Men bon nouvel

Men bon nouvel suivez avec nous tous les informations.

02/04/2024

Nèg viv ansanm yo aswè a anvi atake palè natyonal rete veyatif

Mw te gen yn compagne kite konn ap manje nenpot kote  mw toujou pè anbrasel
21/03/2024

Mw te gen yn compagne kite konn ap manje nenpot kote mw toujou pè anbrasel

Gwo dife anndan penitansye nasyonal nan moman n ap ekri la a. Ni lapolis ni ponpye pa sou plas, koze yo anpil anpil ! N ...
14/03/2024

Gwo dife anndan penitansye nasyonal nan moman n ap ekri la a. Ni lapolis ni ponpye pa sou plas, koze yo anpil anpil ! N ap soulinye yonn nan chèf revolisyon gangstè a lanmò san jou te deklare li menm zòn pa l pap gen prizon ankò… Sonje yo sakaje Kabarè deja. M ap vini. Antretan gwo panik sou zòn Ayòpò talè a tout blòk Direksyon Jeneral Polis la !

10/03/2024

Li vrèmn enpòtan pou n rete lwen perimèt Channmas la dènye jou sa yo… Ayèswa gen plizyè bandi-revolisyonè ki touche, y ap pare pou vanje… Fòs lòd yo dwe mete yo sou men yo. Antretan ou menm ki sivil evite zòn sa a toutan w kapab. UDMO, Palè, CMPAP sible !

09/03/2024

Kontrèman ak enfòmasyon kèk medya te bay yè swa ki fè kwè bandi te boule lokal ministè enteryè a, plizyè kolaboratè ki te deplase maten an al nan espas la fè m konnen lokal la pa gen anyen.

Donk se te yon Fake News.

Se sèlman 2 machin ki te gen nan lakou a ki pran dife aprè bandi yo te fin voye kòktèl molotòv nan espas la.

09/03/2024

Baz UDMO, BOID, CMPAP, Palè Nasyonal, Ministè Enteryè se kèk pami gwo sib mesye ak zam yo pou moman an la.

08/03/2024

Jedi 7 mas 2024 : Finalman yon bon nouvel, dlo vide nan kannal la/ Plizye bank ak komisarya piye epi boule/ Ariel toujou nan kache, pawol yo ap chanje tanzantan/CPS-APN sibi piyaj !

JCM siyen yon dokiman sou pwopozisyon manm konsey prezidansyel la !

04/03/2024

Bagay yo grav: Kafou Dwouya, Kafou Vensan, depi soti Bon Repo, Kwadèmisyon; pou gason ak manch ki nan tout kwen sa yo byen detèmine, se yon bagay grav. Anpil kay ak bank kase nan plizyè zòn…Plan an se rive pran
kontwol Ayopò a epi Komisarya yo

04/03/2024

Atansyon ! Gang yo ap mobilize fò pou wè kòman yo ka pran kontwol komisarya Taba. Anpil kalkil ap fèt pou rive gen kontwol baz CBIM lan epi komisarya Taba… Pridans ! Vijilans !

01/03/2024

Ayiti pa produits zam kote bandi sa yo jwenn tout zam sa yo, dirijan m yo nou mechan anpil

01/03/2024
01/03/2024

Men dènye mesaj Polisyè kite nan komisarya bon repo a te voye pou mande ranfò anvan yo tiyel

01/03/2024

Police Nationale d'Haiti - PNH pèdi yon polisye nan komisarya Bonrepo a. Aprè bandi yo fin touye polisye a yo lage l nan yon bourèt.

01/03/2024

Luciana Pierre, manman 2 pitit tonbe pami polisye ki viktim nan Komisarya Bon Repo a , n ap pran plezi nan sa a, wowww ! Dosye Ayiti a pa piti non… m ap gade 2 ti machann revolisyonè yo vide atè, plis pase 15 lòt ap soufri lopital.

*🔵Avyon" , Chèf gang Fonds-Cheval la, tonbe ak plizyè lòt akolit li, lapolis sezi zam epi arete 2 fanm*Depi kèk jou, pli...
27/02/2024

*🔵Avyon" , Chèf gang Fonds-Cheval la, tonbe ak plizyè lòt akolit li, lapolis sezi zam epi arete 2 fanm*

Depi kèk jou, plizyè inite espesyalize nan PNH la, nan kad yon misyon espesyal, deplwaye nan komin Mibalè, sitou nan "Terre Rouge" ak Fonds-Cheval, depatman Sant.

Objektif misyon sa se rive demantle yon fwaye gang endividi ak zam ap tante tabli nan zòn lan.

Sou enstriksyon kòmandan an Chèf la, M. Frantz Elbé, ajan UTAG, UDMO-lwès 2 ak UDMO Sant ki angaje nan operasyon sa lajounen kou lannwit mobilize resous nesesè pou pèmèt yo reyisi misyon sa.

Nan kad operasyon sa, plizyè bandi tonbe nan echanj kout bal ak lapolis, pami yo Joseph Janès, chèf gang Fonds-Cheval la, alyas "Avyon" ak yon frè li ki t ap chèche teworize popilasyon sivil lan depi plizyè jou.

Lapolis sezi zam ak konfiske machin, epi arete Roudeline Rémy ki se madanm chèf gang "Avyon", ak Rémy Widenise.

PNH la, ki detèmine, ap pwogrese nan operasyon sa nan lide pou fasilite lib sikilasyon pezib sitwayen yo.

Endereço

Biguaçu Bom Viver
Florianópolis, SC
88160642

Notificações

Seja o primeiro recebendo as novidades e nos deixe lhe enviar um e-mail quando Men bon nouvel posta notícias e promoções. Seu endereço de e-mail não será usado com qualquer outro objetivo, e pode cancelar a inscrição em qualquer momento.

Entre Em Contato Com O Negócio

Envie uma mensagem para Men bon nouvel:

Vídeos

Compartilhar