Saint-Michel MEDIA

Saint-Michel MEDIA Saint-Michel Media est un moyen de distribution, de diffusion ou de communication, d'œuvres, de doc merci d'avoir contactez nous

Saint-Michel Media est un moyen de distribution, de diffusion ou de communication, d'œuvres, de documents, ou de messages écrits, visuels, sonores ou audiovisuels (comme la radio, la télévision, ect..

📌Materyèl sa yo ki soti nan stock  ,🇺🇸pral ede PNH la nan pwoteje sivil yo epi batay kont atak òganize epi sible, gang y...
28/03/2024

📌Materyèl sa yo ki soti nan stock ,🇺🇸pral ede PNH la nan pwoteje sivil yo epi batay kont atak òganize epi sible, gang yo ap fè an Ayiti🇭🇹| The White House
Luckson Saint-Vil Journaliste

Ansyen Depite Hennery a Chòlzè Chansi (Cholzer Chancy) jwenn liberasyon li jodi mèkredi 27 mas 2024 sa a apre li te fin ...
27/03/2024

Ansyen Depite Hennery a Chòlzè Chansi (Cholzer Chancy) jwenn liberasyon li jodi mèkredi 27 mas 2024 sa a apre li te fin soti nan kabinè enstriksyon kote jij Mèlan Belab (Merkan Bélabre) t ap tande li apre yon demann an menleve, akòz sante ansyen prezidan Chanmbas a ki pa kòdjòm.

Yon Ti Pati Nan  listwa Nou27 mas 1883, nèg ak zam debake nan Miragoâne, kraze, brize nan lide pou chofe lòt vil nan pey...
27/03/2024

Yon Ti Pati Nan listwa Nou

27 mas 1883, nèg ak zam debake nan Miragoâne, kraze, brize nan lide pou chofe lòt vil nan peyi a jouk yo chavire pouvwa prezidan Salomon. Batay la pwal dire 6 mwa men rebèl yo ap pèdi.

Louis Étienne Félicité Lysius Salomon fèt nan vil o Cayes nan dat 30 jen 1815. Li pwal rive prezidan dAyiti nan dat 26 oktòb 1879.

Soulouque avèk Salomon se te 2 kavalye pòlka. Lè prezidan, ki pwal vini anperè a t ap mennen bak peyi a, li te mete konpayèl li « minis finans ». Nan dyòb sa a li pwal fè gwo pase men nan sa ki rele « les postes d’Haïti ».

Lè Soulouque tonbe, 15 janvye 1859, Salomon oblije pwan mawon sou fwontyè Ayiti ak peyi panyòl. Nan dat 26 sektanm 1868, prezidan Geffrard pwan yon dekrè kote li mande pou okenn moun ki te patisipe nan pouvwa Soulouque la pa pile tè papa Dessalines nan. Li pwal oblije vole gagè pou zile Saint-Thomas, kote li pwal pase 18 lane, kote tou, madanm li, Thulcide Jean Louis Nicolas pwal rann dènye souf li, akoz move lavi, nan lane 1870.

2 lane aprè lanmò madanm li, 6 oktòb 1872, nan peyi Jamaïque, li pwal marye ak Florentine Félicité Potiez. Ansanm y ap fè yon pitit fi, Gertrude Florentine Félicité Ida, ke nou plis konnen sou non Ida Faubert, youn nan fanm ki make koze literati ayisyen.

3 oktòb 1879, prezidan Hyppolite fè l rantre nan peyi l, kote li ba li menm dyòb « minis finans » la. Hyppolite ki te kenbe plas prezidan an pou yon ti bout tan (sòti 3 pou rive 26 oktòb 1879), remèt pouvwa a bay senatè yo pou youn, pou de, yo pase Salomon mayèt la. Apèn li monte sou chèz boure a, Salomon pwal deside ke « sena » a gen twòp moun, l ap mete kèk nan onorab yo chita. Dèyè do l, li monte yon kabinè solid avèk 28 moun li te fè konfyans.

