Cadet Saint Louis

  • Home
  • Cadet Saint Louis

Cadet Saint Louis Social Activist
(1)

24/03/2022
09/11/2021

Nan kontèks kote anpil enstitisyon ap fèmen pou kriz gaz ak ensekirite , g on sèl kesyon pifò ladan yo ta dwe poze tèt yo:" e si n pa t deside sipòte pwojè kriminèl PHTK kont popilasyon an, èske n t ap rive la a jodi a"?

Pi gwo kesyon an pou mwen se kouman e pou kiss yon moun pase 15 lane ap peye menm moun nan lwaye? Sa reprezante yon mwat...
06/11/2021

Pi gwo kesyon an pou mwen se kouman e pou kiss yon moun pase 15 lane ap peye menm moun nan lwaye? Sa reprezante yon mwatye tan pou w te peye yon mortgage sou 30 lane. Se vre lè w posede kay ou, tout sa k kraze andomaje se sou kont ou men tou, lè valè kay sa a ogmante ou ka vann li pran rès lajan w oswa refinanse kay la. But 15 years on rent with the same landlord, How? Why?

06/11/2021

Aswè a, ap la. N ap pale Ayiti-Sendomen, ensidan diplomatik ak kriminalite ki prèske trangle tout sosyete a. Vin patisipe epi pataje. 7tè pil!

Li foto ekran sa a epi mande tèt si w nan rèv.Yon ki mouri asasine epi telefòn li toujou rete to aktiv pandan yon swadiz...
06/11/2021

Li foto ekran sa a epi mande tèt si w nan rèv.
Yon ki mouri asasine epi telefòn li toujou rete to aktiv pandan yon swadizan ankèt so fèt sou lanmò l.
Alòs, se jistis sa a n ap tann ki pou "elèv in nasyon" an!
Bon, nan men kilès telefòn jovenel la ye vre!?🤔🤔

M konn ap fè interview  kèk fanm ki akouche, lè m mande yo apre konbyen tan y ap retounen travay yo di m se nan 4 semèn....
06/11/2021

M konn ap fè interview kèk fanm ki akouche, lè m mande yo apre konbyen tan y ap retounen travay yo di m se nan 4 semèn. M vrèman pa konprann kijan yon sistèm ka trete fanm konsa pou fòse medam yo vin travay osi vit konsa apre akouchman nan Etazini. Pou kisa leta pa ka egzije antrepriz yo bay medam yo yon lane konje matènite kote leta te ka peye 6 mwa e antrepriz la peye 6 mwa tou? Moun bezwen tan pou yo rekipere yo epi pou oganize lavi timoun nan byen anvan pou yo tounen al pran stress nan travay.

13/03/2020

THE SYMPTOMS OF CORONAVIRUS

1. It will first infect the throat, so you'll have a sore throat lasting 3/4 days

2. The virus then blends into a nasal fluid that enters the trachea and then the lungs, causing pneumonia. This takes about 5/6 days further.

3. With pneumonia comes high fever and difficulty in breathing.

4. The nasal congestion is not like the normal kind. You feel like you're drowning. It's imperative you then seek immediate attention.

SPREAD THE WORD

CORONAVIRUS FOR GUIDANCE:

1. If you have a runny nose and sputum, you have a common cold.

2. Coronavirus pneumonia is a dry cough with no runny nose.

3. This new virus is not heat-resistant and will be killed by a temperature of just 26/27 Celsius. It hates the Sun.

4. If someone sneezes with it, it takes about 10 feet before it drops to the ground and is no longer airborne.

5. If it drops on a metal surface it will live for at least 12 hours - so if you come into contact with any metal surface - wash your hands as soon as you can with a bacterial soap.

6. On fabric, it can survive for 6-12 hours. normal laundry detergent will kill it.

7. Drinking warm water is effective for all viruses. Try not to drink liquids with ice.

8. Wash your hands frequently as the virus can only live on your hands for 5-10 minutes, but - a lot can happen during that time - you can rub your eyes, pick your nose unwittingly and so on.

