19/12/2023
Èske Desalinis lan se yon ideyoloji Lagoch ?
Vénel BOZILE ap reponn
=======================
Mwen menm ki konprann sitiyasyon mizè k ap ravaje mas popilè yo isit la se koz nou vire do bay pwojè libète byennèt fondatè nasyon sa a, Jean-Jacques Dessalines, te genyen pou pèp ayisyen an, mwen di tèt mwen gen nesesite pou nou resisite pwojè sila a nan peyi a, epi enpoze l an negasyon ak sosyete ki tabli kò l an Ayiti depi 1806 ki travèse pa 2 prensip fondamantal ki se :
1- majinalizasyon mas popilè yo, ak
2) kòripsyon administratif jeneralize pou anrichisman chèf ak grandon yo nan nivo leta a.
Kòm Jean-Jacques Dessalines pa t gen tan pou li te ekri yon tewori global sou leta, pou rezon sa a mwen bay tèt mwen objektif elabore yon baz teworik pou panse desalinis lan k ap gen pou referans filozofi, ansanm konpòtman ak vizyon politik ki te lakay li depi lè li te lyetnan-jeneral jiskaske li vin Anpèrè Ayiti.
E kòm mwen nan yon demach politik ki nesesè pou reyalizasyon pwojè « Nouvèl Ayiti » mwen menm ak divès lòt kamarad ap fè pwomosyon pou li, yon pwojè ki se yon kopi-konfòm pwojè libète byennèt fondatè nasyon an, aprè analiz, nou te rann nou kont, pa gen anyen nan sa ki konsène panse politik ak vizyon mond ki konsidere satisfaksyon libète ak byennèt moun nan pi gwo dimansyon li ke nou bezwen al chache nan tè etranje. Jean-Jacques Dessalines se premye chèf leta sou latè ki revandike dwa pou tout moun egal, pou tout moun viv tankou moun nan mond lan.
Sepandan isit, depi zak sasinay sou fondatè nasyon an, yo pa edike nou pou nou fyè de tèt nou. Aprè 1806, ansyen kolon yo te reyetabli tèt yo sou tèritwa a, mas popilè yo te sanse livre ak yo menm san defansè, san kapitèn. Lèkti doktè Jean Price Mars nan tèks "Ainsi parla l'oncle", Laënnec Hurbon nan "Barbare imaginaire" ak Jean Casimir nan "Haïti et ses élites, dyalòg moun soud ki pa janm fini" ap ede nenpòt tibebe konprann kòman elit yo toujou ap konbat kont mas popilè yo ak tout kilti popilè a.
Majorite moun ki konn li ak ekri an Ayiti panse pou yo gen valè fòk yo sanble ak ansyen mèt kolon yo, fòk pale yo diferan de pale mas popilè yo. Se konsa, malgre gen tantativ lakay kèk entèlektyèl gwo kalib peyi a konnen pou konbat pèsepsyon sa a, olye li diminye, kondisyon sosyal egzistans moun nan mas popilè yo k ap degrade pi plis koz li ogmante. Santiman "moun mas popilè enferyè ak kolon yo", santiman fòk yo sanble ak ansyen kolon yo pou yo gen chans reyisi a, RANFÒSE.
Se konsa, majorite entèlektyèl ayisyen nan dènyè jenerasyon an, twouve li obligatwa pou menm chita moun ap chita an Ayiti li dwe chita selon chema panse oksidantal la. Paske se peyi oksidantal yo ki ranplase esklavajis yo nan ejemoni mond lan. Kidonk, se yo menm ki vin pran plas nouvo mèt yo, nouvo kolon yo. Nan panse oksidantal la, se tèm « peyi soudevlope » yo itilize pou denonmen peyi yo te kolonize, peyi yo kontinye ap rann pi pòv yo. Se tèm « peyi devlope » ki pran plas metwopòl. Kidonk, nouvo rapò eksplwatasyon mèt lemond yo ap fè sou mas popilè yo nan divès kwen nan mond lan pa enplike tandèm "koloni-metwopòl" ankò. Moun yo pa egare, entèlektyèl kolonize yo te ka santi yo mal alèz.
Yo chanje ansyen tandèm lan pa yon nouvo ki se « peyi soudevlope-peyi devlope ».
Kòm se nan metwopòl la pou moun ki te nan koloni yo ki te vle voye pitit yo fè gwo klas te ale lekòl, ebyen se nan peyi devlope yo tou moun peyi soudevlope ki bezwen rive lwen lekòl majoritèman al chache grad metriz ak doktora.