Menm si Salomon se te yon diktatè men nou ka sonje ke:

Li te pèmèt Kilti peyi a avanse.

Li te bay wa Hawaii la, Kalakaua yon kalòt marasa. Wa a te bezwen vini chita ak li nan Port-au-Prince, pou negosye sou plizyè dosye, espesyalman komès. Li te di non, pou kantite ayisyen ou te depòte, ou pap mete pye w nan peyi sa a.

Aprè li te fini deside fè ameriken kado zile La Tortue si yo aksepte pwoteje pouvwa li nan mwa me 1883. Ameriken yo pat dakò men yo te anvayi zile a an gwo ponyèt. Prezidan Salomon pwal kanpe nan tèt lame a li mare kout zam ak ameriken yo jiskaske yo kite zile a.

(Mèsi a tout zanmi ki chwazi korije, ajoute sa ki di nan ti ribrik sila a. Se pa yon kou istwa men jis yon ti ekzèsis memwa)

Jean-Baptiste Lovensky

Zafè Mizik!Atis Nijeryen Rema nan yn vwayaj pou bati pi gwo Lekòl Mizik nan Lafrik.Jèn chantè a deja envesti plis pase 2...
25/03/2024

Zafè Mizik!

Atis Nijeryen Rema nan yn vwayaj pou bati pi gwo Lekòl Mizik nan Lafrik.Jèn chantè a deja envesti plis pase 200M $ nan yn pwojè pou ankouraje Mizik an Afrik
Lekòl la ki pral rele "Rema Music Institute" pral pi gwo Lekòl Mizik nan Nijerya ak Lafrik pou ede moun ki entèrese fè Mizik

Yon ti pati nan  listwa Jeneral Louis Mondestin Florvil Hyppolite, pitit pitit Anperè Jean-Jacques Dessalines fèt o Cap-...
24/03/2024

Yon ti pati nan listwa

Jeneral Louis Mondestin Florvil Hyppolite, pitit pitit Anperè Jean-Jacques Dessalines fèt o Cap-Haïtien nan dat 26 me 1828. Jou ki te 17 oktòb 1889, li vini prezidan dAyiti. Men, li te gen tan goute pouvwa, paske lè prezidan Boisrond Canal oblije demisyone, se li ki te kenbe plas la pou yon ti bout tan, sòti 3 pou rive 26 oktòb 1879.

Tankou pi fò zotobre ki pase sou pouvwa an Ayiti yo, Hyppolite pat al nan eleksyon. Se ak gwo kout zam li te bay François Denys Légitime yon koudeta epi nan dat 9 oktòb 1889, li fòse senatè yo deklare l chèf peyi a, 8 jou an aprè, li « prete sèman ».

Malgre li te monte sou pouvwa a an brizi, Hyppolite se yon prezidan ki te kwè nan devlopman. Nan Port-au-Prince ak Cap-Haïtien, li konstwi gwo mache, pase men nan waf yo, konekte vil yo ak telegraf, pèmèt liy telefòn kouri nan pi fò vil nan peyi a. Toujou sou pouvwa li a, listwa raple ke li pat pèsekite jounalis. An 1890, li te menm « dekrete amnisti jeneral » pou tout prizonye politik ak sitwayen ki te nan kanpe lwen.

Tout sa pat anpeche ke Hyppolite pat vle pase pouvwa a bay okenn lòt politisyen. Se pou sa pandan l ap vyeyi, li eseye fè plizyè ti pas kout bay 2 pitit gason l yo oswa 2 neve l. Men chak fwa li deside pase mayèt la bay youn nan yo, bwitsoukou lanmò pote yo ale.