9. You should also gargle as prevention. A simple solution of salt in warm water will suffice.

10. Can't emphasize enough - drink plenty of water!

PLEASE FORWARD THIS MESSAGE TO FAMILY, FRIENDS AND CO-WORKERS.

16/02/2020

Publié le 2020-02-14 | Le Nouvelliste

Jovenel Moïse/PHTK payent des « artistes » de pacotille pour chanter « aba peyi lòk, kite timoun yo al lekòl » alors qu’on tue des enfants sur le chemin de l’école, qu’on assassine des jeunes gens. Le dimanche, les défilés pré-carnavalesques honteux qui nous coûtent une fortune dans un contexte où tout va mal disposent d’une protection adéquate. Pour le reste, ni rien ni personne ne bénéficient d’une quelconque protection.

Quand on ose affronter les rues, il y a le risque de cette criminalité des gangs devenue ordinaire. Mais il n’y a pas qu’elle. Nous voilà revenus au temps de la criminalité des chefs, de l’arbitraire. Dans une même semaine : discussion dans un bar, un homme sort son arme, tire et tue. C'est un chef. Deux motos se frôlent en plein embouteillage, l’un des chauffeurs s’en va, l’autre sort son arme et dit : « Se bal mwen ta pral mete ». C’est un ''chef''. Un cortège « d’officiels » accroche un véhicule civil. Ni vu ni connu, la carrosserie abîmée, le traumatisme de l’agression, dommages collatéraux de l’expression de la puissance : on ne doit pas se trouver sur la route des chefs.

Des routes barrées, cinq heures pour faire dix kilomètres, des machines en panne, des administrations qui ne peuvent pas fournir les services dus aux contribuables. De l’argent dépensé dans des activités de propagande qui ne peuvent pas convaincre.

On peut lire cette montée de la criminalité comme signe de l’installation d’un climat de peur. Sortir ? Manifester ? Les populations des quartiers populaires terrées chez elles. Les rues sont aux gangs et aux chefs…

Sang, corruption, incompétence, criminalité, arbitraire, impunité, et peur. Voilà le bilan de la continuité Jovenel Moïse, PHTK. Les conservateurs qui, par réflexe de classe, ont peur du changement, commencent à déchanter. Ils voulaient la continuité, le retour à une « normalité » qui les confortait dans leurs petites vies et leurs petites affaires. Ils ont eu la seule continuité que Jovenel Moïse/PHTK peuvent assurer : la permanence du pire.

On s’était cherché des raisons, stabilité, institutions démocratiques, mensonges et balivernes, pour défendre la continuité. Voilà le résultat. Crime et corruption. Plus que jamais la logique du mépris, l’arrogance du pouvoir caractérisée par le retour de Michel Martelly sur la scène de l’ubuesque. Et les tentatives de mise en place pour que cela continue, que Jovenel Moïse se succède ou qu’un autre de la mouvance PHTK/Néo-duvaliérisme hérite du pouvoir.

Combien d’argent, combien de notre argent est mis dans le carnaval ? Combien payons-nous pitres et spadassins ?

Ceux qui avaient peur d’un « peyi lòk » par la légitime colère populaire, qui avaient surtout peur du changement qui pouvait en résulter, les voilà servis. On le leur avait pourtant dit que le seul recours de ce pouvoir pour essayer de produire du consentement, c’était la terreur. La continuité Jovenel Moïse/PHTK est un pays autrement « lòk ». Un gang politique qui travaille à se succéder. La criminalité. Le vulgaire. Peuple pris en otage. Climat de terreur. Terreur utile au pouvoir qui en profite pour faire ce qu’il veut, comme il veut. Quand on est occupé à ne pas se faire enlever ou tirer dessus, on n’a pas le temps de penser politique.


