HevelUniverse

  • Home
  • HevelUniverse

HevelUniverse HevelWorld

24/12/2021

video ane a! bèl leson moral.

Eskew kwè nan bagay ki rele "âme sœur" a?map kite foto sa pale pou tèt li. Moun ki entèlijan sèlman kap konprann.
15/12/2021

Eskew kwè nan bagay ki rele "âme sœur" a?

map kite foto sa pale pou tèt li. Moun ki entèlijan sèlman kap konprann.

Yon jou, nan peyi Zimbabwe Yon bourik di yon tig konsa “Zèb gen koule ble.”  Tig menm ki konnen zèb pa gen koulè ble, li...
13/12/2021

Yon jou, nan peyi Zimbabwe Yon bourik di yon tig konsa “Zèb gen koule ble.” Tig menm ki konnen zèb pa gen koulè ble, li vini ak anpil agiman poul prouve bourik la ke zèb se koulè vèt li genyen. Men, tout sa tig la fè poul ka louvri zye bourik la, se lave men siye atè. Bourik la pa janm pran yon ti tan poul menm koute sa tig la ap dil la. Finalman, Bourik la telman santil gen rezon li di tig la konsa “ Ann al mande Lyon ki se pi gwa chèf nan wawòm nan.” Tig ki konnenl gen rezon, li dakò pou yo mennen koze a devan Lyon. Pandan yap aproche devan konsèy wayal la konsa, bourik la pa menm kite tig ouvri bouch li, li gentan pran devan li di “Wa eske se pa koulè ble Zèb genyen?” Lyon an reponn “Wi tout bèt nan wawòm nan konn sa”. Bourik la reponn “depi maten map diskite avèk tig sou kesyon sa. Li fèm konnen se koulè vèt zèb genyen.” Lyon an reponn li di “Pou rezon sa, map pini tig avèk 5 ane de silans nan wawòm nan.” Bourik la kontan, li ponpe, epwi li ale. Tout tan lap kouri lap di “Zèb ble!” Lè bourik la finn ale, tig la aproche lyon an epwi li di “ Mwen aksepte pinisyon an paske se Wa ou ye, men zèb se koulè vèt li genyen.” Lyon an reponn: Wi, se koulè vèt zèb genyen. Mwen pap piniw paske Bourik gen rezon non, men map piniw paske ou pase konpetans ou anba pyew. Ou pase tout yon jounen ap diskite ak yon bourik ki pa gen anyen nan tèt li. Li sèlman repete sal tande san li pa analize si sal tande a fè sans.

Moral istwa: Anpil fwa nou pase anpil tan ap diskite ak moun ki pa menm ka konprann nivo lojik wap fè avèl la. Ou konn menm pase pou moun ki pi sòt nan diskisyon an.

Konsèy: Evite diskisyon san sans pandan fen ane a.

Like, follow page HevelUniverse la pouw ka jwenn plis bèl istwa ak ilistrasyon.

Eskew renmen papaw? Eskew apresye tout sal fè pou ou? Siw renmen papaw like,share, comment. Si papaw sou Facebook tag li...
11/12/2021

Eskew renmen papaw? Eskew apresye tout sal fè pou ou?

Siw renmen papaw like,share, comment. Si papaw sou Facebook tag li epwi dil ou renmenl.

Eske w konnen rezon ki fè Fakochè (warthog nan lang anglè) pa an danje nan moman nap pale a? Banm diw, fakochè se yonn n...
05/07/2021

Eske w konnen rezon ki fè Fakochè (warthog nan lang anglè) pa an danje nan moman nap pale a?

Banm diw, fakochè se yonn nan bèt ki aplike ti provèb ayisyen ki di "Pi bonè se granm maten". Animal sa tèlman entelijan, li regle tout aktivitel pandan lajounen epwi li pran refij li lèl fè nwa. li gen kapasite poul adaptel epwi konbat predatè ak danje.
Ann aprann ti leson sa nan men fakochè. Ann fè sa nou gen pou nou fè avan trò ta bare nou.

Have a bless week!

03/07/2021

Manzè fache paskem vide beer nan kilòt li.

15/06/2021

Safari (Africa mama)

Kisa lanmou ye? Sa se yon kesyon anpil moun toujou ap poze tèt yo. gen moun ki defini lanmou kòm yon sansasyon, oubyen y...
05/05/2021

Kisa lanmou ye?
Sa se yon kesyon anpil moun toujou ap poze tèt yo. gen moun ki defini lanmou kòm yon sansasyon, oubyen yon emosyon ki atire epwi atache 2 kè oubyen 2 moun. Gen lòt tou ki defini lanmou kòm yon angajman kew pran anvè yon moun pou rete bò kotel ni lè sa bon, ni lè sa pa bon. gen kèk ki defini lanmoun kòm yon volonte kew manifeste pou ou ka priyorize moun ou renmen an sou tout lòt bagay. finalman chak koup, oubyen chak 2 kè ki ini ka bay lanmoun yon definsyon ki apropriye ak eksperyans yo. Se eksperyans ou viv avèk moun ki nan viw la ki pral pèmèt ou dekouvri sa lanmoun ye. Siw ta renmen bay lanmou definisyon paw, map konseyew kenbe moun ki nan viw la, bal valè, lanmou ak respè li merite. Pa kouri ap chèche pasipala, paske gen yon ti provèb ki di pise gaye pa fè kim. Pran angajmanw, epwi di moun ki nan viw la "Ann bay lanmou definisyon pa nou".

01/05/2021

Gad jan yon Fanm anmèdan!! Misye manke ale.

Si destinasyonw pat lwen e sil pat chaje ak difikilte, rivew patap gen okenn enpòtans. Aprann apresye moun ki nan viw la...
01/05/2021

Si destinasyonw pat lwen e sil pat chaje ak difikilte, rivew patap gen okenn enpòtans. Aprann apresye moun ki nan viw la, bal love ak respè kel merite. Ou mèt kwèm yon jou nap reyalize rèv nou kanmenm.
Tag moun ki nan viw la anba post la.

HevelUniverse ap swete tout moun yon bon weekend!

29/04/2021

Bat men ankouraje chen

Address

CA
93728

Telephone

+15595494034

Website

Alerts

Be the first to know and let us send you an email when HevelUniverse posts news and promotions. Your email address will not be used for any other purpose, and you can unsubscribe at any time.

Contact The Business

Send a message to HevelUniverse:

Shortcuts

  • Address
  • Telephone
  • Alerts
  • Contact The Business
  • Claim ownership or report listing
  • Want your business to be the top-listed Media Company?

Share