Zafèmizik

Zafèmizik Contactgegevens, kaart en routebeschrijving, contactformulier, openingstijden, diensten, beoordelingen, foto's, video's en aankondigingen van Zafèmizik, Media-/nieuwsbedrijf, Marigot.

Kikko Lyrixx, se envite nou nan Aktyalite HMI demen Mèkredi 24 Janvye 2024 a. Youn di lòt pa rate show demen an.🔥📌
24/01/2024

Kikko Lyrixx, se envite nou nan Aktyalite HMI demen Mèkredi 24 Janvye 2024 a. Youn di lòt pa rate show demen an.🔥📌

11/01/2024
11/01/2024

Mass-Power Mache Konpa sou deklarasyon Maestro Ritchie a nan AKTYALITE HMI

10/09/2023

Jah Bass pa fè pati ekip Disip la ankò!

10/09/2023
26/08/2023

Men nou tap tann nan 🎼 StarBoy new album

26/08/2023

Ann pale zafèmizik:

Bedjine & Kadilak->move chofè
Wid-> Album Starboy
BG CHIWILIBIBI -> Lwa gatem
Nulook-> new album

Tout se pwojè kap gen pou soti nan jou kap vini la yo: kiyès kap fè pi gwo hit la , pi gwo gòl la daprè ou?
✍🏾 Mass-Power Mache Kompa

Chif yo kontinye pale pou ZAFÈMKredi:
14/06/2023

Chif yo kontinye pale pou ZAFÈM
Kredi:

ZAFÈM anonsel tankou yon remèd nan biznis mizik la.✍🏿 Mass-Power Mache Kompa
30/04/2023

ZAFÈM anonsel tankou yon remèd nan biznis mizik la.
✍🏿 Mass-Power Mache Kompa

Premye ane AKTYALITE HMI 🔥🔥🔥💯💥
17/03/2023

Premye ane AKTYALITE HMI 🔥🔥🔥💯💥

17/03/2023

Roberto Martino, Oli DURET, TjoZenny, Tamara Suffren, Master Brain, Timèt & BS nan Festival TAKE OVA te pale ak ekip AKTYALITE HMI la! ...

17/03/2023
Pipo saint louis Bernier Sylvain Lamy Georges Max Report's
28/02/2023

Pipo saint louis Bernier Sylvain
Lamy Georges Max Report's

" RISKÉ" se te youn nan premye gwoup konpa feminen selon achiv yo , gwoup sa te fè gwo siksè nan ane 90 yo ,notamman avèk album sa ki rele "alfabè" a, li gen kèk tit sou li tankou : Zanmi (pa fèm sam pap fèw), dife, Vanite, madan marye...

"RISKÉ" se te yon gwoup jèn fi plen talan, yon pakèt medam chaje ak valè estetik, yo pat nan vann kò yo, e yo te toujou bèl, ak yon seri bèl wòb nan videyo ak nan konsè yo, se te wouch manman.

Sandra Jean, Patricia , Sabrina Kolbjorsen e Gina Rouzeau se kèlke non pami gwo vizaj ki te konpoze gwoup konpa feminen sa, RISKE.

Medam sila yo te rive familyarize yo ak yon seri ekspresyon antre yo tankou :« Sandra ipokrit karesan, Sabrina kouto famasi, Gina ou pale a manchèt, Patricia lang vipè».

Anpil moun ki te viv epòk sa pa sispann temwanye lanmou yo pou gwoup sa, jan yo te renmen konsè ak diferan chanson yo, se vrèman anpil nostalji.

Pou rapèl, album "alfabè" a te soti nan lane 1991 sou fòma LP, se sou label "Melodie Makers" yo te soti li, CD sa te gen anviwon 9 mizik sou li. "Célébré" se te youn nan mizik ki te fè gwo siksè sou pwojè sila menm jan ak "Zanmi".

Revizite repètwa sa se apresye kalite gwo travay medam Riske yo: Zanmi, Alfabè, Vanité, Madam Marié, Célébré, Kité Yo, Lanmou, Di fé , Kité Yo (enstr.). Yon seri bèl konpozisyon ki marye ak tradisyon Ayiti (krik krak), anpil pwezi pou pale lanmou(Vanité).

RISKE se te yon konpa total kapital medam yo tap jwe ak anpil estil . Avèk slogan "alon konpa malelve papa", gwoup fanm sa te jwenn fòmil pou fè nou danse "KONPA O FEMINEN".

✍🏾 📖 Mass-Power Mache Kompa

20/01/2023

CAREL PERDRE PALE SOU DOSYE ticket Magazine nan

Ochan pou 'ArtKredi: Mass-Power MACHE KONPA
20/01/2023

Ochan pou 'Art
Kredi: Mass-Power MACHE KONPA

ROODY ROODBOY vs CHARLIN BATOKiyès kap fè plis hit sou ane 2023?
14/01/2023

ROODY ROODBOY vs CHARLIN BATO
Kiyès kap fè plis hit sou ane 2023?