Antoine Lyonel Trouillot

13/01/2020

Non sèlman 12 janvye 2010 te louvri pòt lanmò ak dezolasyon sou plizyè milye ayisyen men tou li louvri pòt lanfè koripsyon ak piyaj sou tout resous peyi a, sa ki pwodwi yon lanmò lan sou tout sosyete a. Tout Jan tout Jan, nou tounen fè fas kare ak lanmò. E kòm nou paka nan negosye ak kriminèl, popilasyon an gen yon sèl chwa: lage chyen dèyè yo. Donk, yo🤗

07/01/2020

Laleau ekri liv pou l defann tèt li! Fòk misye ta ekri yon lòt liv pou l esplike nou kouman Matelly, yon rejè moun konsa fè andyoze yon pwofesè inivèsite, plwaye l mete nan pòch li epi fè l livre tout kès leta a bay klik li ak fanmi l. Bernard Madoff ka toujou ekri liv wi, men se nan 4 miray ak gwo rad jòn li sou li. Gade jan yon sistèm fasil mesyeuuu! Nèg yo fè sa yo vle nan lajan leta, fè yon ti kriye nan yon Show televizyon epi aprè sa ekri liv pou di “Je Swi Inosan” epi yo kwè tout moun dwe antre lakay yo sispann pale koze Petro Caribe! Bon, zak nèg sa yo fè la, pa gen okenn liv, kit se sa k ekri deja, kit se sa k ap ekri kounye a kit se sa yo pral ekri pi devan ki ka blanchi moun sa a yo. Tout otan yon jijman serye pa fèt sosyete a gen yon sèl jan l wè nèg ak fanm sa a yo e kesyon sa a ap swiv fanmi yo tout kote yo pase:”

07/12/2019

Lettre à ma mère
Thru your suffering, your pain
Indeed, I got closer to you
I could feel it thru my veins.
Betrayed by the system,
Helping you, I was never able to
No matter what I had tried to do
And for all that, I'm so sorry.

Lèt pou Manman m
Atravè soufrans ou, pèn ou
Se vre, nou te vin plis pwòch youn lòt
M te ka santi l nan venn mwen
Men sistèm nan te trayi w
Ede w, m pat menm kapab
Kèlkeswa sa m te eseye
Pou tout sa yo,
Padon Manman

05/12/2019

Letre à mon Ami

Filsné,
People come and people go
I have tried to understand why
And I know why
I was not enough
I had not enough
I did not do enough
But you came and stay
And I also know why.
You had a mission!
You helped me to become who I am
You brought what I did not have
And you do all I couldn’t
I know, it’s your birthday
But, to us
You are the gift.
A gift from heaven
Thru your Mom and Dad
You brought what was missing
To make us better
And for all that
We are grateful

Happy Birthday Fils.
C&C, 12/05/19

01/12/2019

Si yon entrepriz ap vann nou vyann pouri oswa yon famasi ap vann fo medikaman pou yon maladi, n ap dakò avè m sa a yo se yon zak kriminèl. Bon, e medya ki toujou ap pase levanjil karavàn Jovenel la alòske ke nou byen konnen se yon vas eskwokri ak gaspiyaj resous leta? Donk, yon pratik ki gen gwo enpak negatif sou lavi popilasyon an. Finalman ki limit etik medya yo pa rapò ak kalite pwodwi yap vann nou, menm si nou konnen se biznis yap fè? Ki kalite rega moun k ap batay pou chanje sistèm nan dwe genyen pa rapò ak demach sa a. Se pa paske m konnen deba sa a pa difisil non. Kòm lòt la te di:" kesyon toujou pi enpòtan pase repons, si nou pa vle reponn, poze kesyon tou. CSL, 1/12/19.

18/10/2019

Ann li Daly Valet
Pouvwa Mèsenè !

Mwen te toujou kwè jenerasyon politisyen Tet kale yo se yon makonn tèt pete ak sèvel boule ki makonnen ansanm. Yo pa gen okenn nosyon listwa, okenn etik Leta ni okenn vizsyon sosyete. Se jis yon bann jwisè sinik apatrid san konsyans ki kidnape yon pouvwa jis pou yo poze zak kriminèl ak ganstè.

