Ki vizyonw , what’s your vision

  • Home
  • Ki vizyonw , what’s your vision

Ki vizyonw , what’s your vision Digital creator ☝️

04/06/2024
12/02/2024
15/01/2024

Yon zanmim kap temwaye kijan jodia li rive posede yon kay ak yon bèl biznis paske yon jou yon moun te fel kado selman yon kès bonbon 🙏🏻

Anverite m sezi em kriye 😭😭🙆🏻‍♂️🫢

Selam pral konkli ke reyisit/siksè pa depann de ki kantitew genyen, ki kantitew komanse.

Siksè se rezilta : prensip e pasyans ou genyen ak nenpòt ti zwilit opòtinitew jwenn lan.

Valè kès bonbon m manje deja 😭

Mpa voyew al sere bonbon ki nan menw lan non, m voyew al reflechi kijanw kafèl vin plis .

Na gentan fin pale desa 🏃🏽

M te kontan rankontre fanmi zanmi nan Florida, sete yon bon séjour 😍👍 ✈️🏃🏽

Benj ✍️

27/12/2023

Another page of the book 😍💡

Benj ✍️

27/12/2023

Are you waiting for the wedding video?

Eskew ap tann video maryaj la ?

Tout sa ki bon e bel pran tan pou prepare, Kidonk rete tann 😍

Antretan siw poko follow paj la mpa konn afèw 🤷🏽‍♂️

Benj ✍️

27/12/2023

Kèm bat pifò lèl souri
lise feblès nan mitan panyen fòs mwen
♥️😍😘🫢

Mezanmi vin akeyi Mrs Benj😀🫢



Benj ✍️

24/07/2023

The devil wouldn’t be attacking you so hard if there wasn’t something valuable in you. Thieves don’t break into empty houses.

Relil ankò 🫵🏾

Benj ✍️

12/07/2023

Waiting room with TV sets at Greyhound bus station, Los Angeles, USA, 1969.

12/07/2023

Not only God takes time to prepare what he had promised you for you, but to prepare you for what he had promised you.

M santi poum di yon moun kap li mesaj sa;

Kot Bondye prale avèw la deja fin prepare, se ou lap prepare kounya

Benj ✍️

12/07/2023

😭

02/07/2023

Syantis yo poko janm ka bay detay sou sak fè vizitè yo reaji konsa lè wap lonje manje bayo 😏
nap tann

Benj ✍️

06/06/2023
06/06/2023

Happy Sunday

06/06/2023

Bay vag non

😀
06/06/2023

😀

Fè komsi nou pa wè ti boul la🤨

Sispann chechem pami small yo.

Nap priye, nap travay
Nap priye, nap fe sport

PS: Moun ki pral griyen dan nou, ok!

29/05/2023

Aswè a 9hr Pm! Frè Alexis (AKJEZIMAPMACHE) ap Ofri nou "Mwen Sou Kont Anwo Pasteur Delly Benson Ft Frè Alexis (version Rap)wap jwenn yon lòt Version Frè Alexis. Muzik sa di egzakteman tout sam t anvi di nan vye moman lè yo te panse m fini! Jesus dim m fèk Komanse paske m pa ni sou kont tet mw. Ni sou kont moun! Men se sou Kont anwo m ye!.
Rete Konekte!
Ou konn yon seul fason wap edem avanse se patajeeeee 😃
Akjezimapmache
UnePierre3coups (soon)

29/05/2023

Smile a bit

29/05/2023

Mwen ap pase byen prese mwen jwenn yon fanm ak kriye , mwen desann mandel sal genyen 🤷🏽‍♂️

Fi a dim li te gen mil goud nan menl li pèdi sou wout la 😭

M Rale bous mwen m fèl kado 2mil goud, m konsolel.

Pandanm fin vire poum ale,Li pete kriye pirèd 😭

Lèm mandel sal genyen, lidim sa tap fè 3mil goud li tap genyen 😭

Leson
-Anpil fwa nou vle menm touye tèt nou pou yon bagay nou pèdi, yon travay nou pèdi, yon mari, yon fiyanse.., san nou pa rann nou kont se pèt sa ki rann nou posede sa ki nan men nou jodia.