1- Jacques Sylvain Hyppolite ki te gen menm fanm ak li, Victoire Jean-Baptiste.
2- Joseph Louis Hyppolite
3- François-Gélin Hyppolite
4- Pierre-Jacques Sylvain Hyppolite

Youn nan chapit ki make pasaj Hyppolite sou pouvwa a se lè li fè fas kare a gouvènman ameriken an ki te bezwen mete yon baz militè nan Môle Saint-Nicolas nan lane 1896. Malgre presyon « contre-amiral Gherardi » ki t ap dirije 2000 sòlda sou bato « Philadelphia » a. Avèk sipò minis afè etranje li, Anténor Firmin, li pa fè bak. Meriken yo te blije al fwape pòt dominiken.

Hyppolite te genyen yon bwase bouch tou ak ansyen kolon yo. Yon gwoup peyizan nan kapital la, te deside ke yo se pitit blan fransè, kidonk yo pa ayisyen. Yo ale nan anbasad France la yo fè ba yo papye kòm sitwayen fransè. Byen rapid, prezidan an voye Antenor Firmin koupe sa sèk.

24 mas 1896 a 3 zè nan maten, prezidan Hyppolite pwal mouri sou chwal li nan Portail Léogane pandan li ta pwal mete dlo nan diven kèk moun ki te vle chavire pouvwa l la nan Sid peyi a. Se kè li ki rete aprè li te fèk kite palè a.

(Mèsi a tout zanmi ki chwazi korije, ajoute sa ki di nan ti ribrik sila a. Se pa yon kou istwa men jis yon ti ekzèsis memwa)

Jean-Baptiste Lovensky

Yon pati  listwa Mizikal Rap Kreyol 23 mas 1989, vil Léogane akeyi Wendy Duvert, wa Rap Ayisyen an, idòl chinwa yo, atis...
23/03/2024

Yon pati listwa Mizikal Rap Kreyol

23 mas 1989, vil Léogane akeyi Wendy Duvert, wa Rap Ayisyen an, idòl chinwa yo, atis, ki depi rekò Dieudonné Larose ak Gracia Delva genyen plis fanatik, jwen plis lanmou nan men pèp li reprezante a.

Sòti Guadeloupe kote li grandi, tounen an Ayiti kote karyè l vrèman dekole e al viv an France kote li chita sou twon li, ap domine mizik ayisyen an, Wendy sòti nan fè nwa e li kanpe jodi a an mèt HMI.

Pou anpil moun li se pi gwo rapè ayisyen ki janm ekziste, pou anpil lòt li se sa ki pi popilè a. Nou pap antre nan polemik sa a, n ap kontante n swete BÒN FÈT « Longue vie au roi ».

(Mèsi a tout zanmi ki chwazi korije, ajoute sa ki di nan ti ribrik sila a. Se pa yon kou istwa men jis yon ti ekzèsis memwa)
Jean-Baptiste Lovensky

Yon Pati nan  listwa 22 mas 1801, Toussaint Louverture se chèf tou pisan sou tout zile Ayiti a. Nan dat sa a li chwazi y...
22/03/2024

Yon Pati nan listwa

22 mas 1801, Toussaint Louverture se chèf tou pisan sou tout zile Ayiti a. Nan dat sa a li chwazi yon gwoup nèg save pou ekri yon konstitisyon ki pou defini kijan moun dwe viv nan koloni a. Moun sa yo se te : Bernard Borgella, Lacour, Viard ak Raymond ki t ap viv nan bò Lwès la epi Roxas, Munoz, Monceibo ak Morillas, ki yo menm t ap viv sou bò Lès la.

Nan konstitisyon sa a nou ka raple nou, nan premye chapit Ia, li di konsa:

Zile sa a ak tout lòt ti zile ki sou kote l yo se byen la France yo ye, menm si yo genyen règleman pa yo. [Yon la France ki detwi ansyen esklav sa yo nan lespri yo tankou nan kò yo, ki s***e tout mwèl bout tè a.]

Nan dezyèm chapit la, li di:

Pa gen esklav sou zile a. Pa sipoze genyen diskriminasyon sou koze travay depi moun nan gen kalite pou yon dyòb. [Yon bann esklav, ki fèt, grandi nan koloni a, ki pat gen okenn chans pase sou milat yo ki, yo menm te ale lekol an Europe.]