Jovenel montre ase se yon prezidan sinik san fwa ni lwa. Men li potko pwouve li pa t Ayisyen. Ebyen jou 17 Oktob la komèt krim trayizon kont papa Dessalines ak kont memwa istorik pèp Ayisyen an. Li asasinen papa Dessalines yon lot fwa ankò. Misye se yon trèt pou patri a. Li oze plase yon ekip mesenè asasen etranje nan tèt Tou 2004 la sou Channmas ak gwo zam fann fwa nan men yo ki brake sou pèp la. Mwen pa janm sezi konsa lè m ap gade videyo ak foto yo. Se bon jan frekansite !

Pitit pèp la sitou jenn ap mouri anba bal pa makonn. La Polis k ap asasinen yo konsa nan plen jounen. Sèl krim ti jenn sa yo komèt se deske yo pran lari pou manifeste kont lamizè k ap fini ak yo. Pouvwa pa twouve lot solisyon pou demand sa yo apa asasinen jenès k ap manifeste a. Donk se ak mesenè étranje polisye asasen Jovenel deside rete sou pouvwa a. Pouvwa Jovenel la asasinen plis jenn nan peyi a ke tout rejim sanginè ki pase yo nan tèt peyi a.

Jovenel di Aristide te sèvi tou ak mesenè etranje Li di Preval te fè l tou. Nou tout konnen jan sa te pase pou Aristide. Kanta pou Preval peyi a pa gen memwa li touye tout jenn sa yo k ap manifeste ak bal nan tèt. Jovenel gen kont pou l rann devan lajistis nasyonal ak entènasyonal pou krim kont limanite.

Yon prezidan ki pran lajan pèp la pou peye mesenè blan etranje vin asasinen pitit pèp la grenn pa grenn, ebyen prezidan konsa pa Ayisyen e li pa t jann se Ayisyen. E nou dwe sispann konsidere l tankou Ayisyen. Li se pito yon apatrid malad pouvwa ki komèt krim kont limanite kont pwop pèp li te prete sèman pou l pwoteje a.

Yon jou.. jou sa aa...se nan tribinal nasyonal ak entenasyonal Jovenel Jovenel Moise dwe rann kont pou krim li yo ak tout mesenè blan li yo.

Daly Valet
18 Oktob 2019

14/10/2019

Distraksyon kap fèt sou mach yè a se yon bon tanpon pou refwadi 17 Oktòb la. Nou vo plis ke sa mezanmi. Ann lite kont emosyon nou, kite entèlijans nou gide aksyon nou. Modòd la se

02/10/2019

Le Grand Complot !

On connait ma position sur le président Jovenel et ce Core Group : c'est l'alliance et l'entente intéressées entre la peste et le choléra pour détruire Haïti et décimer le peuple haitien.

Cette entente criminelle à dimension génocidaire est sur le point de réussir si on les laisse faire. Mwen toujou di mesye dam opozisyon yo sa nan kèk reyinyon m patisipe ak yo . Blan yo pa dwe dyalòg vre. Yo jis vle Jovenel Jovenel rete nan Palè a pou l kontinye detwi peyi a bonsa yo ka gen plis kontwòl sou peyi a e mete pèp Ayisyen an jenou definitivman.

J'ai fait la surprenante, la troublante et la traumatisante expérience de l'arrogance, de l'audace et du sang-froid cynique du Blanc au Palais national sous le président Privert autour de cette affaire de Jovenel. Le peuple haïtien souffrant fait aujourd'hui la mortelle expérience de leur cynisme criminel .Pa gen wout pa bwa : beton an se sèl zam pèp ayisyen an genyen pou l goumen.

Blan ap klewonnen opozisyon an pa gen plan ni altènativ. Mwen toujou di opozisyon an tou pa okipe Blan yo ak koze altènativ y ap pale a paske kèlkeswa altènativ yo t ap pwopoze a Blan sa yo pa p dakò depi gen voye Jovenel ale ladan l. Nou ka konstate sa nan moman an. Sou kadav anpil nan nou, sou mizè ak kalamite pèp nou an ap andire e malgre tout fòs opozisyon yo mete tant ansanm pou prezante bon jan altènativ ak plan tranzisyon, Kò Gwoup pa tande li pa wè : ba yo Jovenel ! Sa se Se yon konplo.

