Koolodo TV

Koolodo TV Koolodo TV se

03/09/2024

Ayisyen antre nan yon vye rezonnman kòmkwa "Depi se pa Mwen, li pa bon" ; Se nan ekwasyon sa swadizan klas politik nou gen la antre ki fè n pa Janm ka gen yon solisyon pou yon Peyi k ap peri sou pye.

03/01/2024

Intervention de Mme Sabine à l'édition journal "1ye Okazyon"! komin kafou Anvayi ak Bandi toupatou - --> https://youtu.be/ivS2Pbw5aEc

03/01/2024

Chèf gang babekyou parèt tout kò l pou di se li menm ak tout ekip "Viv Ansanm" lan ki pran kontwòl lari Pòtoprens jounen jedi 29 fevrye 2024 la e chèf gang la pale klè! Objektif la pa lòt ke jete Rwa Aryèl Anri sou pouvwa a e yo kanpe sou batay san pran souf.

03/01/2024

Ti Mesyedam Bandi ak sapat yo pa gen pwoblèm zam ni pwoblèm minisyon nan moman nan kad misyon yo bay tèt yo la kise jete Rwa Aryèl Anri ak mouvman "Viv Ansanm" lan. Antouka, n ap gade pou n swiv jiskobou pou n ka konprann pi byen sak pwal pase yo la! Antouka, jounen 29 fevriye 2024 la te move anpil pou Ayiti.

03/01/2024

Gade kòman ti mesyedam Bandi ak sapat yo ap banbile andan komisarya "Bon Repos" aprè yo fin touye 4 polisye yo ki te prezan nan moman atak sa jounen jedi 29 fevriye 2024 la. Se pa premye komisarya ki tonbe, e se pa dènye komisarya k ap genyen pou tonbe ak lapolis sa ki gen fòs sèlman sou popilasyon sivil 2 bra balanse a.

03/01/2024

Lapolis Nasyonal pa gen materyèl, sa pa anpeche li kontinye ap pèdi ti materyèl li genyen yo! Se konsa yon ti blende ki t ap bay sèvis nan komisarya "Bon Repos" a tonbe anba grif Bandi Kanaran yo jounen jedi 29 fevrye nan kad gwo atak kòdone nan tout kapital la ki gen pou objektif lage do Rwa Aryèl Anri atè sou pouvwa a,ke li vle kenbe jouk Fevriye 2026.

03/01/2024

Bwa a Mare jounen 29 fevrye! Komisarya pòtay Leyogàn lan tonbe anba men bandi, ajoute sou lòt komisarya ki tonbe deja tankou komisarya matisan an!! Mesyedam Bandi ak sapat yo deplwaye tout fòs yo nan lari Pòtoprens ak lòt komin ankò pou jete Ariel Anry sou pouvwa a z menm ayewopò a pa epanye anba kout bal Bandi yo ki kanpe Dandi nan kowalisyon mouvman "Viv Ansanm" ke y ap relanse la ak pòt pawòl yo ki se chèf gang babekyou!!!

03/01/2024

Gad istwa Bandi nan Pòtoprens sou Mezon Machin "AutoPlaza" sou wout ayewopò jounen Jedi 29 fevrye a. Se krible ti Bandi a sapat yo krible baryè biznis sa. Bandi ak sapat yo retounen ak mouvman "Viv Ansanm" lan pou yo ka chavire rwa Aryèl Anri sou pouvwa a daprè sa yo di pa vwa pòt pawòl yo ki se. Babekyou!!!

03/01/2024

Tande Kri detrès polisye nan komisarya "Bon Repos" yo avan bandi nan Gang Kanaran te touye yo aprè plizyè èd tan pase ap reziste anba kout bal Bandi yo! Malgre yo Mande ranfò, ranfò pa janm rive menm jan sa te fèt 12 Mas 2021 ak polisye Swat yo.

03/01/2024

Intervention de Mr. Siméon à l'édition journal "1ye Okazyon"! komin kafou Anvayi ak Bandi toupatou - --> https://youtu.be/8YAc-fy96o0

03/01/2024

Bandi ak sapat gaye pi mal ke pinèz nan tout rakwen peyi d Ayiti! Pou sa ki rele kapital Pòtoprens lan, Gang fè kenken nan tout koridò, nan tout katye, nan tout vil ki pa janm kache ke yo konekte ak gang ki a vès nan primati, nan ministè, nan direksyon jeneral yo, nan pati politk yo ak nan gwo biznis boujwazi yo. Prensipal misyon se pou kreye yon klima ensekirite pou ka favorize yon sitiyasyon politk ou ekonomik nan pwofi Blan a k ap manipile yo pi mal ke maryonèt.

03/01/2024

Intervention de l'Ing. Auguste à l'édition journal "1ye Okazyon"! komin kafou Anvayi ak Bandi - --> https://youtu.be/eLqRcBX4pZc

02/09/2024

Claude Joseph denonse Ariel ki fè primati a tounen yon espas pèdi akòz prezans li aprè 7 fevrye a - --> https://youtu.be/wjW5GCX7P4A

Lapolis kontinye ap atake jounalis k ap fè travay yo pou enfòme popilasyon an. Kounyea se tou pa konfrè nou JJM, ke lapo...
02/09/2024

Lapolis kontinye ap atake jounalis k ap fè travay yo pou enfòme popilasyon an. Kounyea se tou pa konfrè nou JJM, ke lapolis pete je l ak yon bonbòn gaz lakrimojèn nan Pòtoprens!! Yon pratik ki sanble ak pratik sou tan diktati. Voye senpati l bay fanmi ak zanmi konfrè jounalis JJM.

Address

7966 NW 14th Street Apt A3614
Miami, FL
33126

Alerts

Be the first to know and let us send you an email when Koolodo TV posts news and promotions. Your email address will not be used for any other purpose, and you can unsubscribe at any time.

Videos

Share

KooLodo TV

Koolodo TV se yon chanèl #YouTube ki ap pote pou ou yon pwogramasyon espesyal pou w ka toujou renmen gade TV ak #Popcorn ou nan men w. #KoolodoTV pote pou ou News, Music, comedy, Real Life in street in Haiti and more. Se chak Jou nou ap pibliye videyo nan tout kategori paske nou se yon TV ki vle mete pwojektè sou tout sa k’ap pase nan peyi d Ayiti ak Dyaspora a. Ekri nou pa imel nan: [email protected] ou via Whatsapp. Contact #KoolodoTV via Whatsapp: https://wa.me/13477358155

Nearby media companies


Other Miami media companies

Show All