Nan twazyèm chapit la, li di:

Se relijyon katolik ki ofisyèl sou zile a. [Yon zile kote se moun ki sòti an Afrique ki ap viv la, kote ke Vodou se relijyon ki ap koule nan venn yo tankou san.]

3 ekzanp ki kapab ba ou yon lide sou kijan Toussaint t ap fè politik nan epòk sa a.

(Mèsi a tout zanmi ki chwazi korije, ajoute sa ki di nan ti ribrik sila a. Se pa yon kou istwa men jis yon ti ekzèsis memwa)
Jean-Baptiste Lovensky

Education is the basis of development !leave a word for your mother if you are proud of her?🫂❤️ l'Éducation est la base ...
19/03/2024

Education is the basis of development !leave a word for your mother if you are proud of her?🫂❤️
l'Éducation est la base du développement !laisse un mot à ta mère si tu es fier d'elle ?🫂❤️
Edikasyon se baz devlopman !
kite yon mo pou manman ou siw fye de li ?🫂❤️

Ti moso listwa Joseph Philippe Lemercier Laroche se pitit Pierre Jean-Baptiste Raoul Auguste,  kouzen prezidan Tancrède ...
18/03/2024

Ti moso listwa

Joseph Philippe Lemercier Laroche se pitit Pierre Jean-Baptiste Raoul Auguste, kouzen prezidan Tancrède Auguste, ak Anne Euzélie Laroche (Zélie), yon pitit Grande-Rivière du Nord. Listwa pa twò pale de papa a, ke kèk sous rapòte, ki pat vle rekonèt pitit la lè l te fèt nan vil Cap-Haïtien nan dat 26 me 1886. Se pou sa, se siyati manman an li pote. Li plis mete limyè sou manman an, yon fanm ki te chaje lajan, ki te konn fè komès kakawo, kafe, kann ak koton sòti Ayiti pou ale sou kontinan Europe la.

Lè li prèske gen 15 lane, Joseph pwan bato, li ale an France kote li pwal fè klas segondè li jouk li fè lonè fanmi l avèk yon diplòm enjenyè.

Pandan li nan peyi kolon yo, li kwaze ak yon bèl grenn fanm, fransèz, Juliette Marie-Louise Lafargue. Li pa kite lòt je tonbe sou li, li kwense l ak pawòl, trap 2, li marye ak li e li ba li 2 pitit fi: Simonne Marie Anne Andrée ak Louise.

Malgre li te yon gwo enjenyè, li te reyalize gwo pwojè nan sa ki gen pou wè ak wout, ray tren nan peyi la France, koulè li t ap jwe kont li. Lè koze rasis la depase li, li konvenk madanm li pou yo al viv Ayiti, peyi libète a. Sitou, tonton l, Cincinnatus Leconte ki se Moun St-Michel de l’Attalaye te fèk antre nan palè a kòm prezidan.

Se konsa nan kòmansman mwa avril 1912, yo pwal achte tikè sou yon bato ki rele « Le SS France » pou vini Ayiti.

Daprè kèk sous, sou bato sa a timoun pat ka manje menm kote ak granmoun yo… gen lòt ki di paske li te nwa, enjenyè a pat gen dwa manje menm kote ak lòt pasaje yo. Pou tèt sa, li ak fanmi l chanje, yo anbake sou pi gwo bato mond la, Titanic, ki ap mennen yo Etats-Unis epi yo va pwan yon lòt bato pou antre Ayiti. Nan nwit 14 pou antre 15 avril 1912, Titanic koule, kòm se fanm ak timoun ki te gen priyorite, Joseph Laroche mouri nan dlo glase oseyan atlantik la.

Madanm li pa rive Ayiti, li kase tèt tounen an France kote li pwal akouche yon pitit gason ki te nan kouti, li pwal ba l pote non papa li, ki pap gen chans konnen li. Joseph Laroche se te sèl pasaje ki te genyen po nwa ki te vwayaje sou Titanic la.

