Fanor info

Fanor info Je suis Fanor Schnaider TV

14/01/2024

Sanble Guy Philippe pap pale mete la, li Mande pou tout ayisyen rantre nan batay, yo dwe fèmen tout bwat Leta.

J’espère de tout coeur que nous saurons profiter de l’opportunité du sommet proposé par la CARICOM à Kigston, Jamaïque p...
07/06/2023

J’espère de tout coeur que nous saurons profiter de l’opportunité du sommet proposé par la CARICOM à Kigston, Jamaïque pour trouver la voie d’une solution durable à la crise et soulager les souffrances du peuple haïtien.
Sa k pral pale Jamaïque se pa kesyon patizan ak advèsè. Se jwen solisyon pou mete sekirite nan tout peyi a, soulaje mizè malere yo, chache wout pou fè bon jan eleksyon pou n soti nan kriz.

Nan yon tweet Clarens Renoir

07/06/2023

Mèt Wadson Brown bay esplikasyon sou Habeas Corpus

07/06/2023

Dosye Grèv nan pakè ak grefye yo Mèt Wadson Brown fè ti pale sou dosye sa

13/04/2023

Komisè miskaden demanti enfòmasyon ki fè kwè direktè imigrasyon miragwann nan nan rakèt e li tou profite poul di li bay polisye yo lòd pou arete kelkeswa anplwaye imigrasyon ki soti al pran moun pa yo deyò aAnpil koze pale ankò Sou dosye imigrasyon miragwann nan.

06/04/2023

Komisè Muscadin demanti enfòmasyon ki fè kwè bandi te anvayi chalon semèn nan.

08/03/2023
23/01/2023

Fen Gran kwazad ki te fèt pemèl chak swa legliz Batis Redanmsyon pon Wòch

22/01/2023

Gran kwazad sou tèren pemèl la chak swa legliz Batis Redanmsyon envite w vin loure Bondye

19/01/2023

Andirek fineray madanm Lenord Sylvain

Fomasyon sou kijan pouw proteje anviwonman ou se Yon nesesite.Ann sispann lage fatra yo (sachè plastik,asyet plastik,vye...
29/11/2022

Fomasyon sou kijan pouw proteje anviwonman ou se Yon nesesite.

Ann sispann lage fatra yo (sachè plastik,asyet plastik,vye dechè)nan ravin yo ak nan rigol yo.

Materyèl sa yo koze anpil dega nan anviwonman yo.

Proteje lanmè a se proteje lavi sa kap viv ladan l yo.

25/05/2022

Aken maraton:

Pablo Isaac ki se moun Aken ki ap viv nan peyi etranje se youn pami moun kite inisye mouvman maraton pou chache lajan pou ede lopital Aken an jwenn Yon sistèm solèy pou medsen yo sispann travay nan fènwa.

Mouvman maraton sa ki te komanse nan dat 20 jwen 2020 te jwenn sipò plizyè moun,nan mwens Yon semèn te gentan gen anviwon 7.158 dola ameriken kite ranmase pou te sipòte sèl gren lopital sa ki nan vil Aken.
De 2020 a 2022 sa fè 2 ane depi lajan sa disponib nan men Pablo Isaac.
Nan enfòmasyon mesye Pablo bay ak Radiointervalle li fè konnen lajan nan men li m’en li pa ase pou yo te bay lopital la sistèm Solèy la ni pou yo ta ht Yon bon jeneratris pou ta retire lopital la nan fènwa.
Lajan sa gen anpil moun nan Aken ki eseye mande Pablo li pou yo regle lòt bagay ki pa nan objektif staf kite ranmase lajan sa selon Pablo.

Nap fè remake maraton an gen anviwon 4 moun ki responsab li.
1:Pablo ISaac
2:Lody Charles
3:Variola Larguere
4:Carly D’haïty

24/05/2022

Okay ensekirite :

Enjenyè Jean Mary moun komin pòsali jwenn lanmò li nan vil Okay jodi madi 24 me a Aprè li te fin fè Yon retrè nan kapital Bank ki nan gran ri li te anviwon 3h pral 4 nan Aprè nou te konfime nouvèl la.

Group Endividi ki tire sou Enjenyè a yo te anviwon 4 moun san kagoule yo te ak chemiz manch long yo te sou 2 moto siklèt pou yo te vin fè aksyon an,Jean Mary tap eseye kouri pou li chape tèt li devan zak sa ki kondwi lanmò li selon enfòmasyon ki rive jwenn sal nouvèl la te gen anpil tir nan moman aksyon an pase a sekirite bank la te oblije kouri rantre e fèmen pòt bank la olye yo pote Sekou ak kliyan bank kapital la.

Nap fè remake gen anpil zak brakaj ki fèt nan vil la okay ki mennen ak asasina plizyè moun malgre efò otorite polisye ak lajistis fè pou elimine aksyon sa yo.

Address

Rout National

Telephone

+50947129433

Website

Alerts

Be the first to know and let us send you an email when Fanor info posts news and promotions. Your email address will not be used for any other purpose, and you can unsubscribe at any time.

Contact The Business

Send a message to Fanor info:

Videos

Shortcuts

  • Address
  • Telephone
  • Alerts
  • Contact The Business
  • Videos
  • Claim ownership or report listing
  • Want your business to be the top-listed Media Company?

Share