Tripotay Lakay

  • Home
  • Tripotay Lakay

Tripotay Lakay Contact information, map and directions, contact form, opening hours, services, ratings, photos, videos and announcements from Tripotay Lakay, News & Media Website, .

05/12/2023

Flash! Men kòman Guy Philippe fenk debake nan zòn lakay li, Lakou Zaboka. Popilasyon an di Guy se Prezidan yo, Ariel Henry met dirije Port-Au-Prince, yo menm, yo gen prezidan pa yo..

30/11/2023

Se toujou menm motivasyon yo, KPK li ye - Kanal la pap kanpe. Tout lajounen, tout lannwit, se KPKP..

27/11/2023
25/11/2023

Lapolis mete anba kòd Polisye 21 èm pwomosyon sa wap gade la ki rele Cleevens Degazon, alyas " My Man" nan ayopò Okap la pandan lap kite peyi a nan pwogram Biden lan. My man fè pati nèg baz Krisla yo daprè lapolis..

18/11/2023

Jan wap gade la, se nèg Arab la ki debake sou pò Fort Liberté Prezidan Jovenel Moise tap travay pou reouvèl yon fason pou n te sispann pran imilyasyon kay vwazen an ak fè bato gaz debake nan gran nò peyi a, men maIerezman yo te kanpe an kwa pou sa pat reyalize.

18/11/2023

Epi se te denye 18 novanm Jovenel te wè vre! Li pat gen chans wè yon lòt... 😩

15/11/2023

Bwa mare! Ansyen senatè Nenel Cassy ak Wilot Joseph se 2 pami moun non yo site nan plis pase 10 denye rapò ULCC fenk soumèt bay komisè gouvènman jodi mèkredi 15 nonvanm lan, nan ka ankèt yo fè sou K0RlPSY0N nan plizyè enstitisyon piblik tankou , Palman an ak ministè afè etranjè. Nan majorite ka, ULCC mande pou yo pran aksyon piblik kont moun nan rapò sa yo..

15/11/2023

Dosye pil valiz lajan yo te jwenn lakay Prezidan Jovenel Moïse la, ansyen minis jisiti Rockfeller Vincent ki te akonpaye Martine Moise nan kay la, sòti nan silans li..

14/11/2023

Bon mezanmi nou poko janm ka sezi konsa. Malgre vwazen an voye sitwayen sa retounen nan peyi l 4 fwa nan yon sèl semèn, li di lap tounen pirèd paske Dominiken yo se bon moun se nou menm Ayisyen ki move moun..

14/11/2023

Bon nou wè koze mezanmi - Dam sa di li bare 2 Sòlda Dominiken ki Volè telefòn li pandan lap pase nan baryè a pou rantre lakay li..

08/11/2023

Zen pirèd! Rosemond Jean gaye wonn John Colem Morvan. Li fè konnen li sot mennen ankèt, li jwenn Morvan te fè pati yon gwoup nèg ak zam nan dèlma 19 ki te rele ki te alye Arnel Joseph. Daprè Rosemond Jean toujou, sèl diferans ki genyen ant John Colem Morvann ak Vitelòm, Morvan nan dyaspora a, Vitelòm an Ayiti. Apre sa tou 2 se 2 chèf..

08/11/2023

Mezanmi gade kijan yo bare Dominiken yo ki kanpe sou . Chak maten yo ouvè baryè yo, 2 Ayisyen al teste yo pou wè si vrèman y ap kite nou pase, ebyen gade reyaksyon yo..

08/11/2023

Flash! Direktè Depatmantal BSAP la fenk manke pran bèl Bwa Kale anba men moun wamanent pou trèt se gras a lapolis ki gentan sovel jan wap gade la. Yo ta fè kwè yèswa a li Dezame tout ajan BSAP yo, pwan zam yo epi maten an sòlda Dominiken yo rantre sou tè nou.

