Bertho. Conserve

  • Home
  • Bertho. Conserve

Bertho. Conserve [email protected]" rel="ugc" target="_blank">[email protected]

05/07/2023

Joyeuse fête de l'indépendance au peuple Américain.

Happy birthday for the people American

26/06/2023

Mwen pa santi mwen heureux malgre jodi a se anivèsè mwen se pa pasle mwen pa gen kòb epi mwen pap travay men se padke mwen wè mwen nan captivite nan pwòp peyi m menm kay mwen mwen fè tout sa mwen kapab poum bati pou tèt bandi mwen obligé pati kite l al viv nan lwaye nan yon lòt zòn ki gen men problèm ak bò lakay mwen gen pafwa map mande tèt mwen poukisa mapkontinye viv sou tè sa a mwen fè fas ak tout pwoblèm. Men map bay tèt obligasyon sa a map kenbe mwen pap lage paske mwen gen diyitem poum byen gade

20/05/2023

Gade kijan wap fè yon moun parèy ou mechanste ou menm rive retire lavi l pou sa li pase tout tan nan lavi l ap travay pandan ke ou menm
ou pa menm gen kontwol lavi paw

12/05/2023
11/04/2023

Si sa jounal petagone publié a sou zafè mesenè Rusie ki antre nan peyi a ta gen evidance Leta Americain dwe sispann tout supò li konn bay Gouvernement Haïtien an pandan population Haïtienne nan ap tann eksplikasyon nan men Gouvernement Ariel Henry a

05/04/2023

Bravo pou ou menm. Malgre jan.situasyon an difisil ak pil presyon ki sou tèt ou chak jou nan peyi d'Haiti ou pa rive kenbe zam nan menw ou pa touye tèt ou
Ou se yon HERO
Men ou menm! Ki kite souci lavi sa a fè ou pran move chemin an ki fè wap fè moun parèy ou mechanste map diw li pa janm twota pouw repran bon wout la konsyans. Paske lavi pa janm rete anplas e li toujou ap pran nòt sou tout sa ou fè nan lavi ou

01/04/2023

Zanmi pam nan tande si ou chwazi fè moun mal ak mechanste chak jou wap chache mwayen ki toujou pi move nan laviw . Map mdew pou toujou mete sa nan tèt ou ke mwen gen dwa ak devwa pou mwen fè diferans

22/03/2023

Map raple pèp Haitien an gen. 5(sink ) antit ki koz ak planifye tout mal peyi ap fè fas jodi a men nom yo

La presse
Legliz (pwotestan,episkopal katolik),òganizasyon politik ki bay tèt yo non dwa moun ak pati politik

21/03/2023

Map raple pèp Ayisyen an gen 4(kat)antite nan peui

14/12/2022

Fanatik Argentine yo poko janm kwè ekip la nan final paske yo pa fè li onfyans pou yo nan mondYal la se sèl match Argentine /Coatie ki pi gwo match e gen pi bon abitraj ekip la jwe paske la holande elimine li depi vendredi ki te 9 desanm nan

Jodi a dwòg , zam ilegal ,pasyon lajan fè anpil Haïtien pèdi tout intimite ak lyen familyal,amikal,kondisip ,kamrad ,kòl...
08/12/2022

Jodi a dwòg , zam ilegal ,pasyon lajan fè anpil Haïtien pèdi tout intimite ak lyen familyal,amikal,kondisip ,kamrad ,kòlèg etc ki te genyen nan
Tout pepyi a. Men li pa janm two ta pou nou repran chemen lanmou ak lapè depi nou pran konsyans pou nou respekte lavi youn lòt depi nou panse dwòg pote pote richès pou gwo vendè yo pandan lap detwi tout yon sosyete patikilyèman fanmi Zam ilegal se pi gwo pwazon nan kont sosyete a pasyon lajan se

06/12/2022

Jodi anpil Haïtien pèdi tout intimite ak bon jan lyen familyal amikak kondisip kamatad. Kòlèg etc nou blie si nou te konnen grandi leve sou menm katye edidye ansanm ale lekòl manje. bwè jwe foot tou sa

05/12/2022

Dwòg ak

Pèp Haïtien anpil nan nou. fè tput sa ki mal yo kont pwòp tèt nou malrezman nou pa janm pran konsyans.yo kraze ak brize ...
29/11/2022

Pèp Haïtien anpil nan nou. fè tput sa ki mal yo kont pwòp tèt nou malrezman nou pa janm pran konsyans.yo kraze ak brize tout sa ki sèvi peyi a richès Yo touye moun ki nan menm situasyon ak yo chak jou , touye polisyer, Batonier ansyen Senatè ak Directè general anfonksyon yon prezidan republik an fonksyon denye a se se Direktè lekòl polis nasyonal la devan lekòl la menm malgre tou sa nap rann lòt moun ak lòt peyi responsab salte nou yo