(Mèsi a tout zanmi ki chwazi korije, ajoute sa ki di nan ti koze sila a. Se pa yon kou istwa men jis yon ti ekzèsis memwa. Pa ezite pataje l si w jije ke yon lòt moun te ka renmen li l tou.)
«-Baptiste Lovensky

Demen dimanch kap 17 Mas 2024 la se pral final koup Samy twazyèm edisyon kap fèt nan komin sen michèl latalay anba bouk ...
16/03/2024

Demen dimanch kap 17 Mas 2024 la se pral final koup Samy twazyèm edisyon kap fèt nan komin sen michèl latalay anba bouk ( pak amazòn)

Men ansanm de prim kap bay 👀👀👀

Chanpyon :30 mil goud +Trofe +Meday+mayo chanpyon.

Vis chanpyon : 15 mil goud

Meyè jwè 2000 goud+trofe

Meyè gadyen 1500 goud+ trofe

Meyè jèn jwè 1000 goud

Mèyè antrenè 1500 goud
King Naldo Live

Kisa ki CARICOM nan?CARICOM se yon òganizasyon rejyonal entènasyonal kote plizyè eta Karayib la reyini ansanb pou yo jwe...
12/03/2024

Kisa ki CARICOM nan?

CARICOM se yon òganizasyon rejyonal entènasyonal kote plizyè eta Karayib la reyini ansanb pou yo jwenn solisyon ak pwoblèm ke yo genyen an komen.Oganizasyon an gen kat lang ofisyèl ki se anglè, espanyòl, fransè ak neyèlandè men sèl lang travay li se Anglè.

CARICOM ranplase Asosyasyon Lib Echanj Karayib la (CARIFTA), ki te egziste ant 1965 ak 1972. Asosyasyon sa a li menm te fòme pou ranfòse alyans ekonomik peyi Karayib yo ki pale anglè.

CARICOM kreye ofisyelman ak Trete Chaguaramas ke peyi yo te te siyen nan dat 4 Jiyè 1973 pa Premye Minis Errol W. Barrow nan Barbad, Burnham ki te soti nan Giyàn, Michael Manley nan Jamayik ak Eric Williams nan Trinidad and Tobago.

Ayiti te premye antre nan CARICOM kòm yon manm pwovizwa nan dat 4 jiyè 1998, li sèlman vin yon manm konplè kat lane aprè nan 2002.

Nan mwa mas 2004, Premye Minis Gérard Latortue te sispann patisipasyon Ayiti nan CARICOM nan an repons a vizit prezidan ayisyen an, Jean-Bertrand Aristide, nan Jamayik. Patisipasyon Ayiti te sispann efektivman nan dat 29 fevriye 2004, paske CARICOM te refize rekonèt gouvènman pwovizwa a men Ayiti ta pral retounen jwenn Caricom apre eleksyon René Préval ak kreyasyon nouvo gouvènmanlan.

Sou foto sa nou ka wè papa fondatè CARICOM yo jou nèg yo tap siyen Trete Chaguaramas la. De goch a dwat nou ka wè , Hon. Errol Barrow, Premye Minis Barbad, Hon. Forbes Burnham, Premye Minis Giyàn, Dr Hon. Eric Williams, Premye Minis Trinidad ak Tobago, ak Hon. Michael Manley, Premye Minis Jamayik.

Texte :EM

Nan okazyon jounen mondyal dwa fanm sa, St-Michel Media nou gen yon panse espesyal pou tout fanm kap sibi vyolans gang t...
08/03/2024

Nan okazyon jounen mondyal dwa fanm sa, St-Michel Media nou gen yon panse espesyal pou tout fanm kap sibi vyolans gang toupatou nan peyi a. Fanm se lavi. Pwoteje dwa fanm se pwoteje dwa moun. Bon kouraj ak bon konba ak tout fanm!

