Vwadmond Le Média

Vwadmond Le Média Vwadmond! ��� : news nasyonal ak entènasyonal, analiz sosyo-politiko kiltirèl, ak ansèyman.

26/11/2024

JOUNEN ENTÈNASYONAL KONT VYOLANS SOU FANM AK TIFI.

Se anba tèm: GOUMEN KONT VYOLANS SOU FANM AK TIFI, RANMASE FÒS NOU AJI. Ministè kondisyon Fanm ak dwa Fanm te deside komemore dat sa nan otèl Montana. Madam Petrica Saint Jean kise minis kondisyon fanm ak dwa fanm yo, nan alokisyon sikonstans la, pat janm rate yon segond kotel te toujou ap repete pou asistans la: "Nou tout se minis kondisyon Fanm". Yon manyè poul te kapab fè asistans la konprann koz sa se yon koz komin, el pat janm neglije raple gwo wòl laprès dwe jwe nan batay sa.
Fen de sitasyon!

Kesyon Vwadmond Le Média ap poze èske sètfwasi ministè kondisyon fanm pral pase de pawòl a zak?
Paske nou pa kapab bliye gwo eskandal kite pase nan Repiblik an Mas 2022 kote yon granmoun kannay ki rele aka kite gen 71 rekòt kafe nan epòk la te deside fè dap piyanp sou yon ti lèzanj 12 zan epi ansent li. Sak te pi tris la ti pitit la pa menm timoun ane 2000 jis poul ta konnen sak te konn ap pase nan ane fanm koloken 3 pedal. Yon deklarasyon kite montre inosans ti lèzanj la kote chak fwa pedofil la te bezwen met men souli, lite toujou ap dil yon mo lè jounalis yo te pozel kesyon li pat kapab bay repons paske li potko gen laj pou istwa sa. Malerezman malgre ti laj li, se li menm matant la te deside kondane paske daprè enfòmasyon yo kriminèl kannay la seta yon dyaspora. Sètadi grenn dola vèt la ke Fidel Castro nan vivanl te konn tretel de kansè, te gen plis valè ke ti nyès la. Daprè temwayaj yo, lajistis ki chita sou enjistis la te deside liberel aprè 5 jou. Poum te kapab kore deklarasyon madam Pedrica a, kotel te mansyone souvan chak fwa yo viktim kilpabilite a toujou tonbe sou yo, malgre souvan yo viktim kòm kwa seta yo menm kita bouwo a.

Ebyen nou menm nan près la, nou ta swete dosye sa ta refè sifas ankò pou Interpol ta bouske malandren a epi mennenl an eta poul kapab vin reponn ak pije pèn zak malonèt sa.

Yon ti rapèl jis avanm mete vwèl nan dom: kitem di nou dat 25 Novanm nan te chwazi yon manyè pou te kapab onore memwa 3 sè yo. Ebyen 3 sè sa yo kite rele , ak sete 3 militant kite konn ap goumen kont diktati fewòs ansyen prezidan Repiblik dominikèn nan, mwen vle pale nou de Rafael Trujillo te tabli nan epòk la. Malerezman diktatè ak men fè sa, te deside asasine yo nan dat kite 25 Novanm 1960 la.

Nou swete pou pa janm gen fanm k'ap milite, ki tonbe nan jan de kondisyon sa yo ankò.

Kolaboratè nou tela ann swiv kòman sa teye!
GG & VM

04/08/2023

APRÈ GWO BRI ARESTASYONL TEFÈ NAN KAPITAL LA, FINALMAN LAPOLIS DESIDE PREZANTE BOURIK LA. YON BOURIK NAN KÈK FOTO KI SANBLE TÈT KOUPE AK RAPÈ AMERIKANO-JAMAYIKEN AN MWEN VLE PALE DE . NAN YON SEKANS VIDEYO NOU METE KOTE BOURIK LA AP RAP AK BOUBOUT LI, W'AP KAPAB JIJE ÈSKE TOUT BON VRE KÒD LONBRIT BOURIK THE LATALAY MARE AK BANDITIS.

Se tout bon vre Ikòn près ayisyèn nan jounalis senyò Liliane Pierre Paul kite nou yè Lendi kite 31 Jiyè a.
02/08/2023

Se tout bon vre Ikòn près ayisyèn nan jounalis senyò Liliane Pierre Paul kite nou yè Lendi kite 31 Jiyè a.

