
01/23/2025
📺Flash: Prezidan Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an, Leslie Voltaire, ansanm ak Prezidan Kolonbyen an, Gustavo Petro, te prezide yon Konsèy Minis Binasyonal yè, mèkredi 22 janvye 2025 la.
Evènman sa a te fèt nan objektif pou ranfòse relasyon diplomatik ak kowoperasyon ant Ayiti ak Kolonbi.
Pandan Konsèy Minis la, otorite nan tou de peyi yo te siyen plizyè akò estratejik ki gen pou objektif amelyore domèn tankou sekirite, agrikilti, edikasyon, devlopman ekonomik, ak kilti.
Akò sa yo reprezante yon etap enpòtan nan ranfòse lyen ant Ayiti ak Kolonbi epi ankouraje devlopman dirab nan tou de peyi yo.
Prezidan Gustavo Petro, te eksprime satisfaksyon li pou pwofondè kolaborasyon sa a ak Ayiti. Li te ensiste sou enpòtans solidarite ak lyen istorik ant de peyi yo pou fè fas ak defi komen nan rejyon Karayib la.
Konsèy Minis Binasyonal sa a make yon etap esansyèl nan ranfòse dyalòg ak kolaborasyon ant Ayiti ak Kolonbi.
Kredi enfo : Jpbonbagay