07/03/2024

🆘 pou tout medya anliy nn komin
Mwen poko vrèman konn vrè sous la 🙏🏾mikwo pozitif

Pati politik Revèy nasyonal fè yon pwopozizyon pou ranplase vid ki genyen nan pouvwa a, kote Pm Aryèl Anri bloke Ozetazi...
05/03/2024

Pati politik Revèy nasyonal fè yon pwopozizyon pou ranplase vid ki genyen nan pouvwa a, kote Pm Aryèl Anri bloke Ozetazini, akòz gwoup ame yo anpeche l antre. Revèy nasyonal pwopoze pou Gi Filip (Guy Phillipe) vin prezidan konsèy prezidansyèl la, jij Diren Dirè (Durin Duret) koudapèl, ap manm, epi madam Franswaz Senvil Vilye (François Saint-vil Villier) moun Legliz pwotestan, ap manm tou. Youn nan moun ki premye kore pwopozizyon sa a se ansyen senatè nò a Moyiz Janchal ki mande lòt aktè yo vin siyen dokiman an maten madi 5 mas la pou konsèy la ka enstale. Kounye a, se konbyen moun ki pral siyen? Nou pa konnen. N ap raple w Aryèl Anri laba, li poko jan m di l demisyone.

Joyeux Anniversaire 🎉 Jacquelin Djackendy Pierre Pierre NÉ UN 04 MARS
04/03/2024

Joyeux Anniversaire 🎉
Jacquelin Djackendy Pierre Pierre
NÉ UN 04 MARS

Joyeux Anniversaire 🎊  Chouby NÉ UN 04 MARS
04/03/2024

Joyeux Anniversaire 🎊
Chouby
NÉ UN 04 MARS

Nan sa ki pase yèswa PENITANSYE NASYONAL la . Si se laverite Myrtil Marcelin (Mitil Maslen) dit ARAB sove vre ! Konsey m...
03/03/2024

Nan sa ki pase yèswa PENITANSYE NASYONAL la . Si se laverite Myrtil Marcelin (Mitil Maslen) dit ARAB sove vre !
Konsey mwen pou li si se yon mouvman POLITIK ke li tap mennen tout bon vre , m swetel pote tet li tounen nan yn lot komisaryè ki pi prel e knfotab annatndan yo re pran kntrol PENITNSYE jan sa te ye avan 🙌🏽

  NÒ, aksidan sikilasyon Nan yon aksidan sikilasyon kifèt maten an zòn bwadòm kote   an te kraze a, 2 moun mouri.Yon jèn...
02/03/2024

NÒ, aksidan sikilasyon

Nan yon aksidan sikilasyon kifèt maten an zòn bwadòm kote an te kraze a, 2 moun mouri.
Yon jèn fi al rann souf li, nan SANTSANTE a, yon lòt sitwayen mouri sou Plas.
Sete yon machin kite soti Senmichèl ki te genyen anviwon 6moun.se te yon fanmiy ki tap deplase ak yon maladi.
Nan moman nap ekri la poko gen demach pou konsta,paske moun yo kritike apsans otorite lokal yo anpil ki selon yo, montre komin sa pagen moun ladanl kap dirijel .
Aksidan rive pwodwi paske moun sayo ou chofè kap kondwi a pat janm pase nan wout la, depi an kraze a. Malerezman ki franchi toudwat ki al koz lavi 2 moun sayo.
Selon plizyè sitwayen komin nan, se Paske pat janm gen anyen kifèt pou te separe espas danje a, ak kote moun yo dwe pase a.. Luk Zephyrin

Premye minis toupisan san manda ni misyon Ayiti a fenk rive nan peyi Kenya, jodi jedi 29 fevriye 2024 la. Chèf gouvènman...
29/02/2024