26/11/2022

Frè ak sè zanmi Haïtien mwen yo mwen vle pale ak ou. Ou se moun tankou tout moun ou pa dwe ap fè moun parèy ou mechanste mete dlo nan je kòd nan ren kidnape ak touye pasi pala toujou mete nan tèt ou se moun menm jan ak ou yo ye ou pa mete lavi ou pakapab tou retire lavi moun Menm si dwòg ak alkòl jwen pi gwo plas nan lavi ou men si ou pran konsyans wap gade sa wap fè a se pa nòmal Tanpri depoze dwòg ak boutèy alkòl la pandan wap voye jete ak abandone zam inegal ki nan menw nan kap fè. Moun mechanste san bezwen epi tou Haïti se pou nou li ye nou youn pa gen dwa fè lòt kouri pou li

25/11/2022

La population Haïtienne attend avec impatiemce l'assistance économique du Gouvernement Haïtien à travers l'aide et les fonds qui sont décaissés par la Banque Interamericaine de Développement (BID)afin de rendre la rentrée de classes soit effective et satisfaisante pour la societé qui est très soucieuse pour l'éducation de ses enfants
qui se montrent très fatigués de ces vacances sans limite

Nan sanksyon gouvènman peyi Canada🇨🇦 ak Etats Unis 🇺🇸 pran kont anpil gwo fonksyonè nan leta Ayiti a tout konsène sa yo ...
21/11/2022

Nan sanksyon gouvènman peyi Canada🇨🇦 ak Etats Unis 🇺🇸 pran kont anpil gwo fonksyonè nan leta Ayiti a tout konsène sa yo ap di yo pa koupab.Tankou PM Laurant Salvador Lamorte pèson nan sosyete a pakapab di li koupab ou non men tou sil ta vle montre reëlman sa kap di yo kont li yo pa gen verite ladan yo se ta prezante bay sosyete a ki se viktim de tout sòt de mechanste konpòtmant move responsablite sa yo kopi deklatasyon patrimwan ou lè ou tap antre nan leta ak kounye a ou pa nan leta ankò tout sitwayen ayisyen ap tann tou ULCC rann publik deklarasyon patrimwàn konsène sa yo E menm ansyen PM Laurant Salvador Lamorthe kapab ede tèt li ak sosyete ya konprann defans li ya tankou kòmamd zam ki te fèt nan peyi Isaël antanke ansyen chef CSPN Kòman repatisyon yo te fèt sou gouvènman li nan ki periòd konsa nap mete an kesyon desizyon de (2) peyi sa yo ki di yo vle ede Haíti delivre de move zak sa yo

12/11/2022

Pèp Ayisyen genyen 3 (twa) gwo enmi li dwe konnen yo trè vyolan e se yo menm kap detwi peyi a jenès la anpatikilye malerez anpil nan nou chwazi yo pou pi bon zanmi

Dwòg
Alkòl
Zam ilegal

11/11/2022

Les nations unis et le département d'Etat des Américains sont prié d'entendre et agir sur le cri d'alarme du peuple Haïtien

11/11/2022

Les nations unis et le département d'etat des Americains sont-ils prié d'entendre et agir sur le cri d'alarme du peuple Haïtien

01/11/2022

Mesye si Bon Dieu pale nan kè w ak konsyans ou pouw libete tèminal vareux.a pou pèmèt gaz la soti. Apre tout tan sa a ou fè popilasyon an ap soufri tout kalite spufrans sou konsyans ou kontinye aji san poze kondisyon pou gaz la ka soti pou libere malere ak malerèz yo paske se yon pèp inosan Haïtien ye

Nou kondane lanmò jounalis la nan lanou i. Oommissariat Delmas 33 si gen lanmò vre men tou fòk jounalis la konnen dwa , ...
30/10/2022

Nou kondane lanmò jounalis la nan lanou i. Oommissariat Delmas 33 si gen lanmò vre men tou fòk jounalis la konnen dwa , respek ak limit li la pou.l bay enfòmasyon men li pa la pou l fè afrontman kont la polis e ni fè agresyon kont polisye yo jounalis yo dwe pi pwofesyonèl nan travay jounalis la si gen arestasyon se lapolis ak lajustis ki gen dwa pou libere. Anplis mesye/dam Haïti se peyi nou se pou nou li ye lè nou fin kraze jan nou vle kraze la ki kote nou prale rete aprè

