Ticket Haïti Créole

  • Home
  • Ticket Haïti Créole

Ticket Haïti Créole abone ak page la. Ticket Haiti Créole se yon sant infomasyon Ayiti, nepot kote li ye wap jwen ni👌

Enfomasyon!! Prezidan Konsèy Elektoral Pwovizwa a (KEP), Patrick Saint Hilaire, konfime jodia,referandòm konstitisyonèl ...
29/03/2025

Enfomasyon!!

Prezidan Konsèy Elektoral Pwovizwa a (KEP), Patrick Saint Hilaire, konfime jodia,referandòm konstitisyonèl ki te prevwa fet nan mwa me kap vini laa pap ka fèt anko.Prezidan K E P a eksplike,Se problem ensekirite a ki fè òganizasyon referandòm nan vin enposib.

Pa bliye, Asosyasyon Nasyonal Jiris yo pran pozisyon kont refòm konstitisyonèl la epi mande pou otorite yo aplike Konstitisyon 29 Mas 1987 la kòm solisyon ki pi solid ak dirab.

Pa bliye bay Avi paw sou kesyon referandom nan

Abone avek nou svpl

Enfomasyon!!🇭🇹🇰🇪Prezidan CPT a Fritz Alphonse Jean te nan yon tèt delegasyon ki genyen ladan l, Konseye-Prezidan Leslie ...
27/03/2025

Enfomasyon!!🇭🇹🇰🇪

Prezidan CPT a Fritz Alphonse Jean te nan yon tèt delegasyon ki genyen ladan l, Konseye-Prezidan Leslie Voltaire, Premye minis Alix Didier Fils-Aimé ak DG PNH la Normil Rameau, pou te vizite Baz Fòs miltinasyonal la nan Klèsin jodi jedi 27 mars 2025 lan

Responsab Misyon miltinasyonal la, Jeneral Godfrey Otunge te akeyi delegasyon an swete l byenvini.

Prezidan CPT a Frit Alphonse Jean, nan diskou li fè pandan vizit la, li swete kondoleyans ak tout sòlda epi polisye entènasyonal yo ki afekte apre lanmò kòlèg yo nan depatman Latibonit. Li remèsye yo paske yo vin ede Ayiti. Li rekonesan pou gwo sakrifis yo ap fè pou ranpli misyon difisil sila a

Yon lot bò, Prezidan an ankouraje polisye ak sòlda etranje yo epi renouvle angajman Leta a pran pou akonpaye yo nan goumen pou tabli lapè nan peyi a

Enfomasyon!!Diplomasi | Reyinyon rejyonal Mèkredi 26 mas 2025 sa a, Prezidan CPT la, Fritz Alphonse Jean, te rankontre a...
27/03/2025

Enfomasyon!!

Diplomasi | Reyinyon rejyonal

Mèkredi 26 mas 2025 sa a, Prezidan CPT la, Fritz Alphonse Jean, te rankontre ak Premye Minis Jamayik la Andrew Holness, Premye Minis Barbad Mia Mottley ak Premye Minis Trinidad and Tobago. Echanj konstriktif pou ranfòse koperasyon rejyonal ak adrese defi Ayiti ap fè fas pou moman sa. /Diplomasi /Koperasyon ectr

Enfomasyon!!La polis Nasyonal demanti enfomasyon ki fè kwè yo resevwa dron nan biwo Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé m...
27/03/2025

Enfomasyon!!

La polis Nasyonal demanti enfomasyon ki fè kwè yo resevwa dron nan biwo Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé

malgre foto ki montre Premye Minis Fils-Aimé ak DG Normil Rameau t ap teste yon dron.

Nan yon nòt ki te pibliye 25 mas 2025 lan, li fè konnen lap kontinye operasyon li kont g4ng ak resous ki disponib pou sa

14/06/2022

Address

42 Elysian Av
NY
10960

Alerts

Be the first to know and let us send you an email when Ticket Haïti Créole posts news and promotions. Your email address will not be used for any other purpose, and you can unsubscribe at any time.

Contact The Business

Send a message to Ticket Haïti Créole:

  • Want your business to be the top-listed Media Company?

Share