07/11/2023

Bon gade yon koze. Nou konnen Dominiken yo se yon bann lach wi. Gade tout sòlda yo gentan deplwaye pou vin bay moun kap travay sou kanal yo presyon. Kanal la pap kanpe, se toujou epi nap vanse 🇭🇹🇭🇹.

07/11/2023

Sa revòltan ak endiyan mezanmi 🙁 ... Akoz absans leta Ayisyen, moun Wanament oblije fè apèl ak nèg ak zam yo vin pote yo sekou anfas ak sòlda Dominiken yo ki vin rale zam sou yo.

07/11/2023

Flash! Bagay yo konplike mezanmi! Moun wanament kanpe an Grenadye Alaso nan devan sòlda dominiken yo nan moman an la. Yo di yo prè pou tout sa ki ka rive! Yo bloke wout kote machin sòlda yo tap pase a..

07/11/2023

Se bagay ki rèd wi, lè se yon gason kap kriye kou ti bebe - Atis Cator youn nan manb gwoup G-Sh tt, pat ka kenbe kòl kòm gason lèl aprann nouvèl DlSPARISYN atis, konfrè l ASAP FRESH.

07/11/2023

Mezanmi gade yon DouIè, manman Marco, youn nan ti mesye ki te al jwe ak Atis ASAP FRESH yo, pat ka kenbe ankò lè li aprann nouvèl pitit gason li ki gen 21 lane sèlman. Li remèsye atis .

Si medya Ayisyen espesyalman medya an liy yo pat la, Dominiken ta ba nou Zanana pou sizann. Se pa ti gòl a men yo tap ba...
04/11/2023

Si medya Ayisyen espesyalman medya an liy yo pat la, Dominiken ta ba nou Zanana pou sizann. Se pa ti gòl a men yo tap ba nou. Daprè vis delege Harold Joseph, baryè a ouvè pou komèsan yo ka al rekipere machandiz yo ki te bloke depi lè Abinader te fèmen fontyè a. Se pa pou fè komès Listín Diario

03/11/2023

Flash! Mezanmi moun Kafou mele nan moman an la. Nèg ak gwo zam deja ANVAYI plizyè katye tankou tisous, mariani zòn paloma, anpil kout baI ap chante san rete jan wap gade la. Moun yo oblije KOURl KlTE KAY yo.

26/10/2023

Flash! Nasyon Ini fenk voye 2 ekspè an dwa de lòm wanament pou vizite Kanal la.

23/10/2023

Bon gade yon koze! Arcus Jhonny Cadestin ke anpil moun sou rezo yo konnen sou non SNlPER, anba kòd lapolis. DCPJ ap fèl pale, konfese tout sa li te konn ap di sou rezo yo.

20/10/2023

😲😲 Nou poko janm ka sezi konsa pou gwosè W0NTE sa ak 2 souflèt vwazen an pwan maten vandredi 20 oktòb la jan wap gade la. D0MlNlKEN yo ouvè tou 2 baryè yo yo panse nou t ap vin achte ak antre, okenn moun pa mande sa yo pote. Baryè ba nou ret fèmen jan wap gade la.

19/10/2023

Lesly Theogen se direktè MCI nan Nòdès jwenn konvokasyon nan vil Cap haïtien Jodi mèkredi a. Selon enfòmasyn nous rive j...
18/10/2023

Lesly Theogen se direktè MCI nan Nòdès jwenn konvokasyon nan vil Cap haïtien Jodi mèkredi a. Selon enfòmasyn nous rive jwenn, li sou wout pou l jwenn revokasyon l paske se li se pami moun ki nan tèt mouvman fèmen baryè épi kenbe moun kap fè kontrebann sou fwontyè a.

Address


Website

Alerts

Be the first to know and let us send you an email when Tripotay Lakay posts news and promotions. Your email address will not be used for any other purpose, and you can unsubscribe at any time.

Videos

Shortcuts

  • Address
  • Alerts
  • Videos
  • Claim ownership or report listing
  • Want your business to be the top-listed Media Company?

Share