Jedi 13 fevriye 2025 la, yon pati nan Lopital Inivèsite Leta d Ayiti, yo rele souvan Lopital Jeneral la boule, solon Radio Kiskeya. Se kriminèl kowalisyon Viv Ansanm ki te mete dife sa a.Daprè yon sous Gazette Haiti te kontakte se pa nan lopital Inivèsite Leta Ayiti (HUEH) bandi yo te mete dife.Dapre lapolis Lwès , se te pito nan yon kamyon bandi yo te mete dife pandan yon afwontman ak lapolis. Polisye di Gazette pou kounye a dife a te etenn
Prezidan Donald J.Trump pwopoze nan yon konferans pou laprès ansanm ak PM Izraelyen Benjamin Netanyahu,"Etazini pral pran kontwòl alontèm"Gaza "Sa ap pote gwo estabilite nan pati sa a nan Mwayen Oryan an,e petèt nan tout Mwayen Oryan"Se pa yon desizyon pran alalejè,"li ensiste
Ajantin 🇦🇷
Apre Etazini, Ajantin anonse retire tèt li nan Òganizasyon Mondyal Lasante.(OMS)
"Nou pa p pèmèt yon òganizasyon entènasyonal foure bouch nan souverènte nou an, ankò mwens nan politik sante nou .»
🇨🇦🇺🇸 Premye Minis Kanadyen Trudeau anonse kanada replike ak ogmantasyon 25% prezidan Trump lan ,li anonse kanada enpoze 25% tarif sou machandiz Ameriken ki vo 155 milya dola.
Prezidant Meksiken an,Claudia Sheinbaum,reponn ak yon ti blag byen pike pwopozisyon prezidan Trump, pou l chanje non Gòlf Meksik la an "Gòlf Amerik la".Devan yon kat mond lan , Madam Sheinbaum te pwopoze sèchman pou l chanje non Amerik di Nò "América Mexicana," oswa "Amerik Meksiken", paske yon dokiman fondatè ki te paret an 1814, anvan Konstitisyon Meksiken an, te rele l konsa.
"Sa son bon, pa vre?" li te ajoute an griyen dan . Li te raple tou Gòlf Meksik la te gen non sa depi 1607..
PHILADELPHIA -Yon ti avyon anbilans Medevac fè aksidan nan yon zòn rezidansyèl nan Nòdès Philadelphia, Ozetazini vandredi swa.Jet Rescue Air Anbilans konfime avyon li a te fè aksidan ak kat manm ekipaj, yon pasyan timoun ak manman l.E pa gen sivivan nan aksidan an.Videyo
Plizyè santèn mèsenè blan, ki te goumen pou fòs Kongo yo, rann tèt yo bay Rwanda apre atak M23. Yo omwen 280 mèsenè Woumen ki travèse fwontyè a nan Kigali epi Rwanda pral voye tounen an Ewòp pita nan jounen an, dapre plizyè LSI Africa. #goma