Nan kout kat la, se beton an ki pou chanje reyalite politik la. Se lidè vizyonè ki pou bay direksyon e pran lidèship mobilizasyon revolisyonè a. Le dialogue réel que semble espérer le Blanc c'est le dialogue des armes entre les Haïtiens. Autrement dit des affrontements armés entre fils et filles du pays. Se sa yo vle e sa k ap bon pou yo. Nou dwe evite sa. Nou dwe dejwe konplo Blan an nan mobilizasyon pasifik djanm ki gen 2 objektif primòdyal : 1 ) demisyon negosye ou fòse Prezidan Jovenel 2) jete fondasyon revolisyonè pou yon Lòt Ayiti nan kad yon dyalòg nasyonal souvren.

Le complot noir du Blanc ne passera pas.

Daly Valet
2 Oktòb 2019

25/09/2019

Nan labou, fatra, ensekirite ak blackout la, nou jwenn ase enéji pou nou tabli diferans ant pèp ak foul. Chak fwa moun yo voye siyal pou nou frennen tren diskriminasyon an, nou fémen zye nou, bouche zorèy nou pou nou pa ni wè ni tande. Lè yo reyaji ak fraka e oblije nou rete lakay nou pou kèk jou, nou tèlman kontrarye nan konfò nou, nou bay yo tout kalte non pote. Nou rele yo pòv, moun sal, san sal. Paralèlman moun sa yo toujou patisipe nan bay san nan lopital chak fwa gen yon gwo katastwòf nan peyi a. Yon fason pou m di nou ke se pa sèlman espas la ak istwa ki brase nou youn ak lòt men san moun sa yo literalman ap koule nan venn nou tou. Donk, n ap kontinye joure yo san sal toujou? Kòmsi la gen diferans ant nou menm ak kategori n ap imilye yo toujou? San nou pako mele ase? M konprann nou, lèn pale de san yo a se yon fason pou n redikilize yo de nivo kilti yo? Kalite kras y ap viv ladan l? Nan ki lekòl pitit yo ye? Nou tèlman alèz nan modèl diskriminasyon n ap viv la, n ap kontinye simen jèm nan pou pitit nou? Enben, si l bon pou nou n a wèl. Kontinye simen, nou an 2019, plis pase 200 lane endepandans. Bòn Bezòy🤔

23/09/2019

Kesyon pou nou reflechi: daprè nou menm eske si Lyonel Trouillot antre nan politik an 2019, li pa tap resevwa menm tretman ak Lesly F Manigat? Eske se te yon pwoblèm aterisaj vre pwofesè a te genyen vre oubyen se pito, jan Manigat te konn di l la, se te yon konplo kont entelijans nan peyi a? Eske se paske Myrlande Manigat pat ateri tou ki fè yo te prefere pran matelly sou li? Finalman eske se pa yon bann blofè nou ye lè nou refize aksete konsekans chwa politik nou yo men pito chwazi wout dekoupe pou nou jistifye chwa nou yo?

11/09/2019

Daprè OMS, prèske 800 000 moun mouri pa swisid chak ane. Majorite ladan yo gen laj 15 a 26 zan. E koz majè a se depresyon. Toujou tyeke sou moun nou kapab tande. Yon tèks mesaj, yon kout fil, yon ti nòt ka fè anpil diferans.

Ann li LyonelJe souhaitais consacrer ma chronique du jour à la blague qui court. Le weekend  dernier, quelques-uns aurai...
08/09/2019

Ann li Lyonel

Je souhaitais consacrer ma chronique du jour à la blague qui court. Le weekend dernier, quelques-uns auraient voulu rendre hommage à M.M. en marge d’un événement culturel où il n’était pas le bienvenu. Ce ne peut être qu’une blague.

Si on a une femme dans sa vie (mère, compagne, enfant, petite amie, amie tout simplement), on ne peut pas rendre hommage à une bouche qui n’est que panier d’ordures misogynes envers les femmes. A moins de considérer comme lui qu’il s’agit de pilonner celles qui parlent, de les réduire au silence à grands coups de pénis.