Ki avantaj sa bay oksidanto yo?
- Sa pèmèt yo fabrike moun pi fasilman ki pou tounen vin sèvi relè ak pwojè entèlektyèl, politik ak ekonomik yo genyen pou sosyete y ap eksplwate yo. Se youn nan kòz ki fè li fasil pou w tande yon entèlektyèl ayisyen di w se Ayiti ki chwazi vin yon peyi pòv.
Poukisa sa te enpòtan pou m te eksplike nan kad yon demach kote m ap reponn kèk konpatriyòt ki pa sispann mande m èske ideyoloji desalinis la se yon ideyoloji Lagoch ?
Repons : se paske m entèrese ak lespri keksyon sa a moun yo ap plede poze m la .
Kòm Ayiti tonbe nan kategori peyi soudevlope, kote kilti popilè a toujou ap sibi vag panse oksidantal dominant lan, kòm Desalinis lan se yon ideyoloji ki gen orijin li menm pami eksplwate yo, pou kèk moun, ideyoloji desalinis lan ap merite konsiderasyon yo si li kapab antre kò l nan chema panse tradisyonèl oksidantal ke yo reprezante relè pou li a.
M ap di moun sa yo : Detwonpe nou !
« Jean-Jacques Dessalines pi gran pase loksidan »
- Jean-Jacques Dessalines se moun nan dimansyon pafètman akonpli a. Filozofi ak vizyon mond ki te kay Jean-Jacques Dessalines lan kontni tout sa nou wè lemond ap rele dwa moun ak revandikasyon sosyal yo jounen jodi a.
Jean-Jacques Dessalines te genyen plis pase yon syèk avans sou tan li an.
Vizyon mond Jean-Jacques Dessalines lan te depase kakan panse epòk li a.
- Panse ki te dominan nan tan Dessalines lan se te yon panse esklavajis ak mèkantil. Youn nan apwòch sistèm esklavajis la se tabli siperyorite ras yo youn sou lòt ak eksplwatasyon yon kategori moun nan pwofi yon lòt kategori pouvwa politik yo te fè tounen privilejye paske yo te konsidere yo kòm grenn siperyè. Malgre an Frans te gen yon mouvman pou te ranvèse sistèm privilèj la nan zòn 1789, men anpil nan sa k te ekri yo te rete sou papye, tankou koze tout moun fèt lib ak egal ego a.
Jean-Jacques Dessalines li menm, lè li fonde leta Ayiti a nan lane 1804, li te restore diyite ak egalite tout ras yo.
Pou Dessalines « Tout moun se moun » kèlkeswa orijin ou, kèlkeswa ras ou, kèlkeswa apatenans etnik ak sosyal ou.
Dessalines pi gran pase tout sila yo yo di nou ki se « gran pansè » yo. Epi, li pa t sèlman panse ke moun dwe viv tankou moun, li pa t sèlman panse ke tout moun dwe egal ego, tout moun se moun, li te reyalize l politikman tou.
Kounye a, èske Lagoch kapab apiye li sou ideyal politik Jean-Jacques Dessalines lan ?
- Si Lagoch la konsidere tout moun se moun, se wi.
- Si Lagoch la konsidere leta yo dwe òganize sosyete yo pou reyalize kondisyon byennèt tout moun, se wi.
- Si Lagoch la konsidere leta yo dwe otonòm, leta yo dwe granmoun tèt yo, se wi.
- Si Lagoch la opoze kategorikman ak aneksyon yon leta paske li pi piti pa yon lòt ki pi gran, se wi.
- Si Lagoch la opoze ak kòripsyon ki se youn nan obstak ak jistis sosyal la, se wi.
- Si Lagoch la konsidere moun yo gen libète pou yo adopte relijyon lide yo di yo ak priye divinite yo vle, se wi.
- Si Lagoch la konsidere leta yo dwe edike moun yo selon yon doktrin nasyonal pou kapab defann enterè siperyè nasyon ak pèp yo, se wi.
- Si Lagoch la konsidere rapò sosyal yo dwe chita sou legalite kote tout moun gen menm konsiderasyon, se wi.
Men si Lagoch la p ap rapousib objektif sa yo, oswa kèk ladan yo, mwen pa sèten l ap kapab apiye li sou Ideyoloji desalinis lan.
Vénel BOZILE,
Desalinis.
Yon lòt Ayiti posib