05/03/2023
Bonjou tout moun❤️ levanjil la 🙌
Jodi a mwen pwal reponn kesyon sa😌
K: Mwen enteresé ak enfòmatik oubyen teknoloji,ki pwogram mwen ka pwan kap fasilite m entegre rapid ak kreye yon estabilité?
R: Nan moman an la teknoloji se manman koze a Kidonk Menmsi yon moun nan lòt domèn gen kèk bagay fò ou apwann ak metew update tankou ekri yon bon e-mail,itilizasyon zoom ,Excel,Word etc...paske anpil travay ka mandew fè rapò,patisipe nan reyinyon a distans ak anpil lòt aktivite ki mande yon konesans nan manipile òdinatè.
Men senk aktivite ki pa dire mwen panse yon jèn ka pwan.
1)Cybersecurity Program:
Se yon sètifika ki ka pwan yon 6-7 mwa pou konplete, objectif li se pèmèt ou apwann kèk mwayen teknik pou ede konpayi yo proteje konfidansyalité enfòmasyon yo,redwi risk pou yo atake pa kèk anakè épi mete anplas plis sistèm seririté pou proteje done yo ki pafwa anpil ak konplèks.
Anpil inivèsite ak lot lekol bay li Anliy e se yon metye ki projeter pou li grandi preske a 14% nan 10 lane Kidonk valè ki pwal nan pòch la ap ogmante tou. (pa dim pat pale nou😆)
2)IT support Specialist:
Sètifika sila limenm ou ka pwanl ak Google ,Coursera oubyen lòt platfòm se yon pwogram ki apwann ou jere ak bay asistans teknik ak tout sa ki gen rapò ak teknoloji nan yon espas tankou:
Ede anplwaye apwann de nouvo ekipman yo, jere yon kantite done ak mete yo aksesib,rasire sistèm ki an plas la ap byen mache anplis analize pèfòmans yo.
3)Social média Manager & Content Creator.
Gen anpil pèsonaj piblik ak biznis oubyen òganizasyon ki pa gen tan pou jere paj sa yo.
Oumenm kisaw pwal fe ,Wap apwann anglais à epi gade janw ka ekri bèl teks.
Siw poko fin fò download yon app ki rele Gramarly.
Chak prog ou fè yon ti pòs pou yo, chak nou nouvo produit ou anonse sa.
Si yo pa Gen yon designer download Canva ,konsa Wap ka tou apwann fè postè ak flyer..
Pratike ,epi fe recherche ak gade vidéo sou YouTube pou ka pi fò.
PS: Se te premye job mw Isit 😅😅te Konn takse bizniz yo pa 12 kontni.
4)Photographer :
Nan peyi etazini fèt toujou fé kenken, chak semèn ou tande yon aktivite.
Siw te konn fe foto déjà ,oubyen menmsi w pat konn fe komanse apwann kèk bagay tankou kijanw ka édite oubyen pwan yon kou fotografi ki Pap menm pwan 3 mwa.
Epi komanse pratike sou bèt,lanati etc..fè pou kèk moun gratis (mwen tou an mòd manken la😂) kreye yon paj épi saw tande an moun komanse pwal book ou.
PS: Fè foto pa bon mache kay blan an ,Kidonk degajew jwenn yon kamera pou ka demare.
5)Graphic Designer :
Yon metye byen senp ki Pap menm mande anpil. Nan moman an la tout biznis bezwen kontni,tout moun bezwen paj yo bèl.
Ou pwale download kèk aplikasyon tankou Canva ,Adobe , Photoshop etc...epi ou apwann fè kèk postè oubyen kèk flyer senp ki ka anonse yon aktivite,anonse oubyen yon mesaj sou kont moun nan oubyen biznis la .
Ou jis bezwen metrize aplikasyon yo ak Gen je kreativité pi pwan kèk klas sou YouTube.
Siw potko fò kontinye pratike ,Siw te ladan deja jis kontinye vann tèt ou.
Fen: Pa bliye anpil nan nou vini nan yon kondisyon espesifik Kidonk pa al konparew ak moun ,retire tout konplèks épi apwann nouvo metye ki ap mache kap edew avanse oubyen menmsiw ta vin Gen yon travay pi devan ou ka kontinue fè yo sou kote ...Pita ou ka menm ouvri yon biznis ak sa.( Voye kob pam selman🤣)
pa vin jwe!!
Google Certification: https://grow.google/certificates/
Canva: https://www.canva.com/
Adobe: https://www.adobe.com/
Photoshop :https://apps.apple.com/us/app/adobe-photoshop/id1457771281