Samuel P. Accius

  • Home
  • Samuel P. Accius

Samuel P. Accius Enjenyè endistriyèl, kreyatè kontni. Mwen fè videyo pou m aprann ou kòman pou fè videyo. Mwen kreye pou Anseye w, Enspire w epi Divèti w.

Non pa m se Samuel Polidor Accius, anpil moun konnen m sou non SPA. Mwen se yon Enjenyè endistriyèI ki pasyone e ki pran plezi nan tout sa ki banm chans itilize kreyativite m. Se nan men lojik sa ki fè m dekouvri talan videyografi lakay mwen. Sou paj sa, mwen deside pataje konesans mwen avèk ou sou kreyasyon kontni, espesyalman kòman pou fè montaj videyo. Mwen kreye paj sa paske mwen vle pwodui ep

i ba w aksè ak kontni ki gen kalite sou videyografi. E chak jou ki pase, m ap amelyore kalite kontni m ap pwodui yo. Mwen vle ede w aprann epi byen konprann lojik ki dèyè montaj videyo. Men an jeneral, se yon paj ki dedye ak tout moun ki kreyatif, tout moun ki ta renmen kreye kontni nan domèn y ap evolye a, epi tout moun k ap chèche konesans pou amelyore kapasite yo pou kreye. Mwen pibliye kontni sou videyografi, vlog, titoryèl, sou ekipman kamera, DIY, elatriye. Mwen pibliye anviwon 1 fwa pa semèn. Suiv mwen pou w pa rate okenn kontni.

15/01/2025

Eske w te konnen kisa yon VIDEYO ye?

22/12/2024

Yon aprè midi nan Okay!

19/12/2024

Mèsi Okay!

Menm jan mwen sot fè li Jakmèl, m ap kontan pataje ti kras konesans mwen ak kòdonye nan vil Okay sou enpòtans ak kòman p...
17/12/2024

Menm jan mwen sot fè li Jakmèl, m ap kontan pataje ti kras konesans mwen ak kòdonye nan vil Okay sou enpòtans ak kòman pou kreye kontni pou biznis yo, nan kad Inisyativ pou Kore Kòdonye (INIKK).

INIKK se yon inisyativ m ap sipòte atravè depi nan premye edisyon an nan lane 2020. Ane sa, mwen sòti Okap pou m ale Jakmèl ak Okay pou m mete devwa m opwòp.

17/12/2024

Okay mwen ta prale epi m wè m tonbe la. M pèdi, m pa wè kote m ye la.

15/12/2024

Se mango m te konn keyi andeyò, m pat konn jwe baskètbòl. Epi valiz la twò lou nan do m.

Se jis pou di nou, depi nou ri, m bloke nou. 😂😂😂😂😂

Jakmèl
14/12/2024

Jakmèl

29/11/2024

Pi bon DEAL pou moun Canon yo

Si w nan ekosistèm Canon nan deja, tcheke espesyal Black Friday sa.
https://amzn.to/4eXvK2a

27/11/2024

M kite CANON pou SONY pou yon grenn rezon. Rezon sa ka parèt dwòl, men se vre. Ekosistèm Canon nan te parèt konplike pou mwen nan moman mwen te anvi achte yon kamera Full Frame.

PS: Sony gen yon lòt sistèm (monture) lens ki rele A-mount, men depi 2016 yo kanpe sou li pou fokis sou E-mount sèlman. Se rezon sa ki fè tout dènye kamera Sony yo ka pran menm lens.

Abòne ak chanèl la. Rejwenn kominote a:
https://bit.ly/3c1hgOx

09/11/2024

Eske w konn fè foto konsa tou ? Pataje eksperyans ou nan kòmantè.

05/11/2024

Bon rekòt lavi ak reyalizatè nou Samuel P. Accius

05/11/2024

Bon rekòt kafe à notre collaborateur, Samuel P. Accius 🎉🎉🎉

Address


Alerts

Be the first to know and let us send you an email when Samuel P. Accius posts news and promotions. Your email address will not be used for any other purpose, and you can unsubscribe at any time.

Contact The Business

Send a message to Samuel P. Accius:

Videos

Shortcuts

  • Address
  • Telephone
  • Alerts
  • Contact The Business
  • Videos
  • Claim ownership or report listing
  • Want your business to be the top-listed Media Company?

Share

SPA

Samuel P. Accius, also know as SPA is an industrial engineer and video creator who’s on a mission to create, teach and entertain.