-gen pòt ki dwe fèmen pouw ka al chache kote pibèl pòt louvri

Tanpri kite yon “like “ pouw ankouraje m pote plis konsèy pou ou 😍

Bon semenn tout moun

Benj ✍️

29/05/2023

Madam mwen ale sou tif mwen li siprime nimewo Nawomi
epi li anrejistre nimewo pal sou non Nawomi
Mapkonn kiyes ki di madam mwen kem gen yon mennaj ki rele Nawomi.
Aprèsa Nawomi ekrim li mandem $200 , m kouri al
kot madam mwen m dil frèm lan fèk söt ekrim li
malad, pretem $200 poum voye bali an ijans. Li
banm li.
Mwen kouri al voye kòb la sou nimewo ki anrejistre sou non Nawomi lan.

Map enkyete eske Nawomi jwenn köb la, Lèm
retounen, mwen tèks Nawomi poum konn sil jwenn
lajan an, li kite yon mesaj ki di
"Appelle-moi stp"
Mwen kouri sòti anndan chanm lan kot madanm
mwen mal fè apèl la nan pakin lan.
Mwen tranble tankou fèy bwa lèm tande se vwa
madam mwen ki reponn apèl la .
Jodia a fè 3 jou m kanpe deyò a dwat doubout m
pakonn si poum monte ni desann
Edem jwenn sa poum fè tanpri

————
Emisyon lan samdi 4h , kidonk abòne siw potko fèsa

Benj ✍️
Motivational speaker

25/05/2023

Poukisa 🤷🏽‍♂️

😂😂😂

14/05/2023

Jodia pandan map kondwi m vanse kraze yon ti zwazo 😭

Epi m tou frennen kriiip
Men kòm mpat gen lòt machin dèyèm m profite kanpe poum gade lòt zwazo yo ki te pi devan m lan kap deplwaye vole al repoze sou pye bwa .

Yo te plizyè, men m remake sa ki louvri zèl yo nèt sou sòl la, savle di ki desann plat atè avan yo vole a, yal repoze sou branch ki pi wo pase lòt yo ki just bat zèl yo vole a .

Sak pa desann plat atè avan yo vole a rive sou branch bwa avan lòt yo ki desann plat atè louvri zèl yo avan yo vole a , men lòt yo ki pran tan avan yo vole a yo rive piwo e ale ak plis vitès.

Savle di chak zwazo sa yo vole pou yon destinasyon(vizyon) e yo chak prepare destinasyon yo avan mem yo deplase. Sak pral piwo pran desann zèl li piba avanl vole e pran plis tan avanl dekole.

Mpakonn ki vizyonw nan lavi, menm pase diw pa swiv moun bò kotew la li peut-être pral sou branch ki pi ba pasew, kitel ale 🤷🏽‍♂️

Preparew ou menm, ou pral lwen .
Desann ou toujou, e jouw dekole a wap pase kite yo ew pral repoze anwo tèt yo.

Ma gentan fin vin rakonte nou istwa zwazo sa, male 🏃🏽

Benj ✍️
Motivational speaker

13/05/2023

Ou ka pa renmen saw ap fè jodia, men kontinye fèl jouk ou rive jwenn saw ta renmen fè a.

Banm pi klè, travay wap fè jodia ka pa saw ta renmen fè a, men li ka se chemen pou mennenw nan saw ta renmen fè a 🎟️

Pa konfonn 𝐖𝐨𝐮𝐭 ak 𝐝𝐞𝐬𝐭𝐢𝐧𝐚𝐬𝐲𝐨𝐧

Relil ankò ☝️

Bon lajounen tout moun

Benj ✍️
Motivational speaker

Address

1649

Website

Alerts

Be the first to know and let us send you an email when Ki vizyonw , what’s your vision posts news and promotions. Your email address will not be used for any other purpose, and you can unsubscribe at any time.

Videos

Shortcuts

  • Address
  • Alerts
  • Videos
  • Claim ownership or report listing
  • Want your business to be the top-listed Media Company?

Share