Si on a un minimm de sens civique, on ne peut pas rendre hommage à l’inventeur de l’expression « bandit légal » et à l’instigateur de cette pratique politique qui consiste à j***r du pouvoir de n’importe quelle façon, d’avoir recours à toutes les formes de violence et à la violation de tous les principes. A moins de considérer comme lui que vivre c’est prendre et consommer, prendre et consommer. A moins de croire comme lui que tous les biens des autres vous appartiennent, que vous n’avez de comptes à rendre à personne, qu’il suffit qu’une chose vous convienne pour qu’elle soit faisable, sans souci d’éthique ni de justice. Le modèle social M.M., c’est la préhension pour l’enrichissement, l’invective pour le langage, le vulgaire pour la bonne tenue, le priapisme pour la sexualité, l’inculture pour philosophie, le fourre-tout pour l’art de bien faire… Une essence qui allie l’ogresque et le grotesque. À part Caligula, Capone, Iago, Scarpia, ou encore les Thénardier, qui voudrait rendre hommage à ça ?

Cela va entrer dans le parler de tous les jours, quand on voudra dire du mal de quelqu’un, il suffira de l’accuser d’avoir voulu rendre hommage à M.M.

Mais laissons-là la calomnie qui voudrait salir des gens bien en leur prêtant des intentions qui ne sauraient être les leurs : rendre hommage à M.M. Quelle mauvaise blague! Les faits du jour sont les barricades qui ne sont qu’une toute petite partie de l’expression du mécontentement. Chaque jour qui se lèvera constituera une nouvelle preuve, comme s’il en fallait encore après les déclarations de principe des secteurs organisés, les manifestations gigantesques au cours des derniers mois, que la majorité du pays ne veut plus de Jovenel Moïse/PHTK. On dit que l’ambassade des Etats-Unis continue d’apporter son soutien au sieur Moïse. Le personnel politique de l’ambassade n’écoute-t-il pas la radio ? Comprend-il le créole ? Les représentants du gouvernement américain ici sont-ils les seuls à ne pas voir que c’est au prix du sang et de l’argent public utilisé à mauvaise fin que Jovenel Moïse et PHTK peuvent rester au pouvoir ? Est-ce pour eux, est-ce pour vous, Madame l’ambassadrice, ce que nous méritons ? Encore du sang versé, encore de l’argent utilisé pour faire durer une mascarade ? Il ne s’agit pas de demander la permission. Les peuples font ce qu’ils ont à faire pour défendre leurs intérêts. Mais il s’agit
d’exprimer clairement à tous la volonté du peuple haïtien et la réalité : il n’y a pas réconciliation possible entre Haïti et le pouvoir actuel.

Lyonel Trouillot

National - Près d’un mois depuis la nomination de Fritz William Michel comme Premier ministre. Environ cinq mois depuis que le pays est sans gouvernement légitime ni budget avec une équipe démissionnaire qui liquide les affaires courantes. Le président du Sénat, qui souligne que le grand Cor...

22/08/2019

Moun ki pwoch Valery, di l m bezwen yon interview. L a inbox mwen kondisyon yo😅😅😅

15/08/2019

Soti nan Klèb Lekti pou rive nan CarWash an 2019, Ayiti rive fè sa okenn sosyete pa rive fè. Nou rive rale sèvèl nou mete l anba epi pran trip nou mete nan plas sèvèl nou. Pou bare figi nou pou nou pa wè, nou lage bagay la sèlman sou do konfli jenerasyonèl. Kòmsi lè peyi fin glise desann gen yon kategori kap rete li menm. Jan bagay yo ye la a, m pa di tout bagay fini non pwiske nou gen souf toujou men pi gwo kesyon an se kijan nou ka rale sèvèl nou monte pou rive remete l nan plas li? Paske jèn ou vye, dejwe ou echwe, okenn kategori pap rive chape pou kont li si peyi a rive desann nan labim. CSL, 15 Out 2019🤔