26/10/2022

Pèp Haïtien fòk nou montré.nou entèlijan Peyi Laroussie pa janm fè anyen ki enpòtan pou nou pase sa selon istwa de plus en plus Vladimir Poutine ap plis izole sou planèt la e poukisa nou vle koute band politisyen engra malonèt ki ta vle mete nou anfas peyi Américain pandan pwòp nou menm youn ap touye lòt ak pil mechanste pandan ke nou tout bezwen antre etazini sa yo se ipwokrizi

18/10/2022

Devan sa kap pase

17/10/2022

Vitelhome Innocent. Map adrese ak ou kòm yon moun ki trè enpòtan ke mwen konsidere anpil malgre mwen gen chans yonsèl fwa rankontre avèk li malgre tout chaj malonèt li gen sou do li nan tout sosyete a men li rete tou yon fanmi yon zanmi yon peyizan se pa paske li gen tout chaj sa yo sou do li poum ta rechte li avan tout li se moun li pa janm fasil pou tout moun gen menm konpòtman men nou tout nan menm sosyete yon sèl ansanm moun sa rele vitelhome

Frè pam tande lavi pi enpòtan pase tout sa yon mount a posede sou tè sa a. Ou pakapab fè tout vi w ap kreye enmi. Jodi a tout moun Haïti gadew kòm gwo dyab kont yo ou telman ap goumen ou preske pa konnen ak ki ès wap goumen. Ki pa nòmal anplis menm la polis ki ta dwe ap pwotejew antanke fòs legal zòn kote ou fèt ou leve grandi ak yo oblije ap kouri pou ou mwen kwè ou kapab tande konsèy e mwen fè tout sa ki depan de de mwen pou mwen fè konsèy rive jwenn ou

Tanpri map mandew pran yon ti tan fè yon ti reflechi paske ou gen anpil avni devanw ou trè jèn bay moun yo yon chans bay peyi a. Pitit ou fanmi ou chans sa a li pa janm two ta pou ou fè sa a ki bon petèt ou pa kwè nan Bon Dieu men li kapapab edew repare laviw ak padone ou pakapab yon bon super starnan fè moun inosan mal tanpri voye gade Torcel. Pernier. Anba galette beaudui anpil lòt zòn poze tèt ou kesyon sou pase yo ak jodi a

16/10/2022

Haïtien frè ak sè mwen yo map mande w pou tpujou sonje Haïti se pou mwen menm avèk ou ak tout pitit li yo .Nou pa dwe ap fè mechanste kraze boule e menm rive kidnape ak touye . Pitit li jodi a Haïtien. Pa konnen kisa pou yo fè menm andedan lakay yo pa alabri sa ki nan peyi etranje pakapab di yap fè yon retounen lakay paske Haïtien parèy ap kidnape ak touye yo
Mesye /dam èske nou gen yon lòt peyi derechanj aprè nou fini fè ti pèp inosan sa a tout mechanste ou pa dwe fè l ?
Poukisa ou bay lajan ak pouvwa enpoòtans pase lavi moun ?
Poukisa paske ou gen lajan ou ka vwayaje ou gen pouvwa se zam ou distribiye nan katye populè yo
Pandan ou voye fanmi paw al sere nan peyi etranje ou pwofite ap pran malè plezi nan ankouraje kriminalite ?
Ou menm kap di ou pa vle blan vini sou sòl Haïtiens an èske ou pa fè yon reflechi se mechanste wap fè sa ki pi piti san defans yo ki koz blan vini la ?
Eske ou poko fi nriche toujou sou san pèp inosan sa a
Èske PM Ariel se veritab pwoblèm vre ?

08/10/2022

Haïti,Haïti ,Haïti ! Tu ne dois pas perir. Haïtiens où que vous soyez vous devez aimer votre patrie car vous n'avez pas d"autre pays de rechange

08/10/2022

Je salue la societé Haïtienne toute entière en la posant ces questions suivante : aujourd'hui que voulez vous faire avec ce pays ? Voulez vous continuer à montrer ces image humiliante et déshonorant contre ce pays à travers mondial ? Pourqoi c"est cet heritage vous vouiez offrir à nos enfants ? Pourquoi aceptons nous les gens qui portent des armes ilegale et qui font des lois et agissent en seigneur dans le pays et nous les applaudissont ? Quelle education voulons nous offrir à nos enfants

Address


Telephone

+50939261603

Website

Alerts

Be the first to know and let us send you an email when Bertho. Conserve posts news and promotions. Your email address will not be used for any other purpose, and you can unsubscribe at any time.

Contact The Business

Send a message to Bertho. Conserve:

Shortcuts

  • Address
  • Telephone
  • Alerts
  • Contact The Business
  • Claim ownership or report listing
  • Want your business to be the top-listed Media Company?

Share