Premye minis toupisan san manda ni misyon Ayiti a fenk rive nan peyi Kenya, jodi jedi 29 fevriye 2024 la. Chèf gouvènman an ki fenk resevwa benediksyon KARIKOM lan pou jis 2026 la twouve l nan vil Naywobi, nan kad yon vizit travay avèk otorite Kenya yo sou yon seri sijè tankou finalizasyon modalite deplwaman misyon miltinasyonal soutyen a sekirite a k ap vin konsolide pouvwa l la. Nan chita pale te genyen ak prezidan kenyan an, , anpil sijè te abòde, pami yo dosye fòs ki gen pou l rantre a. Si majorite klas politik la ak sektè ekonomik lan fè silans devan vàn sa k ap koule la a, pou ti avantaj mesken, nou poko janm ka rive konn kisa Pm nan ofri etranje yo pou l jwenn sipò yo pou yo kontinye deboundare peyi a. Pandan Pm nan Kenya a, ou ta di se yon moun ki di gang yo pou yo chofe chofe, pou akselere zafè rantre misyon an. Yon sèl maten 29 fevriye sa a komisarya Kazo atake, komisarya Pòtay Lewogàn anba dife, kloti akademi Lapolis lakraze. E se pa sa sèlman.

29/02/2024

Lopital jeneral deja resevwa plis pase 15 moun ki pran bal jodi a nan Pòtoprens. Nan viktim sa yo genyen ki pran bal nan bouch, nan vant, nan pye, selon sa repòtè nou konstate. Gen nan yo ki resevwa bal nan ri Kamo, ri Disant, gen yon lòt ki pran bal Channmas pandan l nan yon ti bis ki t ap pran wout Kanapevè. E, nan moman gen gwo kouri anba lavil la kote moun Ri Sen Onore, Ri antèman ap eseye chape poul yo anba kout bal bandi pou al pran refij lòt kote. #🇭🇹💔😭

Yon jou espesyal nan laviw li pa tankou lòt jou yo,se jou pouw selebre lavi,se jouw pouw pran pleziw pa kite anyen deran...
28/02/2024

Yon jou espesyal nan laviw li pa tankou lòt jou yo,se jou pouw selebre lavi,se jouw pouw pran pleziw pa kite anyen deranjew,se jou pouw reflechi ak yon lòt pwojè pouw k reyalize pi gwo rèv ou lòt ane

Boule Jou a selebre jou a

Bon rekòt BS SHOW
Bellens Deristil 🎉🎊🎊🥃

Enpotans balèn. Balèn Depi w se Ayisyen ou sipoze konn enpòtans yon balèn paske yon vodouyizan pa k viv San li. Balèn pè...
27/02/2024

Enpotans balèn.

Balèn

Depi w se Ayisyen ou sipoze konn enpòtans yon balèn paske yon vodouyizan pa k viv San li. Balèn pèmèt ou gen limyè nan kay ki fenwa, li pèmèt ou wè sa
Zye nòmal lan pa ka wè, li fè w wè l ak anpil lòt bagay ankò.

Sa yon balèn ye mistikaman ?

Yon balèn reprezante 4 fòs kosmik yo, lè w pran kò balèn lan ki
reprezante la matyè, lè w limen li ak flanm
lap bay lan ki reprezante dife ak lè a, lè li kòmanse boule gen yon grès lap bay ki reprezante dlo.

Kisa balèn reprezante pou yon vodouvi ?

Lè yon vodouvi bezwen kominike ak mond eksteryè ou envizib.

Pou yon vodouvi balèn lan reprezante entèmedyè ant 2
mond yo ( vizib e envizib)

Enpòtans balèn blan?

Se li ki reprezante balèn inivèsèl nan vodou, se li ki pi enpòtan e se li pou
limen, se li ki San danje, tout sa w ap fè ou ka itilize li menm ke gen lòt koulè ki pi efikas selon sa w ap fè an menm li pa janm pa prezan nan lavi
yon vodouyizan, men sa pa enpeche ke nou ka itilize yon bouji blan pou n fè
yon move bagay.