19/07/2019

Ki kote yon moun ka ale nan peyi a san kè sote? Konbyen lajan pou gen nan pòch ou nan lari pou w pa mache sispèk? Konbyen koudèy pou bay lè w ap soti andedan yon bank? Konbyen moun ki oblije koupe somèy yo nan nwit paske yo pè si yo dòmi nèt, yo ka reveye yo pa jwenn yo nan kabann yo, lè yo konnen vòlò ka bwote ni yo menm ak tout sa k nan kay la? Malgre tout sa, gen moun kap touche pou pwoteje vi ak byen, genyen kap gagote kòb nan non sèvis entelijans oswa sekirite. Ou konn sa k pi grav nan koze ensekirite sa a, menm nèg ki touche pou pèmèt pèp la viv trankil la, se yon menm ki kreye yon diskou pou epi fè pèp ki viktim lan repete l tankou timoun : O wi, gen lòt peyi ki gen plis kri m pase Ayiti. Yo pa menm gen ladesans pou yo pale sou repons ki bay sou krim ki pase nan kote yap pran kòm egzanp la. Epi popilasyon an, pandan strès ensekirite fin fè yo fè kriz, repete menm grimas yo, kontinye sipòte enkonpetan ki touche pou dyòb la. Jodi a, prèske chak katye gen yon ti klik bandi, kap piye, touye, vyole epi teworize moun nan kominote a. Chak sitwayen ap eseye adapte yo. Genyen kap eseye antre nan bòn gras chef gang yo, fè ti deal avèk yo pou eseye wè si ya viv san kè sote. Gen moun ki kwè se achte zam ki solisyon an alòske anpil nan moun yo touye yo gen sa ki te gen zam swa lakay yo, swa sou yo nan moman yo viktim lan. Kidonk solisyon ak koze ensekirite jeneralize a pa ka yon demach endividyèl. Lè nou lage moun sou pouvwa, se kle lavi nou ak lavni nou ki nan men l. Se swa yo ka ede nou garanti yo oswa plas yo pa la. Sa pou nou sonje, pandan n ap eseye akomode nou ak enkonpetans epi inyorans moun nou bay gwo responsablite sa a e ki chwazi abandone nou an, pa bliye sa n ap viv jodi a, pitit nou pa gen pou viv li tou si anyen pa chanje. CSL, 19 Jiyè 2019!

18/07/2019

Kisa pou nou manyen anvan menm? Sistèm edikasyon an oswa aksesibilite a lekòl? Èske w ka poze pwoblèm sistèm edikasyon an pandan plen timoun ki paka ale lekòl? Si nou pati ak lojik sa a, poze pwoblèm yon sistèm ta vle di chita sou chak eleman ki konpoze sistèm nan epi fè chanjman ki nesesè pou rann sistèm lan mache pi byen epi bay rezilta. Kijan nou ka fè l pandan gen timoun ki oblije abandone ane lekòl paske paran pat ka peye oswa gen timoun ki tap tann pou antre lekòl an Janvye epi Jiyè rive sou yo san yo pa gentan antre akoz pwoblèm mwayen? Nan ki peyi nan rejyon an pou yon lane lekòl ap koute yon paran 164 000 goud san konte manje ak taksi 5 fwa pa jou? Konbyen moun nan peyi a ki ka ofri tèt yo sa a menm si se yon sèl pitit yo ta genyen? Kòmsi sa la a, yon lane lekòl yon timoun depase salè yon pwofsè nan lekòl kominal yo? San konte tablo ak ban yo pa genyen? Epi anpil fwa se anba tonèl ak pay sèch yo chita sou wòch pou aprann devan yon pwofesè nenpòt ti van ka bwote tèlman l mal manje? A mezanmi, fòk nou admèt, an 2019, nou pa sanble ko fin moun vre si nou ka dakò aksepte reyalite sa a malgre longè teknoloji n ap itilize pou fè wè tèt nou ak reyisit endividyèl nou. Nou an vi vre, Men nou pa moun. CSL, 18 Jiyè 2019 🤔