22/11/2022

Kote album nan Gracia ? Mass Konpa 21 novanm a midi boul !!!🤔

15/11/2022

Festival Madan Gougous STMAARTIN FIRST, yon ti retou nan kèk imaj ak Dadou Dys

Konbyen moun ki konsa bò osi a?
15/11/2022

Konbyen moun ki konsa bò osi a?

15/11/2022

"A Chak fwa" se nouvo tit mizikvideyo Charlin Bato apèn lage la. M renmen kout plim sa, bèl videyo ! Bravo Charlin Bato .

LI PA VINI se te youn nan pi bèl reyalizasyon mizikvideyo nan epòk pal la(2003 a jodia)Se yon mizik ki tradwi reyalite m...
11/11/2022

LI PA VINI se te youn nan pi bèl reyalizasyon mizikvideyo nan epòk pal la(2003 a jodia)

Se yon mizik ki tradwi reyalite move sansasyon lanmou jenès la, majorite jennjan pase anba chagren sa. Jiska jodia ,konbyen nan nou kè nou sou biskèt kap tann rezilta? Konbyen nan nou kap tann yo di nou " le test est négatif " ?

Gen anpil nan nou kap gade oubyen tande mizik la kounya ki petèt pat ka konprann mizik sa nan anfans nou, pran yon ti tan regade & retandel, epi nap wè kalite gwo travay enspirasyon ki fèt nan tèks la ak nan videyo a.

"Li pa vini" te sou album "sak te gentan gen la" ki te soti an 2003, se te 2em album konpa kreyòl.

Pou mwen Mass-Power MACHE KONPA, se Youn nan pi bèl reyalizasyon epòk sa, e pou tout jenerasyon sa! E se Youn nan pi bèl mizik T-joe Zenny Kreyol La .

Bravo T-Joe, bravo KONPA KREYOL , viv mizik ayisyèn nan.

✍️ ~Mass-Power MACHE KONPA~

04/11/2022

Aux Cayes, hommage à MIKABEN,27 octobre 2022

30/10/2022

PLIZYÈ SANTÈN MOUN RANN OMAJ A MICHAEL BENJAMIN NAN VIL OKAY| MIKA WAP TOUJOU RETE NAN KÈ MOUN OKAY . ...

Aksyon SHABBA a manke elegans, lèl monte al jam ak yon jazz epi se pwoblèm pèsonèl li al regle ak yon lòt moun. Pou mwen...
15/10/2022

Aksyon SHABBA a manke elegans, lèl monte al jam ak yon jazz epi se pwoblèm pèsonèl li al regle ak yon lòt moun. Pou mwen, aksyon sa yo pa favorab ak biznis atis la, li dwe Jere emosyon l pi byen ke sa. Poukisa Shabba pa janm fè sa nan jazz li se nan jazz moun li toujou al bay dezòd sa yo.
EKIPShabbaMusic

✍️ Mass-Power MACHE KOMPA

MASSKONPA ap fè yon gwo kanpay medyatik nan 2 dènye semèn sa yo sitou. Yo gen yon jan yap ekspoze mizisyen yo mwen twouv...
07/10/2022

MASSKONPA ap fè yon gwo kanpay medyatik nan 2 dènye semèn sa yo sitou. Yo gen yon jan yap ekspoze mizisyen yo mwen twouve ki trè korèk, e travay la trè remakab.
Bravo pou tout ekip MASSKONPA ki panse estrateji sa.
Jazz la jwe byen🎶
The last will be paid?
Coming soon.

Timichel se Gitaris kap gen pou ranplase Makiki nan Zenglen. Nap raple Timichel te deja fè yon kout pasaj nan Jazz la de...
06/10/2022

Timichel se Gitaris kap gen pou ranplase Makiki nan Zenglen. Nap raple Timichel te deja fè yon kout pasaj nan Jazz la deja. Eske fwa sa se pral definitif?
Zenglen dwe rezoud pwoblèm enstabilite sa ki pa fè valè jazz la.

✍️

Eske nou dakò ak Mass-Power MACHE KOMPA? ENPOSIB 🎶🎵🎤
02/10/2022

Eske nou dakò ak Mass-Power MACHE KOMPA?
ENPOSIB 🎶🎵🎤

RalphcondéologieRalphcondistes
27/09/2022

Ralphcondéologie
Ralphcondistes

D'ZINE ap travay pou soti pwochen album li avan ane a fini.
24/09/2022

D'ZINE ap travay pou soti pwochen album li avan ane a fini.

Adres

Marigot

Website

Meldingen

Wees de eerste die het weet en laat ons u een e-mail sturen wanneer Zafèmizik nieuws en promoties plaatst. Uw e-mailadres wordt niet voor andere doeleinden gebruikt en u kunt zich op elk gewenst moment afmelden.

Video's

Delen


Andere Media-/nieuwsbedrijf in Marigot

Alles Zien