
Elias : pitit gasonm ou de retour eh Magdala mete yon kouvè de plus .
Rose leve : bonne journée !
Isabella : kote ou prale , nou fèk kòmanse manje .
Roméo : Rose mwen bezwenw , nou ka wè en prive ?
Rose : ou ka pale avèm devan fanmim pa gen anyen ki privé pou nou pale ankò Roméo , bonne journée manmi ak papi ,jodia mwen gen rendevou ak Monsieur Dylan pou yon vizit .
Rose vire lale .
Roméo : exkizem
Li kouri swiv Rose ki pran valiz li , poul sòti .
Roméo : Rose
Yon rive nan lakoua , Rosalia ale poul monte machin pal la , Roméo kenbel .
Rose : kisaw vle ?
Roméo : ou pa wèm depi yon mwa konsaw akeyim bébé ?
Rose : OK
Roméo : bébé mwen konsyan ke mwen koupab ke mwen ap plede blese yon trezò tankouw men mwen rekonèt erèm bb .
Rose : OK bonne journée
Rose rale menl epil monte machin nan , li derapel Jeran ouvri poul sòti .
Roméo : tu finiras toujours par me pardonner , quoi qu'il en soit parce que tu m'aimes et que je t'aime malgré tout .
Roméo se mennaj Rose men se yon nèg ki renmen fanm anpil , depil wè Fanm li kanpe, men li renmen Rose , li konnen se Rose ki fanm vil . personne ankò , men a chak fwa li toujou blese Rose , e Rose konn toujou padonel se premye mennaj li , se avèl li ta renmen fè rès vil .
Fiona vin kanpe bò Roméo : alors , pour la première fois , li kitew planté la tankou yon poto . petèt li gentan ranplesew .
Roméo : Fiona , Fiona toujou ap fouye bouche ou nan sa ki pa regadew , mwen konnenw egri de koup mwen ak Rose la .
Fiona : uii mwen egri men pa bliye ke sel mwen ki ka fèw ...
Roméo stop li : pa rekòmanse ak bagay sa tanpri .
Roméo rentre , li kite Fiona kanpe .
⬇⬇⬇
Éloïse lekòl ak zanmil Samie épi Georgia...
Samie : mwen wè mine ou mare kisaw genyen ?
Éloïse : mwen anvi viv, mwen anvi gen lajan poum jwenn yon nèg ap okipem san redi .
Samie ri : trè fasil mwen panse se yon pi gwo pwoblèm ou te genyen uii ?
Georgia : Éloïse ou timoun toujou , se ak fakiltew pou ou panse aprè pou ou ale travay okipe tèt ou janw vlel la .
Samie: tchuiipps sa pa janm p'ap pale tenten ebyen rete la , ou wè nan peyi sa lekòl itil moun ? Pa demele zèl ou jwenn yon nèg , rete la sou kont moun .
Éloïse : Se rèv mwen , jwenn yon moun k'ap okipem , se pi gwo rèv mwen sa , lekòl p'ap itil mwen anyen.
Georgia leve : ebyen OK medam , mwen rèv mwen se fini ak etid mwen , ale travay poum itil paranm .
Georgia bo medam yo epil ale ...
Samie : se mwen ki zanmiw Éloïse , mwen pou ou rakonte afèw , poze sangw trè byento mwen ap fèw jwenn yon nèg ki pou baw tout saw bezwen , Georgia wè nou pi bèl passel , l'ap fè jalouzi , li konnenl p'ap janm jwenn yon nèg renmenl .
Éloïse : se vre uii , nou menm l'ap dekouraje nou , se yon bèl analiz ou fè la .
Medam yo kontinye pale de rèv yo ki se jwenn yon nèg ki pou okipe yo .
Rosalia rive devan Entreprise Dylan nan , Owen te vin akeyil .
Owen : Monsieur a te chajem pou mwen kondwiw nan biwol mwen se Owen m'ap la ak ou nan pwochen reyinyon yo .
Rose : mèsi ...
Yo rive devan asansè a .
Owen peze bouton poul ouvè a : après toi mademoiselle .
Rosalia rentre ,epil di merci .
⬇⬇⬇
Dylan kague dèyè birol l'ap pale nan téléphone : oui Chérie mwen passe yon nwit ap panse avèw .
Diana : hummmmm ebyen n'ap vin dîner à midi avèw saw panse ?
Dylan : oui ou ka vini manmi .
Pòt la frape.
Dylan : m'ap laissew , mwen gen yon randevou je t'aime .
Diana : bay papi
Dylan rakroche : rentre !
Owen parèt tèt li : li la uii !
Dylan : fèl rentre .
Owen fè Rosalie rentre .
Rosalie : Bonjour
Dylan souri li kanpe: bonjour mademoiselle Théodore , Owen tu peux disposer . madame asseyez - vous SVP .
Rosalie : je ne suis pas venue ici pour faire amie - ami avec vous , vous allez me faire visiter les locaux et pour que moi je retourne à mon entreprise .
Dylan : tu as oublié que c'est maintenant notre Entreprise , je suis l'actionnaire majoritaire , on va discuter un peu , très prochainement j'aimerais bien connaître ta famille , je ne peux faire ce genre d'affaire à une inconnue .
Rosalie : je vois monsieur prend ses grands airs , après pour me donner de l'argent pour se faire pardonner .
Dylan ri : je vois , bref tu vas devoir me supporter , après toi !
Li lonje menl montrel wout porte la , Rose sòti Dylan swiv li .
Yo monte nan yon lòt etaj .
Dylan : se la nou koud Rad yo , malgré pafwa Tissus yo konn pran tan pou yo rive jwenn nou , men mwen swete ou fè tout sak nan pouvwaw , pou yo rive jwenn nou a tan . la se atelier a .
Yon bann moun ap koud gason kou fi ...
Dylan : par semaine nou livre plus ke 10 modèl pou tout Jan de sware .
Rose : mwen konn dessiner tou , robe ou wè sou mwen an se mwen ki koud li .
Dylan : OK .
Rose : ou montrem klèman ou pat bezwen konn sa ?
Dylan : kòm siw te konnen , avanse mwen pral montrew lòt etaj yo , ak kelke modèl nou genyen ki prè .
Dylan passe pa devan Rose swiv li , l'ale montre kote modèl yo ye a ....
⬇⬇⬇
Diana : Bonswa Owen kote Dylan ?
Owen : euh li nan yon randevou ak ...
Diana : je m'en fiche !
Owen : mwen panse li nan atelier a .
Diana vire l'ale .
Rosalia ak Dylan ap gade modèl yo .
Rosalia ap souri paskel renmen rad anpil.
Rose : woawww nenpòt lè gen modèl sa sou mache a mwen se premye moun k'ap achtel .
Rosalia ap gade rad yo zyel briye li fè yon fo pa .
Dylan : attention !
Dylan atrap li : kounya ou ka padonem mwen sovew nan yon chute de 10 m .
Diana : mon coeur !
Rosalia retire kòl nan men Dylan .
Dylan : bébé
Li ale bo Diana ...
Diana : kiyès ensignifyant sa ?
Rosalia mare mine li .