ZOOM LAKAY AYITI

ZOOM LAKAY AYITI Informations de contact, plan et itinéraire, formulaire de contact, heures d'ouverture, services, évaluations, photos, vidéos et annonces de ZOOM LAKAY AYITI, Media, Jacmel.
(1)

Nou la pou n fè w viv tout sa kap pase nan lakou lakay depi l pozitif


Kouri al abone ak nou sou Youtube svp Fanmi ZOOM LAN

Téléphone 📞 +509 3609-8847

https://youtube.com/

Bonswa tout moun,mwen espere nou anfom.se avèk anpil doulè  nan kè nou  nap reponn  Onius René ki ekri ZOOM LAKAY AYITI ...
12/02/2025

Bonswa tout moun,mwen espere nou anfom.se avèk anpil doulè nan kè nou nap reponn
Onius René ki ekri ZOOM LAKAY AYITI pou mandel bal yon ti esplikasyon sou sak pase Peredo nan kanaval dimanch la. ebyen frèm menm jan tout moun te aprann nouvèl la, se konsa zoom lakay te aprann li tou. yo rapòte nou se yon mesye Marigo ki rele (Pike) pitit Bòbòn moun la Guiillaumonde ki te vin gad kanaval Peredo epi yon lòt moun bal yon kout baton nan http://xn--tt-7ia.se/ byen tris aprè yo vin aprann nou ke li mouri.selon sa anpil moun yo di sanble moun ki bay Pike kou a te kagoule epi li te degize kòm madigra.se tout sa nou ka reponn Onius René paske nou pat live nan kanaval la jou a ni nou pat prezan lè aksyon an te pase a.
Nou pa media ki bezwen nan kouri bay enfòmasyon avan poun vide vant nou.nou oblije pran tan poun chèche vrè enfo yo.nou pap defann patri,nou se yon kap sèvi komin nan avan nou bay yon enfo nou asire nou ke nou konnenl byen paske nou pa vle fè difamasyon

Zoom lakay kondane sak rive peredo dimanch la e imaj sa yo pa bèl e li pa janm bèl pou yap met dlo nan je okenn moun e nan fason sa.
ZOOM LAKAY pat prezan. nou pa ka bay okenn enfòmasyon ki pa fyab. ni poun bay enfòmasyon ta sanble. se tande nou tande menm jan tout moun tande a paske nou pat la e nou pat live nan lari jou dimanch sa. yon moun yo di nou ki pran yon kou nan kanaval nan lari devan tout moun e yo di nou se pat nan nuit sa rive. Nou imajine aprè 2 jou jiska prezan pa gen yon machine lajistis ni lapolis ki vin nan zone nan pou chèche enfo oubyen pou mennen ankèt. Pa gen okenn otorite konsène ki di anyen ni sòti okenn nòt.zoom lakay pa ka bay okenn enfo ke li pa konnen. ke la jjistis fè travay pou pote limyè paske nou menm tou nou ta renmen gen limyè e pou jan de bagay sa yo sispann repete tou

Nou ap fini poun voye senpati pou tout fanmi Pike espesyalman moun Gyillaumonde ke nou konnen ki anba dlo aprè lanmò trajik Pike.Pa gen moun nouvèl lanmò sa pa touche malgre nou pa twò konn fanmi Pike yo apa de Papal Bòbòn ak Otilio ,Merolson,Merold ke nou plis konn gen chans wè.
Bon vwayaj Pike fans FANMI ZOOM LAKAY☑️

Police Nationale d'Haiti - PNH  resevwa ekipman ki vo 6 milyon dola nan men Etazini pou goumen kont gang! Depatman Deta ...
10/02/2025

Police Nationale d'Haiti - PNH resevwa ekipman ki vo 6 milyon dola nan men Etazini pou goumen kont gang! Depatman Deta Ameriken remèt bay PNH lendi sa a 600 zam afe, 9 machin Toyota ak Ford, 2 kamyon, 2 chajè blende ak lòt ekipman lou. Prezidan CPT a, Leslie Voltaire ak Direktè Jeneral PNH la, Normil Rameau akeyi materyèl sa yo pou kapab ranfòse kapasite operasyon lapolis pou goumen kont gang kriminèl yo.

Prezidan Kolonbyen an ,Gustavo Petro mande demisyon tout minis li yo ak ansyen ofisye l yo, sa ki montre tansyon k ap fe...
10/02/2025

Prezidan Kolonbyen an ,Gustavo Petro mande demisyon tout minis li yo ak ansyen ofisye l yo, sa ki montre tansyon k ap febli administrasyon li an. Desizyon sa a vini aprè yon reyinyon tansyon sou ralantisman refòm sosyal li yo. Minis Anviwònman an, Susana Muhamad, te premye a ofisyèlman depa li, ki te swiv pa lòt ekzekitif gouvènman an. Prezans kontwovèsyal Armando Benedetti, akize de iregilarite ak vyolans ki agrave kriz la. Petro dwe rekonpoze ekip li a pou relanse pwojè politik li a.

ZOOM LAKAY AYITI  retire chapo'l poul salye depa youn nan manm ki te pi aktif nan reziye rara e ki fè plis ke 20 lane ap...
07/02/2025

ZOOM LAKAY AYITI retire chapo'l poul salye depa youn nan manm ki te pi aktif nan reziye rara e ki fè plis ke 20 lane ap bay plezi devan rara sa. Lap difisl siw ap gad rara peredo lontan pou pa konn wè mesye sa devan rara reziye.