29/07/2023

YON IMAJ VLE DI MIL MO! VIDEYO SA W'AP GADE LA, SELÈ FÒS DE LÒD YO T'AP TANTE RETIRE MOUN YO DEVAN ANBASAD ETAZINI A. YO TOUJOU DI KAY YON MOUN SE ANBASAD LI, MALERZMAN AKOZ JAN SANGINÈ POLITIK KI MARE KÒD LONBRIT YO AK LÒT KRIMINÈL NAN SEKTÈ PRIVE AK ENTÈNASYONAL LA FÈ PEYI A. DAM SA KI FIN REDI POUL KONSTRI YO KOTE POUL RETE LAJOUNEN JODI PÈ TOUNEN NAN PWÒP ANBASAD LI.

MÈSYE DAM! AYITI PA MERITE SA NON, BANN SINIK 😞.

25/07/2023

FLASHBACK! SAFÈ PLISKE 2 ZAN KOTE Guide Gérald TE MONTRE GIVENS LAGUERRE ANSYEN CHANTÈ GWOUP REGGAETON BOYS LA TE PI ONÈT KE DEMACHÈ AK BIB HUGENS, GREGORY, ARMEL elatriye. IMAJINEW LÈ HACKER TE TRANSFERE KÒB LA SOU KONT GIVENS SIL TE MACHE NAN LOJIK AK BIB LA. JISKAPREZAN MISYE T'AP TOUJOU NAN PRIZON.

19/07/2023

LÈ BÒS MADICHON DESIDE DEVWALE PLAN OKSIDAN GENYEN AK GREGORY TOUSSAINT NÈG OFRANN $US 1000 SALOMON A, OU PAKA PA SEZI 😳!

19/07/2023

PWOFESÈ EDGARD FÈ RADYO GRAFI ARISTIDE NAN MOMANL T'AP FETE 70 DIZYÈM REKÒT KAFE LI. SE FINIL FINI AK ANSYEN PREZIDAN MÈTDAM NAN. EL TE TOU PWOFITE FÈN KONNEN ARISTIDE AK MARTELLY YO TOU 2 SE CHYEN MENM MÈT, SÈTADI FANMIY CLINTON. MEZANMI ANN SWIV ENTÈVYOU SA PITOW TANDE AK WÈ KE SE MWEN KI DIW.

14/07/2023

NOU SE VWADMOND LE MÉDIA: PRÈS KI RESPEKTE NÒM JOUNALISTIK

14/07/2023

PWOFESÈ CIVIL DIEUSEL YON VERITAB BIBLIYOTÈK ANBILAN PEYI A GENYEN ANPIL JÈN TA DWE SWIV. ENTÈVYOU SA PWOUVE KI MOUN LIYE.

YONN NAN VERITAB KONESÈ POLITIK ENTÈNASYONAL LA PWOFESÈ FINI AK LÈDÈ POLITIK MALPOUWONT . PANDANL TE TOU PASE MEN PRAN TOU YOURI LATORTUE AKA 30% AK TOUT RICA PIERRE NÈG DÈLKO A. YON ENTÈVYOU VRÈMAN FÒMIDAB KOTE PWÒF LA TE MONTRE KAPASITEL GENYEN.

12/07/2023

GREGORY TOUSSAINT AKA $US 1000 OFRANN DE SALOMON AN, SE NOUVO KLÒN ENPERYALIS PIYAJÈ KRIMINÈL LA DESIDE TESTE SOU BETON AN. DEPI LÈ MEZON BLANCH TE REMÈT LI PLAK APRÈ SWADIZAN ÒDINASYONL KÒM BICHÒP LA, Vwadmond Le Média TE GENTAN KONPRANN KOU A SAFÈ NOU T'AP VEYE YO. NANS SANS SA GUERLINE MORICETTE PÒT PAWÒL LARI PAT RETE ENDIFERAN.

GUERLINE PÒT PAWÒL LARIA DESIDE FRAPE GANSTÈ AK BIB GREGORY TOUSSAINT AKA AN FÒ. APRÈ SWADIZAN GWO MACH MONDYAL POU MANDE YON TI SOUF POU AYITI. SE SAL BLIYE LI PAT DI ESKWOKRI AK BIB LA.
REMAK: BIB LA DEKLARE SE LÈ BON DYE FIN BENIW AN RETOU OU KAPAB BAY YON OFRANN DE GRATITID SAN KONTRENT AK KÈ KONTAN YON MANYÈ POUW KAPAB REMÈSYEL. TANDIKE GREGORY TOUSSAINT MANDEW $1000 KÒM SÈL MANYÈ POUW KAPAB JWENN GRÀS BON DYE, YON MANYÈ POU GOD LA KAPAB FÈ MIRAK NAN LAVI OU. BON SI MAJORITE NÈG AK BIB PA GEN KONSYANS POU SISPANN DECHÈPIYE TI PÈP LA, KILÈS K'AP KAPAB GEN PITYE POU YO. KONSÈY N'AP BAY NÈG SA YO SISPANN TWONPE PÈP LA, DE PREFERANS NETWAYE LAKAY NOU.

