
29/01/2025
Pa pase jounen an sanw pa remèsye God lan pou nwit lan li few pase an byen
Mèsi pou gras ou ak mizèrikòd ou ki fè m leve maten an ak souf lavi. Mèsi pou lanmou ou ki toujou la pou mwen, menm lè m pa merite l. Mèsi paske ou se yon Bondye fidèl ki pa janm abandone pitit ou yo.
Jodi a, mwen remèt tout sa mwen ye ak tout sa mwen genyen nan men ou. Mwen mande ou pwoteksyon sou mwen, fanmi mwen, zanmi m yo, ak tout moun ki nan bezwen. Tanpri, Seyè, gide chak pa m ap fè, mete mo ou sou lèv mwen, epi ranpli kè m ak lapè ou.
Beni travay mwen, lespri mwen, ak tout desizyon mwen dwe pran jodi a. Ban m kouraj pou m kenbe lafwa, pasyans pou m atann ou, epi lanmou pou m pataje ak lòt yo. Tanpri, wete tout fado ki ka twouble lespri mwen epi ranplase yo ak espwa ak kè kontan.
Seyè, mwen konfye ou jounen sa a. Se pou volonte ou fèt nan lavi mwen. M’ap louwe ou e m’ap di ou mèsi paske ou toujou la pou mwen.
Amèn.