09/07/2019

Èske Gedeon se yon otorite san pouvwa oubyen yon ? Kouman misye fè dòmi nan nwit ak pil kadav sa yo sou konsyans li? Kijan l fè pa janm di anyen serye? Machin san plak, bal nan tèt, sivil nan mitan lapolis ap tire manifestan, polisye ap tòtire moun, polisye ap mouri andedan kou deyò komisarya epi nonm lan ret la tankou yo mare dyòl li. Bon ant lajan ak diyite kisa pwofesyonèl yo plase anvan nan yerachi bezwen yo? Kòmsi pou yon nèg ap touche pou dyòb DG lapolis epi ensekirite fini ak peyi a konsa? E pil moun k ap mouri prèske chak jou yo? Kisa Gedeon ap di fanmi yo? Si se men l ak bouch li yo mare pou l pa fè travay li, pou kisa l pa kite job la? Si Pòtoprens ki se poumon aktivite ekonomik peyi a prèske tounen yon jungle e rès peyi a menm? Sou kont kimoun sitwayen yo ye? Finalman kote moun gad ak bann enkonpetans ak sinism sa yo?🤔

25/04/2019

Istwa resan nan peyi a montre nou se pa janm opozisyon ki fòse moun k ap mal dirije kite pouvwa. Se pèp k ap sibi a ki pran lari, answit medya yo ki tanzantan vire kazak yo epi mobilizasyon san pran souf. Jodi a, nan ka Ayiti a, majorite medya yo chwazi rete bò kote pouvwa a, menm si se ak san pèp la pouvwa a peye yo pwopagann lan. Se vre batay la pi di, lè medya ap fè repotaj sou vit mache ki kraze pandan yo chwazi inyore masak Lasalin ak Kafou Fèy. Si nou pran egzanp Arab spring yo, sa ki sot pase an Algerie a tou, kote Bouteflika oblije bay talon l. Donk, anyen pa enposib ak yon pèp ki mobilize. Lè se nou menm ki te bay yon gwoup moun pouvwa, sispann blame opozisyon lè pouvwa sa a soti pou l detripe nou. Pran responsablite nou. ! CSL

15/03/2019

🔴 URGENT - Foot: Ajax-Juventus, Liverpool-Porto, Tottenham-Manchester City et Manchester United-Barça en quarts de finale de la Ligue des champions rfi

22/11/2018

Prezidan an sanble bay yon fo adrès, malgre m gen GPS m pèdi🤭

03/09/2018

a! PetroChat yo sispann poze kesyon pou mande kilès ki finanse mouvman kote Jenès Konsyant la ap mande a. Yo trake yo tout kote, nan bal, nan konferans, nan avyon ak nan kamyonèt. Yo rann yo kont mouvman an pa yon senp ash-tag men pito se yon travay louvri zye ak retire pousyè nan konsyans pifò moun ke lavi yo te ka miyò si pat gen piyaj lajan Petro Caribe a. Jodi a, gras ak mouvman sa a, gen non depi w site yo, tout peyi a gen yon sèl referans nan tèt yo. Menm moun nayif ki te konn parèt tèt yo pou defann piyajè yo komanse rann yo kont pa gen jwèt nan revandikasyon pèp la. Degre bagay yo rive la a, pa gen fè bak. Pap gen eleksyon depi pwosè Petro Caribe a pa fèt. Apati mwa Jiyè, popilasyon an deside ke moun ki piye lajan peyi a epi lage dèt sou tèt nou ak sou tèt jenerasyon kap vini an dwe rann kont. Nou dwe jwenn kòb la e pini moun ki te piye l yo. Modòd la pa ni 2 ni 3: Ak Kòd la, n ap jwenn Kòb la.

Address

FL

Telephone

+12393245631

Website

Alerts

Be the first to know and let us send you an email when Cadet Saint Louis posts news and promotions. Your email address will not be used for any other purpose, and you can unsubscribe at any time.

Shortcuts

  • Address
  • Telephone
  • Alerts
  • Claim ownership or report listing
  • Want your business to be the top-listed Media Company?

Share