KREYÒL PALE, KREYÒL KONPRANN!
Guide Gérald AKA RICHÈS LA PÒT PAWÒL SAN VWA YO.

10/07/2023

ENKWAYAB MEN VRÈ KONPÈ MADICHON FÈ RADYOGRAFI SISTÈM OLIGAG LA JOUK NAN ZO. SE FINIL FINI AK YO DAPRÈ SALDI TA SANBLE DEPI SOU NON MOUN SA YO GENYEN, YO PATA KAPAB BON MOUN.

08/07/2023

DEFANSÈ DWA MOUN ANTONAL MONTIME DESIDE SÒTI NAN SILANS LI NAN OKAZYON 2 ZYÈM ANE DEPI LÈ ZÈFÈYIS SAN FWA NI LWA TE ASASINEN PREZIDAN JOVENEL MOISE. LI PAT METE DLO NAN BOUCH LI POUL KRITIKE SISTÈM NAN.

05/07/2023

AVOKAT KISE KOUZIN DEFEN AN FÈ GWO REVELASYON SOU ZAK ODYE SA ZÈFÈYIS YO FÈ SOU DEFEN AN. MALGRE YO TE KOLEKTE 100 MIL DOLA BAY NAN 250 MIL RAVISÈ YO TE MANDE A FINALMAN YO TOUYE MÈT LA. JANN TE DENONSE SILANS KAMARAD AVOKA YO FÈ SOU DOSYE SA, LI MENM TOU LI DENONSE SA. JANM TEDI SA! TA SANBLE MÈT LA TE PARÈT JENAN POU NÈG YO ANBA A, FAS AK POZISYON KRITIK LITE KONN GENYEN KONT SISTÈM NAN.

YON LÒT FWA ANKÒ Vwadmond Le Média AP DI FANMIY KOURAJ AK KONDOLEYANS.

04/07/2023

DÈNYÈ DEKLARASYON PIMAN BOUK MÈT MAGLOIRE TEFÈ AVAN ZÈFÈYIS SAN FWA NI LWA YO TE ETÈN SOUF LI.

N'AP KONTINYE DI SA: LÈM GADE TOUT SILANS SA DEPI LÈ ZÈFÈYIS YO METEL ANBA JOUK YO A. MWEN FINI PA KONPRANN KONFRÈL YO TA SANBLE PAT WÈL AK BON ZYE LÈL TE KONN AP DENONSE SISTÈM NAN.

VWADMOND LE MÉDIA AP SWETE FANMIY LA KONDOLEYANS AK KOURAJ.

04/07/2023

AYITI ENSEKITE🔴 ! ZÈFÈYIS SAN FWA NI LWA METE FEN NAN LAVI MÈT SELON YON FRÈL.

ZAK ODYE SA PASEL APRÈL TE FIN PASE PRÈSKE 2 SEMÈN NAN MEN RAVISÈ YO. N'AP RAPLEW MÈT LA PAT JANM METE DLO NAN BOUCH LI LÈ L'AP DENONSE SISTÈM JIDISYÈ A, DAPRÈ LI KI POURI JOUK NAN ZO. REMAK ANPIL MOUN FÈ MALGREL TE VIN VRÈMAN POPILÈ NAN MANYÈL TE KONN AP DENONSE SISTÈM NAN. MALERZMAN NOU PAT SANTI YON VERITAB MOBILIZASYON BÒ KOTE KÒLÈG AVOKA YO, POU TE KAPAB JWENN LIBERASYON LI.

ÈSKE SA TA VLE DI MISYE TE YON JENAN POU FRÈ AVOKA YO ?

23/06/2023

AK AKSYON SA ANPIL POLISYE RESPIRE 👏!

DELESE! IMILYE PA BANDI AN KONPLISITE AK SWADIZAN OTORITE NOU YO. MEN SÈTFWASI AK AKSYON SA LEGLIZ ADVANTIS DI SETYÈM JOU POZE A, POU MONTRE ENPÒTANS YO NAN SOSYETE A. POLISYE NOU YO RESI KONTAN POU ANE SA.

TANDE AK WÈ SE 2.

Endereço

Campinas, SP

Notificações

Seja o primeiro recebendo as novidades e nos deixe lhe enviar um e-mail quando Vwadmond Le Média posta notícias e promoções. Seu endereço de e-mail não será usado com qualquer outro objetivo, e pode cancelar a inscrição em qualquer momento.

Entre Em Contato Com O Negócio

Envie uma mensagem para Vwadmond Le Média:

Vídeos

Compartilhar