Josué Deroneth di ti frè te konn toujou abiye,chèlbè pase rat devan rara e li pa janm konn pase yon ane li pa sòti depi reiziye ap pran lari. Fòk nou di lanmò Josué Deroneth ti frè vin ajoute lis moun enpòtan ke Reziye pèdi deja tankou: Menace Preval, Kimberly, Dieubon Coichy, Fauster Coachy, Moranta Raphaël epi denye moun nan la ki se Ti frè.

Bon vwayaj Tifrè,
zoom lakay swete tout fanmi tifrè ak tout staff reziye rara kouraj.

Encore un coup dur pour le staff Reziye Rara  qui perd un autre membre important , deux semaines après le départ de Mora...
07/02/2025

Encore un coup dur pour le staff Reziye Rara qui perd un autre membre important , deux semaines après le départ de Moranta Raphaël.

03/02/2025

Gad yon nonm ki tap bay plezi jodi a nan kanaval vil jakmèl

Jacmel,  ville de la culture 3 ème dimanche précarnavalesque
03/02/2025

Jacmel, ville de la culture

3 ème dimanche précarnavalesque

02/02/2025

3 eme dimanche précarnavalesque à jacmel ,avenue Baranquilla

1er Février 2024--------1er Février 2025  Cela fait 1 an depuis que cette guerrière nous a quittés. La communauté éducat...
01/02/2025

1er Février 2024--------1er Février 2025

Cela fait 1 an depuis que cette guerrière nous a quittés. La communauté éducative, les organisations féministes, les amis, les anciens collaborateurs regrettent encore le départ de madame Lauretha Pierre qui n'a pas vécu inutilement, puisqu'elle a contribué à la formation des générations. Une année après , les traces qu'elle a laissées restent indélébiles dans la société et serviront encore les générations à venir...
Que tu continues à te reposer en paix madame Lauretha Pierre.

Tes fils

Darline Pierre
Josie Pierre
Jean Herby Pierre.

Prezidan peyi Kolonbi an , Gustavo Petro mande konpatriyòt Kolonbyen ki pa gen papye nan peyi Etazini pou yo kite travay...
31/01/2025

Prezidan peyi Kolonbi an , Gustavo Petro mande konpatriyòt Kolonbyen ki pa gen papye nan peyi Etazini pou yo kite travay yo imedyatman. Se lòd sa li pase yo, pou yo retounen nan peyi yo pi vit posib, te ekri prezidan Kolonbyen an sou kont 𝕏 li jodi Vandredi 31 Janvye 2025 la.

Ayè mèkredi 29 janvye 2025 lan, prezidan Ameriken an  Donald Trump siyen yon memorandòm pou mande gouvènman federal la p...
30/01/2025

Ayè mèkredi 29 janvye 2025 lan, prezidan Ameriken an Donald Trump siyen yon memorandòm pou mande gouvènman federal la prepare baz militè ameriken ki nan Guantanamo , Kiba🇨🇺pou akeyi plizyè milye migran. Memorandòm nan mande Ministè Defans ak Depatman Sekirite Enteryè peyi Etazini pou bay yon espas detansyon siplemantè nan Guantanamo, pou resevwa etranje kriminèl ilegal yo, ki se yon priyote. « Anpil moun konnen sa. Nou gen 30,000 kabann nan Guantanamo pou prizonye etranje ilegal kriminèl ki menase pèp ameriken an. Sa pral double kapasite nou », se deklarasyon Donald Trump, nan kad yon rankont ak Laprès nan Lamezon Blanch.

Dat pwochen eleksyon yo (prezidansyèl, lejislatif ak minisipal) ann Ayiti 🇭🇹 fikse pou 15 novanm 2025, daprè deklarasyon...
29/01/2025

Dat pwochen eleksyon yo (prezidansyèl, lejislatif ak minisipal) ann Ayiti 🇭🇹 fikse pou 15 novanm 2025, daprè deklarasyon Leslie Voltaire, prezidan Konsèy Tranzisyon Prezidansyèl la, Mèkredi sa a sou TV5MONDE . Sa yon fason pou remèt pouvwa a bay yon prezidan eli 7 fevriye 2026. Reprezantan Fanmi Lavalas ap vizite kounye a Lafrans, kote li rankontre maten an ak prezidan fransè a Emmanuel Macron.

Administrasyon Trump lan anile TPS ansyen Gouvènman Biden te akòde a 600,000 Venezyelyen,anvan depa li rapòte The New Yo...
29/01/2025

Administrasyon Trump lan anile TPS ansyen Gouvènman Biden te akòde a 600,000 Venezyelyen,anvan depa li rapòte The New York Times Jounal la fè konnen desizyon sa a ta ka ouvri pòt pou depòtasyon Venezyelyen sa yo.

29/01/2025

Mezanmi nou pa mande koze, kitem di nou yè swa nan dans ka Pierre Theodore a nou al pantan sou ti granmoun sa kap pran bagèt.
Lè nap gade laj granmoun sa ppu talan li genyen ak enèji lap bay ,zoom lakay te oblije bal lajan pou sa ti granmoun nan fè anba tonèl la .piblik la retire chapo pou li

ann gade ansanm

29/01/2025

Aochan Nago tout moun

yèswa se te dans ka Pierre Theodore nan lakou Desplanty. Anpil moun ap di yo tande pale de Pizeeey men yo pa konnenl.

ebyen gad video sa byen wap wè mesye a. nèg ki gen piwèt lè lap danse

28/01/2025

suite dans ka Pierre Theodore #2

28/01/2025

suit Dans ka Pierre Theodore

Adresse

Jacmel

Téléphone

+50936098847

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque ZOOM LAKAY AYITI publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L'entreprise

Envoyer un message à ZOOM LAKAY AYITI:

Vidéos

Partager

Type