Jean-Baptiste Lovensky

Chèf gang Foncheval ki t ap fè videyo ayè maten pou l te montre kòman li t ap depatcha cha lapolis ak kout bal la jwenn ...
26/02/2024

Chèf gang Foncheval ki t ap fè videyo ayè maten pou l te montre kòman li t ap depatcha cha lapolis ak kout bal la jwenn lanmò li, jodi lendi 26 fevriye sa a, nan Mibalè, zòn Foncheval. Lapolis toujou ap batay ak rès ki vivan yo, men plizyè manm gang sa a deja tonbe pandan jounen sa a ki chofe anpil nan Mibalè. N ap tounen ak non bandi a pou ou ak plis prezisyon.

NB:Moun St-Michel veye anwo veye anba gang yo pré nou

Mesaj yn konrespondan nou nan Mibalè |JSKNEW

Sa kap twit -Michel 💔Fok Lekol Fonksyone Aba Gang a Ves 🇭🇹
26/02/2024

Sa kap twit -Michel 💔
Fok Lekol Fonksyone
Aba Gang a Ves 🇭🇹

Avètisman SANTE  #002-2024 Ministè Sante Piblik ak Popilasyon (MSPP) enfòme popilasyon jeneral la ak pwofesyonèl sante y...
24/02/2024

Avètisman SANTE #002-2024 Ministè Sante Piblik ak Popilasyon (MSPP) enfòme popilasyon jeneral la ak pwofesyonèl sante yo an patikilye ke yon medikaman kontrefè vann sou non "Citrato de Cafeina" ap sikile nan tout peyi a.

Joyeux Anniversaire 🎊 Charlensky CASSEUS | SMART-G DESIGNNE UN 16 FÉVRIER
16/02/2024

Joyeux Anniversaire 🎊
Charlensky CASSEUS | SMART-G DESIGN
NE UN 16 FÉVRIER

Joyeux Anniversaire 🎊 Datus Pro Mo NÉ UN 12 FEV
12/02/2024

Joyeux Anniversaire 🎊
Datus Pro Mo
NÉ UN 12 FEV

11/02/2024

Les Funérailles Mr Juldès ÉTIENNE
SAMEDI 10 FÉVRIER 2024
St-Michel de lattalaye
PAIX À SON ÂME

Credit Vidéo 🎥 | Radio Saint - Michel FM
Damas Gardens maison funéraire

Joyeux Anniversaire 🎊 TOTO & POGBA  Kameraman’n  mikwo pozitif.
08/02/2024

Joyeux Anniversaire 🎊
TOTO & POGBA
Kameraman’n mikwo pozitif.

Jodia se vre nou ka konte sou yon gwoup moun ki la ki ap deside pou nou men mw santi genyn yon ti mank de respè pou senm...
07/02/2024

Jodia se vre nou ka konte sou yon gwoup moun ki la ki ap deside pou nou men mw santi genyn yon ti mank de respè pou senmichelwa senmichelwaz yo nan bèl pwojè sa ki rive sou tout popilasyon an.

Se kòmsi nou pat janm al lekòl vre oubyn jis paske yo pwomèt nou lopital donk yo pote yon lopital pou nou tt bgy fini men mw santi mw endinye nan sans ke yon pwojè lanse nan yon komin epi poum gade pwojè a komanse swadizan yon pwojè ki ap dire pliske 2 lane epi menm yon lide ou pa genyn de anyen de sa ki ap fèt la tankou kiyès Fim ki ap reyalize gwosè pwojè sa, ki achitèk ki konsepsyone lopital referans nou pral genyn an, konbyen tan egzat lap dire e menm konnen ki enstans ki finanse l pou nou , elatriye 🤔

Franchman mw santim ta mache sezi diplòm kèk jèn parèy mw andan komin nan wi antouka.

Nou pa mande plis ok tanpri mete Pano afichaj konstriksyon an pou nou na kenbe foto 3D a toujou!
✍️ Graveus

Adresse

Rue Lafosse
Saint-Michel De L'Atalaye
HTP509

Téléphone

+50955033210

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Saint-Michel MEDIA publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L'entreprise

Envoyer un message à Saint-Michel MEDIA:

Vidéos

Partager


Autres Société de médias/d’actualités à Saint-Michel de l'Atalaye

Voir Toutes