12/05/2024
[Repost]
Leyogàn, 12 me 2024
• Meri Leyogàn salye tout moun alawonnbadè e l aprann avèk anpil lapenn dènye sitiyasyon ki devlope nan komin vwazin nou, Gresye, kote nèg ak zam simen latwoublay nan sware 10 pou rive 11 me 2024 la epi pran Komisarya a daso. L ap voye mo rekonfò l bay tout moun Gresye/viktim yo an jeneral, Otorite lokal ak kad Meri komin sa an patikilye.
• Anplis, Meri a konstate anpil nan konpatriyòt ki deplase apre dènye evennman sa yo oblije vin ogmante kantite sitwayen ki vin pran refij nan site Anakawona a akoz Ensekirite a.
Nan sans sa a, Pwoteksyon Sivil ak Selil Ijans Meri a deja ap travay pou fasilite bon jan aksyon nan enterè viktim yo ; popilasyon an dwe mete l pi vijilan pase anvan paske nou pa antann pèdi Yogann nonplis ; plizyè dispozisyon ofisyèl, pami yo desizyon tou nèf pou ranfòse sekirite a nan komin nan ak pèmèt nou kontinye gen kontwòl sitiyasyon an, pral pibliye apresa.
Paske Sekirite a te toujou yon priyorite pou Komisyon minisipal enterimè Majistra Ernson HENRY ap prezide a, tout sitwayen dwe potekole avèk ajan , Ponpye, Polisye, Otorite Lajistis ak Lameri nan lide pou Leyogàn rete kanpe djougan pou toutan !
• Pou fini, Meri Leyogàn ap mande antreprenè ak dyaspora yo espesyalman, pou mete men nan pat la pandan tout moun ki sou teritwa komin Leyogàn ap veye dènye konsiy Otorite lokal yo.
Ernson HENRY
Majistra